SEKSYON 4
Lekòl ak jèn parèy ou
Èske w jis degaje w pou w fè mwayèn ou nan kèk matyè?
□ Wi
□ Non
Èske sa te janm rive w yo ba w brimad oswa w sibi tizonnay seksyèl?
□ Wi
□ Non
Èske pafwa ou konn anvi genyen menm move konduit jèn parèy ou yo genyen?
□ Wi
□ Non
Petèt ou di tèt ou: ‘Si m rive fini lekòl, pa gen anyen m pap ka fè!’ E gen yon verite nan sa. Dayè, sitiyasyon ou rankontre pandan w lekòl yo ap ede w wè ki fòs ou nan domèn mantal, afektif ak espirityèl. Men, ki jan w ka rive jwenn yon bonjan fòmasyon san w pa kite fason lòt jèn yo wè bagay yo, ki pa mache ak prensip Bondye, yo kontamine w? Chapit 13-17 pral ede w nan sans sa a.
[Gwo foto nan paj 112, 113]