“ Vin suiv mwen ”
Èske sa deja rive w ou santi w dezoryante e ou bezwen yon moun gide w ? Jezi Kris se Chèf Bondye tabli, Chèf tout moun bezwen an. Li te di : “ Mwen se ekselan bèje a, e mwen konnen mouton m yo e mouton m yo konnen m. ” (Jan 10:14). Èske w byen konnen Ekselan Bèje a — kalite l yo, mesaj li ak travay li, zèl li, lanmou li ? Liv sa a pral ede w konnen Jezi yon fason ki pi entim e l ap ede w suiv li pi fidèlman.