Nan ki direksyon vi w prale ?
• Anpil moun tèlman plonje nan aktivite lavi a, yo prèske pa reflechi nan ki direksyon yo prale.
• Labib enfòme nou sou yon seri evènman estrawòdinè ki gen pou rive. Li avèti nou tou konsènan boulvèsman jeneral ki pral genyen nan enstitisyon lèzòm yo. Pou nou rive tire pwofi e pou nou evite katastwòf, nou dwe aji san pèdi tan.
• Gen moun ki konnen sa Labib di e ki eseye mete sa yo aprann yo an pratik. Toutfwa, yo kite enkyetid lavi a mennen yo nan move direksyon.
• Èske w renmen direksyon vi w ap pran an ? Lè w planifye pou w fè yon bagay, èske w konsidere ki jan sa ka afekte objektif w ap gen pi devan nan lavi a ?
[Kare/Foto nan paj 9]
Ki sa ki pi enpòtan pou ou ?
Ki jan w ta klase sa nou pral site la yo ? Ba yo yon nimewo.
Anpil ladan yo gen plas pa yo nan lavi a, men lè w oblije chwazi, ki sa k vin an premye ? Ki sa k vin an dezyèm ? Eksetera.
․․․ Distraksyon ak detant.
․․․ Travay mwen oswa karyè m.
․․․ Sante m.
․․․ Byennèt pèsonèl mwen.
․․․ Madanm mwen oswa mari m.
․․․ Paran m.
․․․ Pitit mwen.
․․․ Bèl kay ak bèl rad.
․․․ Pou m pi bon nan kèlkeswa sa m ap fè.
․․․ Adore Bondye.
[Kare nan paj 10, 11]
Èske chwa w fè yo ap mennen w vrèman kote w vle ale a ?
REFLECHI SOU PWEN SA YO
DISTRAKSYON AK DETANT : Èske detant mwen chwazi fè m vin pi anfòm ? Èske l gen gwo ris ki kapab met sante m an danje oswa menm andikape m pou lavi ? Èske se yon sòt de “ plezi ” ki chofe m petèt pou kèk èdtan men ki kapab lakòz chagren k ap dire lontan ? Menmsi distraksyon mwen chwazi a kòrèk, èske m pase twòp tan ladan l e sa fè li pran pye sou bagay ki pi enpòtan yo ?
TRAVAY MWEN OSWA KARYÈ M : Èske se yon mwayen pou m jwenn sa ki nesesè pou m viv, oswa èske li rann mwen vrèman esklav ? Èske li tèlman egzijan se sante m ki peye sa ? Èske m prefere fè siplemantè nan travay mwen olye m pase tan ak madanm mwen oswa ak mari m oubyen ak pitit mwen ? Si patwon m mande m fè yon travay k ap twouble konsyans mwen oswa yon travay detanzantan k ap pran pye sou bagay espirityèl yo, èske m ap fè travay sa a pou m pa pèdi djòb mwen ?
SANTE M : Èske m ba l vag, oswa èske m fè efò regilyèman pou m pwoteje l ? Èske se de sa sèlman m ap pale ? Èske fason m pran swen l montre mwen gen sousi pou fanmi m ?
BYENNÈT PÈSONÈL MWEN : Èske se sa mwen wè anvan ? Èske m mete l anvan byennèt madanm mwen oswa anvan byennèt mari m oubyen anvan byennèt fanmi m ? Èske fason m ap chèche l la kadre avèk yon adoratè vrè Dye a ?
MADANM MWEN OSWA MARI M : Èske m konsidere madanm mwen oswa mari m kòm konpayon m senpleman lè sa nan enterè m ? Èske m trete madanm mwen oswa mari m avèk onè, antanke moun ki merite pou yo trete l avèk diyite ? Èske kwayans mwen nan Bondye enfliyanse fason mwen konsidere madanm mwen oswa mari m ?
PARAN M : Si m toujou minè, èske m obeyi paran m ? Èske m reponn yo avèk respè, èske mwen fè travay yo ban m fè, èske mwen rantre lakay mwen nan kèlkeswa lè yo fikse pou m antre a ? Èske m rejte frekantasyon ak aktivite yo pa vle m fè ? Si m majè, èske m koute paran m avèk respè, èske mwen ba yo bonjan èd lè sa nesesè ? Èske m boule avèk yo jan ki bon pou mwen an sèlman oswa selon konsèy mwen jwenn nan Pawòl Bondye a ?
PITIT MWEN : Èske m santi se yon responsablite pou m anseye pitit mwen bonjan prensip moral, oswa èske m kite se lekòl ki pou fè sa ? Èske m pase tan ak pitit mwen, oswa m swete se jwèt, televizyon oswa òdinatè ki okipasyon yo ? Èske se lè pitit mwen meprize rapèl Bondye yo mwen disipline yo, oswa mwen fè sa sitou lè m enève ?
BÈL KAY AK BÈL RAD : Ki sa ki motive kalite atansyon mwen bay aparans mwen ak atansyon mwen bay byen mwen posede ? Èske se pou fè moun wè ? Èske se byennèt fanmi m ? Èske se paske mwen se yon adoratè Bondye ?
POU M PI BON NAN KÈLKESWA SA M AP FÈ : Èske m santi li enpòtan pou m byen fè sa mwen gen pou m fè ? Èske m ap lite pou se mwen ki pi bon ? Èske m kontrarye si yon lòt moun fè yon bagay pi byen pase m ?
ADORE BONDYE : Èske apwobasyon Bondye pi enpòtan pou mwen pase apwobasyon madanm mwen oswa mari m, apwobasyon pitit mwen, paran m oswa patwon m ? Nan objektif pou m kenbe yon stil lavi ki konfòtab, èske m ta anvi mete sèvis Bondye nan dezyèm plas la ?
REFLECHI SERYEZMAN SOU KONSÈY KI NAN BIB LA
Ki plas Bondye okipe nan lavi w ?
Eklezyas 12:13 : “ Krenn vrè Dye a epi kenbe kòmandman l yo. Paske se sa ki tout obligasyon lòm. ”
MANDE TÈT OU : Èske fason m ap viv la montre se konsa mwen wè bagay yo ? Èske obeyi kòmandman Bondye yo enfliyanse fason m reyaji devan responsablite mwen genyen lakay mwen, nan travay mwen oswa nan lekòl mwen ? Oubyen èske se lòt bagay, oswa èske se presyon lavi a ki deside si m ap rezève tan pou Bondye ?
Ki kalite relasyon ou gen ak Bondye ?
Pwovèb 3:5, 6 : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa apiye sou pwòp entèlijans ou. Nan tout wout ou, sonje li la, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat. ”
Matye 4:10 : “ Se Jewova Dye w la ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre. ”
MANDE TÈT OU : Èske jan yo sot di l la a, se konsa mwen santi relasyon m ye ak Bondye ? Èske aktivite m ap mennen chak jou, ak fason m ap lite anba difikilte montre mwen gen yon konfyans ak yon atachman konsa ?
Li Labib, etidye Labib, ki enpòtans sa genyen pou ou ?
Jan 17:3 : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a ak sila ou te voye a, Jezi Kris. ”
MANDE TÈT OU : Èske enpòtans mwen bay lekti ak meditasyon pwofon mwen fè nan Pawòl Bondye a montre mwen kwè sa toutbonvre ?
Asiste reyinyon kongregasyon an, ki enpòtans sa genyen pou ou ?
Ebre 10:24, 25 : “ Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, pandan nou pap abandone reyinyon nou, [...] e vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche. ”
Sòm 122:1 : “ Mwen kontan anpil lè yo di m : ‘ Ann al lakay Jewova ! ’ ”
MANDE TÈT OU : Èske fason m ap viv la montre mwen gen rekonesans pou direksyon sa a mwen jwenn nan Pawòl Bondye a ? Diran mwa ki sot pase a, èske m te manke kèk reyinyon paske mwen te kite lòt bagay pran pye sou yo ?
Èske w zele pou w pale ak lòt moun konsènan Bondye ak pwogram li ?
Matye 24:14 : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini. ”
Matye 28:19, 20 : “ Ale non, epi fè disip pami moun tout nasyon, [...] anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. ”
Sòm 96:2 : “ Chante pou Jewova, beni non li. De jou an jou, di bon nouvèl delivrans li an. ”
MANDE TÈT OU : Èske reyèlman aktivite sa a gen plas li dwe genyen an nan lavi m ? Èske fason m patisipe nan aktivite sa a montre mwen gen konviksyon epòk n ap viv la se yon epòk ki grav ?