Do liv la
Men sa Izayi 40:11 fè konnen konsènan Jewova: “Tankou yon bèje, l ap pran swen twoupo pa l la. Ak bra pa l l ap sanble ti mouton yo e l ap pote yo sou lestomak li.” Lè w gade ti mouton an ki sou lestomak bèje a, èske w pa anvi vin pwòch ak Papa w ki nan syèl la konsa tou? Men, kòman nou ka pwoche bò kote Jewova?