BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gf leson 15 p. 24-25
  • Zanmi Bondye yo fè sa ki byen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Zanmi Bondye yo fè sa ki byen
  • Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Sou menm sijè a
  • Fanmi w kapab gen kè kontan
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki sa k ka fè fanmi w gen kè kontan?
    Ki sa k ka fè fanmi w gen kè kontan?
  • De kle pou yon maryaj dire
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Yon lavi fanmi ki fè Bondye plezi
    Ki sa Bondye vle nou fè?
Gade plis
Ou kapab vin zanmi Bondye!
gf leson 15 p. 24-25

LESON 15

Zanmi Bondye yo fè sa ki byen

Lè w gen yon zanmi ou apresye e ou respekte, ou fè efò pou w sanble avè l. Bib la di: “Jewova bon e li dwat.” ​(Sòm 25:8). Pou nou ka zanmi Bondye, nou dwe bon moun, nou dwe moun ki dwat. Bib la di: “Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen, e se pou nou kontinye mache nan lanmou.” ​(Efezyen 5:1, 2). Men kèk fason nou ka fè sa:

De mesye k ap travay ansanm sou yon chantye.

Rann moun sèvis. “Annou fè byen ak tout moun.” — Galat 6:10.

Travay di. “Se pou moun k ap vòlè a sispann vòlè, men se pou l travay di pito, pou l fè bon travay ak men l.” — Efezyen 4:28.

Rete pwòp fizikman epi rete pwòp moralman. “Annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a, e n ap vin sen nèt nan lakrentif pou Bondye.” — 2 Korentyen 7:1.

Yon fanmi k ap prepare pou yo manje.

Trete manm fanmi w avèk lanmou ak respè. “Nou chak dwe renmen madanm nou menm jan nou renmen tèt nou. Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l. Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou.” — Efezyen 5:33–6:1.

Montre w gen lanmou pou lòt moun. “Annou kontinye gen lanmou youn pou lòt, paske se nan Bondye lanmou soti.” — 1 Jan 4:7.

Obeyi lwa peyi a. “Se pou tout moun soumèt devan [gouvènman yo] [...]. Se pou nou bay tout moun sa nou dwe ba yo: yon moun ki egzije enpo, ba li enpo.” — Women 13:1, 7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje