BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gf leson 9 p. 15
  • Kiyès ki zanmi Bondye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kiyès ki zanmi Bondye?
  • Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Sou menm sijè a
  • Zanj yo ‘se yon bann lespri Bondye voye pou ede moun’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Kiyès oswa ki sa zanj yo ye?
    Repons Bib la bay
  • Zanj yo : Ki wòl yo anrapò ak nou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Ou kapab vin zanmi Bondye!
gf leson 9 p. 15

LESON 9

Kiyès ki zanmi Bondye?

Jezi Kris, Wa nan Wayòm Bondye a, k ap sèvi ak zanj yo pou l dirije travay predikasyon an.

Jezi Kris se Pitit Jewova, e se pi bon zanmi l. Anvan Jezi te viv kòm moun sou tè a, li t ap viv nan syèl la kòm yon kreyati espirityèl pisan (Jan 17:5). Annapre, li te vin sou tè a pou l anseye laverite sou Bondye (Jan 18:37). Li te bay lavi l kòm moun, pou l te sove moun ki obeyisan yo anba peche ak lanmò (Women 6:23). Kounye la a, Jezi se Wa nan Wayòm Bondye a. Wayòm sa a, se yon gouvènman ki nan syèl la ki pral fè tè a tounen yon Paradi. — Revelasyon 19:16.

Zanj yo se zanmi Bondye yo ye tou. Zanj yo pa t kòmanse lavi yo kòm moun sou tè a. Bondye te kreye yo nan syèl la, anvan li te fè tè a (Jòb 38:4-7). Gen plizyè milyon zanj ki egziste (Dànyèl 7:10). Yo se zanmi Bondye, se nan syèl y ap viv, e yo vle pou lèzòm aprann laverite sou Jewova. — Revelasyon 14:6, 7.

De Temwen Jewova k ap preche yon dam.

Bondye gen zanmi sou tè a tou. Li rele yo temwen li. Nan yon tribinal, yon temwen la pou l di sa l konnen sou yon moun oswa sou yon bagay. Temwen Jewova yo ap di sa yo konnen sou Jewova, sa yo konnen sou objektif li genyen (Ezayi 43:10). Menm jan ak zanj yo, Temwen yo vle ede w aprann laverite sou Jewova. Yo vle w vin zanmi Bondye tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje