BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gf leson 1 p. 3
  • Bondye envite w vin zanmi l

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye envite w vin zanmi l
  • Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Sou menm sijè a
  • Ou kapab zanmi Jewova
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ki sa w panse?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Ki sa Bib la di sou fè zanmi?
    Repons Bib la bay
  • Ki jan nou kapab chwazi bon zanmi?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Ou kapab vin zanmi Bondye!
gf leson 1 p. 3

LESON 1

Bondye envite w vin zanmi l

Bondye vle w kòm zanmi. Èske w te janm panse yon jou ou ta ka zanmi pi gran Pèsonaj nan linivè a? Abraram te viv sou tè a sa gen anpil tan. Yo te rele l zanmi Bondye (Jak 2:23). Bib la pale de lòt moun tou ki te zanmi Bondye e ki te jwenn anpil benediksyon. Jodi a, gen moun sou tout kò tè a ki vin zanmi Bondye. Ou menm tou, ou kapab vin zanmi Bondye.

Abraram k ap priye.

Vin zanmi Bondye pi bon lontan pase vin zanmi nenpòt lòt moun. Bondye pap janm lage zanmi l yo ki fidèl (Sòm 18:25). Vin zanmi Bondye pi bon pase richès. Lè yon moun rich mouri, se lòt moun ki jwi lajan li te genyen. Poutan moun ki zanmi Bondye yo gen yon trezò pèsonn pa ka pran. — Matye 6:19.

Gen moun ki ka chèche anpeche w konnen Bondye. Gendwa se zanmi w oswa fanmi w k ap chèche anpeche w konnen Bondye (Matye 10:36, 37). Si gen moun k ap pase w nan rizib oswa k ap fè w menas, mande tèt ou: “Èske se moun mwen vle fè plezi, oswa èske se Bondye?” Si yon moun ta di w pou w sispann manje, èske w t ap obeyi moun sa a ? Non! Fòk ou manje pou w viv. Kanta Bondye li menm, li vle w viv pou toutan! Donk, pa janm kite pèsonn anpeche w aprann ki jan w ka vin zanmi Bondye. — Jan 17:3.

Plizyè moun k ap pase yon dam nan rizib paske l ap li liv ki pale de Bondye.
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje