BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt p. 20-21
  • Kesyon 10: Ki pwomès Bib la fè pou lavni?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon 10: Ki pwomès Bib la fè pou lavni?
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Kesyon 10: Ki pwomès Bib la fè pou lavni?

KESYON 10

Ki pwomès Bib la fè pou lavni?

Nan paradi Bondye pwomèt sou tè a, yon papa ap plante yon pyebwa, pitit li toupre l.

“Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.”

Sòm 37:29

“Tè a ret la pou toutan.”

Eklezyas 1:4

“Jewova, Seyè ki Souvren an, ap anglouti lanmò pou toutan. L ap siye dlo nan je tout moun.”

Ezayi 25:8

“Lè sa a, je moun ki avèg yo ap ouvri, zòrèy moun ki soud yo ap tande. Lè sa a, moun ki enfim nan pye yo ap vòltije tankou jenn ti kabrit, e lang moun ki bèbè yo ap fè rèl kè kontan. Epi, sous dlo pral pete nan dezè a, dlo pral koule nan plèn ki nan dezè a.”

Ezayi 35:5, 6

“L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.”

Revelasyon 21:4

“Y ap bati kay e y ap abite ladan yo. Y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo bay. Yo pap bati pou lòt moun abite, e yo pap plante pou lòt moun manje. Paske, pèp mwen an ap viv anpil tan menm jan ak yon pyebwa, e moun mwen chwazi yo ap byen jwi travay yo fè ak men yo.”

Ezayi 65:21, 22

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje