BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt 3 Jan 1-14
  • 3 Jan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 3 Jan
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
3 Jan

TWAZYÈM LÈT JAN TE EKRI A

1 Mwen menm, ansyen an, m ap ekri Gayis, byenneme mwen renmen toutbon an.

2 Byenneme, mwen priye pou tout bagay kontinye mache byen pou ou, e pou w kontinye ret an sante, jan sa ap mache byen pou ou* kounye a. 3 Paske mwen te kontan anpil lè kèk frè te vini e yo te fè m konnen ou kenbe nan laverite, e mwen kontan dèske w kontinye ap mache nan laverite+. 4 Pa gen anyen ki fè m pi kontan* pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite+.

5 Byenneme, ou montre w fidèl nan tout sa w ap fè pou frè yo, alòske w pa t menm konnen yo+. 6 Yo menm yo bay temwayaj devan kongregasyon an sou lanmou w genyen. Tanpri, voye yo ale yon fason ki fè Bondye plezi+. 7 Paske, se pou non l yo te soti, e yo pa t pran anyen+ nan men moun ki nan nasyon yo. 8 Kidonk, nou santi se yon devwa pou nou byen resevwa jan de moun sa yo+, pou nou ka vin konpayon travay yo nan laverite+.

9 Mwen ekri kongregasyon an yon bagay, men Dyotrèf, ki renmen pran latèt pami yo+, pa resevwa anyen ki sot nan men nou avèk respè+. 10 Se poutèt sa, si mwen vini, m ap fè sonje aksyon li kontinye ap fè yo, sètadi kòman l ap gaye* move pawòl sou nou+. Li pa kontante l fè sa sèlman. Li menm, li refize resevwa frè yo+ avèk respè, e moun ki vle resevwa yo, li chèche anpeche yo fè sa, e li chèche mete yo deyò nan kongregasyon an.

11 Byenneme, pa imite sa ki mal, men imite sa ki byen+. Moun k ap fè sa ki byen soti nan Bondye+. Moun k ap fè sa ki mal pa wè Bondye+. 12 Tout moun bay bon temwayaj sou Demetriyis e sou fason li viv ann amoni ak laverite. Anfèt, nou menm tou nou bay bon temwayaj sou li, e ou konnen temwayaj nou bay la se laverite.

13 Mwen gen anpil bagay pou m di w, men mwen pa vle ekri w yo nan yon lèt. 14 Mwen espere wè w anvan lontan, e n a pale fasafas.

Lapè avè w.

Zanmi yo voye salye w. Salye chak zanmi apa pou mwen.

Oswa: “pou nanm ou”.

Se kapab tou: “ki fè m gen plis rekonesans”.

Lit.: “di”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje