BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt Filemon 1-25
  • Filemon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Filemon
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Filemon

LÈT PÒL TE EKRI FILEMON AN

1 Mwen menm, Pòl, yon prizonye+ pou Kris Jezi, ansanm ak Timote+, frè nou an, mwen ekri w, Filemon, byenneme nou an, konpayon travay nou an, 2 ansanm ak Apfya, sè nou an, ak Achip+, sòlda parèy nou an, ak kongregasyon ki reyini lakay ou a+:

3 Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris.

4 Mwen toujou di Bondye m nan mèsi lè mwen sonje w nan priyè m yo+, 5 piske mwen kontinye tande jan w gen lafwa e jan w renmen Seyè Jezi ak tout moun ki sen yo. 6 Mwen priye pou lafwa nou pataje ansanm nan pouse w rekonèt tout bon bagay nou genyen grasa Kris. 7 Paske, lè m tande lanmou w genyen, sa ban m anpil kè kontan ak anpil konsolasyon, paske moun ki sen yo te santi yo repran fòs grasa ou, frè m nan.

8 Se pou rezon sa a, byenke mwen gen anpil kran antanke apot Kris pou m ba w lòd nan non Kris pou w fè sa ki kòrèk, 9 mwen ta renmen sipliye w pito sou baz lanmou, piske, mwen menm, Pòl, mwen se yon granmoun, wi, e kounye a, mwen se yon prizonye tou pou Kris Jezi. 10 M ap sipliye w pou Onezim, pitit mwen an, pitit mwen vin yon papa pou li+ pandan mwen nan prizon an*+. 11 Anvan sa, li pa t itil ou, men kounye a, li itil ni ou menm, ni mwen menm. 12 M ap voye l tounen ba ou, wi, li menm mwen gen anpil afeksyon pou li a.

13 Mwen ta renmen kenbe l pou mwen, pou l ka kontinye rann mwen sèvis nan plas ou, pandan mwen nan prizon pou bon nouvèl la+. 14 Men, mwen pa vle fè anyen san konsantman w, dekwa pou w pa fè bèl aksyon w ap fè a nan fòse, men, pou w fè l ak pwòp volonte w+. 15 An reyalite, petèt se pou sa li te sove pou yon ti moman, dekwa pou w ka rejwenn li pou toutan. 16 Ou pap rejwenn li antanke esklav ankò+, men, li vin plis pase yon esklav. Li vin yon frè byenneme+, sitou pou mwen, men plis ankò pou ou, ni nan lachè, ni nan Seyè a. 17 Kidonk, si w konsidere m kòm yon zanmi*, se pou w byen resevwa l, menm jan w t ap fè pou mwen. 18 Anplis de sa, si l te fè w yon bagay mal oswa si l dwe w yon bagay, sa sou kont mwen. 19 Mwen menm, Pòl, men sa m ap ekri w ak pwòp men m: M ap remèt sa l dwe a. Dayè, mwen pa menm bezwen di w si w dwe m pwòp tèt pa w. 20 Wi, frè m, pèmèt mwen resevwa èd sa a nan men w anrapò ak Seyè a. Soulaje kè m anrapò ak Kris.

21 Mwen gen konfyans w ap obeyi, se poutèt sa mwen ekri w, piske mwen konnen w ap menm fè plis pase sa mwen di yo. 22 Men anmenmtan, prepare yon kote pou mwen pou m rete, paske mwen espere grasa priyè nou, y ap fè m retounen vin jwenn nou*+.

23 Epafras, ki nan prizon ansanm avè m, ann inyon avèk Kris Jezi, voye salye w+. 24 Mak, Aristak+, Demas+ ak Lik+, konpayon travay mwen yo, voye salye w tou.

25 Mwen swete pou nou resevwa favè san parèy Seyè a, Jezi Kris, pou bon dispozisyon nou montre nou genyen an.

Lit.: “pandan mwen nan chenn nan”.

Oswa: “kòm yon konpayon”.

Oswa: “y ap libere m pou nou”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje