BON NOUVÈL LA SELON JAN
1 Okòmansman, Pawòl la te egziste+, Pawòl la te ansanm ak Bondye+, e Pawòl la te yon dye*+. 2 Li te ansanm ak Bondye okòmansman. 3 Bondye te sèvi avè l pou l fè tout bagay vin egziste+, e pa menm gen yon bagay ki te vin egziste san li.
4 Lavi vin egziste pa mwayen li, e lavi sa a se te limyè pou lèzòm+. 5 Limyè a ap klere nan fènwa+, e fènwa a pa kouvri l.
6 Gen yon mesye ki te vini, se Bondye ki te voye l, li te rele Jan+. 7 Mesye sa a te vini antanke temwen pou l te ka bay temwayaj sou limyè a+, dekwa pou l te ka pèmèt tout kalite moun kwè. 8 Se pa li ki te limyè a+, men li te vin bay temwayaj sou limyè a.
9 Vrè limyè a ki bay tout kalite moun limyè t apral vin nan monn nan+. 10 Li te nan monn nan+, e se avè l Bondye te sèvi pou l fè monn nan vin egziste+, men, monn nan pa t konnen l. 11 Li te vini nan pwòp peyi l, men, moun nan peyi l pa t aksepte l. 12 Li te bay tout moun ki te resevwa l yo dwa pou yo vin pitit Bondye+, paske yo te demontre yo gen lafwa nan non l+. 13 Yo pa t vin pitit Bondye grasa fanmi kote yo soti, oswa grasa volonte paran yo, oswa grasa volonte lèzòm, men se grasa Bondye+.
14 Se konsa, Pawòl la te vin fèt nan lachè*+ e li te abite pami nou. Nou te wè glwa li, yon glwa ki tankou glwa yon sèl pitit+ yon papa fè. Li te plen ak favè Bondye* ak verite. 15 (Jan te bay temwayaj sou li, li te di byen fò: “Se konsènan moun sa a mwen te di: ‘Moun k ap vin apre m nan pran devan m, paske l te egziste anvan m+.’”) 16 Anfèt, li te fè nou tout anpil favè san parèy*, paske li plen favè san parèy. 17 Bondye te sèvi ak Moyiz pou l bay Lalwa+, men, se ak Jezi Kris li sèvi pou l fè moun favè san parèy+ e pou l bay laverite+. 18 Okenn moun pa janm wè Bondye+. Se sèl dye Bondye fè a+, li menm ki bò kot Papa a*+, ki esplike kiyès Bondye ye+.
19 Men temwayaj Jan te bay lè Juif yo te voye prèt ak Levit sot Jerizalèm pou yo vin mande l: “Kiyès ou ye+?” 20 Li te reponn byen klè. Li pa t fè kòmsi li pa konnen. Li te di: “Se pa mwen menm ki Kris la.” 21 Yo te mande l: “Ki moun ou ye menm? Èske w se Eli+?” Li reponn yo: “Mwen pa Eli.” Yo di l: “Èske w se Pwofèt la+?” Li reponn: “Non.” 22 Se sa k fè yo di l: “Kiyès ou ye menm? Di nou pou nou ka bay moun ki voye nou yo yon repons. Kiyès ou di w ye?” 23 Li di: “Mwen se moun k ap di byen fò nan dezè a: ‘Fè chemen an dwat pou Jewova*+’, jan pwofèt Ezayi te di sa+.” 24 Moun sa yo se Farizyen yo ki te voye yo. 25 Se sa k fè yo mande l: “Ebyen, si w pa ni Kris la, ni Eli, ni Pwofèt la, poukisa w ap batize moun?” 26 Jan reponn yo, li di: “Mwen batize moun nan dlo. Men, gen yon moun ki nan mitan nou, yon moun nou pa konnen, 27 k ap vin apre m, menm kòd sandal li mwen pa menm merite pou m demare+.” 28 Bagay sa yo te pase nan vil Betani ki pa lòtbò Rivyè Jouden an, kote Jan t ap batize moun nan+.
29 Nan demen, li wè Jezi k ap vin kote li ye a e li di: “Gade, men Ti Mouton+ Bondye a k ap retire peche+ monn nan+! 30 Se de li mwen t ap pale lè m te di: ‘Gen yon moun k ap vini apre m ki pran devan m, paske li te egziste anvan m+.’ 31 Menm mwen menm, mwen pa t konnen l, men, rezon ki fè mwen vin batize moun nan dlo a se pou Izrayèl ka vin konnen l+.” 32 Epitou, Jan te bay temwayaj, li te di: “Mwen wè lespri a desann sot nan syèl la sou fòm yon pijon, e li rete anlè tèt li+. 33 Menm mwen menm, mwen pa t konnen l, men Sila a ki voye m batize moun nan dlo a te di m: ‘Sou moun ou wè lespri a desann e li rete anlè tèt li a+, se li menm k ap batize moun nan lespri sen an+.’ 34 Mwen wè sa, e mwen fè konnen aklè moun sa a se Pitit Bondye a+.”
35 Nan demen ankò, Jan te kanpe avèk de nan disip li yo, 36 e pandan li t ap gade Jezi k ap pase, li di: “Men Ti Mouton+ Bondye a!” 37 Lè de disip yo tande sa l di a, yo suiv Jezi. 38 Apre sa, Jezi vire, li wè yo k ap suiv li, e li di yo: “Ki sa nou vle?” Yo di l: “Rabi (ki vle di: “Anseyan”), kote w rete?” 39 Li di yo: “Vini, epi n a wè.” Vrèmanvre, yo ale e yo wè kote l rete a, e yo rete avè l jou sa a. Li te anviwon dizyèm èdtan* nan jounen an. 40 Andre+, frè Simon Pyè a, se te youn nan de disip Jan ki te tande sa Jan te di a e ki te suiv Jezi. 41 Premye bagay li fè, l al jwenn Simon, frè l la, e li di l: “Nou jwenn Mesi a+” (ki vle di: “Kris”). 42 Epi, li mennen Simon kot Jezi. Lè Jezi gade l, li di: “Ou se Simon+, pitit Jan. Y ap rele w Sefas” (ki vle di: “Pyè*+”).
43 Nan demen, Jezi te vle al Galile. Li jwenn Filip+ e li di l: “Suiv mwen.” 44 Twouve, Filip se te moun Betsayida, moun menm vil ak Andre ak Pyè. 45 Filip jwenn Natanayèl+ e li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te ekri sou li nan Lalwa a, moun pwofèt yo te ekri sou li a: se Jezi, pitit Jozèf la+, moun Nazarèt.” 46 Men, Natanayèl di l: “Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt?” Filip di l: “Vini w a wè.” 47 Jezi wè Natanayèl k ap vin kote l, epi li di: “Gade! Men yon Izrayelit ki vrèman pa gen riz nan li+.” 48 Natanayèl di l: “Ki jan w fè konnen m?” Jezi reponn, li di l: “Mwen te wè w depi anvan Filip te rele w, lè w te anba pye fig frans lan.” 49 Natanayèl reponn: “Anseyan*, ou se Pitit Bondye a, ou se Wa Izrayèl+.” 50 Jezi di l: “Èske w kwè sa paske m di w mwen te wè w anba pye fig frans lan? Ou gen pou w wè pi gwo bagay pase sa.” 51 Apre sa, li di l: “Anverite m ap di nou sa: N ap wè syèl la ouvè e n ap wè zanj Bondye yo k ap monte desann vin kot Pitit lòm nan+.”
2 Twouve, de jou apre, gen yon resepsyon maryaj ki t ap fèt Kana, nan Galile, e manman Jezi te la. 2 Yo te envite Jezi ak disip li yo nan resepsyon maryaj la tou.
3 Lè diven an fini, manman Jezi di l: “Yo pa gen diven ankò.” 4 Men, Jezi di l: “Madanm, ki sa mwen menm avè w gen pou n wè nan sa? Lè m poko rive.” 5 Manman l di moun ki t ap sèvi yo: “Fè tout sa l di nou.” 6 Twouve, te gen sis krich an wòch pou met dlo, jan règ sou pirifikasyon Juif yo te genyen yo te egzije sa+, e yo chak te ka kenbe de oswa twa mezi dlo*. 7 Jezi di yo: “Plen krich yo dlo.” Epi, yo plen yo ra bouch. 8 Apre sa, li di yo: “Kounye a, pran enpe pot bay moun k ap dirije resepsyon an.” Vrèmanvre, yo fè sa. 9 Lè moun k ap dirije resepsyon an goute dlo ki te tounen diven an, li pa t konnen kote l te soti (alòske moun ki t ap sèvi yo ki te pran dlo a te konnen), li rele lemarye, 10 li di l: “Tout lòt moun mete bon diven an deyò anvan, e lè moun yo sou, yo mete diven ki pa fin bon an deyò. Men ou menm, ou sere pi bon diven an pou jis kounye a.” 11 Jezi te fè mirak* sa a nan Kana, nan Galile. Se te premye mirak li. Li te fè pouvwa l parèt aklè+, e disip li yo te mete lafwa nan li.
12 Apre sa, li menm, manman l, frè l yo+ ansanm ak disip li yo desann Kapènawòm+, men yo pa t pase anpil jou la.
13 Fèt Pak Juif yo+ te toupre rive. Jezi monte Jerizalèm. 14 Lè l rive nan tanp lan, li jwenn moun ki t ap vann bèf, mouton ak pijon+, ansanm ak moun ki te chita sou chèz ap chanje lajan. 15 Epi, li fè yon fwèt ak kòd, li mete yo tout deyò ansanm ak mouton yo ak bèf yo. Li fè yo soti nan tanp lan, li gaye pyès monnen moun ki t ap chanje lajan yo e li chavire tab yo+. 16 Epi, li di moun ki t ap vann pijon yo: “Retire bagay sa yo la a! Sispann fè kay Papa m nan tounen yon kay kote yo fè komès*+!” 17 Lè sa a, disip li yo vin sonje sa k te ekri a: “Lanmou m gen pou kay ou a ap tankou yon dife k ap boule anndan m+.”
18 Se sa k fè Juif yo reponn li: “Ki siy ou ka ban nou pou w montre nou+ ou gen dwa fè bagay sa yo?” 19 Jezi reponn yo, li di: “Kraze tanp sa a, e nan twa jou m ap mete l kanpe+.” 20 Lè sa a, Juif yo di: “Yo te pran 46 an pou yo bati tanp sa a, epi ou menm, pou w ta mete l kanpe nan twa jou?” 21 Men, lè l t ap pale de tanp lan, se de kò l li t ap pale+. 22 Se sa k fè, lè l te leve sot nan lanmò, disip li yo vin sonje li te konn di sa+. E yo te vin kwè ni nan pasaj nan Ekriti yo ki di sa a, ni nan sa Jezi te di a.
23 Men, pandan l te Jerizalèm nan fèt Pak la, anpil moun te mete lafwa nan non l lè yo te wè bagay estrawòdinè li t ap fè yo. 24 Men, Jezi pa t fè yo konfyans, paske li te konnen yo tout, 25 e li pa t bezwen pèsonn di l kiyès lòm ye, paske li te konn sa k nan lòm+.
3 Te gen yon Farizyen, youn nan chèf Juif yo, ki te rele Nikodèm+. 2 Li vin kot Jezi lannuit+ e li di l: “Anseyan*+, nou konnen ou se yon anseyan Bondye voye, paske okenn moun pa ka fè mirak* w ap fè yo+ si Bondye pa avè l+.” 3 Jezi reponn, li di l: “Anverite m ap di w sa: Si yon moun pa fèt yon lòt fwa ankò+, li pa ka wè Wayòm Bondye a+.” 4 Nikodèm di l: “Kòman yon moun ka fèt ankò alòske l fin granmoun? Li pa ka retounen antre nan vant manman l pou l fèt yon dezyèm fwa, pa vre?” 5 Jezi reponn: “Anverite m ap di w sa: Pou yon moun fèt yon lòt fwa ankò, fòk li batize nan dlo+ e fòk li resevwa lespri sen+. Si se pa sa, li pa ka antre nan Wayòm Bondye a. 6 Sa ki fèt pa mwayen lachè se lachè, e sa ki fèt pa mwayen lespri a se lespri. 7 Pa sezi poutèt mwen di w: Nou dwe fèt yon lòt fwa ankò. 8 Van vante kote l vle, e ou tande bri l, men w pa konnen ki kote l soti, ni ki kote l prale. Se konsa tout moun ki fèt pa mwayen lespri a ye+.”
9 Nikodèm reponn, li di l: “Kòman bagay sa yo ka rive fèt?” 10 Jezi reponn: “Ou se yon anseyan ann Izrayèl, epoutan ou pa konn bagay sa yo? 11 Anverite m ap di w sa: Nou pale bagay nou konnen e nou bay temwayaj sou sa nou wè, men nou menm, nou pa aksepte temwayaj nou bay la. 12 Si m di nou bagay ki gen rapò ak tè a e malgre sa nou pa kwè, ki jan n ap fè kwè si m di nou bagay ki gen rapò ak syèl la? 13 Epitou, okenn moun pa monte nan syèl la+, eksepte sila a ki te desann sot nan syèl la+, sètadi Pitit lòm nan. 14 E menm jan Moyiz te leve sèpan an anlè nan dezè a+, se konsa tou yo dwe leve Pitit lòm nan anlè+, 15 yon fason pou tout moun ki kwè nan li ka gen lavi ki pap janm fini an+.
16 “Paske, Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li+, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an+. 17 Paske, Bondye pa t voye Pitit li a nan monn nan pou l kondane monn nan, men li te voye l pou monn nan ka sove grasa li+. 18 Yo pap kondane yon moun ki demontre l gen lafwa nan li+. Men, yo deja kondane yon moun ki pa demontre li gen lafwa nan li, paske li pa demontre li gen lafwa nan non sèl Pitit Bondye fè a+. 19 Men sou ki baz jijman an ap fèt: Limyè a vin nan monn nan+, men lèzòm pi renmen fènwa pase limyè, paske aksyon yo pa bon. 20 Paske, yon moun k ap pratike sa ki mal rayi limyè e li pa vin nan limyè a, dekwa pou aksyon l yo pa parèt aklè. 21 Men, moun k ap fè sa ki byen an vin nan limyè a+, dekwa pou moun ka wè aklè aksyon l yo se aksyon ki fèt ann amoni ak volonte Bondye.”
22 Apre sa, Jezi ak disip li yo al nan zòn ki andeyò Jide yo. Li pase yon ti tan la ansanm avèk disip li yo, e li t ap batize moun+. 23 Men, Jan tou t ap batize moun. Li t ap fè sa nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la+. Moun yo te kontinye vini, e li te batize yo+. 24 Nan moman sa a, yo potko met Jan nan prizon+.
25 Twouve, disip Jan yo leve yon diskisyon ak yon Juif anrapò ak kesyon pirifikasyon an. 26 Apre sa, yo vin kot Jan, e yo di l: “Anseyan*, mesye ki te ansanm avè w pa lòtbò Rivyè Jouden an, mesye ou te bay temwayaj sou li a+, men l ap batize moun e tout moun pral jwenn li.” 27 Jan reponn, li di: “Yon moun pa ka resevwa anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li l. 28 Nou menm, nou temwen mwen te di: ‘Se pa mwen menm ki Kris la+, men se voye yo te voye m devan l+.’ 29 Moun ki gen lamarye a se lemarye+. Men, lè zanmi lemarye a kanpe bò kote l e li tande l k ap pale, li kontan anpil, paske l tande vwa lemarye a. Se sa k fè kè m kontan nèt. 30 Aktivite Kris dwe kontinye ogmante, men, aktivite pa m dwe kontinye diminye.”
31 Moun ki soti anwo a+ anlè tèt nou tout. Moun ki moun latè a se moun latè l ye e l ap pale bagay ki gen rapò ak latè. Moun ki soti nan syèl la anlè tèt nou tout+. 32 Li bay temwayaj konsènan sa l te wè ak sa l te tande+, men pèsonn pa aksepte temwayaj li a+. 33 Yon moun ki aksepte temwayaj li sètifye Bondye toujou di laverite+. 34 Paske, moun Bondye voye a pale pawòl Bondye+, piske Bondye bay lespri l san mezire. 35 Papa a renmen Pitit la+ e li remèt li tout bagay+. 36 Moun ki demontre l gen lafwa nan Pitit la ap gen lavi ki pap janm fini an+. Moun ki dezobeyi Pitit la pap wè lavi+, men l ap sibi kòlè Bondye+.
4 Lè Seyè a vin konnen Farizyen yo te tande li gen plis disip pase Jan e li t ap batize+ plis moun pase l 2 (an reyalite, se pa Jezi li menm ki t ap batize moun yo, men se disip li yo ki t ap fè sa), 3 li kite Jide pou l tounen Galile. 4 Men, li te oblije pase pa Samari. 5 Se konsa, li vin rive nan yon vil nan Samari ki rele Sicha, ki toupre teren Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan+. 6 Anfèt, se la pi Jakòb la te ye+. Kòm vwayaj la te fè Jezi fatige anpil, li chita arebò pi a*. Lè sa a, li te anviwon sizyèm èdtan* nan jounen an.
7 Gen yon dam, moun Samari, ki vin tire dlo. Jezi di l: “Ban m yon ti dlo pou m bwè.” 8 (Disip li yo t al nan vil la pou y al achte bagay pou yo manje.) 9 Lè sa a, Samaritèn nan di l: “Kòman fè ou menm ki Juif, ou mande m dlo pou w bwè, alòske mwen se yon Samaritèn?” (Paske, Juif yo pa gen rapò ak Samariten yo+.) 10 Jezi reponn li, li di l: “Si w te konnen kado Bondye bay la+, e si w te konnen ki moun sa a ki di w: ‘Ban m yon ti dlo pou m bwè’ a, se ou menm ki ta mande l dlo, e li ta ba w dlo lavi a+.” 11 Dam nan di l: “Mesye, ou pa menm gen yon veso pou w tire dlo, e pi a fon. Ki kote w jwenn dlo lavi sa a? 12 Pi sa a se Jakòb, zansèt nou an, ki te ban nou l e ki te konn bwè ladan l ak tout pitit li yo ak tout bèt li yo. Èske w pi enpòtan pase Jakòb?” 13 Jezi reponn li, li di l: “Tout moun ki bwè dlo sa a ap swaf ankò. 14 Men, moun ki bwè dlo m ap ba li a pa gendwa janm swaf ankò+, okontrè, dlo m ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li, yon sous dlo k ap ponpe pou l bay lavi ki pap janm fini an+.” 15 Dam nan di l: “Mesye, ban m dlo sa a non, dekwa pou m pa swaf e pou m sispann vin tire dlo la a.”
16 Li di dam nan: “Al rele mari w, epi tounen vin la a.” 17 Dam nan reponn li, li di l: “Mwen pa gen mari.” Jezi di l: “Ou gen rezon di ou pa gen mari. 18 Paske, ou pase senk mari, e moun w avè l kounye a, se pa mari w li ye. Sa w di a se laverite.” 19 Dam nan di l: “Mesye, mwen wè w se yon pwofèt+. 20 Zansèt nou yo te konn adore sou mòn sa a. Men nou menm, nou di se Jerizalèm moun dwe al adore+.” 21 Jezi di l: “Ou mèt kwè m madanm, lè a ap rive kote se pa ni sou mòn sa a, ni Jerizalèm nou pral adore Papa a. 22 N ap adore sa nou pa konnen+, men nou menm, n ap adore sa nou konnen, paske delivrans lan se nan Juif yo li soti*+. 23 Men, lè a rive kounye a kote vrè adoratè yo pral adore Papa a avèk lespri ak laverite, paske, vrèmanvre, se moun konsa Papa a ap chèche pou adore l+. 24 Bondye se yon Espri+, e moun k ap adore l yo dwe adore l avèk lespri ak laverite+.” 25 Dam nan di l: “Mwen konnen Mesi a ap vini, li menm yo rele Kris la. Kèlkeswa lè l vini an, l ap di nou tout bagay aklè.” 26 Jezi di l: “Se li menm k ap pale avè w la a+.”
27 Se nan moman sa a disip yo rive, e yo sezi poutèt li t ap pale avèk yon fi. Natirèlman, pa gen youn nan yo ki di: “Ki sa w bezwen?” oswa: “Poukisa w ap pale avèk fi sa a?” 28 Lè sa a, dam nan kite ja dlo l la, l al nan vil la e li di moun yo: 29 “Vin wè yon mesye ki di m tout sa m fè. Èske se pa ta li menm ki Kris la?” 30 Yo kite vil la e yo vin jwenn Jezi.
31 Pandan tan sa a, disip yo t ap plede di l: “Anseyan*+, manje non.” 32 Men, li di yo: “Mwen gen yon manje pou m manje, e manje sa a, nou pa konnen l.” 33 Lè sa a, disip yo di youn lòt: “Pèsonn pa t pot anyen ba l pou l manje, pa vre?” 34 Jezi di yo: “Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan+ e se fin fè travay li ban m fè a+. 35 Èske nou pa di rete kat mwa anvan rekòt la fèt? Gade! M ap di nou sa: Leve je nou gade jaden yo, yo pare pou rekòt la+. Depi kounye a, 36 y ap peye moun k ap rekòlte a sa yo dwe peye l, e l ap ranmase fwi pou lavi ki pap janm fini an, dekwa pou moun k ap simen an ka rejwi ansanm ak moun k ap rekòlte a+. 37 Nan sans sa a, sa pawòl la di a se verite: Yon moun ap simen e yon lòt ap rekòlte. 38 Mwen voye nou rekòlte sa nou pa t travay pou li. Lòt moun te travay di, e se nou menm ki benefisye travay yo a.”
39 Anpil Samariten nan vil sa a te met lafwa nan li poutèt temwayaj dam nan te bay lè l te di: “Li di m tout sa m fè+.” 40 Se sa k fè, lè Samariten yo vin jwenn li, yo mande l pou l rete avèk yo, e li rete la pandan de jou. 41 Kòm rezilta, plis moun toujou te vin kwè akoz sa l te di yo, 42 e yo te di dam nan: “Se pa sa w te di yo sèlman ki fè nou kwè kounye a, paske nou tande ak zòrèy nou, e nou konnen mesye sa a se sovè monn nan li ye toutbon+.”
43 Apre de jou sa yo, Jezi pati l al Galile. 44 Sepandan, se li menm ki te fè konnen yon pwofèt pa jwenn onè nan pwòp peyi l+. 45 Konsa, lè l rive Galile, kòm moun Galile yo tou t al nan fèt la+ e yo te wè tout bagay li te fè nan fèt la nan Jerizalèm+, yo te akeyi l.
46 Apre sa, l al Kana nan Galile, yon lòt fwa ankò, kote l te fè dlo tounen diven an+. Epi, te gen yon fonksyonè k ap travay pou wa a ki te gen pitit gason l Kapènawòm ki malad. 47 Lè mesye sa a tande Jezi soti Jide e li rive Galile, l al jwenn li e li mande l pou l desann vin geri pitit gason l lan, paske pitit la te prèske mouri. 48 Men, Jezi di l: “Toutotan nou pa wè mirak* ak mèvèy, nou pa gendwa kwè+.” 49 Fonksyonè k ap travay pou wa a di l: “Seyè, desann avè m anvan pitit mwen an mouri.” 50 Jezi di l: “Ou mèt ale, pitit gason w lan refè+.” Mesye a kwè pawòl Jezi di l la, epi l ale. 51 Men, pandan l sou wout pou l desann lakay li, esklav li yo vin rankontre l pou yo di l pitit gason l lan refè. 52 Lè sa a, li mande yo a ki lè pitit la te refè. Yo di l: “Lafyèv la tonbe yè, nan setyèm èdtan* nan jounen an.” 53 Papa a vin rann li kont se te lè sa a menm Jezi te di l: “Pitit gason w lan refè+.” Konsa, li menm ak tout moun lakay li vin kwè. 54 Se te dezyèm mirak+ Jezi te fè lè l te sot Jide e li t al Galile.
5 Apre sa, te vin gen yon fèt juif+, e Jezi te monte Jerizalèm. 2 Twouve, nan Jerizalèm, bò Pòtay Mouton an+, gen yon pisin yo rele ann ebre Betzata, e toutotou l te gen senk galri ki gen kolòn. 3 Sou galri sa yo, te gen yon pakèt moun malad, moun avèg, moun k ap bwete ak moun ki te gen manm nan kò yo ki pòk* ki te kouche la. 4 *—— 5 Men, te gen yon mesye ki te la ki te malad depi 38 an. 6 Lè Jezi wè mesye sa a ki te kouche, kòm li rann li kont sa fè lontan depi mesye a malad, li di l: “Èske w ta renmen refè+?” 7 Mesye a reponn li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m nan pisin nan lè dlo a ajite. Lè m pral antre, gen yon lòt moun ki gentan desann anvan m.” 8 Jezi di l: “Leve, pran nat* ou, mache+.” 9 Menm kote a, mesye a geri, li pran nat* li e li kòmanse mache.
Jou sa a se te yon jou saba. 10 Se poutèt sa, gen Juif ki kòmanse ap di mesye ki te geri a: “Jodi a se saba, ou pa gen dwa ap pote nat la*+.” 11 Men, li reponn yo: “Se moun ki geri m nan menm ki te di m: ‘Pran nat* ou, mache.’” 12 Yo mande l: “Kiyès moun sa a ki te di w: ‘Pran nat ou, mache’ a?” 13 Men, mesye ki te geri a pa t konnen ki moun li ye, paske Jezi te fofile kò l nan mitan foul ki te la a l ale.
14 Apre sa, Jezi jwenn mesye a nan tanp lan, li di l: “Ou wè w geri. Pa fè peche ankò, dekwa pou yon bagay ki pi mal pa rive w.” 15 Mesye a ale, l al di Juif yo se Jezi ki te geri l. 16 Poutèt sa, Juif yo t ap pèsekite Jezi, paske, li te konn ap fè bagay sa yo nan jou saba a. 17 Men, li reponn yo: “Papa m kontinye travay jis kounye a, e mwen menm tou, mwen kontinye travay+.” 18 Se sa k fè Juif yo te vin plis ap chèche touye l toujou, paske nonsèlman yo te panse li te vyole saba a, men tou li te di Bondye se Papa l+, kòmkwa li ta egal ak Bondye+.
19 Se sa k fè, Jezi reponn, li di yo: “Anverite m ap di nou sa: Pitit la pa ka deside poukont li pou l fè anyen, men se sèlman sa l wè Papa a fè li fè+. Paske, kèlkeswa sa Papa a fè, Pitit la fè yo menm jan an tou. 20 Paske, Papa a gen afeksyon pou Pitit la+, e li montre l tout bagay li menm li fè, e li pral montre l travay ki pi gwo pase sa yo, yon fason pou nou ka sezi+. 21 Annefè, menm jan Papa a leve moun ki mouri yo e li ba yo lavi+, se konsa tou Pitit la bay moun li vle lavi+. 22 Paske, Papa a pa jije pèsonn, men li remèt tout jijman an nan men Pitit la+, 23 yon fason pou tout moun ka onore Pitit la menm jan yo onore Papa a. Moun ki pa onore Pitit la pa onore Papa a ki voye l la+. 24 Anverite m ap di nou sa: Yon moun ki tande pawòl mwen e ki kwè Sila a ki voye m nan gen lavi ki pap janm fini an+, e li pa sibi kondanasyon, men li soti nan lanmò pou l vin nan lavi+.
25 “Anverite m ap di nou sa: Lè a rive kounye a, kote moun ki mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a, e sa ki koute yo ap viv. 26 Paske, menm jan Papa a gen pouvwa pou l bay lavi*+, se konsa, li bay Pitit la pouvwa pou l bay lavi tou+. 27 Mete sou sa, li ba l pouvwa pou l fè jijman+, paske li se Pitit lòm nan+. 28 Nou pa bezwen sezi pou sa, paske lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo* pral tande vwa l+, 29 e y ap soti. Moun ki te fè bon bagay ap resisite pou yo jwenn lavi, men moun ki te pratike sa ki mal ap resisite pou jijman+. 30 Mwen pa ka deside poukont mwen pou m fè anyen. Mwen jije selon sa Papa m di m*, e jijman mwen fè a jis+, paske se pa volonte pa m m ap chèche fè, men se volonte Sila a ki voye m nan+.
31 “Si se mwen sèl k ap temwaye pou tèt mwen, temwayaj mwen an pa laverite+. 32 Gen yon lòt moun k ap bay temwayaj sou mwen, e mwen konnen temwayaj li bay sou mwen an se laverite+. 33 Nou te voye moun kot Jan, e li te bay temwayaj sou laverite+. 34 Mwen pa bezwen lèzòm temwaye pou mwen, men, mwen di bagay sa yo pou nou ka sove. 35 Jan se te yon lanp ki limen e k ap klere, e pandan yon ti moman, nou te dispoze rejwi anpil nan limyè li t ap bay la+. 36 Men, mwen jwenn yon pi gwo temwayaj pase pa Jan an, paske travay Papa m ban m fè yo, wi, travay m ap fè yo, montre se Papa a ki voye m+. 37 Epitou, se Papa a ki voye m nan menm ki bay temwayaj sou mwen+. Nou pa janm tande vwa l, ni nou pa janm wè fòm li+, 38 e pawòl li pa rete nan nou, paske nou pa kwè nan sila a li voye a.
39 “N ap fouye Ekriti yo+, paske nou panse n ap gen lavi ki pap janm fini an grasa yo, e se yo menm menm* k ap bay temwayaj sou mwen+. 40 Epoutan, nou pa vle vin jwenn mwen+ pou nou ka gen lavi. 41 Mwen pa aksepte glwa nan men lèzòm, 42 e mwen byen konnen nou pa gen lanmou pou Bondye nan kè nou. 43 Mwen vini nan non Papa m, men nou pa resevwa m. Si yon lòt moun te vini nan pwòp non pa l, nou t ap resevwa l. 44 Ki jan pou nou ta fè kwè nan mwen, piske nou aksepte glwa youn nan men lòt e nou pa chèche glwa ki soti nan sèl Bondye ki egziste a+? 45 Pa panse mwen pral akize nou devan Papa a. Moun ki akize nou an se Moyiz+, li menm nou mete espwa nou nan li a. 46 Anfèt, si nou te kwè nan Moyiz, nou t ap kwè nan mwen tou, paske li te ekri bagay ki konsène m+. 47 Men, si nou pa kwè sa l te ekri yo, kòman n ap fè kwè sa m di yo?”
6 Apre sa, Jezi al pa lòtbò Lanmè Galile, ki te rele Lanmè Tiberyad tou+. 2 Men, gen yon gwo foul moun ki t ap suiv li+, paske yo te wè mirak* li te fè, jan l te geri moun ki te malad yo+. 3 Epi, Jezi monte sou yon mòn e li chita la avèk disip li yo. 4 Lè sa a, fèt Pak la+, fèt Juif yo, te toupre rive. 5 Lè Jezi leve je l li wè yon gwo foul moun k ap vin sou li, li di Filip: “Ki kote nou pral achte pen pou moun sa yo manje+?” 6 Li te konnen sa li t apral fè, men, li te di sa pou l teste Filip. 7 Filip reponn li: “200 denye* pen pap ase pou chak moun ta jwenn menm yon ti moso.” 8 Andre, youn nan disip li yo, frè Simon Pyè a, di l: 9 “Gen yon tigason la a ki gen senk pen lòj* ak de ti pwason. Men, ki sa sa ka fè pou tout moun sa yo+?”
10 Jezi di: “Fè moun yo chita.” Te gen anpil zèb kote yo te ye a. Konsa, moun yo chita nan zèb la. Te gen anviwon 5 000 gason nan foul la+. 11 Epi, Jezi pran pen yo, e apre l fin di Bondye mèsi, li distribye yo bay moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou pou ti pwason yo, li ba yo kantite yo vle. 12 Men, lè yo te fin manje vant plen, li di disip li yo: “Ranmase rès ki rete yo, dekwa pou anyen pa gaspiye.” 13 Konsa, yo ranmase rès ki te rete nan senk pen lòj yo, sa moun ki te manje yo te kite yo, e yo plen 12 pànye avèk yo.
14 Lè moun yo wè mirak li fè a, yo di: “Se sèten, se li menm ki Pwofèt ki te gen pou vini nan monn nan+.” 15 Kòm Jezi te konnen yo t apral vin met men sou li pou yo fè l wa, li wete kò l+, l al sou mòn nan ankò poukont li+.
16 Nan aswè, disip li yo desann bò lanmè a+, 17 yo monte nan yon bato, yo kòmanse travèse lanmè a pou y al Kapènawòm. Nan moman sa a, li te fin fè nwa e Jezi potko vin jwenn yo+. 18 Epitou, lanmè a te vin move, paske te gen yon gwo van ki t ap soufle+. 19 Men, apre yo fin rame anviwon senk a sis kilomèt konsa*, yo wè Jezi k ap mache sou lanmè a, k ap pwoche vin jwenn bato a, e yo vin pè. 20 Men, li di yo: “Se mwen menm, nou pa bezwen pè+!” 21 Lè sa a, yo te vle fè l monte nan bato a. E tousuit bato a rive kote yo t aprale a+.
22 Nan demen, foul moun yo, ki te rete sou lòt bò lanmè a, te remake pa gen bato la. Te gen yon ti bato, men, Jezi pa t monte bato sa a avèk disip li yo, paske disip li yo te ale poukont yo. 23 Men, gen yon seri bato ki te soti Tiberyad ki te rive toupre kote yo te manje pen apre Seyè a te fin di Bondye mèsi a. 24 Se sa k fè, lè foul moun yo wè ni Jezi ni disip li yo pa t la, yo monte nan bato yo, y al Kapènawòm pou yo chèche Jezi.
25 Lè yo jwenn li pa lòtbò lanmè a, yo di l: “Anseyan*+, ki lè w rive la a?” 26 Jezi reponn yo, li di: “Anverite m ap di nou sa: Se pa paske nou te wè mirak mwen te fè yo ki fè n ap chèche m, men se paske nou te manje pen e vant nou te plen+. 27 Pa travay pou manje k ap gate, men travay pou manje k ap rete pou lavi ki pap janm fini an+, manje Pitit lòm nan ap ban nou an. Paske, se sou moun sa a Papa a, Bondye li menm, mete so l pou l montre li apwouve l+.”
28 Lè sa a, yo di l: “Ki sa nou dwe fè pou n fè travay Bondye?” 29 Jezi reponn yo, li di: “Pou n fè travay Bondye a, se pou nou demontre nou gen lafwa nan moun Li voye a+.” 30 Apre sa, yo di l: “Ki mirak w ap fè nou wè+ pou nou ka kwè nan ou? Ki sa w ap fè? 31 Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a+, jan sa te ekri: ‘Li te ba yo pen ki soti nan syèl la pou yo manje+.’” 32 Lè sa a, Jezi di yo: “Anverite m ap di nou sa: Se pa Moyiz ki te ban nou pen ki sot nan syèl la, men se Papa m ki ban nou bonjan pen ki sot nan syèl la. 33 Paske, pen Bondye bay la se sila a ki desann sot nan syèl la e k ap bay monn nan lavi.” 34 Lè sa a, yo di l: “Seyè, toujou ban nou pen sa a.”
35 Jezi di yo: “Mwen se pen ki bay lavi a. Yon moun ki vin jwenn mwen pap janm grangou, e yon moun ki demontre li gen lafwa nan mwen pap janm swaf+. 36 Men, jan m te di nou sa a, malgre nou wè m, nou pa kwè+. 37 Tout moun Papa m ban mwen ap vin jwenn mwen, e mwen pap janm repouse moun ki vin jwenn mwen+. 38 Paske, mwen pa desann sot nan syèl la+ pou m vin fè volonte pa m, men se pou m vin fè volonte Sila a ki voye m nan+. 39 Volonte Sila a ki voye m nan se pou m pa pèdi youn nan moun li ban mwen yo, men se pou m resisite yo+ tout nan dènye jou a. 40 Paske, volonte Papa a se pou tout moun ki rekonèt Pitit la e ki demontre yo gen lafwa nan li gen lavi ki pap janm fini an+, e m ap resisite yo+ nan dènye jou a.”
41 Lè sa a, Juif yo kòmanse plenyen poutèt li te di: “Mwen se pen ki desann sot nan syèl la+.” 42 E yo di: “Èske se pa Jezi, pitit Jozèf la, li menm nou konnen papa l ak manman l lan+? Kòman l fè di kounye a: ‘Mwen desann sot nan syèl la’?” 43 Jezi reponn, li di yo: “Sispann plenyen youn bay lòt. 44 Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m ki voye m nan pa rale l vini+. E m ap resisite l nan dènye jou a+. 45 Men sa nou jwenn nan sa pwofèt yo te ekri: ‘Jewova* ap anseye yo tout+.’ Tout moun ki koute Papa a e ki aprann nan men l vin jwenn mwen. 46 Pa gen okenn moun ki wè Papa a+, eksepte moun ki soti nan Bondye a. Se moun sa a ki wè Papa a+. 47 Anverite m ap di nou sa: Yon moun ki kwè gen lavi ki pap janm fini an+.
48 “Mwen se pen ki bay lavi a+. 49 Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, epoutan yo te mouri+. 50 Men, yon moun ki manje bonjan pen ki sot nan syèl la pap mouri. 51 Mwen se pen vivan ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l ap viv pou toutan. Anfèt, pen m ap bay pou moun nan monn nan ka gen lavi a se chè m+.”
52 Lè sa a, Juif yo kòmanse fè diskisyon youn ak lòt, yo t ap di: “Kòman mesye sa a ap fè ban nou chè l pou nou manje?” 53 Jezi di yo: “Anverite m ap di nou sa: Si nou pa manje chè Pitit lòm nan, e si nou pa bwè san l, nou pap gen lavi*+. 54 Yon moun ki manje chè m e ki bwè san m ap gen lavi ki pap janm fini an, e m ap resisite l+ nan dènye jou a. 55 Paske, chè m se bonjan manje, e san m se bonjan bwason. 56 Yon moun ki manje chè m e ki bwè san m ap ret ann inyon avè m, e m ap ret ann inyon avè l+. 57 Menm jan Papa a, ki vivan, voye m e se grasa Papa a m ap viv, se konsa tou yon moun ki manje m ap viv grasa mwen+. 58 Men pen ki desann sot nan syèl la. Pen sa a pa menm ak sa zansèt nou yo te manje a, paske yo te mouri kanmenm. Moun ki manje pen sa a ap viv pou toutan+.” 59 Li te di bagay sa yo pandan li t ap anseye nan yon sinagòg* nan Kapènawòm.
60 Lè disip li yo tande sa, anpil nan yo di: “Pawòl sa yo chokan, kiyès ki ka koute yo?” 61 Men, Jezi, ki te rann li kont disip li yo t ap plenyen sou sa, di yo: “Èske sa fè nou estomake? 62 Bon, e si nou ta wè Pitit lòm nan k ap monte al kote l te ye anvan an+? 63 Se lespri a ki bay lavi+, lachè pa itil anyen menm. Pawòl mwen di nou yo soti nan lespri sen e yo bay lavi+. 64 Men, gen kèk nan nou ki pa kwè.” Paske, depi okòmansman, Jezi te konnen moun ki pa t kwè yo, e li te konnen moun ki t apral trayi l la+. 65 Li te di: “Se poutèt sa mwen di nou: Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa a pa pèmèt li fè sa+.”
66 Se pou rezon sa a anpil nan disip li yo retounen nan bagay yo te kite dèyè yo+ e yo vin sispann mache avè l. 67 Lè sa a, Jezi di 12 apot yo: “E nou menm, nou pa vle ale tou?” 68 Simon Pyè reponn li: “Seyè, kiyès pou n al jwenn+? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an+. 69 Nonsèlman nou kwè, men nou vin konnen tou ou se Sila a ki sen Bondye voye a+.” 70 Jezi reponn yo, li di: “Mwen te chwazi nou 12 la, pa vre+? Poutan, youn nan nou se yon medizan*+.” 71 Anfèt, li t ap pale de Jida, pitit Simon Iskaryòt la, paske se li menm ki t apral trayi l, byenke li te fè pati 12 apot yo+.
7 Apre sa, Jezi te kontinye ap vwayaje* toupatou nan Galile. Li pa t vle fè sa nan Jide, paske chèf relijye Juif yo t ap chèche touye l+. 2 Men, fèt juif ki rele fèt Tabènak* yo+ te toupre rive. 3 Se poutèt sa, frè l yo+ di l: “Kite isit la pou w al Jide, yon fason pou disip ou yo ka wè bagay w ap fè yo. 4 Paske, pèsonn pap fè anyen an kachèt si l ap chèche fè moun konnen l. Kòm w ap fè bagay sa yo, fè monn nan wè w.” 5 Anfèt, frè l yo pa t demontre yo gen lafwa nan li+. 6 Se poutèt sa, Jezi di yo: “Lè m poko rive+, men pou nou menm, nenpòt lè bon. 7 Monn nan pa gen okenn rezon pou l rayi nou, men li rayi m, paske mwen bay temwayaj sou li, mwen fè konnen sa l ap fè yo pa bon+. 8 Nou mèt monte nan fèt la. Mwen menm, mwen poko ap monte, paske lè m poko fin rive nèt+.” 9 Apre l fin di yo bagay sa yo, li rete Galile.
10 Men, lè frè l yo fin monte nan fèt la, li menm tou, li monte, men li pa fè sa aklè, li fè sa an kachèt. 11 Lè sa a, Juif yo te kòmanse chèche l nan fèt la, e yo t ap di: “Kote mesye a?” 12 E anpil moun nan foul la t ap pale de li anba anba. Genyen ki t ap di: “Li se yon bon moun.” Gen lòt ki t ap di: “Se pa vre, se twonpe l ap twonpe foul la+.” 13 Natirèlman, pèsonn pa t alèz pou yo pale de li devan moun, paske yo te pè chèf relijye Juif yo+.
14 Nan mitan fèt la, Jezi monte nan tanp lan e li kòmanse anseye moun yo. 15 Lè sa a, Juif yo sezi, yo di: “Kòman mesye sa a fè konnen Ekriti yo konsa+ alòske li pa t fè etid li nan lekòl yo*+?” 16 Lè sa a, Jezi reponn yo, li di: “Sa m ap anseye a se pa pawòl pa m, men se pawòl Sila a ki voye m nan+. 17 Si yon moun vle fè volonte Bondye, moun sa a ap konnen si sa m ap anseye a soti nan Bondye+, oswa si se pawòl pa m m ap pale. 18 Yon moun k ap pale pawòl pa l ap chèche pwòp glwa li. Men, yon moun k ap chèche glwa Sila a ki voye l la+, moun sa a se verite l ap di, li pa gen manti nan li. 19 Moyiz te ban nou Lalwa+, pa vre? Men, nou youn pa obeyi Lalwa. Poukisa n ap chèche touye m+?” 20 Foul la reponn: “Ou gen yon demon sou ou! Kiyès ki dèyè touye w la?” 21 Jezi reponn yo, li di: “Yon sèl bon aksyon an mwen fè, epi nou tout sezi. 22 Se pou rezon sa a Moyiz te ban nou lwa sou sikonsizyon an+, e nou sikonsi moun jou saba (men, sikonsizyon an pa soti nan epòk Moyiz la, li soti depi nan epòk zansèt yo+). 23 Si nou sikonsi yon moun nan yon jou saba dekwa pou nou pa vyole Lwa Moyiz la, poukisa nou fache anpil konsa kont mwen poutèt mwen geri yon moun yon jou saba e moun nan vin anfòm nèt+? 24 Sispann jije sou aparans, men jije yon fason ki jis+.”
25 Apre sa, gen kèk moun ki abite Jerizalèm ki di: “Se pa mesye y ap chèche touye a+? 26 Gade, apa l ap pale devan tout moun e yo pa di l anyen! Èske se konnen chèf yo vin konnen toutbon se li ki Kris la? 27 Men, nou konnen ki kote mesye sa a soti+. Tandiske lè Kris la vini, pèsonn pap konnen ki kote l soti.” 28 Lè sa a, pandan Jezi ap anseye moun yo nan tanp lan, li di byen fò: “Nou konnen m e nou konnen kote m soti. Anplis de sa, se pa mwen menm poukont mwen ki te deside vini+, men Sila a ki voye m nan egziste toutbon, e nou pa konnen l+. 29 Mwen konnen l+, paske mwen sot bò kote l antanke reprezantan l, e se li ki voye m.” 30 Se poutèt sa yo te kòmanse chèche yon fason pou yo met men sou li+, men pèsonn pa t fè sa, paske lè l potko rive+. 31 Poutan, anpil moun nan foul la te mete lafwa nan li+, e yo t ap di: “Lè Kris la vini, èske l ap fè plis mirak* pase mesye sa a?”
32 Farizyen yo te tande foul la k ap di pawòl sa yo sou li anba anba, e yo menm ak prèt an chèf yo voye gad al met men sou li*. 33 Lè sa a, Jezi di: “M ap avèk nou pou yon ti tan ankò anvan m al jwenn Sila a ki voye m nan+. 34 N ap chèche m, men nou pap jwenn mwen, e kote m prale a, nou pa ka vini+.” 35 Lè sa a, Juif yo di youn lòt: “Ki kote mesye sa a gen entansyon ale ki fè nou pap ka jwenn li an? Èske l gen entansyon al jwenn Juif ki gaye nan mitan Grèk yo pou l anseye Grèk yo? 36 Ki sa l vle di lè l di: ‘N ap chèche m, men nou pap jwenn mwen, e kote m prale a, nou pa ka vini’?”
37 Nan dènye jou fèt la, jou ki te pi enpòtan an+, Jezi kanpe e li di byen fò: “Si yon moun swaf, se pou l vin jwenn mwen pou l bwè+. 38 Yon moun ki mete lafwa nan mwen, jan yon pasaj nan Ekriti yo di sa: ‘Kouran dlo ki bay lavi a ap koule sot anndan l+.’” 39 Men, li t ap pale konsènan lespri moun ki mete lafwa nan li yo t apral resevwa a, paske nan moman sa a, yo potko resevwa lespri a+, paske Jezi potko jwenn glwa li te gen pou l jwenn nan+. 40 Epi, gen kèk moun nan foul la, ki te tande pawòl sa yo, ki di: “Vrèmanvre, mesye sa a se Pwofèt la+.” 41 Genyen ki t ap di: “Se li menm ki Kris la+.” Men, gen lòt ki t ap di: “Kris la pap soti Galile, pa vre+? 42 Èske pa gen yon pasaj nan Ekriti yo ki di Kris la ap soti nan desandans David+, nan Betleyèm+, bouk kote David te rete a+?” 43 Lè sa a, vin gen divizyon nan foul la poutèt li menm. 44 Byenke gen kèk nan yo ki te vle met men sou li*, pèsonn pa t fè sa.
45 Kidonk, gad yo retounen kot prèt an chèf yo ak Farizyen yo. Yo di gad yo konsa: “Poukisa nou pa vin avè l?” 46 Gad yo reponn: “Pa janm gen yon moun ki pale konsa+.” 47 Lè sa a, Farizyen yo reponn, yo di: “Genlè nou menm tou nou kite l pran tèt nou! 48 Nou pa wè pa gen pèsonn pami chèf yo ni pami Farizyen yo ki mete lafwa nan li+? 49 Men, bann moun sa yo ki pa konn Lalwa a, se yon bann moun modi.” 50 Nikodèm, ki te vin kote l yon lè, e ki te youn nan Farizyen yo, di yo: 51 “Èske Lwa nou an pèmèt nou kondane yon moun anvan nou tande l pou nou konnen sa l fè+?” 52 Yo reponn li, yo di l: “Genlè ou menm tou, ou se moun Galile? Al gade pou w wè, pa gen okenn pwofèt ki gen pou sot Galile.”*
8 12 Apre sa, Jezi pale avèk yo ankò, li di: “Mwen se limyè pou monn nan+. Yon moun ki suiv mwen pap janm mache nan fènwa, men l ap gen limyè+ k ap mennen nan lavi a.” 13 Lè sa a, Farizyen yo di l: “W ap bay temwayaj sou pwòp tèt ou. Donk, temwayaj ou a pa laverite.” 14 Jezi reponn yo, li di: “Menmsi se mwen ki bay temwayaj sou tèt mwen, temwayaj mwen bay la se laverite, paske mwen konn kote m soti ak kote m prale+. Men nou menm, nou pa konn ni kote m soti ni kote m prale. 15 Nou jije selon fason lèzòm panse+, mwen menm, mwen pa jije pèsonn. 16 Epoutan, menmsi m fè yon jijman, jijman m nan ap ann amoni ak laverite, paske m pa poukont mwen, men Papa a ki voye m nan avè m+. 17 Epitou, men sa ki ekri nan pwòp Lwa nou an: ‘Se temwayaj de moun ki laverite+.’ 18 Mwen bay temwayaj sou tèt mwen, e Papa a ki voye m nan bay temwayaj sou mwen+.” 19 Lè sa a, yo di l: “Kote Papa w?” Jezi reponn: “Nou pa konnen ni mwen ni Papa m+. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m tou+.” 20 Li te di pawòl sa yo kote ki te gen kès yo konn met ofrann yo+, etan li t ap anseye nan tanp lan. Men, pèsonn pa t met men sou li, paske lè l potko rive+.
21 Apre sa, li di yo: “Mwen prale, e nou gen pou nou chèche m, epoutan n ap mouri nan peche nou+. Nou pa ka al kote m prale a+.” 22 Lè sa a, Juif yo di: “Èske se touye li pral touye tèt li? Paske, li di: ‘Nou pa ka al kote m prale a.’” 23 Epi, li di yo: “Nou se moun anba, mwen menm, mwen se moun anwo+. Se nan monn sa a nou soti, men mwen menm, mwen pa sot nan monn sa a. 24 Se sa k fè mwen di nou: N ap mouri nan peche nou. Paske, si nou pa kwè mwen se moun mwen di m ye a, n ap mouri nan peche nou.” 25 Lè sa a, yo di l: “Kiyès ou ye?” Jezi reponn yo: “Poukisa menm mwen kontinye ap pale avèk nou toujou? 26 Mwen gen anpil bagay pou m di sou nou e mwen gen anpil bagay pou m jije. Annefè, Sila a ki voye m nan toujou di laverite, e bagay mwen te tande nan bouch li, se yo menm m ap di nan monn nan+.” 27 Yo pa t konprann se de Papa a li t ap pale yo. 28 Apre sa, Jezi di: “Lè nou fin leve Pitit lòm nan anlè+, lè sa a n ap konnen mwen se moun mwen di m ye a+, e n ap konnen se pa mwen poukont mwen ki deside fè anyen+, men, se sa Papa a anseye m mwen di. 29 E Sila a ki voye m nan avè m. Li pa lage m poukont mwen, paske mwen toujou fè sa ki fè l plezi+.” 30 Pandan li t ap di bagay sa yo, anpil moun te mete lafwa nan li.
31 Apre sa, Jezi di Juif ki te kwè nan li yo: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, 32 n ap konnen laverite+, e laverite ap libere nou+.” 33 Lòt yo reponn li: “Nou se desandan Abraram e nou pa t janm esklav pèsonn. Kòman w fè di: ‘N ap vin lib’?” 34 Jezi reponn yo: “Anverite m ap di nou sa: Yon moun k ap pratike peche se esklav peche li ye+. 35 Mete sou sa, esklav la pa rete nan kay la pou toutan, se pitit la ki rete pou toutan. 36 Se sa k fè, si Pitit la libere nou, n ap libere toutbon. 37 Mwen konnen nou se desandan Abraram. Men, n ap chèche touye m, paske nou pa aksepte pawòl mwen. 38 Mwen pale de bagay mwen te wè lè m te avèk Papa m+. Men, nou menm, nou fè sa nou tande papa nou di.” 39 Yo reponn, yo di l: “Se Abraram ki papa nou.” Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraram+, nou t ap fè travay Abraram. 40 Men kounye a, se touye n ap chèche touye m, mwen menm ki di nou verite mwen te tande nan bouch Bondye+. Abraram pa t fè sa. 41 Se travay papa nou n ap fè.” Yo di l: “Nou pa t fèt nan imoralite*. Yon sèl Papa nou genyen, se Bondye.”
42 Jezi di yo: “Si se Bondye ki te Papa nou, nou t ap renmen m+, paske se Bondye ki voye m e ki fè m la a. Epitou, se pa mwen menm poukont mwen ki te deside vini, men se Sila a ki voye m nan ki te deside sa+. 43 Ki sa k fè nou pa konprann sa m ap di a? Se paske nou pa ka tande pawòl mwen. 44 Nou menm, nou soti nan papa nou, Dyab la, e nou vle fè volonte l+. Li te yon asasen depi lè li te kòmanse nan wout li pran an*+, e li pa t kenbe fèm nan laverite, paske li pa gen laverite nan li. Lè l ap bay manti, li pale dapre pwòp panchan pa l, paske li se yon mantè e li se papa manti+. 45 Yon lòt bò, nou pa kwè m, paske mwen menm, m ap di laverite. 46 Kiyès nan nou ki ka pwouve mwen fè peche? Si m ap di laverite, kòman nou fè pa kwè m? 47 Moun ki soti nan Bondye koute pawòl Bondye+. Sa k fè nou menm nou pa koute, se paske nou pa soti nan Bondye+.”
48 Juif yo reponn, yo di l: “Èske nou pa gen rezon di: ‘Ou se yon Samariten+ e ou gen yon demon sou ou+’?” 49 Jezi reponn: “Mwen pa gen demon sou mwen, men m ap onore Papa m, e nou menm n ap dezonore m. 50 Mwen pap chèche glwa pou tèt mwen+. Gen yon Moun k ap chèche sa pou mwen, e se li ki Jij. 51 Anverite m ap di nou sa: Si yon moun obeyi pawòl mwen, li pa gendwa janm mouri+.” 52 Juif yo di l: “Kounye a, nou sèten ou gen yon demon sou ou. Abraram mouri, pwofèt yo mouri tou, epi ou menm, ou di: ‘Si yon moun obeyi pawòl mwen, li pa gendwa janm mouri.’ 53 Èske w pi enpòtan pase Abraram, papa nou, ki mouri? Epitou, pwofèt yo mouri. Ki moun ou panse w ye la a?” 54 Jezi reponn: “Si m ap bay tèt mwen glwa, glwa m nan pa anyen. Se Papa m k ap ban m glwa+, li menm nou di ki se Bondye nou an. 55 Epoutan, nou pa konnen l+. Men, mwen menm, mwen konnen l+. E si m ta di mwen pa konnen l, mwen t ap vin yon mantè menm jan avèk nou. Men, mwen konnen l, e se pawòl li m ap obeyi. 56 Abraram, papa nou, te rejwi anpil poutèt li te gen espwa l ap wè jou m nan, e li te wè l e li te rejwi+.” 57 Lè sa a, Juif yo di l: “Ou poko menm gen 50 an, epi w te gentan wè Abraram?” 58 Jezi di yo: “Anverite m ap di nou sa: Anvan Abraram te egziste, mwen te la+.” 59 Lè sa a, yo pran wòch pou yo voye dèyè l. Men, Jezi kache e li soti nan tanp lan.
9 Pandan li t ap pase yon kote, li wè yon mesye ki avèg depi l fèt. 2 Disip li yo mande l: “Anseyan*+, kiyès ki te peche ki fè mesye sa a fèt tou avèg la? Èske se li menm oubyen paran l?” 3 Jezi reponn: “Se pa ni mesye a ni paran l ki peche, men sa rive dekwa pou travay Bondye ka parèt aklè nan ka pa l+. 4 Nou dwe fè travay Sila a ki voye m nan pandan l jou+. Lannuit ap rive kote pèsonn pap ka travay. 5 Toutotan mwen nan monn nan, mwen se limyè pou monn nan+.” 6 Lè l fin di bagay sa yo, li krache atè, li fè yon labou ak krache a, li pase labou a sou je mesye a+, 7 epi li di l: “Al lave je w nan pisin Silowam” (mo sa a vle di: “Ponpe soti”). Vrèmanvre, li ale, li lave je l, e lè l tounen, li te wè klè+.
8 Lè sa a, moun bò lakay li ak moun ki te abitye wè l ap mande yo di: “Èske se pa mesye ki te konn chita ap mande a?” 9 Gen kèk moun ki t ap di: “Se li menm.” Gen lòt ki t ap di: “Se pa li, men li sanble avè l.” Mesye a te kontinye di yo: “Se mwen.” 10 Se sa k fè yo mande l: “Kòman w fè vin wè?” 11 Li reponn: “Mesye ki rele Jezi a fè yon labou, li pase l sou je m e li di m: ‘Al lave je w nan pisin Silowam+.’ Vrèmanvre, mwen ale, mwen lave je m e mwen wè.” 12 Lè yo tande sa, yo di l: “Kote misye?” Li di: “Mwen pa konnen.”
13 Yo mennen mesye ki te avèg la bay Farizyen yo. 14 Twouve, jou Jezi te fè labou a e l te fè mesye a vin wè a+ se te yon jou saba+. 15 Lè sa a, Farizyen yo tou te kòmanse poze l kesyon pou yo konnen kòman l fè wè. Li di yo: “Li mete yon ti labou sou je m, mwen lave je m epi mwen wè.” 16 Lè sa a, gen kèk Farizyen ki di: “Li pa yon moun ki soti nan Bondye, paske li pa obsève saba+.” Gen lòt ki di: “Kòman yon moun ki se yon pechè ta ka fè kalite mirak* sa yo+?” Konsa, te gen divizyon nan mitan yo+. 17 Se sa k fè, yon lòt fwa ankò, yo mande mesye ki te avèg la: “Ki sa w panse de li, piske li fè w wè?” Mesye a di: “Li se yon pwofèt.”
18 Men, Juif yo pa t kwè mesye a te avèg e li vin wè, jiskaske yo rele paran l 19 epi yo mande yo: “Èske se pitit nou an, li menm nou di ki te fèt tou avèg la? Kòman fè li wè kounye a?” 20 Paran l yo reponn, yo di: “Nou konnen se pitit nou an, e nou konnen li te fèt tou avèg. 21 Men, nou pa konnen ni kòman l fè wè kounye a, ni ki moun ki fè l wè. Mande l. Li gen laj pou sa. Se pou l pale pou tèt li.” 22 Paran l yo di sa paske yo te pè chèf relijye Juif yo+ ki te deja antann yo pou yo mete kèlkeswa moun ki rekonèt Jezi se Kris la deyò nan sinagòg la+. 23 Se poutèt sa paran l yo te di: “Li gen laj pou sa. Mande l.”
24 Se sa k fè, yon dezyèm fwa, yo rele mesye ki te avèg la, yo di l: “Di laverite pou w ka bay Bondye glwa. Nou konnen mesye sa a se yon pechè.” 25 Mesye a reponn: “Mwen pa konnen si l se yon pechè oubyen si l pa yon pechè. Sèl sa m konnen, sèke mwen te avèg, e kounye a mwen wè.” 26 Lè sa a, yo di l: “Ki sa l te fè? Kòman l te fè pou l fè w wè?” 27 Li reponn yo: “Mwen te di nou sa deja, nou pa t koute. Poukisa nou vle tande sa ankò? Èske nou vle vin disip li tou?” 28 Lè yo tande sa, yo manke l dega epi yo di: “Se ou menm ki disip misye. Nou menm, nou se disip Moyiz. 29 Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz. Men kanta pou mesye sa a, nou pa konn kiyès ki voye l.” 30 Mesye a reponn yo, li di: “Sa vrèman dwòl pou nou pa konn kiyès ki voye l, epoutan li fè m wè. 31 Nou konnen Bondye pa koute pechè+, men si yon moun gen lakrentif pou li e si l fè volonte l, moun sa a, li koute l+. 32 Depi nan tan lontan, pèsonn pa janm tande okenn moun fè yon moun ki te fèt tou avèg wè. 33 Si se pa t Bondye ki te voye mesye sa a, li pa t ap ka fè anyen ditou+.” 34 Yo reponn li: “Ou fèt nan peche, epi w ap vin anseye nou?” Epi, yo mete mesye a deyò+.
35 Jezi aprann yo mete l deyò. E lè Jezi jwenn li, li di l: “Èske w gen lafwa nan Pitit lòm nan?” 36 Mesye a reponn: “Kiyès li ye, mesye, pou m ka mete lafwa nan li?” 37 Jezi di l: “Ou te wè l, e dayè, se li menm k ap pale avè w la a.” 38 Lè sa a, li di: “Wi Seyè, mwen gen lafwa nan li.” Epi, li pwostène devan l. 39 Jezi di: “Mwen vin nan monn sa a pou Bondye ka jije l, pou moun ki pa wè yo ka wè+ e pou moun ki wè yo ka vin avèg+.” 40 Gen kèk Farizyen ki te la ki tande sa, e yo di l: “Èske nou menm tou, nou avèg?” 41 Jezi di yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap peche. Men, kounye a nou di: ‘Nou wè.’ Se sa k fè peche nou yo rete la+.”
10 “Anverite m ap di nou sa: Yon moun ki pa pase nan pòt la pou l antre nan pak mouton an, men ki grenpe yon lòt kote pou l pase, moun sa a se yon vòlè e se yon dechèpiyè+. 2 Men, moun ki pase nan pòt la pou l antre a, se li ki bèje mouton yo+. 3 Moun k ap veye pòt la ouvri pou li+, e mouton yo koute vwa l+. Li rele mouton l yo nan non yo, e li mennen yo deyò. 4 Lè l fin mennen tout mouton l yo deyò, li pran devan yo, e mouton yo suiv li paske yo konn vwa l. 5 Yo pap janm suiv yon etranje. Okontrè, y ap kouri pou li, paske yo pa konn vwa etranje.” 6 Jezi te ba yo konparezon sa a, men yo pa t konprann sa li t ap di yo a.
7 Se sa k fè Jezi di yo ankò: “Anverite m ap di nou sa: Mwen se pòt pou mouton yo pase a+. 8 Tout moun ki vini nan plas mwen, se vòlè ak dechèpiyè yo ye, e mouton yo pap koute yo. 9 Mwen se pòt la. Kèlkeswa moun ki pase nan mwen pou l antre nan pak mouton an ap sove. Moun sa a ap antre, l ap soti, e l ap jwenn patiraj+. 10 Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, pou l touye e pou l detwi+. Mwen menm, mwen vini pou moun yo ka gen lavi, e pou yo genyen l nètale. 11 Mwen se bon bèje a+. Bon bèje a bay lavi l* pou mouton yo+. 12 Men, moun yo anplwaye a, kòm li pa yon bèje e se pa li ki mèt mouton yo, lè l wè lou a ap vini, li abandone mouton yo li kouri. Konsa, lou a pran kèk mouton, epi lòt yo gaye. 13 Moun nan fè sa paske se yon djòb l ap fè e paske li pa gen sousi pou mouton yo. 14 Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo e mouton m yo konnen m+, 15 menm jan Papa a konnen m e mwen konnen Papa a+, e mwen bay lavi m* pou mouton yo+.
16 “Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a+. Yo menm tou, fòk mwen fè yo antre, y ap tande vwa m, e yo tout ap vin yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje+. 17 Se poutèt sa Papa a renmen m+, paske mwen bay lavi m*+, dekwa pou m ka resevwa l ankò. 18 Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, se mwen menm ki deside bay li poukont mwen. Mwen gen dwa pou m bay li, e mwen gen dwa pou m jwenn li ankò+. Kòmandman sa a, se Papa m ki ban mwen l.”
19 Pawòl sa yo te lakòz gen divizyon nan mitan Juif yo ankò+. 20 Anpil nan yo t ap di: “Li gen yon demon sou li, li pèdi tèt li. Poukisa n ap koute l?” 21 Gen lòt ki t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl yon moun ki gen demon sou li. Èske yon demon ka fè moun ki avèg wè?”
22 Nan moman sa a, yo t ap fete fèt Dedikas la Jerizalèm. Se te nan sezon fredi. 23 Jezi t ap mache nan tanp lan, sou galri ki rele Kolonad Salomon an+. 24 Lè sa a, Juif yo antoure l e yo di l: “Pou konbyen tan w ap kenbe nou* sou sispenns? Si w se Kris la, di nou sa aklè.” 25 Jezi reponn yo: “Mwen di nou sa, epoutan nou pa kwè. Bagay m ap fè nan non Papa m yo bay temwayaj sou mwen+. 26 Men, nou pa kwè, paske nou pa mouton m+. 27 Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo, e yo suiv mwen+. 28 E mwen ba yo lavi ki pap janm fini an+. Yo pa gendwa janm detwi, e pèsonn pa ka rache yo nan men m+. 29 Sa Papa m ban mwen yo se bagay ki gen plis valè pase tout lòt bagay, e pèsonn pa ka rache yo nan men Papa a+. 30 Mwen menm ak Papa a, nou se youn*+.”
31 Yon lòt fwa ankò, Juif yo pran wòch pou yo touye l. 32 Poutèt sa, Jezi di yo: “Mwen te montre nou anpil bèl bagay Papa m te ban m fè. Pou kiyès ladan yo n ap touye m ak kout wòch la?” 33 Juif yo reponn li: “Se pa pou bèl bagay ou fè n ap touye w ak kout wòch, men se pou move pawòl ou di+. Paske, byenke w se yon moun, ou fè tèt ou pase pou yon dye.” 34 Jezi reponn yo: “Èske Bondye pa di nan Lalwa nou an: ‘Mwen di: “Nou se dye*+”’? 35 Si li rele moun pawòl li kondane yo ‘dye+’, e yo pa ka chanje pasaj nan Ekriti yo ki di sa a, 36 èske mwen menm Papa a mete apa pou li a e li voye nan monn nan, n ap di m: ‘Ou blasfeme’ poutèt mwen di: ‘Mwen se Pitit Bondye+’? 37 Si se pa sa Papa m ban m fè m ap fè, pa kwè m. 38 Men, si se sa l ban m fè m ap fè, menmsi nou pa kwè m, kwè nan sa m ap fè yo+, yon fason pou nou ka konnen Papa a ann inyon avè m e mwen ann inyon ak Papa a, e pou nou ka kontinye kwè sa+.” 39 Poutèt sa, yo eseye met men sou li ankò, men li chape anba men yo.
40 L al pa lòtbò Rivyè Jouden an ankò, kote Jan t ap batize moun okòmansman an+, e li rete la. 41 Epi gen anpil moun ki vin kote l, yo t ap di: “An reyalite, menm yon mirak* Jan pa t fè, men tout sa l te di konsènan mesye sa a se laverite+.” 42 E anpil moun nan zòn nan te mete lafwa nan li.
11 Twouve, te gen yon mesye ki te rele Laza ki te malad. Li te moun Betani, bouk kote Mari ak Mat+, sè Mari a, te rete a. 2 Se Mari sa a ki te vide luil santi bon sou pye Seyè a e ki te siye pye Seyè a avèk cheve l la+, e Laza ki te malad la se te frè l. 3 Se sa k fè sè l yo voye di Jezi: “Seyè, moun ou gen afeksyon pou li a malad.” 4 Men, lè Jezi tande sa, li di: “Maladi sa a pap mennen nan lanmò, men l ap fè Bondye jwenn glwa+, e konsa l ap fè Pitit Bondye a jwenn glwa.”
5 Jezi te renmen Mat ansanm ak sè l la ak Laza. 6 Men, lè l tande Laza malad, li fè de jou ankò kote l te ye a. 7 Apre sa, li di disip yo: “Ann al Jide ankò.” 8 Disip yo di l: “Anseyan*+, tou dènyèman la a moun Jide yo t ap chèche touye w ak kout wòch+, epi w pral lòtbò a ankò?” 9 Jezi reponn: “Gen 12 èdtan nan yon jounen, pa vre+? Si yon moun ap mache lajounen, li pap bite sou anyen, paske li wè limyè k ap klere monn nan. 10 Men, si yon moun ap mache lannuit, l ap bite, paske pa gen limyè.”
11 Apre li fin di bagay sa yo, li di yo: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi+, men, mwen pral lòtbò a pou m reveye l.” 12 Lè sa a, disip yo di l: “Seyè, si se dòmi l ap dòmi, l ap refè.” 13 Poutan, Jezi t ap pale de lanmò Laza. Men, yo te panse li t ap pale de repo moun pran lè y ap dòmi. 14 Se lè sa a Jezi di yo aklè: “Laza mouri+, 15 e mwen kontan pou nou dèske mwen pa t la, dekwa pou nou ka kwè. Ann al kote l.” 16 Lè sa a, Toma, yo te rele Jimo a, di lòt disip yo: “Ann ale tou, pou nou ka mouri avè l+.”
17 Lè Jezi rive, li aprann Laza te gentan gen kat jou nan tonm*. 18 Men, Betani te toupre Jerizalèm. Te gen yon distans anviwon twa kilomèt* ki separe yo. 19 Te gen anpil Juif ki te vin wè Mat ak Mari pou yo konsole yo paske frè yo a mouri. 20 Lè Mat tande Jezi ap vini, l al rankontre l. Men, Mari+ te ret chita nan kay la. 21 Mat di Jezi konsa: “Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri non. 22 Epoutan, menm nan moman nou ye la a, mwen konnen nenpòt sa w mande Bondye, l ap ba ou l.” 23 Jezi di l: “Frè w la ap leve.” 24 Mat di l: “Mwen konnen l ap leve nan rezirèksyon+ k ap fèt nan dènye jou a.” 25 Jezi di l: “Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a+. Yon moun ki demontre lafwa nan mwen, menmsi l mouri, l ap vin gen lavi ankò. 26 E tout moun k ap viv e ki demontre lafwa nan mwen pap janm mouri ditou+. Èske w kwè sa?” 27 Mat di l: “Wi, Seyè. Mwen kwè se ou ki Kris la, Pitit Bondye a, moun ki te gen pou l vin nan monn nan.” 28 Lè l fin di sa, l al rele Mari, sè l la, li pale avè l apa, li di l: “Anseyan an+ la, men l ap rele w.” 29 Lè Mari tande sa, li leve byen vit l al jwenn li.
30 Jezi potko rive nan bouk la, li te toujou kote Mat te rankontre l la. 31 Lè Juif ki te nan kay la e ki t ap konsole Mari yo wè li leve byen vit li soti, yo suiv li, paske yo te panse li t apral bò tonm nan*+ pou l kriye. 32 Lè Mari rive kot Jezi ye a e li wè l, li lage kò l nan pye l, li di l: “Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.” 33 Lè Jezi wè l ap kriye e li wè Juif ki te vin avèk li yo ap kriye tou, li plenn nan kè l* e li vin boulvèse. 34 Li di: “Ki kote nou antere l?” Yo di l: “Seyè, vin wè.” 35 Epi dlo koule nan je Jezi+. 36 Lè sa a, Juif yo di: “Gade kòman l te gen afeksyon pou li!” 37 Men, gen ladan yo ki di: “Èske mesye sa a ki te fè avèg la wè a+ pa t ka anpeche Laza mouri?”
38 Epi, Jezi plenn yon lòt fwa ankò, apre sa, l al kot tonm nan* ye a. Anfèt, se te yon kavo, e yo te mete yon wòch nan bouch li. 39 Jezi di: “Retire wòch la.” Mat, sè defen an, di l: “Seyè, kounye a fòk li santi, paske sa gentan fè kat jou.” 40 Jezi di l: “Èske mwen pa t di w si w kwè w ap wè glwa Bondye+?” 41 Lè sa a, yo retire wòch la. Apre sa, Jezi leve je l gad syèl la+, li di: “Papa, mwen remèsye w poutèt ou tande m. 42 Se vre, mwen konnen ou toujou tande m. Men, se poutèt foul moun ki kanpe la a m ap pale, dekwa pou yo ka kwè se ou ki voye m+.” 43 Lè l fin di bagay sa yo, li rele byen fò: “Laza, soti deyò+!” 44 Mesye ki te mouri a sot deyò, pye l ak men l bande ak twal, e figi l vlope ak yon moso twal. Jezi di yo: “Devlope l, epi kite l ale.”
45 Se sa k fè anpil nan Juif ki te vin wè Mari e ki te wè sa Jezi te fè a te mete lafwa nan li+. 46 Men, genyen ki t al kot Farizyen yo, ki t al di yo sa Jezi te fè a. 47 Lè sa a, prèt an chèf yo ak Farizyen yo reyini Sanedren an, e yo di: “Ki sa pou nou fè? Paske, mesye sa a fè anpil mirak*+. 48 Si nou kite l kontinye konsa, tout moun yo ap met lafwa nan li, epi Women yo ap vini, y ap pran ni tanp nou an, ni nasyon nou an.” 49 Men, gen youn nan yo ki te rele Kayif+. Se li ki te gran prèt nan ane sa a. Li di yo: “Nou pa konprann anyen menm, 50 e nou pa reflechi pou n wè li nan avantaj nou pou yon sèl moun mouri pou pèp la, pase pou tout nasyon an detwi.” 51 Men, sa l te di a, se pa konsa konsa li te annik rete li di l. Kòm se li ki te gran prèt nan ane sa a, se yon pwofesi li te bay ki te fè konnen Jezi dwe mouri pou nasyon an, 52 e se pa pou nasyon an sèlman li dwe mouri, men tou, se pou l ka rasanble tout pitit Bondye ki gaye yo pou l fè yo fè youn. 53 Se sa k fè, depi jou sa a, yo met tèt yo ansanm pou yo touye l.
54 Se poutèt sa, Jezi te sispann mache aklè nan mitan Juif yo. Li te kite kote sa a pou l al nan yon zòn ki toupre dezè a, nan yon vil ki rele Efrayim+, e li te rete la ak disip yo. 55 Twouve, fèt Pak+ Juif yo te toupre rive, e anpil moun te sot andeyò, yo monte Jerizalèm anvan fèt Pak la pou yo ka pirifye tèt yo. 56 Yo t ap chèche Jezi, e pandan yo te kanpe toutotou tanp lan, youn t ap di lòt: “Sa n panse? Li pap vin nan fèt la menm?” 57 Men, prèt an chèf yo ak Farizyen yo te bay yon lòd ki fè konnen si yon moun aprann kote Jezi ye, se pou l fè konn sa dekwa pou yo ka met men sou li*.
12 Sis jou anvan fèt Pak la, Jezi rive Betani kote Laza+ te ye a, mesye Jezi te leve sot nan lanmò a. 2 Epi, yo fè yon soupe pou li. Mat t ap sèvi moun yo+, e Laza te pami moun ki t ap manje* avè l yo. 3 Lè sa a, Mari pran yon liv* luil santi bon ki koute chè anpil, yon bon na*, li vide l sou pye Jezi e li siye yo ak cheve l. Sant luil santi bon an te anbonmen kay la+. 4 Men, Jida Iskaryòt+, youn nan disip li yo, li menm ki t apral trayi l la, di konsa: 5 “Poukisa yo pa t vann luil santi bon sa a pou 300 denye*, epi yo bay pòv kòb la?” 6 Li pa t di sa paske li te gen sousi pou pòv yo, men se paske li te yon vòlè ki fè l te di sa. Se li ki te responsab kès lajan an e li te konn abitye vòlè lajan yo te konn met ladan l. 7 Apre sa, Jezi di: “Kite dam nan trankil pou l ka suiv koutim sa a pou jou antèman m+. 8 Paske, n ap toujou gen pòv yo avèk nou+, men nou pap toujou genyen m avèk nou+.”
9 Pandan tan sa a, gen yon gwo foul Juif ki te vin konnen Jezi Betani. E yo vini, nonsèlman poutèt li, men tou pou yo wè Laza, moun li te leve sot nan lanmò a+. 10 Prèt an chèf yo te met tèt yo ansanm pou yo touye Laza tou, 11 paske, poutèt li menm, anpil Juif t ale lòtbò a e yo te mete lafwa nan Jezi+.
12 Nan demen, lè gwo foul moun ki te vin nan fèt la tande Jezi ap vin Jerizalèm, 13 yo pran fèy palmye pou y al rankontre l, e yo t ap di byen fò: “N ap priye w, Bondye, sove l! Benediksyon pou moun ki vini nan non Jewova* a+, pou Wa Izrayèl la+!” 14 Lè Jezi vin jwenn yon ti bourik, li chita sou li+, jan sa te ekri a. Men sa ki ekri: 15 “Vil Siyon*, ou pa bezwen pè. Gade! Wa w la ap vini, li chita sou yon ti bourik, wi, sou pitit yon manman bourik+.” 16 Nan moman an, disip li yo pa t rive konprann bagay sa yo, men lè Jezi vin jwenn glwa+, se lè sa a yo sonje yo te ekri bagay sa yo sou li, e yo sonje bagay sa yo te rive l vre+.
17 Foul moun ki te avè l lè l te rele Laza sot nan tonm nan*+ epi li leve l sot nan lanmò a te kontinye ap bay temwayaj sou sa yo te wè a+. 18 Se poutèt sa tou foul moun yo t al rankontre l, paske yo tande li te fè mirak* sa a. 19 Sa vin fè Farizyen yo t ap di youn lòt: “Èske nou rann nou kont nou pa rive fè anyen? Gade! Lemonnantye suiv li+.”
20 Twouve, te gen kèk Grèk pami moun ki te monte nan fèt la pou y al adore Bondye. 21 Yo pwoche kot Filip+, ki te moun Betsayida nan Galile, yo di l: “Mesye, nou ta renmen wè Jezi.” 22 Filip al di Andre sa. Andre ak Filip al di Jezi sa.
23 Men, Jezi reponn yo, li di: “Lè a rive pou Pitit lòm nan jwenn glwa+. 24 Anverite m ap di nou sa: Si yon grenn ble pa tonbe nan tè a e li pa mouri, li rete yon sèl grenn. Men, si li mouri+, lè sa a, l ap pwodui anpil fwi. 25 Yon moun ki twò renmen lavi l* ap detwi l, men yon moun ki rayi lavi l*+ nan monn sa a ap prezève l pou lavi ki pap janm fini an+. 26 Si yon moun vle sèvi m, se pou l suiv mwen, e kote mwen ye, se la sèvitè m nan ap ye tou+. Si yon moun vle sèvi m, Papa a ap onore l. 27 Kounye a, mwen* boulvèse+. Men, ki sa pou m di? Papa, sove m anba sa k pral rive a*+. Epoutan, rezon ki fè m vini se pou m andire moman sa a. 28 Papa, fè non w jwenn glwa.” Lè sa a, gen yon vwa+ ki sot nan syèl la ki di: “Mwen te fè l jwenn glwa e m ap fè l jwenn glwa ankò+.”
29 Foul moun ki te kanpe la yo te tande e yo te di se loray ki gwonde. Men, gen lòt moun ki te di: “Se yon zanj ki pale avè l.” 30 Jezi reponn, li di: “Se pa pou mwen vwa sa a pale, men se pou nou. 31 Kounye a, jijman monn nan ap fèt. Kounye a, yo pral mete chèf monn+ nan deyò+. 32 Epoutan, lè yo leve m anlè sou tè a+, m ap rale tout kalite moun vin jwenn mwen.” 33 Li t ap di bagay sa yo pou l fè konnen fason li t apral mouri+. 34 Lè sa a, foul la reponn li: “Lalwa fè nou konnen Kris la ap la pou toutan+. Kòman w fè di yo dwe leve Pitit lòm nan anlè+? Kiyès Pitit lòm sa a ye?” 35 Lè sa a, Jezi di yo: “Limyè a ap nan mitan nou pou yon tikras tan ankò. Mache pandan nou gen limyè a, pou fènwa pa domine sou nou. Yon moun k ap mache nan fènwa pa konn kote l prale+. 36 Pandan nou gen limyè a, demontre nou gen lafwa nan limyè a, pou nou ka vin pitit limyè+.”
Apre Jezi fin di bagay sa yo, l ale, e li kache pou yo. 37 Byenke li te fè yon pakèt mirak* devan yo, yo pa t met lafwa nan li. 38 Se te yon fason pou pawòl pwofèt Ezayi a te ka reyalize, pawòl ki di: “Jewova*, kiyès ki mete lafwa nan sa l tande nou di a*+? E ki moun Jewova* fè wè fòs ponyèt li+?” 39 Rezon ki fè yo pa t kapab kwè, se paske Ezayi te di tou: 40 “Li vegle je yo e li fè kè yo vin di, dekwa pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa konprann ak kè yo e pou yo pa kase tèt tounen pou m geri yo+.” 41 Ezayi te di bagay sa yo paske li te wè glwa l e li te pale de li+. 42 Poutan, menm pami chèf yo, gen anpil ki te mete lafwa nan li+, men yo pa t fè moun konn sa poutèt Farizyen yo, dekwa pou yo pa t mete yo deyò nan sinagòg la+, 43 paske yo te pi renmen jwenn glwa nan men lèzòm pase nan men Bondye+.
44 Men, Jezi di byen fò: “Moun ki mete lafwa nan mwen, se pa nan mwen sèlman li mete lafwa, men li mete lafwa nan Sila a ki voye m nan tou+. 45 E moun ki wè m wè Sila a ki voye m nan tou+. 46 Mwen vini tankou yon limyè nan monn nan+, dekwa pou nenpòt moun ki mete lafwa nan mwen pa ret nan fènwa+. 47 Men, si yon moun tande pawòl mwen e li pa obeyi yo, mwen pap jije l. Paske, mwen pa vini pou m jije monn nan, men mwen vini pou m sove monn nan+. 48 Yon moun ki rejte m e ki pa aksepte pawòl mwen, gen yon bagay k ap jije l. Se pawòl mwen di k ap jije l nan dènye jou a. 49 Paske, mwen pa pale selon mwen menm, men Papa a ki voye m ban m lòd sou sa pou m di ak sa pou m anseye+. 50 Mwen konnen lòd li bay la ap pèmèt moun jwenn lavi ki pap janm fini an+. Se sa k fè kèlkeswa sa m di, mwen di yo jan Papa a te di m yo+.”
13 Depi anvan fèt Pak la, Jezi te konnen lè l rive+ pou l kite monn sa a pou l al jwenn Papa a+. E piske li te renmen moun pa l yo ki t ap viv nan monn nan, li te kontinye renmen yo jiska lafen+. 2 Nan moman soupe a, Dyab la te deja met nan kè Jida Iskaryòt+, pitit Simon an, lide pou l livre l+. 3 Jezi li menm te konnen Papa a remèt li tout bagay, e li te konnen se Bondye ki voye l e se Bondye li pral jwenn+. 4 Sa l fè, li leve bò tab la e li depoze rad li te met pa anlè rad ki sou li a sou kote. Li pran yon sèvyèt, li mare l nan senti l+. 5 Apre sa, li met dlo nan yon kivèt, li kòmanse lave pye disip yo e li siye pye yo avèk sèvyèt li te mare nan senti l la. 6 Lè l rive sou Simon Pyè, Simon Pyè di l: “Seyè, apa w ap lave pye m?” 7 Jezi reponn, li di l: “Sa m ap fè a, ou pap konprann li kounye a, men w ap konprann apre.” 8 Pyè di l: “Jamè, ou pa gendwa lave pye m.” Jezi reponn li: “Si m pa lave pye w+, mwen pap annafè avè w.” 9 Simon Pyè di l: “Seyè, se pa pye m sèlman pou w lave, ou mèt lave men m ak tèt mwen tou.” 10 Jezi di l: “Yon moun ki benyen deja, se sèlman pye l li bezwen yo lave, paske tout kò l pwòp. Nou menm, nou pwòp, men se pa nou tout.” 11 Anfèt, li te konnen moun ki t ap livre l la+. Se poutèt sa li te di: “Se pa nou tout ki pwòp.”
12 Kounye a, lè l fin lave pye yo, li mete rad li a sou li, li retounen bò tab la, epi li di yo: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? 13 Nou rele m ‘Anseyan’, nou rele m ‘Seyè’, e nou gen rezon, paske se sa m ye+. 14 Kidonk, si mwen menm, aktout mwen se Seyè e mwen se Anseyan, mwen lave pye nou+, nou menm tou, youn dwe* lave pye lòt+. 15 Paske, mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen fè pou nou an+. 16 Anverite m ap di nou sa: Yon esklav pa plis pase mèt li, e moun yo voye a pa plis pase moun ki voye l la. 17 Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo+. 18 Se pa konsènan nou tout m ap pale. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, se dekwa pou sa ki di nan Ekriti yo ka akonpli+. Men sa ki di: ‘Moun ki te konn manje ansanm avè m nan vire* kont mwen+.’ 19 M ap di nou sa depi kounye a, anvan sa rive, yon fason pou lè sa rive, nou ka kwè mwen se moun mwen di m ye a+. 20 Anverite m ap di nou sa: Moun ki resevwa yon moun mwen voye resevwa m tou+. E moun ki resevwa m resevwa Sila a ki voye m nan tou+.”
21 Apre Jezi fin di bagay sa yo, lespri l vin boulvèse, e li deklare: “Anverite m ap di nou sa: Gen youn nan nou ki pral livre m+.” 22 Disip yo te kòmanse ap gade youn lòt, paske yo pa t wè de kiyès li t ap pale+. 23 Te gen youn nan disip yo ki te bò kote* Jezi, e Jezi te renmen l+. 24 Se sa k fè Simon Pyè fè disip sa a siy, li di l: “Di nou de kiyès l ap pale.” 25 Lè sa a, misye kage sou lestomak Jezi e li di l: “Seyè, kiyès sa a+?” 26 Jezi reponn: “Se moun m ap bay moso pen mwen tranpe a+.” Epi, li pran yon moso pen, li tranpe l e li lonje l bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la. 27 Lè Jida fin pran moso pen an, Satan antre nan li+. Lè sa a, Jezi di l: “Sa w ap fè a, fè l pi vit.” 28 Men, pa gen youn nan moun ki te bò tab la ki te konnen poukisa li te di l sa. 29 Anfèt, gen kèk ladan yo ki te panse, kòm se Jida ki te gen kès lajan an nan men l+, Jezi t ap di l pou l achte sa yo bezwen pou fèt la, oswa pou l bay pòv yo yon bagay. 30 Se konsa, tousuit apre Jida fin resevwa moso pen an, li soti. Lè sa a, li te lannuit+.
31 Kou l fin ale, Jezi di: “Kounye a, Pitit lòm nan jwenn glwa+ e li fè Bondye jwenn glwa. 32 Bondye li menm ap fè l jwenn glwa+, e l ap fè sa tousuit. 33 Timoun, se pou yon tikras tan ankò mwen avèk nou. Nou gen pou nou chèche m. E jan mwen te di Juif yo, m ap di nou sa kounye a tou: ‘Nou pa ka ale kote m prale a+.’ 34 M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an+, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt+. 35 Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou+.”
36 Simon Pyè di l: “Seyè, kote w prale?” Jezi reponn: “Kote m prale a ou pa ka suiv mwen kounye a, men ou va suiv mwen apre+.” 37 Pyè di l: “Seyè, sa k fè mwen pa ka suiv ou kounye a? M ap bay lavi m* pou ou+.” 38 Jezi reponn: “W ap bay lavi w* pou mwen? Anverite m ap di w sa: Se sèten, anvan yon kòk chante, w ap gentan nye m twa fwa+.”
14 “Pa kite anyen boulvèse kè nou+. Demontre nou gen lafwa nan Bondye+, e demontre nou gen lafwa nan mwen tou. 2 Lakay Papa m gen anpil plas. Si pa t genyen, mwen t ap di nou sa. Mwen prale pou m prepare yon plas pou nou+. 3 Epitou, lè m ale e mwen prepare yon plas pou nou, m ap retounen e m ap resevwa nou lakay mwen, dekwa pou kote m ye se la nou ye tou+. 4 E nou konnen chemen kote m prale a.”
5 Toma+ di l: “Seyè, nou pa konn kote w prale. Kòman nou ka konnen chemen an?”
6 Jezi di l: “Se mwen ki chemen an+, se mwen ki verite a+ e se mwen ki lavi a+. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm+. 7 Si nou konnen m, n ap konn Papa m tou. Depi kounye a, nou konnen l e nou wè l+.”
8 Filip di l: “Seyè, montre nou Papa a, e sa ap ase pou nou.”
9 Jezi di l: “Depi tout tan sa a mwen avèk nou, epoutan, Filip, ou pa rive konnen m? Moun ki wè m wè Papa a tou+. Kòman w fè di: ‘Montre nou Papa a’? 10 Èske w pa kwè mwen ann inyon ak Papa a e Papa a ann inyon avè m+? Bagay mwen di nou yo, mwen pa di yo selon mwen menm+. Men, se Papa a ki rete ann inyon avè m k ap fè travay li. 11 Nou mèt kwè m lè m di mwen ann inyon ak Papa a e Papa a ann inyon avè m. Sinon, kwè poutèt travay mwen fè yo+. 12 Anverite m ap di nou sa: Yon moun ki demontre li gen lafwa nan mwen, l ap fè travay m ap fè yo tou, e l ap fè travay ki pi gwo pase sa+, paske mwen menm, mwen pral jwenn Papa a+. 13 Epitou, kèlkeswa sa nou mande nan non m, m ap fè l, yon fason pou Papa a ka jwenn glwa pa mwayen Pitit la+. 14 Si nou mande yon bagay nan non m, m ap fè l.
15 “Si nou renmen m, n ap obeyi kòmandman m yo+. 16 M ap mande Papa a, e l ap ban nou yon lòt èd ki pou avèk nou pou toutan+. 17 Èd sa a se lespri ki fè konn verite a+, lespri monn nan pa ka resevwa a, paske li pa ni wè l ni konnen l+. Men nou menm, nou konnen l, paske li rete ansanm avèk nou e li nan nou. 18 Mwen pap kite nou poukont nou*. M ap vin jwenn nou+. 19 Nan yon tikras tan, monn nan pap wè m ankò, men nou menm, n ap wè m+, paske m ap viv e nou pral viv. 20 Jou sa a, n ap konnen mwen ann inyon ak Papa m, nou menm, nou ann inyon avè m, e mwen menm, mwen ann inyon avèk nou+. 21 Moun ki konnen kòmandman m yo e ki obeyi yo, se li ki renmen m. E moun sa a ki renmen m nan, Papa m ap renmen l, e mwen menm, m ap renmen l e m ap montre l aklè kiyès mwen ye.”
22 Jida+ (se pa Jida Iskaryòt) di li: “Seyè, sa k fè se nou ou vle montre aklè kiyès ou ye, se pa monn nan?”
23 Jezi reponn, li di l: “Si yon moun renmen m, l ap obeyi pawòl mwen+, Papa m ap renmen l, n ap vin jwenn li, e n ap abite avèk li+. 24 Moun ki pa renmen m pa obeyi pawòl mwen. E pawòl n ap tande a se pa pawòl pa m, men se pawòl Papa a ki voye m nan+.
25 “Mwen di nou bagay sa yo pandan m avèk nou toujou. 26 Men, èd la, lespri sen Papa a ap voye nan non m nan, ap anseye nou tout bagay, e l ap fè nou sonje tout bagay mwen te di nou yo+. 27 Mwen kite lapè pou nou, mwen ban nou lapè mwen genyen an+. Mwen pa ban nou l jan monn nan bay li a. Pa kite anyen boulvèse kè nou, e pa kite laperèz anvayi kè nou. 28 Nou te tande mwen di nou: ‘Mwen prale e m ap retounen vin jwenn nou.’ Si nou renmen m, n ap kontan dèske mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a nan pi gwo pozisyon pase m+. 29 Mwen di nou sa kounye a, anvan sa rive, yon fason pou nou ka kwè lè sa rive+. 30 Mwen pap pale anpil avèk nou ankò, paske chèf monn nan+ ap vini. E li pa gen pouvwa sou mwen+. 31 Men, dekwa pou monn nan ka konnen mwen renmen Papa a, mwen fè egzakteman sa Papa a ban m lòd fè+. Leve, ann sot la a.
15 “Mwen se bon pye rezen an, e Papa m se kiltivatè a. 2 Li retire kèlkeswa branch nan mwen ki pa bay fwi, e li pwòpte kèlkeswa branch ki bay fwi, pou l ka bay plis fwi+. 3 Nou deja pwòp grasa pawòl mwen di nou an+. 4 Rete ann inyon avè m, e m ap rete ann inyon avèk nou. Yon branch pa ka bay fwi poukont li si l pa rete nan pye rezen an. Se menm jan an tou, nou pa ka bay fwi si nou pa rete ann inyon avè m+. 5 Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Yon moun ki rete ann inyon avè m e mwen rete ann inyon avèk li, moun sa a ap bay anpil fwi+, paske san mwen menm, nou pa ka fè anyen ditou. 6 Si yon moun pa rete ann inyon avè m, y ap voye l jete antanke branch, e l ap seche. Epi, moun ap ranmase branch sa yo, y ap voye yo nan dife e y ap boule yo. 7 Si nou rete ann inyon avè m e si pawòl mwen yo rete nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, n ap jwenn li+. 8 Papa m jwenn glwa lè nou kontinye bay anpil fwi e lè nou montre nou se disip mwen+. 9 Menm jan Papa a renmen m nan+, se konsa mwen renmen nou. Rete nan lanmou mwen. 10 Si nou obeyi kòmandman m yo, n ap rete nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen obeyi kòmandman Papa a e mwen rete nan lanmou l.
11 “Mwen di nou bagay sa yo dekwa pou nou ka gen kè kontan mwen genyen an, e dekwa pou nou ka kontan nèt+. 12 Men kòmandman mwen bay: Se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an+. 13 Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l* pou zanmi l+. 14 Nou se zanmi m si nou fè sa mwen ban nou lòd fè+. 15 Mwen pa rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen sa mèt li ap fè. Men, mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di. 16 Se pa nou menm ki te chwazi m, okontrè se mwen ki te chwazi nou pou nou kontinye bay fwi e pou fwi nou an ka rete, pou Papa a ka ban nou kèlkeswa sa nou mande l nan non m+.
17 “Mwen ban nou lòd pou nou fè bagay sa yo dekwa pou nou youn ka renmen lòt+. 18 Si monn nan rayi nou, nou konnen li te rayi m anvan li rayi nou+. 19 Si nou te fè pati monn nan, monn nan t ap atache ak nou, paske nou t ap pou li. Kòm nou pa fè pati monn nan+, e mwen chwazi nou nan monn nan, se pou rezon sa a monn nan rayi nou+. 20 Sonje pawòl mwen te di nou an: Yon esklav pa plis pase mèt li. Si yo pèsekite m, y ap pèsekite nou tou+. Si yo obeyi pawòl mwen, y ap obeyi pawòl nou tou. 21 Men, yo pral fè nou tout bagay sa yo akoz non mwen, paske yo pa konnen Sila a ki voye m nan+. 22 Si mwen pa t vini e mwen pa t pale avèk yo, yo pa t ap peche+. Men, kounye a, yo pa gen okenn eskiz pou peche yo a+. 23 Yon moun ki rayi m, li rayi Papa m tou+. 24 Si mwen pa t fè sa pèsonn lòt moun pa t fè nan mitan yo, yo pa t ap peche+. Men, kounye a, yo wè sa m fè e yo rayi ni mwen ni Papa m. 25 Men, se yon fason pou pawòl ki nan Ekriti sakre yo* ka akonpli, pawòl ki di: ‘Yo rayi m san rezon+.’ 26 Lè èd la vini, èd m ap voye pou nou ki soti bò kot Papa a, lespri ki fè konn verite a+, ki soti nan Papa a, l ap temwaye pou mwen+. 27 E nou menm, bò kote pa nou, nou dwe bay temwayaj+, paske nou ansanm avè m depi okòmansman.
16 “Mwen di nou bagay sa yo dekwa pou nou pa abandone m. 2 Y ap mete nou deyò nan sinagòg yo+. Anfèt, gen yon lè k ap rive kote moun ap touye nou+ e y ap panse se yon sèvis sakre yo fè pou Bondye. 3 Men, y ap fè bagay sa yo paske yo pa rive konnen ni Papa a ni mwen menm+. 4 Sepandan, mwen di nou bagay sa yo yon fason pou lè lè a rive pou yo fèt, n ap sonje mwen te di nou sa+.
“Mwen pa t di nou bagay sa yo okòmansman paske mwen te ansanm avèk nou. 5 Men, kounye a mwen pral jwenn Sila a ki voye m nan+. Epoutan, pa gen youn nan nou ki mande m: ‘Kote w prale?’ 6 Okontrè, tristès anvayi kè nou poutèt mwen di nou bagay sa yo+. 7 Sepandan, sa m ap di nou an se laverite: Se nan enterè nou mwen prale. Paske, si m pa ale, èd la+ pap vin jwenn nou. Men, lè m ale, m ap voye l ban nou. 8 E lè l vini, l ap montre monn nan aklè sa ki peche, l ap montre l sa ki jis e l ap montre l ki sa jijman ye. 9 Toudabò, l ap montre aklè ki sa ki peche+, paske yo pa demontre yo gen lafwa nan mwen+. 10 Epi, l ap montre aklè ki sa ki jis, paske mwen pral jwenn Papa a e nou pap wè m ankò. 11 Anfen, l ap montre aklè ki sa jijman ye, paske yo jije chèf monn sa a+.
12 “Mwen gen anpil bagay pou m di nou toujou, men, nou pa ka konprann yo kounye a. 13 Men, lè lespri ki fè konn verite a vini+, l ap gide nou e l ap ede nou konprann laverite nèt. Paske, se pa sa ki soti nan li menm l ap di, men se sa li tande l ap di, e l ap anonse nou bagay k ap vini yo+. 14 L ap fè m jwenn glwa+, paske l ap resevwa nan sa ki pou mwen e l ap anonse nou li+. 15 Tout bagay Papa a genyen se pou mwen+. Se poutèt sa mwen di nou li resevwa nan sa ki pou mwen e li anonse nou li. 16 Nan yon ti tan, nou pap wè m+, men apre yon ti tan ankò, n ap wè m.”
17 Lè sa a, kèk nan disip li yo t ap di youn lòt: “Ki sa l vle di lè l di nou: ‘Nan yon ti tan, nou pap wè m, men apre yon ti tan ankò n ap wè m’? E ki sa l vle di lè l di: ‘paske mwen pral jwenn Papa a’?” 18 Se konsa yo t ap di: “Ki sa l vle di lè l di: ‘nan yon ti tan’ an? Nou pa konnen de ki sa l ap pale.” 19 Jezi te konnen yo te vle poze l kesyon, se sa k fè li di yo: “Poutèt mwen di: ‘Nan yon ti tan, nou pap wè m, men apre yon ti tan ankò, n ap wè m’, nou youn ap poze lòt kesyon? 20 Anverite m ap di nou sa: Nou pral kriye e nou pral rele, men monn nan pral rejwi. Nou pral nan lapenn, men lapenn nou an ap tounen kè kontan+. 21 Lè yon fi ap akouche, kè l sere, paske lè l rive. Men, lè l fin fè pitit la, li pa sonje soufrans yo ankò, paske li kontan poutèt yon ti moun fèt sou tè a. 22 Se konsa tou, nou menm, nou nan lapenn kounye a. Men, m ap gen pou m wè nou ankò, e kè nou ap kontan+, e pèsonn pap fè nou pèdi kè kontan n ap genyen an. 23 Jou sa a, nou pap poze m okenn kesyon ditou. Anverite m ap di nou sa: Si nou mande Papa a yon bagay+ nan non mwen, l ap ban nou l+. 24 Jiska prezan, nou pa mande anyen nan non mwen. Mande e n ap resevwa, konsa, kè n ap kontan nèt.
25 “Mwen sèvi ak konparezon pou m di nou bagay sa yo. Gen yon lè k ap vini, mwen pap sèvi ak konparezon pou m pale avèk nou ankò, men m ap pale nou de Papa a aklè. 26 Jou sa a, n ap fè Papa a demann nan non mwen. Lè m di sa a, sa pa vle di mwen pral fè demann pou nou. 27 Paske, Papa a li menm gen afeksyon pou nou, poutèt nou gen afeksyon pou mwen+ e poutèt nou kwè mwen vini kòm reprezantan Bondye+. 28 Mwen vini kòm reprezantan Papa a e mwen vin nan monn nan. Kounye a, m ap kite monn nan e mwen pral jwenn Papa a+.”
29 Disip li yo di: “Gade! W ap pale klè kounye a e ou pa sèvi ak konparezon. 30 Kounye a, nou konnen w konn tout bagay e ou pa bezwen pèsonn di w anyen. Se sa ki fè nou kwè se bò kote Bondye w soti.” 31 Jezi reponn yo: “Nou kwè kounye a? 32 Gade! Gen yon lè k ap vini, e vrèman, lè a deja rive, kote n ap gaye, chak moun pral lakay yo, e n ap kite m poukont mwen+. Men, mwen pa poukont mwen, paske Papa a ansanm avè m+. 33 Mwen di nou bagay sa yo pou nou ka gen lapè grasa mwen+. N ap gen tribilasyon nan monn nan, men pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan+.”
17 Apre Jezi fin di bagay sa yo, li leve je l gade syèl la, li di: “Papa, lè a rive. Fè Pitit ou a jwenn glwa, pou Pitit ou a ka ba w glwa+. 2 Ou ba l pouvwa sou tout moun*+. Ou fè sa pou l ka bay tout moun ou ba li yo+ lavi ki pap janm fini an+. 3 Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an+, se pou yo aprann konnen w*, ou menm, sèl vrè Dye a+, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris+. 4 Mwen te ba w glwa sou tè a+, mwen fini travay ou te ban m fè a+. 5 Kounye a, Papa, fè m jwenn glwa, fè m vin bò kote w pou m ka gen glwa mwen te genyen lè m te bò kote w anvan monn nan te egziste a+.
6 “Moun ou te retire nan mitan monn nan pou w ban mwen yo, mwen fè yo konnen non w+. Yo te pou ou, ou ban mwen yo, e yo obeyi pawòl ou. 7 Kounye a, yo vin konnen tout sa w ban mwen yo se nan men w yo soti. 8 Paske, mwen fè yo konnen pawòl ou te di m yo+, e yo aksepte yo. Yo vin konnen toutbon mwen vini kòm reprezantan w+, e yo kwè se ou ki voye m+. 9 M ap fè w yon demann pou yo. Se pa pou monn nan m ap fè l, men se pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. 10 Tout sa m genyen se pou ou, tout sa w genyen se pou mwen+, e mwen jwenn glwa nan mitan yo.
11 “M ap kite monn nan, m ap vin jwenn ou, men yo menm, yo nan monn nan+. Papa, ou menm ki sen, voye je sou yo+ poutèt non w ou ban mwen an, dekwa pou yo ka vin fè youn* menm jan mwen menm avè w nou fè youn*+. 12 Lè m te avèk yo, mwen te konn voye je sou yo+ poutèt non w ou ban mwen an, e mwen te pwoteje yo. Pa gen youn nan yo ki detwi+, eksepte pitit destriksyon an+, yon fason pou pasaj ki nan Ekriti a ka akonpli+. 13 Men kounye a, m ap vin jwenn ou, e m ap di bagay sa yo nan monn nan, yon fason pou yo ka gen kè kontan nèt, menm jan avè m+. 14 Mwen ba yo pawòl ou, men monn nan rayi yo, paske yo pa fè pati monn nan+, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan.
15 “Mwen pa mande w pou w retire yo nan monn nan, men mwen mande w pou w voye je sou yo akoz Mechan an+. 16 Yo pa fè pati monn nan+, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan+. 17 Fè yo vin sen* grasa laverite+. Pawòl ou se laverite+. 18 Menm jan w te voye m nan monn nan, mwen menm tou, mwen voye yo nan monn nan+. 19 E mwen rete sen pou yo, pou yo menm tou yo ka vin sen grasa laverite.
20 “Mwen pa fè w demann pou yo sèlman, men mwen fè w demann tou pou moun k ap mete lafwa nan mwen grasa sa y ap anseye, 21 yon fason pou yo tout ka vin youn+, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avè m e mwen ann inyon avèk ou+, pou yo menm tou ka vin ann inyon avèk nou, dekwa pou monn nan ka kwè se ou ki te voye m. 22 Mwen ba yo glwa ou te ban mwen an, dekwa pou yo ka vin youn menm jan mwen menm avè w nou fè youn+. 23 Mwen ann inyon avèk yo e ou ann inyon avèk mwen, yon fason pou yo ka vin youn toutbon*, pou monn nan ka konnen se ou ki te voye m, e pou l ka konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m nan. 24 Papa, mwen ta renmen pou kote mwen ye se la moun ou ban mwen yo ye tou+, yon fason pou yo ka wè glwa ou ban mwen an, paske w te renmen m depi anvan monn nan te fonde*+. 25 Papa, ou menm ki jis, monn nan pa rive konnen w vre+. Men mwen menm, mwen konnen w+, e moun sa yo rive konnen se ou ki te voye m. 26 Epi, mwen fè yo konnen non w e m ap fè konnen l+, dekwa pou lanmou w gen pou mwen an ka nan yo e mwen menm pou m ann inyon avèk yo+.”
18 Lè Jezi fin di bagay sa yo, li soti ak disip li yo. Li travèse Vale Kidwon+ pou l ale yon kote ki gen yon jaden, e li antre ladan l ansanm ak disip li yo+. 2 Twouve, Jida, moun ki t apral livre l la, te konn kote sa a tou, paske Jezi t al la plizyè fwa ak disip li yo. 3 Se konsa, Jida akonpaye yon gwoup sòlda ansanm ak gad ki te souzòd prèt an chèf yo ak Farizyen yo, li vin avèk yo nan jaden an avèk tòch ak lanp ak zam+. 4 Kòm Jezi te konnen tout bagay ki te gen pou rive l, li avanse e li di yo: “Ki moun n ap chèche?” 5 Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la+.” Li di yo: “Se mwen menm.” Jida, moun ki te livre l la, te ansanm avèk yo tou+.
6 Men, lè Jezi di yo: “Se mwen menm”, yo rale bak e yo tonbe atè+. 7 Lè sa a, li mande yo ankò: “Ki moun n ap chèche?” Yo di: “Jezi, moun Nazarèt la.” 8 Jezi reponn: “Mwen di nou se mwen menm. Ebyen, si se mwen n ap chèche, kite mesye sa yo ale.” 9 Li te di sa pou pawòl li te di a te ka akonpli. Men sa l te di: “Mwen pa pèdi menm youn nan moun ou te ban mwen yo+.”
10 Lè sa a, Simon Pyè, ki te gen yon epe sou li, rale l, li frape esklav gran prèt la, li koupe zòrèy dwat li+. Esklav sa a te rele Malkis. 11 Men, Jezi di Pyè: “Mete epe a nan fouwo l+. Èske m pa dwe bwè koup Papa m ban mwen an+?”
12 Lè sa a, sòlda yo ak kòmandan an ansanm ak gad Juif yo te voye yo met men sou* Jezi e yo mare l. 13 Yo mennen l bay Àn an premye, paske Àn se te bòpè Kayif+, ki te gran prèt nan ane sa a+. 14 Se Kayif sa a ki te bay Juif yo konsèy lè l te di yo li nan enterè yo pou yon sèl moun mouri pou pèp la+.
15 Twouve, Simon Pyè ansanm ak yon lòt disip t ap suiv Jezi+. Gran prèt la te konn disip sa a, e disip la antre nan lakou gran prèt la ansanm ak Jezi. 16 Men, Pyè te kanpe deyò a, bò pòtay la*. Epi, lòt disip la, li menm gran prèt la te konnen an, soti al pale ak sèvant ki t ap veye pòtay la, e li fè Pyè antre. 17 Lè sa a, sèvant lan di Pyè: “Ou se youn nan disip mesye sa a tou, pa vre?” Li di: “Non+.” 18 Kounye a, esklav yo ak gad yo te kanpe la bò yon dife chabon yo te limen, paske l te fè frèt, e yo t ap chofe dife. Pyè te kanpe ansanm avèk yo tou, li t ap chofe dife.
19 Prèt an chèf la t ap poze Jezi kesyon sou disip li yo ak sou sa l ap anseye yo. 20 Jezi reponn li: “Mwen te pale ak monn nan devan tout moun. Mwen te toujou konn anseye nan sinagòg yo ak nan tanp lan+, kote tout Juif yo konn rasanble, e mwen pa t di anyen an kachèt. 21 Poukisa se mwen w ap poze kesyon? Mande moun ki te tande sa m te konn di yo. Yo menm yo konnen sa m te konn di.” 22 Lè Jezi fin di sa, gen youn nan gad ki te kanpe la yo ki ba l yon kalòt nan figi+ e ki di l: “Se konsa w reponn prèt an chèf la?” 23 Jezi reponn li: “Si m mal pale, di m sa m di ki mal la. Men, si m byen pale, poukisa w frape m?” 24 Apre sa, Àn voye l tou mare bay Kayif, gran prèt la+.
25 Twouve, Simon Pyè te kanpe la, li t ap chofe dife. Epi, yo di l: “Ou se youn nan disip li yo tou, pa vre?” Li nye sa, li di: “Non+.” 26 Gen youn nan esklav gran prèt la, yon esklav ki fanmi mesye Pyè te koupe zòrèy li a+, ki di l: “Se pa ou menm mwen te wè nan jaden an avè l la?” 27 Men, Pyè nye sa ankò, e menm kote a, yon kòk chante+.
28 Apre sa, byen bonè nan maten, yo sot kay Kayif ansanm ak Jezi, yo mennen l lakay gouvènè a+. Men yo menm, yo pa t antre lakay gouvènè a pou yo pa t kontamine+, dekwa pou yo te ka manje manje Pak la. 29 Lè sa a, Pilat sot deyò al jwenn yo, li di: “Ki akizasyon nou gen kont mesye sa a?” 30 Yo reponn li, yo di l: “Si mesye sa a pa t fè sa ki mal*, nou pa t ap livre l ba ou.” 31 Lè sa a, Pilat di yo: “Pran l nou menm, epi jije l selon lwa nou an+.” Juif yo di l: “Nou pa gen dwa touye pèsonn+.” 32 Yo te di sa pou pawòl Jezi te di pou l fè konnen ki jan l ap mouri a te ka akonpli+.
33 Apre sa, Pilat antre lakay gouvènè a ankò, li rele Jezi e li di l: “Èske w se Wa Juif yo+?” 34 Jezi reponn: “Èske se ou menm ki deside di sa, oswa se lòt moun ki pale w de mwen?” 35 Pilat reponn: “Èske m se Juif? Se moun menm nasyon avè w ak prèt an chèf yo ki livre w ban mwen. Ki sa w te fè?” 36 Jezi reponn+: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a+. Si Wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo t ap goumen pou yo pa livre m bay Juif yo+. Men, se pa la Wayòm mwen an soti.” 37 Lè sa a, Pilat di l: “Ebyen, ou se yon wa?” Jezi reponn: “Se ou menm ki di mwen se yon wa+. Rezon ki fè mwen fèt e ki fè mwen vin nan monn nan se pou m bay temwayaj sou laverite+. Tout moun ki pou laverite koute vwa mwen.” 38 Pilat di l: “Sa k laverite a?”
Apre li fin di sa, li soti al jwenn Juif yo ankò e li di yo: “Mwen pa jwenn anyen ki montre li koupab+. 39 Epitou, nou gen koutim pou m lage yon moun pou nou nan moman fèt Pak la+. Èske nou vle m lage Wa Juif yo pou nou?” 40 Lè sa a, yo rele byen fò ankò, yo di: “Pa lage mesye sa a, se Barabas pou w lage!” Twouve, Barabas sa a se te yon bandi+.
19 Lè sa a, Pilat pran Jezi e li fè bat li ak kout fwèt+. 2 Epi, sòlda yo trese yon kouwòn pikan met sou tèt li e yo abiye l ak yon rad long wouj vyolèt+. 3 Yo pwoche kote l, yo di: “Bonjou, Wa Juif yo!” Epitou, yo t ap ba l kalòt nan figi+. 4 Pilat sot deyò a ankò, li di foul la: “Gade! M ap mennen l deyò a pou nou dekwa pou nou ka konnen mwen pa jwenn anyen ki montre li koupab+.” 5 Epi, Jezi sot deyò a ak kouwòn pikan an nan tèt li ansanm ak rad long wouj vyolèt la sou li. Pilat di yo: “Gade! Men nonm nan!” 6 Men, lè prèt an chèf yo ak gad yo wè l, yo rele byen fò: “Mete l sou yon poto! Mete l sou yon poto!*+” Pilat di yo: “Pran l nou menm epi egzekite l*, paske mwen pa jwenn anyen ki montre li koupab+.” 7 Juif yo reponn li: “Nou gen yon lwa, e dapre lwa sa a li dwe mouri+, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye+.”
8 Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou. 9 Li antre nan kay gouvènè a ankò e li di Jezi: “Ki kote w soti?” Men, Jezi pa reponn li+. 10 Lè sa a, Pilat di l: “Apa w refize pale avè m? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m lage w oswa pou m fè egzekite w*?” 11 Jezi reponn li: “Ou pa t ap gen okenn pouvwa sou mwen si Bondye nan syèl la pa t pèmèt sa. Se sa k fè moun ki livre m ba ou a fè yon pi gwo peche.”
12 Poutèt sa, Pilat kontinye ap chèche yon mwayen pou l lage l. Men, Juif yo rele byen fò: “Si w lage mesye sa a, ou pa zanmi Seza. Yon moun ki fè tèt li pase pou wa, moun sa a kont Seza+.” 13 Lè Pilat tande pawòl sa yo, li mennen Jezi deyò a, li chita sou yon chèz nan tribinal la, yon kote yo rele Pave ak Wòch, men, ann ebre yo rele kote sa a Gabata. 14 Se te jou Preparasyon+ fèt Pak la. Li te anviwon sizyèm èdtan* nan jounen an. Li di Juif yo: “Gade! Men wa nou an!” 15 Men, yo rele byen fò: “Elimine l! Elimine l! Kloure l sou yon poto!” Pilat di yo: “Èske se pou m egzekite wa nou an?” Prèt an chèf yo reponn: “Nou pa gen lòt wa apa Seza.” 16 Epi, Pilat remèt yo li pou yo kloure l sou yon poto pou l mouri+.
Konsa, yo pran Jezi. 17 Li pote poto soufrans* yo t apral mete l sou li a, li rive kote yo rele Plas Zo Tèt la+. Ann ebre, yo rele kote sa a Gòlgota+. 18 Se la yo kloure l sou poto a+, e yo te mete l bò kote de mesye, youn sou chak bò, Jezi nan mitan+. 19 Pilat ekri yon pankat tou, e li mete l sou poto soufrans* lan. Li te ekri sou pankat la: “Jezi, moun Nazarèt la, Wa Juif yo+.” 20 Anpil Juif te li pankat la, paske kote yo te kloure Jezi sou poto a te toupre vil la, e yo te ekri pankat la ann ebre, an laten e an grèk. 21 Men, prèt an chèf Juif yo di Pilat konsa: “Pa ekri: ‘Wa Juif yo’, men ekri pito li di: ‘Mwen se Wa Juif yo.’” 22 Pilat reponn: “Sa m ekri a m ekri l nèt.”
23 Kounye a, lè sòlda yo fin kloure Jezi sou poto soufrans* lan, yo pran rad ki te sou li yo, yo separe yo fè kat moso, youn pou chak sòlda, e yo pran rad li te gen pa anba rad ki te sou li yo tou. Men, rad sa a te san kouti, se te yon sèl pyès, soti anwo rive anba. 24 Se sa k fè youn di lòt: “Nou pap chire l. Annou fè tiraj osò avè l pito pou nou wè pou kiyès l ap ye+.” Sa te fèt konsa dekwa pou sa ki di nan Ekriti yo te ka akonpli. Men sa ki di: “Yo separe rad mwen yo antre yo, e yo fè tiraj osò pou rad mwen an+”. Se egzakteman sa sòlda yo te fè vre.
25 Twouve, manman Jezi+ ansanm ak yon sè manman an te kanpe toupre poto a. Te gen Mari, madanm Klopas, ak Mari, moun Magdala+, ki te la tou. 26 Kidonk, lè Jezi wè manman l ak disip li renmen an+ kanpe la, li di manman l: “Gade! Men pitit gason w!” 27 Apre sa, li di disip la: “Gade! Men manman w!” E depi lè sa a, disip la pran l lakay li.
28 Apre sa, lè Jezi konnen nan moman an tout bagay akonpli, pou yon pasaj nan Ekriti yo ka akonpli, li di: “Mwen swaf+.” 29 Te gen yon veso nan zòn nan ki te plen vinèg. Kidonk, yo plen yon eponj vinèg, yo mete l sou yon branch izòp* e yo lonje l bò bouch li+. 30 Lè Jezi fin goute vinèg la, li di: “Sa reyalize+!” epi li bese tèt li, li rann dènye souf li*+.
31 Piske se te jou Preparasyon an+, pou kadav yo pa t rete sou poto yo+ nan jou saba a (paske jou saba sa a se te yon gran jou saba+), Juif yo mande Pilat pou l fè kase janm moun yo e pou yo retire kadav yo. 32 Donk, sòlda yo vini, yo kase janm ni premye mesye yo te kloure sou poto bò kot Jezi a ni dezyèm nan. 33 Men, lè yo rive sou Jezi, kòm yo wè li te deja mouri, yo pa kase janm li. 34 Men, youn nan sòlda yo pèse bò kòt li ak yon lans+, e menm kote a san ak dlo soti. 35 Moun ki te wè sa a bay temwayaj sou sa, e temwayaj li a se laverite. Moun sa a konnen sa l ap di yo se laverite, dekwa pou nou menm tou nou ka kwè+. 36 Anfèt, bagay sa yo te rive dekwa pou sa ki di nan Ekriti yo te ka akonpli. Men sa ki di: “Pa gen yon zo l k ap kraze+.” 37 Epitou, gen yon lòt pasaj nan Ekriti yo ki di: “Y ap gade sila a yo te pèse a+.”
38 Apre bagay sa yo, Jozèf, moun Arimate, ki te yon disip Jezi an kachèt paske li te pè Juif yo+, mande Pilat pèmisyon pou l pran kò Jezi. Pilat ba l pèmisyon an. Konsa, li vini e li pran kò a l ale avè l+. 39 Nikodèm+, mesye ki te vin kot Jezi lannuit premye fwa a, vini tou ak yon pake* ki gen lami* melanje ak lalwa* e ki te peze anviwon 100 liv+. 40 Konsa, yo pran kò Jezi, yo vlope l ak twal len avèk pwodui santi bon+, jan Juif yo abitye prepare kadav pou antèman. 41 Twouve, kote yo te egzekite l la* te gen yon jaden, e te gen yon tonm* ki tounèf nan jaden an+. Yo potko met pèsonn ladan l. 42 Piske se te jou Preparasyon+ pou Juif yo, se la yo te mete Jezi, paske tonm nan te toupre.
20 Premye jou nan semèn nan, Mari, moun Magdala, vin byen bonè nan tonm nan*+. Li te fè nwa toujou lè sa a. Li wè yo gentan retire wòch la nan bouch tonm nan*+. 2 Donk, li kouri al kot Simon Pyè ak lòt disip la, disip Jezi te gen afeksyon pou li a+, li di yo: “Yo retire Seyè a nan tonm nan+, e nou pa konn kote yo mete l.”
3 Lè sa a, Pyè ak lòt disip la soti pou y al nan tonm nan. 4 Yo toule de kòmanse kouri. Men, lòt disip la pran devan Pyè, paske li kouri pi vit, e li rive nan tonm nan anvan. 5 Li panche sou devan, li wè twal len yo depoze yon kote+, men li pa antre. 6 Apre sa, Simon Pyè, ki rive dèyè l, antre anndan tonm nan. Li wè twal len yo depoze yon kote. 7 Twal ki te vlope tèt Jezi a pa t ansanm ak lòt twal bandaj yo, men li te vlope yon kote apa. 8 Epi, lòt disip ki te rive nan tonm nan anvan an rantre tou, li wè e li kwè. 9 Men, yo potko konprann pasaj nan Ekriti yo ki di li dwe leve sot nan lanmò a+. 10 Annapre, disip yo retounen lakay yo.
11 Men, Mari ret kanpe deyò a, toupre tonm nan, l ap kriye. Pandan l ap kriye, li panche pou l gade anndan tonm nan, 12 li wè de zanj+ abiye an blan ki chita kote yo te depoze kò Jezi a, youn kote tèt li te ye a, e lòt la kote pye l te ye a. 13 Epi yo di l: “Madanm, poukisa w ap kriye?” Li di yo: “Yo retire Seyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete l.” 14 Apre l fin di sa, li vire e li wè Jezi kanpe, men li pa t konnen se te Jezi+. 15 Jezi di l: “Madanm, poukisa w ap kriye? Kiyès w ap chèche?” Mari te panse se jadinye a, li di l: “Mesye, si se ou ki retire l, di m ki kote w mete l, m a al pran l.” 16 Jezi di l: “Mari!” Mari vire, e li di l, ann ebre: “Rabouni!” (ki vle di: “Anseyan!”) 17 Jezi di l: “Sispann kenbe m, paske mwen poko monte kot Papa m. Men, al kot frè m yo+, di yo: ‘M ap monte kot Papa m+, ki Papa nou tou, kot Bondye m, ki Bondye nou tou+.’” 18 Mari, moun Magdala a, pot nouvèl la bay disip yo. Li di yo: “Mwen wè Seyè a!” E li di yo sa Seyè a te di l+.
19 Jou sa a, ki te premye jou nan semèn nan, nan aswè, pòt kay kote disip yo te ye a te take, paske yo te pè chèf relijye Juif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo e li di yo: “Lapè avèk nou+.” 20 Apre li fin di sa, li montre yo men l ak bò kòt li+. Lè sa a, disip yo kontan lè yo wè Seyè a+. 21 Jezi di yo ankò: “Lapè avèk nou+. Menm jan Papa m te voye m nan+, mwen menm tou, m ap voye nou+.” 22 Apre l fin di sa, li soufle sou yo, e li di yo: “Resevwa lespri sen+. 23 Nenpòt moun nou padone peche yo, peche yo padone. Nenpòt moun nou pa padone peche yo, peche yo pa padone.”
24 Men, Toma+, youn nan 12 apot yo, li menm yo rele Jimo a, pa t ansanm avèk yo lè Jezi te vini an. 25 Se poutèt sa, lòt disip yo di l: “Nou wè Seyè a!” Men, li di yo: “Si mwen pa wè mak klou yo nan men l, si mwen pa foure dwèt mwen nan mak klou yo e si mwen pa foure men m bò kòt li+, mwen pap janm kwè.”
26 Ebyen, uit jou apre sa, disip yo te anndan kay la ankò, e Toma te avèk yo. Byenke pòt yo te take, Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, e li di yo: “Lapè avèk nou+.” 27 Apre sa, li di Toma: “Mete dwèt ou la a, gade men m, pran men w mete l bò kòt mwen. Sispann doute*, se pou w kwè pito.” 28 Toma reponn, li di l: “Seyè mwen! Bondye mwen!” 29 Jezi di l: “Paske w wè m ou kwè? Byennere moun ki pa wè, epoutan ki kwè.”
30 Vrèmanvre, Jezi te fè anpil lòt mirak* ankò devan disip yo, e yo pa ekri yo nan woulo sa a+. 31 Men, yo ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, e pou nou ka gen lavi grasa non li paske nou kwè+.
21 Apre sa, Jezi parèt devan disip yo ankò bò Lanmè Tiberyad. Men ki jan l te parèt sou yo: 2 Simon Pyè te ansanm ak Toma (yo te rele Jimo a+), ak Natanayèl+ ki moun Kana nan Galile, ak pitit Zebede yo+ ansanm ak de lòt disip Jezi. 3 Simon Pyè di yo: “Mwen pral lapèch.” Yo di l: “Nou pral avè w.” Yo ale, yo monte nan bato a, men yo fè tout nuit lan yo pa pran anyen+.
4 Kou l pral jou, Jezi kanpe bò lanmè a. Men, disip yo pa t konprann si se te Jezi+. 5 Epi, Jezi di yo: “Timoun, nou pa gen anyen* pou moun manje la a?” Yo reponn li: “Non!” 6 Li di yo: “Lage filè a adwat bato a n ap jwenn kichòy.” Epi yo lage l, men yo pa t ka rale l monte paske yo te pran yon pakèt pwason+. 7 Lè sa a, disip Jezi te renmen an+ di Pyè konsa: “Se Seyè a!” Kou Simon Pyè tande se Seyè a, li mete rad sou li*, paske l pa t gen rad sou li*, e li plonje nan lanmè a. 8 Men, lòt disip yo vini nan ti bato a, toutpandan y ap trennen filè a ki te chaje pwason, paske yo pa t lwen tè, yo te sèlman nan yon distans 90 mèt konsa*.
9 Lè yo rive sou rivaj la, yo wè yon dife chabon ki gen pwason sou li, e te gen pen tou. 10 Jezi di yo: “Vin ak kèk nan pwason nou fèk pran yo.” 11 Lè sa a, Simon Pyè monte nan bato a, li rale filè a vin sou rivaj la, li te plen ak gwo pwason. Te gen 153 pwason. Malgre te gen tout pwason sa yo, filè a pa t chire. 12 Jezi di yo: “Vin manje.” Pa gen youn nan disip yo ki te gen kouraj mande l: “Kiyès ou ye?”, paske yo te konnen se Seyè a. 13 Jezi vini, li pran pen an, li ba yo l, e li fè menm bagay la ak pwason an. 14 Se twazyèm fwa+ Jezi te parèt devan disip yo apre l te fin leve sot nan lanmò.
15 Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m plis pase sa yo?” Li reponn li: “Wi Seyè, ou konnen mwen gen afeksyon pou ou.” Jezi di l: “Bay ti mouton m yo manje+.” 16 Yon dezyèm fwa, li di l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Li reponn li: “Wi Seyè, ou konnen mwen gen afeksyon pou ou.” Jezi di l: “Pran swen ti mouton m yo+.” 17 Yon twazyèm fwa, li di l: “Simon, pitit Jan, èske w gen afeksyon pou mwen?” Pyè vin tris poutèt li mande l yon twazyèm fwa: “Èske w gen afeksyon pou mwen?” Lè sa a, li di l: “Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen gen afeksyon pou ou.” Jezi di l: “Bay ti mouton m yo manje+. 18 Anverite m ap di w sa: Lè w te pi jèn, ou te konn met rad sou ou poukont ou e ou te konn mache al kote w vle. Men, lè w vin granmoun, w ap lonje men w e se yon lòt moun k ap abiye w e k ap mennen w al kote w pa vle.” 19 Li te di sa pou l fè konnen fason Pyè t apral mouri a t ap pèmèt Bondye jwenn glwa. Epi, lè l fin di sa, li di l: “Kontinye suiv mwen+.”
20 Pyè vire e li wè disip Jezi te renmen an+ k ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te kage sou lestomak Jezi pandan soupe a e ki te di: “Seyè, kiyès moun sa a k ap trayi w la?” 21 Lè Pyè wè l, Pyè di Jezi: “Seyè, e misye?” 22 Jezi di l: “Si m vle l rete jiskaske m vini, sa w gen pou w wè nan sa? Ou menm, kontinye suiv mwen.” 23 Se konsa, pawòl la vin gaye pami frè yo, kòmkwa disip sa a pa t ap mouri. Men, Jezi pa t di l li pa t ap mouri. Li te di: “Si m vle l rete jiskaske m vini, sa w gen pou w wè nan sa?”
24 Se disip sa a+ ki bay temwayaj sou bagay sa yo e ki ekri yo, e nou konnen temwayaj li bay la se laverite.
25 Anfèt, gen anpil lòt bagay ankò Jezi te fè. Si yo ta ekri yo tout an detay, mwen panse pa t ap gen ase plas nan monn nan pou met woulo yo ekri yo+.
Oswa: “te tankou Bondye”.
Lit.: “Pawòl la te vin tounen chè”.
Oswa: “ak favè san parèy”.
Lit.: “fè nou tout favè san parèy sou favè san parèy”.
Oswa: “li menm ki te nan sen Papa a”. Sa vle di nan yon pozisyon espesyal.
Gade Apendis A5.
Vè katrè nan aprèmidi.
Ni “Sefas” ni “Pyè” vle di: “Wòch”.
Lit.: “Rabi”.
Sanble mezi yo te itilize a se te bat ki te egal ak 22 lit (5,81 gal). Gade Apendis B14.
Lit.: “te akonpli siy”.
Oswa: “tounen yon mache; tounen yon biznis”.
Lit.: “Rabi”.
Lit.: “pa ka akonpli siy”.
Lit.: “Rabi”.
Oswa: “arebò sous la”.
Vè midi.
Oswa: “se ak Juif yo li kòmanse”.
Lit.: “Rabi”.
Lit.: “wè siy”.
Vè inè nan aprèmidi.
Oswa: “moun ki paralize”.
Yo pa jwenn vèsè sa a nan kèk ansyen maniskri. Sa montre li pa fè pati Ekriti Bondye enspire yo. Gade Apendis A3.
Oswa: “pran kabann”.
Oswa: “pran kabann”.
Oswa: “pote kabann nan”.
Oswa: “Pran kabann”.
Oswa: “gen kado lavi a nan li”.
Oswa: “nan tonm ki fè sonje moun ki mouri yo”.
Lit.: “Mwen jije selon jan m tande Papa m di m”.
Anpalan de Ekriti yo.
Lit.: “wè siy”.
Gade Apendis B14.
Se yon kalite manje angren.
Lit.: “anviwon 25 a 30 estad”. Gade Apendis B14
Lit.: “Rabi”.
Gade Apendis A5.
Lit.: “nou pap gen lavi nan nou”.
Se kapab tou: “yon asanble piblik”.
Oswa: “yon dyab”.
Oswa: “kontinye mache”.
Oswa: “Tonèl”.
Anpalan de lekòl chèf relijye yo.
Lit.: “l ap akonpli plis siy”.
Oswa: “al arete l”.
Oswa: “ki te vle arete l”.
Gen yon seri maniskri enpòtan ki pa gen vèsè 53 a ansanm ak 11 premye vèsè ki nan chapit 8 la.
Oswa: “nan imoralite seksyèl”. Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “depi okòmansman”.
Lit.: “Rabi”.
Lit.: “ta ka akonpli kalite siy”.
Oswa: “bay nanm li”.
Oswa: “bay nanm mwen”.
Oswa: “bay nanm mwen”.
Oswa: “kenbe nanm nou”.
Oswa: “nou ini”.
Oswa: “Nou tankou dye”.
Lit.: “menm yon siy”.
Lit.: “Rabi”.
Oswa: “nan yon tonm ki fè sonje moun ki mouri”.
Lit.: “anviwon 15 estad”. Gade Apendis B14.
Oswa: “bò tonm ki fè sonje moun ki mouri a”.
Lit.: “nan lespri a”.
Oswa: “kot tonm ki fè sonje moun ki mouri a”.
Lit.: “mesye sa a akonpli anpil siy”.
Oswa: “ka arete l”.
Oswa: “moun ki te bò tab la”.
Oswa: “anviwon yon demi lit”. Anpalan de liv Women yo te konn itilize ki egal anviwon 327 g. Gade Apendis B14.
Se yon luil santi bon yo kwè ki fèt ak yon plant yo jwenn nan mòn Imalaya yo.
Gade Apendis B14.
Gade Apendis A5.
Lit.: “Pitit fi Siyon an”.
Oswa: “nan tonm ki fè sonje moun ki mouri a”.
Lit.: “te akonpli siy”.
Oswa: “renmen nanm li”.
Oswa: “rayi nanm li”.
Oswa: “nanm mwen”.
Lit.: “anba lè sa a”.
Lit.: “te akonpli yon pakèt siy”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “nan rapò nou an”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “nou menm tou, nou gen obligasyon pou youn”.
Lit.: “avè m nan leve talon l”.
Lit.: “ki te nan sen”.
Oswa: “bay nanm mwen”.
Oswa: “bay nanm mwen”.
Oswa: “pap kite nou vin tankou òfelen”.
Oswa: “bay nanm li”.
Lit.: “ki nan Lalwa”.
Lit.: “sou tout chè”.
Oswa: “se pou yo vin gen konesans sou ou”. Vèb yo itilize nan lang grèk la montre se yon aksyon k ap kontinye fèt.
Oswa: “pou yo ka vin ini”.
Oswa: “nou ini”.
Oswa: “Mete yo apa”.
Oswa: “ka vin ini nèt”.
Ekspresyon sa a gen rapò ak pitit Adan ak Èv yo.
Oswa: “yo arete”.
Oswa: “deyò a, nan antre a”.
Oswa: “pa t yon kriminèl”.
Oswa: “Kloure l sou yon poto pou l mouri! Kloure l sou yon poto pou l mouri!”
Oswa: “epi kloure l sou yon poto pou l mouri”.
Oswa: “pou m fè kloure w sou yon poto”.
Vè midi.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “li bese tèt li, li mouri”.
Se kapab tou: “yon woulo”.
Se yon gonm ki santi bon.
Se non yo bay yon pyebwa ki gen yon bagay santi bon ladan l yo te konn itilize nan epòk la pou yo bay bagay bon sant.
Oswa: “te kloure l sou yon poto pou l mouri a”.
Oswa: “yon tonm ki fè sonje moun ki mouri a”.
Oswa: “nan tonm ki fè sonje moun ki mouri a”.
Oswa: “tonm ki fè sonje moun ki mouri a”.
Lit.: “Sispann pa kwè”.
Lit.: “te akonpli anpil lòt siy”.
Oswa: “nou pa gen pwason”.
Oswa: “li vlope kò l ak rad li a”.
Oswa: “paske li te prèske toutouni”.
Lit.: “anviwon 200 koude”. Gade Apendis B14.