BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt Jowèl 1:1-3:21
  • Jowèl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jowèl
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Jowèl

JOWÈL

1 Men pawòl Jewova te di Jowèl*, pitit gason Petwèl:

 2 “Nou menm ansyen, tande sa,

Epi, nou tout ki abite nan peyi a*, koute byen.

Èske te janm gen yon bagay konsa ki te rive nan epòk nou an

Oswa nan epòk zansèt nou yo+?

 3 Rakonte pitit nou yo sa.

Se pou pitit nou yo rakonte pitit pa yo sa tou,

E se pou pitit yo genyen yo rakonte jenerasyon ki vin apre a sa.

 4 Rès bagay krikèt ki konn devore plant yo kite yo, krikèt ki konn vole an gwoup yo manje yo+.

Rès bagay krikèt ki konn vole an gwoup yo kite yo, krikèt ki pa gen zèl yo manje yo.

Epi, rès bagay krikèt ki pa gen zèl yo kite yo, krikèt ki saf yo manje yo+.

 5 Nou menm ki tafyatè, leve+ pou nou kriye.

Nou tout ki renmen bwè diven, se pou n fè gwo rèl,

Paske yo retire diven nan bouch nou+.

 6 Paske, gen yon nasyon ki vini nan peyi m nan, li gen anpil fòs e pèsonn pa ka konte moun ki gen ladan l+.

Dan l se dan lyon+ e machwè l se machwè lyon.

 7 Li ravaje jaden rezen m nan e li fè pye fig frans mwen an tounen yon chouk bwa,

Li retire tout kòs bwa yo e li voye yo jete,

Pa menm ret kòs sou branch yo.

 8 Se pou n rele tankou yon fi ki vyèj* ki gen twal sak sou li

K ap kriye paske l pèdi fiyanse l*.

 9 Moun yo pa fè ofrann manje angren+ ak ofrann bwason+ nan kay Jewova a ankò.

Prèt yo, moun k ap fè sèvis pou Jewova yo, nan lapenn.

10 Yo ravaje jaden yo e tè a nan lapenn+,

Paske, yo detwi manje angren yo, pa gen diven ankò, epi luil disparèt tikras pa tikras+.

11 Kiltivatè yo vin wont e moun ki fè diven yo ap rele

Akoz sa k rive jaden ble ak jaden lòj* yo.

Paske, yo pèdi rekòt yo.

12 Pye rezen yo fin sèch nèt

E pye fig frans yo fennen.

Pye grenad yo, pye dat yo, pye pòm yo

Ansanm ak tout pyebwa ki nan jaden yo sèch+.

Vrèmanvre, pa gen kè kontan ankò nan mitan pèp la.

13 Nou menm prèt, se pou n met rad sak sou nou* e se pou nou nan lapenn*!

Nou menm k ap fè sèvis devan lotèl la, se pou n kriye byen fò+!

Nou menm moun k ap fè sèvis pou Bondye m nan, se pou nou antre e se pou n pase nuit lan ak rad sak sou nou!

Paske, pèsonn pa fè ofrann manje angren+ ak ofrann bwason+ nan kay Bondye nou an ankò.

14 Fè moun yo konnen pou yo fè yon jèn*+. Fè yon rasanbleman espesyal.

Reyini ansyen yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a

Lakay Jewova, Bondye nou an+, epi rele Jewova pou n mande l sekou.

15 Elas! Jou a rive!

Paske, jou Jewova a toupre+.

L ap vini tankou yon ravaj Toupisan an pral fè.

16 Èske manje pa disparèt devan je nou?

Èske lajwa ak kè kontan pa disparèt nan kay Bondye nou an?

17 Semans* yo fin kraze anba pèl yo genyen yo.

Depo yo vid.

Grenye yo konn met manje angren yo fin demoli, piske manje angren yo fin sèch.

18 Menm twoupo bèt yo ap rele.

Kolonn bèf yo ap monte desann san yo pa konn kote yo prale, paske yo pa gen kote pou yo manje.

Epi, twoupo mouton yo peye pou sa k pase a.

19 O Jewova, se ou menm m ap rele+.

Paske, dife ravaje kote moun konn gade bèt nan dezè a,

E gen yon flanm dife ki boule tout pyebwa nan jaden yo.

20 Menm bèt sovaj yo ap tann ou,

Paske, rivyè dlo yo fin seche,

E dife boule kote moun konn gade bèt nan dezè a.”

2 “Sonnen kòn nan Siyon+!

Fè yon gwo rèl nan mòn sakre m nan, tankou bri moun ki nan lagè.

Se pou tout moun nan peyi a* pran tranble,

Paske jou Jewova a ap vini+. Li toupre!

 2 Se yon jou fènwa, yon jou sonm+,

Yon jou kote gen anpil nyaj ak fènwa pwès+,

Kòmsi mòn yo bare limyè solèy la k ap leve.

Gen yon pèp ki gen anpil moun ladan l e ki pisan anpil+.

Pa t janm gen yon pèp tankou l anvan sa,

E pap janm gen youn tankou l ankò,

Jenerasyon apre jenerasyon.

 3 Li ravaje tout sa k devan l tankou yon dife,

E li detwi tout sa k dèyè l, tankou se dife ki pase+.

Devan l, peyi a tankou jaden Edenn+,

Men, dèyè l, li tounen yon dezè ki pa gen moun ladan l.

Epi, anyen pa ka chape anba l.

 4 Pèp sa a sanble ak yon pakèt cheval,

E yo kouri tankou cheval ki nan lagè+.

 5 Bri yo fè tankou bri charyo k ap sote sou tèt mòn,

Tankou bri dife k ap boule pay+.

Yo tankou yon pèp ki pisan anpil ki pare pou fè lagè+.

 6 Akoz yo menm, pèp yo ap boulvèse.

Laperèz ap parèt sou figi tout moun.

 7 Yo atake tankou sòlda ki nan lagè,

Yo grenpe miray tankou sòlda.

Yo chak nan wout pa yo,

E yo pa kite chemen yo.

 8 Yo pa frape youn ak lòt.

Yo chak ap avanse nan wout yo.

Si kèk ladan yo tonbe anba kout zam,

Lòt yo pa kite batay la.

 9 Yo kouri antre anndan vil yo, yo kouri monte sou miray yo.

Yo monte sou do kay yo e yo antre nan fenèt yo tankou vòlè.

10 Tè a tranble devan yo e syèl la pran souke.

Solèy la ak lalin nan vin tou nwa+,

E zetwal yo pa klere ankò.

11 Jewova pral pale byen fò devan lame l la+, paske gen anpil sòlda nan kan l lan+.

Paske, Sila a ki reyalize pawòl li a gen anpil fòs.

Paske, jou Jewova a gran e li bay anpil laperèz+.

Kiyès ki ka sipòte nan jou sa a+?”

12 Men sa Jewova di: “Se sa k fè kounye a, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou+.

Se pou nou fè jèn*+, se pou n kriye e se pou n rele!

13 Dechire kè nou+ olye nou chire rad nou+,

Epi, tounen vin jwenn Jewova, Bondye nou an,

Paske, li gen kè sansib* ak mizèrikòd, li pa fè kòlè fasil+, li gen anpil lanmou ki fidèl+,

E l ap chanje lide konsènan* malè li te di l ap lage sou pèp li a.

14 Kiyès ki konnen si l pap retounen sou sa l te di a, si l pap chanje lide*+,

E si l pap ban nou yon benediksyon,

Pou nou ka fè yon ofrann manje angren ak yon ofrann bwason pou Jewova, Bondye nou an?

15 Sonnen kòn nan Siyon!

Fè moun yo konnen pou yo fè yon jèn*. Fè yon rasanbleman espesyal+.

16 Rasanble moun yo. Pirifye tout pèp la+.

Rasanble mesye ki granmoun yo*. Rasanble timoun yo ak tibebe ki nan tete yo+.

Se pou lemarye a sot anndan chanm li e se pou lamarye a soti nan chanm li.

17 Ant galri a ak lotèl la+,

Se pou prèt yo, moun k ap fè sèvis pou Jewova yo kriye, e se pou yo di:

‘O Jewova, gen pitye pou pèp ou a.

Pa kite eritaj ou a tounen yon bagay moun ap pase nan rizib,

Pou se nasyon yo k ap dirije l.

Poukisa pou pèp yo ta di: “Kote Bondye yo a+?”’

18 Lè sa a, Jewova ap montre jan l renmen peyi l la anpil,

E l ap gen pitye pou pèp li a+.

19 Jewova ap reponn pèp li a, l ap di l:

‘Men m ap voye manje angren ansanm ak diven ak luil pou nou,

E n ap manje vant plen+.

Mwen pap fè nou vin yon wont pami nasyon yo ankò+.

20 M ap fè moun ki sot nan nò yo ale lwen nou.

M ap gaye yo nan yon zòn ki sèch ki pa gen pèsonn rete ladan l.

Gwoup sòlda yo genyen ki devan yo* ap nan direksyon lanmè ki nan lès la*,

E gwoup sòlda yo genyen ki dèyè nèt yo ap nan direksyon lanmè ki nan lwès la*.

Move sant pral monte sot nan yo.

Movèzodè k ap sot nan yo ap kontinye monte+.

Paske, Bondye pral fè yon seri gwo bagay.’

21 O ou menm peyi a, pinga w pè.

Se pou w gen kè kontan e se pou w rejwi, paske Jewova pral fè yon pakèt gwo bagay.

22 Nou menm bèt ki nan savann yo, pinga nou pè,

Paske, kote bèt yo konn manje nan dezè a ap vin vèt+,

E pyebwa yo ap donnen+.

Pye fig frans lan ak pye rezen an dwe bay tout fwi yo gen nan yo+.

23 Nou menm moun nan vil Siyon, se pou nou gen kè kontan e se pou Jewova, Bondye nou an, fè nou kontan+.

Paske, l ap ban nou valè lapli nou bezwen nan sezon otòn,

E l ap fè bonkou lapli tonbe sou nou,

Ni lapli ki konn tonbe nan sezon otòn, ni lapli ki konn tonbe nan sezon prentan, menm jan sa te konn fèt anvan+.

24 Kote yo bat manje angren yo ap plen ak bon kalite manje angren,

Près diven ak près luil yo pral plen ap koule atè+.

25 Mwen pral fè n rejwenn sa nou te pèdi nan ane

Krikèt ki konn devore plant yo, krikèt k ap vole ansanm yo, krikèt ki pa gen zèl yo ansanm ak krikèt ki saf yo te manje rekòt nou yo.

Se yo ki gwo lame mwen te voye nan mitan nou an+.

26 San mank, n ap manje vant plen+,

E n ap fè louwanj pou non Jewova, Bondye nou an+,

Ki fè yon pakèt mèvèy pou nou.

Yo pap janm fè pèp mwen an wont ankò+.

27 Epi, nou pral konnen mwen nan mitan pèp Izrayèl la+,

E se mwen menm ki Jewova, Bondye nou an+. Pa gen lòt!

Yo pap janm fè pèp mwen an wont ankò.

28 Apre sa, m ap vide lespri m sou tout kalite moun+.

Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo ap pwofetize*,

Granmoun nou yo ap fè rèv,

E jèn moun nou yo ap fè vizyon+.

29 Epi, nan jou sa yo, m ap vide lespri m

Ata sou esklav mwen yo, gason kou fi.

30 M ap fè yon seri mèvèy* nan syèl la ak sou tè a.

Ap gen san, dife ak anpil lafimen k ap monte+.

31 Solèy la ap vin tou nwa e lalin nan ap tounen san+,

Anvan gran jou Jewova a rive, yon jou ki bay laperèz+.

32 E tout moun ki met konfyans yo nan* non Jewova ap sove+.

Paske, moun k ap sove yo ap sou tout Mòn Siyon ak Jerizalèm+, jan Jewova di sa,

Yo se moun Jewova rele e y ap chape.”

3 “Paske, gade! nan jou sa yo e nan tan sa a,

Lè m fè moun yo te mennen ann egzil yo retounen Jida ak Jerizalèm+,

 2 M ap rasanble tout nasyon yo tou,

E m ap mennen yo desann nan Vale Jozafa*.

M ap jije yo lòtbò a+,

Poutèt Izrayèl, pèp mwen an, eritaj mwen an.

Paske yo te gaye yo pami nasyon yo,

E yo te separe peyi m nan ant yo menm+.

 3 Yo te fè tiraj osò pou yo separe pèp mwen an+.

Yo te bay tigason yo genyen yo pou yo ka peye yon pwostitye

E yo te vann tifi yo pou yo ka gen diven pou yo bwè.

 4 Bon, ki sa nou gen avè m,

Nou menm vil Ti ak vil Sidon ansanm ak tout zòn ki nan peyi Filisti yo?

Èske se peye n ap fè m peye pou yon bagay mwen te fè nou?

Si se peye n ap fè m peye,

M ap fè nou peye sa n fè a san pèdi tan+.

 5 Paske, nou pran ajan ak lò mwen genyen yo+,

E nou pote bagay mwen genyen ki gen plis valè yo mete nan tanp nou yo.

 6 Epi, nou vann moun Jida ak moun Jerizalèm yo bay moun peyi Lagrès yo+

Yon fason pou nou voye yo lwen tèritwa pa yo.

 7 Men, kounye a, m ap fè yo leve sot kote nou te vann yo a+,

E m ap fè nou peye sa nou te fè a.

 8 M ap bay* moun Jida yo pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo+.

Y ap vann yo bay moun Cheba yo, yon nasyon ki byen lwen.

Paske, se mwen menm, Jewova, ki di sa.

 9 Men sa pou n anonse nan nasyon yo+:

‘Prepare nou* pou lagè! Chofe gason vanyan yo!

Se pou tout sòlda yo avanse pou yo atake+!

10 Bat dan chari nou konn raboure tè yo pou n fè yo tounen epe, e bat sèpèt nou yo pou n fè yo tounen lans.

Se pou moun ki santi l fèb la di: “Mwen gen fòs.”

11 Nou menm, tout nasyon ki ozalantou yo, se pou youn vin ede lòt e se pou nou rasanble+!’”

O Jewova, fè sòlda vanyan ou genyen ki konn fè lagè yo* desann vin kote sa a.

12 “Se pou nasyon yo rasanble e se pou yo vin nan Vale Jozafa,

Paske, se la w ap chita pou w jije tout nasyon ki ozalantou yo+.

13 Pase sèpèt, paske rekòt la pare.

Desann pou nou kraze rezen yo ak pye nou, paske près diven an plen+.

Rezèvwa kote diven an ale yo plen, y ap vide atè, paske nasyon yo fè anpil bagay ki mal.

14 Gen yon bann ak yon pakèt moun nan plèn kote jijman an pral fèt la,

Paske, jou Jewova a toupre rive kote jijman an ap fèt la+.

15 Solèy la ak lalin nan ap vin tou nwa

E zetwal yo pap klere ankò.

16 Epi, Jewova ap gwonde nan Siyon,

L ap pale byen fò nan Jerizalèm.

Syèl la ak tè a ap pran souke.

Men, Jewova ap yon refij pou pèp li a+,

L ap yon fòtrès pou pèp Izrayèl la.

17 E n ap oblije konnen mwen se Jewova, Bondye nou an, ki rete nan Siyon, mòn sakre m nan+.

Jerizalèm ap vin yon kote ki sakre+,

E moun lòt nasyon* pap met pye ladan l ankò+.

18 Jou sa a, diven bon kalite pral degoute sot nan mòn yo+,

Lèt pral koule sou ti mòn yo,

E dlo pral koule nan tout rivyè ki nan Jida yo.

Gen yon sous k ap koule sot nan kay Jewova a+

E l ap wouze vale pye akasya yo.

19 Men, Ejip ap vin yon kote ki dezole+

E peyi Edòm ap tounen yon dezè ki pa gen moun+,

Akoz mechanste yo fè moun peyi Jida yo+,

Yon peyi kote yo te touye moun ki inosan+.

20 Men, ap toujou gen moun ki rete nan Jida,

Epi ap gen moun ki rete nan Jerizalèm jenerasyon apre jenerasyon+.

21 M ap deklare yo pa koupab ankò pou san yo te fè koule yo+,

E mwen menm, Jewova, m ap rete nan Siyon+.”

Sa vle di: “Se Jewova ki Bondye”.

Oswa: “abite sou tè a”.

Oswa: “tankou yon jèn fi”.

Oswa: “mari l”.

Se yon kalite manje angren.

Lit.: “se pou nou mare ren nou”.

Oswa: “se pou nou frape lestomak nou”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Se kapab tou: “Fig frans yo seche”.

Oswa: “tout moun sou tè a”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “pitye”.

Oswa: “E l ap regrèt”.

Oswa: “si l pap regrèt”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Rasanble ansyen yo”.

Lit.: “Fas yo”.

Anpalan de Lanmè Mòt.

Anpalan de Lanmè Meditèrane.

Sa gen ladan l anonse sa k pral pase alavni, anonse mesaj ki soti nan Bondye, oswa fè konnen volonte Bondye oubyen anonse l.

Oswa: “siy”.

Lit.: “tout moun ki rele”.

Sa vle di : “Jewova se Jij”.

Lit.: “vann”.

Lit.: “Pirifye tèt nou”.

Se lame zanj yo.

Oswa: “E etranje”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje