BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt Oze 1:1-14:9
  • Oze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Oze
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Oze

OZE

1 Pawòl Jewova te di Oze*, pitit gason Beyeri, nan epòk Ozyas+, Jotam+, Ahaz+ ak Ezekyas+ te wa Jida+ e nan epòk Jewobowam+, pitit gason Jowas+, te wa peyi Izrayèl. 2 Lè Jewova te kòmanse sèvi ak Oze pou l pale ak pèp la, men sa Jewova te di Oze: “Al marye ak yon fi ki gen pou l aji tankou yon pwostitye* pou l ka ba w pitit li fè lè l t ap aji tankou pwostitye a*, paske moun nan peyi a ap aji tankou pwostitye*, piske yo pa fidèl ak Jewova+.”

3 Vrèmanvre, Oze t al marye ak Gomè, pitit fi Diblayim. Manmzèl te vin ansent e li te fè yon pitit gason pou Oze.

4 Apre sa, Jewova di Oze: “Rele pitit la Jizreyèl*, paske nan yon tikras tan m ap mande fanmi Jeyi yo+ regleman pou tout san yo fè koule nan Jizreyèl. Epi, m ap fè pa gen wa pou dirije Izrayèl ankò+. 5 Jou sa a, m ap kase banza* Izrayèl la nan Vale* Jizreyèl.”

6 Gomè te vin ansent ankò e li te fè yon pitit fi. Bondye te di Oze: “Ou mèt rele l Lowouwama*, paske mwen pap fè pèp Izrayèl la mizèrikòd ankò+, piske m ap voye yo ale kanmenm+. 7 Men, m ap fè moun Jida yo mizèrikòd+. Mwen menm, Jewova, Bondye yo a, m ap sove yo+. Men, mwen pap sove yo ni ak banza, ni ak epe, ni ak lagè, ni ak cheval, ni ak kavalye+.”

8 Apre Gomè fin sevre Lowouwama, li te vin ansent e li te fè yon pitit gason. 9 Epi, Bondye di Oze: “Rele l Lowami*, paske nou pa pèp mwen, e mwen menm, mwen pap Bondye nou.

10 “Epi, kantite moun ki nan pèp* Izrayèl la ap vin tankou grenn sab bò lanmè moun pa ka ni mezire ni konte+. E nan zòn kote m te di moun yo: ‘Nou pa pèp mwen+’, y ap di yo: ‘Nou se pitit Bondye vivan an+.’ 11 Moun Jida yo ak moun nan pèp Izrayèl yo ap reyini, y ap met tèt yo ansanm+. Epi, y ap chwazi yon chèf e y ap kite peyi a, paske se pral yon gwo jou pou Jizreyèl+.

2 “Di frè nou yo: ‘Nou se pèp mwen*+.’

Epi, di sè nou yo: ‘Nou se fi Bondye fè mizèrikòd*+.’

 2 Nou mèt akize manman nou. Nou mèt akize l,

Paske li pa madanm mwen+ e mwen pa mari l.

Li dwe sispann aji tankou pwostitye*

E li dwe sispann fè adiltè.

 3 Si l pa fè sa, m ap retire tout rad sou li e m ap mete l jan l te ye jou l te fèt la.

M ap fè l vin tankou yon dezè,

M ap fè l vin tankou yon tè ki pa gen dlo,

E m ap fè l mouri ak swaf.

 4 Epi, mwen pap fè pitit li yo mizèrikòd

Paske yo se pitit li fè lè l t ap aji tankou pwostitye a*.

 5 Paske manman yo te aji tankou pwostitye*+.

Li menm ki te pote yo nan vant li, li te aji yon fason ki fè moun wont+, paske men sa l te di:

‘Mwen pral dèyè moun ki konn fè lanmou avè m yo+,

Moun ki konn ban m manje pou m manje ak dlo pou m bwè

E ki konn ban m rad ki fèt ak twal lenn ak rad ki fèt ak twal len ansanm ak luil ak bwason m genyen yo.’

 6 Se sa k fè m ap bare wout li ak pye pikan

E m ap fè yon miray an wòch pou m bare l

Pou l pa ka jwenn chemen l.

 7 L ap kouri al dèyè moun ki konn fè lanmou avè l yo, men li pap jwenn yo+.

L ap chèche yo, men li pap jwenn yo.

Lè sa a, l ap di: ‘M ap retounen al jwenn premye mari m nan+,

Paske mwen te pi byen pase kounye a+.’

 8 Li pa t rekonèt se mwen ki te ba l manje angren+, bon diven ak luil,

E se mwen ki te ba l pakèt ajan

Ansanm ak lò l genyen yo, bagay li konn itilize pou l sèvi Baal+.

 9 ‘Se poutèt sa m ap aji yon lòt fason, m ap pran manje angren m te ba l nan sezon rekòt la.

M ap pran bon diven m nan lè sezon an rive+

E m ap pran rad ki fèt ak twal lenn ak rad ki fèt ak twal len mwen te ba l met sou li pou l pa toutouni yo.

10 Kounye a, m ap fè moun ki konn fè lanmou avè l yo wè pati entim li,

E pa gen yon moun k ap delivre l anba men m+.

11 M ap fè l sispann gen kè kontan

E m ap fè fèt li yo+, nouvèl lin li yo, saba l yo ansanm ak tout sezon fèt li yo fini.

12 Epi, m ap detwi pye rezen l yo ak pye fig frans li yo, bagay ki konn fè l di:

“Sa yo se sa moun ki konn fè lanmou avè m yo peye m.”

M ap fè bagay sa yo tounen yon forè,

E bèt nan bwa ap devore yo.

13 M ap pini l pou jou li te pase ap fè sakrifis pou zidòl Baal yo+,

Lè l te met zanno ansanm ak bijou, li t ap kouri dèyè moun ki konn fè lanmou avè l yo,

E li te bliye m+.’ Se sa Jewova di.

14 ‘Se sa k fè m ap fè l dakò avè m,

M ap mennen l nan dezè a

E m ap pale yon fason pou m touche kè l.

15 M ap reba l jaden rezen l yo apati jou sa a+

E m ap reba l Vale* Akò+ tankou yon pòtay k ap fè l gen espwa.

Se la l ap reponn mwen menm jan l te fè lè l te jèn,

Jan l te fè sa lè l te sot nan peyi Ejip la+.’

16 Epi, Jewova di: ‘Jou sa a,

W ap rele m Mari w, men ou pap rele m Mèt* ou ankò.’

17 ‘M ap fè l sispann site non zidòl Baal yo+,

E li pap sonje non yo ankò+.

18 Jou sa a, m ap fè yon alyans pou pèp mwen an ak bèt nan bwa yo+,

Ak zwazo k ap vole nan syèl la ansanm ak bèt k ap rale sou vant sou tè a+.

M ap retire banza*, epe ak lagè nan peyi a+

E m ap fè moun yo al kouche* ak kè poze+.

19 M ap fè yon kontra avè w pou toutan,

Yon kontra k ap chita sou sa ki dwat ak sa ki jis

E k ap chita sou lanmou ki fidèl ak mizèrikòd+.

20 M ap fè yon kontra avè w paske m fidèl

E san mank, w ap konnen Jewova+.’

21 Epi, Jewova di: ‘Jou sa a, m ap bay yon repons.

M ap bay syèl la sa l mande,

E syèl la ap bay tè a sa l mande+.

22 Tè a ap bay manje angren, bon diven ak luil,

Epi, Jizreyèl* ap resevwa sa l te mande yo+.

23 M ap simen l tankou semans pou mwen nan tè a+

E m ap fè l mizèrikòd, li menm yo pa t fè mizèrikòd*.

M ap di moun ki pa pèp mwen*: “Nou se pèp mwen+”,

E y ap di m: “Ou se Bondye nou+.”’”

3 Epi, Jewova di m: “Retounen al renmen fi lòt gason te renmen an e ki te fè adiltè a+, menm jan Jewova renmen pèp Izrayèl la+, alòske y al sèvi lòt dye+ e yo renmen ba yo gato rezen*.”

2 Se sa k fè mwen te achte l pou 15 pyès ann ajan ak yon homè edmi* lòj*. 3 Apre sa, mwen te di l: “W ap ret pou mwen pou anpil tan. Ou pa dwe aji tankou yon pwostitye*, ni ou pa dwe gen relasyon ak yon lòt gason, e mwen menm, m ap aji menm jan an avè w*.”

4 Paske, pandan anpil tan*, pèp Izrayèl la pral rete san l pa gen ni wa+, ni prens, ni sakrifis, ni poto sakre ki fèt an wòch, ni efòd*+ ak estati terafim* nan mitan l+. 5 Apre sa, y ap retounen, y ap chèche Jewova, Bondye yo a+, ak David, wa yo a+. Y ap vin tou ap tranble devan Jewova pou yo ka jwenn favè l nan dènye jou yo+.

4 Tande pawòl Jewova, o pèp Izrayèl,

Paske, Jewova gen yon jijman pou l fè kont moun ki abite nan peyi a+,

Paske, pa gen ni verite, ni lanmou ki fidèl, ni konesans sou Bondye nan peyi a+.

 2 Fo sèman, manti+, zak asasinay+,

Vòl ak adiltè+ gaye toupatou.

Y ap plede touye moun youn dèyè lòt+.

 3 Se sa k fè peyi a gen pou l nan lapenn+,

E tout moun nan peyi a ap fin depafini.

Bèt bwa yo ak zwazo ki nan syèl la ap mouri,

E menm pwason nan lanmè a ap mouri.

 4 “Men, pinga pèsonn diskite ak yon lòt moun oswa blame l+,

Paske, pèp nou an tankou moun k ap fè diskisyon ak yon prèt+.

 5 Se sa k fè pèp nou an ap kilbite gwo jounen,

E pwofèt yo ap kilbite ansanm avèk yo, kòmsi se te lannuit.

Epi, m ap fè manman nou fèmen bouch li*.

 6 Y ap fè pèp mwen an fèmen bouch li*, paske li pa gen konesans sou mwen.

Piske yo refize gen konesans sou mwen+,

M ap voye yo jete, yo pap travay kòm prèt pou mwen ankò.

E piske yo te bliye lwa* Bondye yo a+,

Mwen menm tou, m ap bliye pitit yo genyen yo.

 7 Tank yo te vin anpil, se tank yo te peche kont mwen+.

Olye yo te ban m glwa, se lawont yo te lage sou mwen*.

 8 Lè pèp mwen an peche, prèt yo manje anpil vyann.

Epi yo toujou anvi* pou pèp mwen an peche.

 9 Se menm bagay la k ap rive ni pèp la, ni prèt yo.

M ap regle avè yo pou fason yo aji.

M ap pini yo pou sa yo fè+.

10 Y ap manje, men vant yo pap plen+.

Y ap kouche ak plizyè fi*, men yo pap gen anpil pitit+.

Paske, yo pa t montre okenn respè pou mwen menm, Jewova.

11 Pwostitisyon* ak diven ki fèk fèt

Se bagay ki retire bon entansyon moun genyen pou yo fè sa ki dwat*+.

12 Pèp mwen an pale ak zidòl an bwa yo genyen yo

E yo fè sa baton* yo di yo fè.

Paske, tandans yo gen nan lespri yo pou yo lage kò yo nan pwostitisyon* fè yo pèdi wout yo,

E lefètke yo lage kò yo nan pwostitisyon*, sa fè yo refize soumèt devan Bondye yo a.

13 Yo fè sakrifis sou tèt mòn yo+.

Yo fè sakrifis pou fè lafimen monte sou tèt ti mòn yo,

Anba pye bwadchèn yo, anba pye stiraks* yo e anba tout kalite gwo pyebwa+,

Paske pyebwa sa yo bay bon lonbray.

Se sa k fè pitit fi nou yo vin tounen pwostitye*

E bèlfi nou yo fè adiltè.

14 Mwen pap pini pitit fi nou yo poutèt yo lage kò yo nan pwostitisyon*

E mwen pap pini bèlfi nou yo poutèt yo fè adiltè.

Paske mesye yo pati ak medam ki pwostitye yo,

E y al fè sakrifis ansanm ak medam ki pwostitye nan tanp yo.

Yon pèp konsa ap fini paske l san konprann+.

15 O Izrayèl, menmsi w lage kò w nan pwostitisyon*+,

Jida, li menm, pa dwe fè menm peche a+.

Pinga nou vin Gilgal+ oswa Bètavenn+,

E pinga nou fè sèman pou n di: ‘Menm jan li klè Jewova vivan+!’

16 Paske, menm jan ak yon bèf ki gen tèt di, Izrayèl vin gen tèt di+.

Kounye a, èske Jewova ap pran swen yo menm jan moun pran swen yon jenn mal mouton ki nan savann*?

17 Moun Efrayim yo atache ak zidòl+.

Kite yo fè sa yo vle!

18 Lè byè* yo genyen yo fini,

Yo lage kò yo nan kouche ak plizyè moun*+.

Epi, moun ki alatèt* yo vrèman renmen bagay ki fè moun wont.

19 Van ap pran Efrayim al avè l,

Epi, l ap wont pou sakrifis li fè yo.”

5 “Nou menm, prèt, tande+,

Nou menm, moun Izrayèl, koute byen,

E nou menm, moun ki lakay wa a, koute,

Paske yo pral jije nou.

Paske nou se yon pyèj pou Mispa

E nou se yon filè yo lage sou Tabò+.

 2 Rebèl yo* lage kò yo nèt nan fè masak.

M ap ba yo tout avètisman*.

 3 Mwen konnen Efrayim,

E Izrayèl pa ka kache pou mwen.

Paske, ou menm Efrayim, kounye a, ou lage kò w nan fè sèks ak plizyè moun*.

Izrayèl sal tèt li+.

 4 Fason yo aji yo pa pèmèt yo retounen vin jwenn Bondye yo a,

Paske sa ki nan lespri moun yo se lage kò yo nan pwostitisyon*+,

E yo pa bay Jewova regle anyen pou yo.

 5 Ògèy Izrayèl genyen an kondane l*+.

Izrayèl ak Efrayim tonbe nan peche,

E Jida tonbe ansanm avèk yo+.

 6 Yo t al ak twoupo mouton ak twoupo bèf yo genyen yo pou y al chèche Jewova,

Men, yo pa t ka jwenn li.

Li t al kache pou yo+.

 7 Yo trayi Jewova+,

Paske yo fè pitit ak fi lòt nasyon.

Kounye a, nan yon mwa y ap detwi yo* ansanm ak eritaj* yo genyen yo.

 8 Sonnen kòn nan+ Gibeya e sonnen twonpèt nan Rama+!

Fè gwo rèl nan Bètavenn+ tankou moun ki nan lagè! O Benjamen, n ap suiv ou.

 9 O Efrayim, w ap vin tounen yon bagay ki bay laperèz nan jou pinisyon an+.

Mwen anonse sa k pral rive san mank nan tribi Izrayèl yo.

10 Chèf nan Jida yo tankou moun k ap deplase bòn tè+.

M ap vide kòlè m sou yo tankou dlo.

11 Moun te toupizi Efrayim, yo te gen rezon kraze l

Paske li te deside suiv ènmi l lan+.

12 Se sa k fè mwen te manje Efrayim tankou mit k ap manje bwa,

E m ap fè Jida vin tankou yon bwa pouri.

13 Lè Efrayim te gade maladi l genyen an e Jida te gade maleng li an,

Efrayim t al Asiri+ e li te voye yon seri mesaje kot yon gran wa*.

Men, wa sa a pa t ka geri nou

E li pa t ka geri maleng nou an.

14 Paske, m ap vin tankou yon jenn lyon pou Efrayim

E m ap vin tankou yon lyon ki gen anpil fòs* pou moun Jida yo.

M ap dechire yo fè miyèt moso epi m ap vire m ale+.

M ap pote yo ale e pap gen pèsonn pou delivre yo+.

15 Mwen prale e m ap tounen nan plas mwen jiskaske yo peye sa yo te fè yo.

Apre sa, y ap chèche jwenn favè m*+.

Lè yo nan malè, y ap chèche m+.”

6 “Vini! Ann retounen al jwenn Jewova,

Paske li dechire nou fè miyèt moso+, men l ap geri nou.

Li frape nou, men l ap bande kote nou blese yo.

 2 Apre de jou, l ap ban nou lavi ankò.

Sou twazyèm jou a, l ap leve nou,

Epi, n ap viv devan l.

 3 Nou pral konnen Jewova. N ap fè tout sa n kapab pou n chèche konnen l.

Menm jan wè pa wè solèy la ap leve, se konsa l ap vini kanmenm.

L ap vin sou nou tankou lapli k ap tonbe,

Wi, tankou lapli nan sezon prentan ki byen mouye tè a.”

 4 “Ki sa pou m fè avè w, Efrayim?

Ki sa pou m fè avè w, Jida?

Paske, lanmou ki fidèl nou genyen tankou nyaj ki parèt nan maten,

Tankou gout lawouze ki disparèt byen vit.

 5 Se sa k fè m ap sèvi ak pwofèt yo pou m koupe yo fè miyèt moso+.

M ap gen pou m touye yo ak pawòl k ap sot nan bouch mwen+.

Epi, pinisyon n ap jwenn yo ap parèt klè kou limyè+.

 6 Paske, se lanmou ki fidèl ki fè m plezi, se pa sakrifis.

Se konesans sou Bondye ki fè m plezi, se pa sakrifis yo boule nèt+.

 7 Men, yo pa respekte alyans lan menm jan ak moun ki lage kò yo nan peche+.

Yo trayi m nan peyi yo a.

 8 Galaad se yon vil ki chaje ak moun mechan+.

Peyi a chaje ak moun k ap fè san koule+.

 9 Gwoup prèt yo tankou yon bann vòlè k ap tann anbiskad pou moun.

Yo asasinen moun sou wout Sichèm nan+.

Epi, konduit yo fè moun wont.

10 Mwen wè yon bagay ki bay moun Izrayèl yo laperèz.

Moun Efrayim yo vin tounen pwostitye nan peyi yo a+.

Izrayèl sal tèt li+.

11 O Jida, mete sou sa, ou pral fè yon rekòt,

Lè m rasanble tout moun nan pèp mwen an ki ann egzil yo+.”

7 “Chak fwa m ap eseye geri Izrayèl,

Peche Efrayim nan parèt byen klè+

Ansanm ak bagay mal moun Samari yo fè yo+,

Paske y ap mache twonpe moun+.

Yo antre, yo vòlè, epi yo sot deyò al tann anbiskad+.

 2 Men, yo pa di nan kè yo m ap sonje tout bagay mal yo fè yo+.

Kounye a, bagay mal yo fè yo tounen yon pyèj pou yo.

Pa gen anyen yo fè mwen pa wè.

 3 Yo fè kè wa a kontan ak bagay mal yo fè yo,

E magouy yo fè fè prens yo kontan.

 4 Yo tout nan adiltè.

Yo cho tankou yon fou yon bòs boulanje limen

E li sispann chofe dife a apre l fin petri pat la jiskaske pat la leve.

 5 Nan jou wa nou an t ap fete a, prens yo te vin malad.

Diven te fè yo vin an kòlè anpil+.

Wa a te annafè ak moun k ap pase moun nan rizib.

 6 Y ap avanse ak kè yo cho tankou yon fou*.

Pandan tout nuit lan, bòs boulanje a ap dòmi.

Nan maten, fou a limen tou wouj.

 7 Yo tout cho tankou yon fou,

E yo devore moun k ap dirije yo*.

Tout wa yo tonbe+,

Pa gen youn nan yo ki rele m+.

 8 Efrayim fè yon sèl ak nasyon yo+.

Efrayim tankou yon pen won yo pa vire bò.

 9 Moun lòt nasyon yo fin manje fòs li+, men li pa remake sa.

Epi, cheve l fin blanchi, li pa wè sa.

10 Ògèy moun Izrayèl yo kondane yo+.

Aktout sa, yo pa retounen vin jwenn Jewova, Bondye yo a+.

E malgre tout bagay sa yo, yo pa chèche l.

11 Moun Efrayim yo tankou pijon ki egare. Yo pa gen bonsans+.

Yo rele Ejip pou yo mande l sekou+, e y al jwenn Asiri+.

12 Kèlkeswa kote y ale, m ap voye filè m sou yo.

M ap fè yo tonbe atè tankou zwazo nan syèl.

M ap pini yo jan m te avèti yo a+.

13 Malè ap tonbe sou yo, paske yo kouri kite m.

Y ap depafini, paske yo peche kont mwen.

Mwen te pare pou m delivre yo, men yo bay manti sou mwen+.

14 Yo pa t rele m pou yo mande m sekou ak tout kè yo+,

Malgre yo te kontinye ap plenn sou kabann yo.

Yo filange kò yo pou manje angren ak diven.

Yo vin ap fè rebèl avè m.

15 Byenke mwen te ba yo disiplin e mwen te ba yo fòs pou yo travay,

Yo vin kont mwen, y ap fè plan pou yo fè sa ki mal.

16 Yo chanje wout, men se pa pou yo fè yon bagay ki pi enpòtan*.

Yo tankou yon vye banza* moun pa ka fè konfyans+.

Prens yo genyen yo ap tonbe anba kout epe paske yo manke moun dega ak lang yo.

Se poutèt sa, moun ap pase yo nan rizib nan peyi Ejip+.”

8 “Sonnen kòn+!

Gen yon ènmi ki vin atake pèp* Jewova a tankou yon èg+,

Paske yo pa respekte alyans mwen an+ e yo dezobeyi lwa m nan+.

 2 Yo te rele m byen fò, yo di: ‘O Bondye nou an, nou menm pèp Izrayèl, nou konnen w+!’

 3 Moun Izrayèl yo voye sa ki byen jete+.

Se pou yon ènmi kouri dèyè yo!

 4 Yo met wa dirije yo san m pa ba yo dwa fè sa.

Yo met prens sou tèt yo, men, mwen pa rekonèt yo.

Yo fè zidòl ak ajan ak lò yo genyen yo+,

E se sa k ap lakòz yo detwi+.

 5 O Samari, mwen voye estati ti towo bèf ou a jete+.

Mwen an kòlè anpil kont moun sa yo+.

Pandan konbyen tan y ap rete san yo pa pirifye tèt yo pou sa yo fè ki mal?

 6 Paske se ann Izrayèl li soti.

Se yon atizan ki fè l, li pa Bondye.

Estati ti towo bèf Samari a ap kraze fè miyèt moso.

 7 Piske se van moun sa yo ap simen,

Y ap rekòlte van tanpèt+.

Pa gen yon branch k ap bay grenn ki mi*+.

Pa gen okenn boujon k ap bay farin.

Si youn ta donnen, moun lòt nasyon yo ap pran tout sa l bay+.

 8 Ènmi an ap vale moun Izrayèl yo+.

Kounye a, yo pral pami nasyon yo+,

Tankou yon veso pèsonn pa bezwen.

 9 Paske, yo monte al Asiri+ tankou yon bourik mawon ki poukont li.

Efrayim peye pwostitye pou kouche avè l+.

10 Byenke pwostitye yo peye yo se nan lòt nasyon yo pran yo,

Kounye a, mwen pral mete yo ansanm.

Yo pral kòmanse soufri+ akoz fado wa yo ak prens yo met sou do yo.

11 Moun Efrayim yo fè yon pakèt lotèl, sa ki lakòz yo peche+.

Lotèl sa yo te vin tounen lotèl pou moun fè peche+.

12 Mwen te ekri anpil lwa* pou yo,

Men, yo te meprize lwa m yo+.

13 Yo fè sakrifis pou mwen, yo manje vyann yo.

Men, mwen menm, Jewova, mwen pa pran plezi nan sakrifis yo fè yo+.

Kounye a, m ap sonje peche yo e m ap pini yo pou sa+.

Yo retounen* ann Ejip+.

14 Moun Izrayèl yo bliye Sila a ki te fè yo a+, yo bati yon pakèt tanp+,

E moun Jida yo fè yon pakèt vil ki byen pwoteje+.

Men, m ap voye dife nan vil yo genyen yo,

E dife a ap boule fòtrès ki nan chak vil+.”

9 “Pinga kè w kontan, o Izrayèl+.

Pinga w montre w kontan menm jan ak pèp yo.

Paske nan lage kò w nan pwostitisyon*, w al lwen Bondye w la+.

Ou renmen sa yo peye pwostitye ki sou tout glasi kote yo konn bat manje angren yo+.

 2 Men, kote yo konn bat manje angren yo ak près diven yo pap ba yo manje.

Pap gen bon diven ankò+.

 3 Yo pap kontinye ret nan peyi Jewova a ankò+.

Okontrè, Efrayim pral retounen ann Ejip,

E y ap manje bagay ki pa pwòp nan peyi Asiri+.

 4 Yo pap vide diven kòm ofrann bay Jewova ankò+.

Sakrifis yo fè yo pap fè l plezi+.

Yo tankou manje moun manje lè yo gen lanmò.

Nenpòt moun ki manje yo ap kontamine tèt li.

Paske se pou yo* sèlman manje sa yo ye.

Yo pap pote yo nan kay Jewova a.

 5 Ki sa n ap fè lè jou a rive pou nou reyini*,

Oubyen lè jou a rive pou nou fè yon fèt pou Jewova?

 6 Paske, gade! Lè yo vin detwi yo, y ap kouri+.

Moun Ejip yo ap fè yo rasanble+, e moun Menmfis yo ap antere yo+.

Pye pikan yo ap anvayi bagay ki fèt ann ajan yo genyen ki gen anpil valè yo,

E pikan pral pouse nan tant yo.

 7 Jou pou yo pini yo a rive+,

Jou pou Bondye ba yo sa yo merite a.

E Izrayèl pral konn sa.

Pwofèt yo a pral vin sòt, e moun lespri bay mesaj la ap fou.

Piske nou fè anpil peche, yo rayi nou anpil.”

 8 Moun ki t ap veye+ pou Efrayim nan te avèk Bondye+.

Men, kounye a, pwofèt yo+ tankou pyèj moun k ap chase zwazo tann sou tout wout Efrayim yo.

Gen rayisman nan kay Bondye l la.

 9 Yo fin pouri nèt, menm jan sa te rive nan Gibeya a+.

Li pap bliye bagay mal yo fè e l ap pini yo pou peche yo fè+.

10 “Mwen wè Izrayèl tankou rezen ki nan dezè+.

Mwen wè zansèt li yo tankou fig frans ki donnen anvan lè.

Men, yo t al jwenn Baal ki nan Peyò a+.

Yo t ap adore bagay* ki fè moun wont lan+,

Yo vin bay repiyans menm jan ak bagay yo renmen an.

11 Glwa Efrayim vole ale tankou yon zwazo.

Pa gen pèsonn ki fè pitit e pa gen ni fi ki gwo vant, ni fi ki vin ansent+.

12 Menmsi yo ta leve pitit,

M ap touye pitit yo jiskaske pa ret youn ankò+.

Wi, malè pou yo lè m vire do ba yo+!

13 Menm jan ak vil Ti, mwen te wè yo plante Efrayim nan yon savann+.

Kounye a, Efrayim dwe mennen pitit li yo deyò pou yo touye yo.”

14 O Jewova, ba yo sa ou dwe ba yo a.

Ba yo yon vant k ap fè foskouch ak tete ki sèch*.

15 “Se nan Gilgal yo te fè tout bagay mal yo te fè yo+, paske se la mwen te vin rayi yo.

M ap mennen yo lwen kay mwen an akoz bagay mal y ap fè yo+.

Mwen pap renmen yo ankò+.

Tout prens ki lakay yo gen tèt di.

16 Efrayim pral blese+.

L ap tankou yon plant rasin li seche, e li pap bay okenn fwi.

Menmsi yo ta fè pitit, m ap touye pitit yo.”

17 Bondye m nan ap voye moun yo jete,

Paske yo pa t koute l+,

E y ap vin tounen moun ki nan mawon pami nasyon yo+.

10 “Moun Izrayèl yo se yon pye rezen ki depafini* k ap bay fwi+.

Tank l ap bay plis fwi, se tank l ap ogmante kantite lotèl li yo+.

Tank tè kote l ye a bay rannman, se tank poto sakre li genyen ki fèt an wòch yo vin pi bèl+.

 2 Yo* ipokrit*.

Kounye a, moun ap wè yo koupab.

Y ap kraze lotèl yo genyen yo e y ap detwi poto sakre ki fèt an wòch yo.

 3 Kounye a, yo pral di: ‘Nou pa gen wa+, paske nou pa gen lakrentif pou Jewova.

Epi, ki sa yon wa t ap ka itil nou?’

 4 Yo pale pawòl ki san valè, yo fè fo sèman+ e yo fè yon pakèt alyans.

Se sa k fè jijman y ap jwenn nan tankou yon plant ki gen pwazon ki pouse nan yon jaden yo fin raboure+.

 5 Moun ki rete Samari yo ap pè pou estati ti towo bèf ki nan Bètavenn nan+.

Moun sa yo pral nan lapenn pou estati a.

Se konsa prèt fo dye l yo pral ye tou, yo menm ki te kontan pou li e pou glwa li genyen,

Paske l ap kite yo pou l al ann egzil.

 6 Yo pral Asiri ak estati a pou yo fè yon gran wa kado+.

Y ap fè Efrayim wont,

E Izrayèl ap wont akoz konsèy li te koute a+.

 7 Samari ansanm ak wa l la pral peri* san mank+,

Menm jan ak yon ti moso bwa ki kase e k ap flote sou dlo.

 8 Yo pral detwi+ kote yo konn adore fo dye nan Bètavenn yo+, anpalan de peche Izrayèl te fè a+.

Se pikan ak chadwon ki pral leve sou lotèl yo genyen yo+.

Moun yo ap di mòn yo: ‘Kouvri nou!’

E y ap di ti mòn yo: ‘Tonbe sou nou+!’

 9 O Izrayèl, ou te peche depi sa k te pase nan Gibeya a+.

Ou kontinye fè menm peche a.

Mechan ki nan Gibeya yo pa t mouri* nan lagè.

10 Lè m vle, mwen pral disipline mechan sa yo tou.

Moun pral rasanble pèp yo pou yo fè lagè avèk yo

Lè yo mare toule de peche yo te fè yo sou yo*.

11 Efrayim te yon ti gazèl bèf yo te drese ki renmen raboure tè,

Se sa k fè m pa t met anyen sou kou l.

Kounye a, mwen pral fè yon moun met yon sèl sou do Efrayim pou fè l raboure tè+.

Jida pral raboure tè. Jakòb pral vire tè pou moun sa a.

12 Plante sa ki dwat, epi rekòlte lanmou ki fidèl.

Raboure tè ki bay bon rannman an+

Pandan nou kapab chèche m toujou, mwen menm, Jewova+,

Jiskaske m vin aprann nou fè sa ki dwat+.

13 Men, se sa ki mal nou plante,

E se sa k pa dwat nou rekòlte+.

N ap peye poutèt nou twonpe tèt nou,

Paske nou te kwè nan tèt nou

Ak nan pakèt sòlda nou genyen pou n fè lagè yo.

14 Yo pral fè yon gwo bri sou pèp nou an.

Yo pral kraze tout vil nou genyen ki byen pwoteje yo+,

Menm jan Chalman* te kraze moun ki abite Abèl yo

Nan jou batay kote yo te rache ni manman ni pitit fè miyèt moso a.

15 O Betèl, se sa yo pral fè w+ akoz vye bagay mal w ap fè byen klè yo.

Kou l jou, y ap touye wa Izrayèl la* san mank+.”

11 “Lè Izrayèl te piti, mwen te renmen l+,

Epi, mwen te rele pitit gason m nan pou l kite peyi Ejip+.

 2 Tank yo* t ap rele Izrayelit yo,

Se tank yo t al pi lwen+.

Yo te kontinye fè sakrifis pou zidòl Baal yo+

E yo te kontinye fè sakrifis pou estati yo+.

 3 Men, se mwen menm ki te montre Efrayim mache+, mwen te pote l nan bra m+,

E li pa t rekonèt se mwen ki te geri l.

 4 Mwen te sèvi ak lanmou tankou kòd* pou m kontinye rale moun yo vin jwenn mwen+.

Mwen te tankou yon moun k ap retire yon jouk sou kou* yo.

Se avèk jantiyès mwen te pot manje bay chak moun.

 5 Yo pap retounen nan peyi Ejip, men se Asiri k ap dirije yo kòm wa+,

Paske yo refize tounen vin jwenn mwen+.

 6 Epi, gen yon epe ki pral vire tou won nan vil yo genyen yo+,

L ap kraze ba fè ki nan pòtay vil yo e l ap touye moun nan vil yo poutèt move plan yo fè yo+.

 7 Pèp mwen an gen tandans pa fidèl avè m+.

Byenke y ap rele yo pou yo tounen vin kote ki wo a*, pa gen yon moun ki leve kanpe.

 8 O Efrayim, ki jan pou m ta fè abandone w+?

O Izrayèl, ki jan pou m ta fè livre w bay ènmi w yo?

Ki jan pou m ta fè aji avè w jan m te fè Adma a?

Ki jan pou m ta fè fè w menm bagay ak Seboyim+?

Mwen chanje lide.

Menm kote a, mwen te vin gen anpil pitye pou ou+.

 9 Mwen pap vin an kòlè anpil.

Mwen pap detwi Efrayim ankò+,

Paske mwen se Bondye, mwen pa yon senp moun,

Mwen se Bondye ki sen an ki nan mitan nou,

Mwen pap vin sou nou tou an kòlè.

10 Y ap mache dèyè Jewova, epi l ap gwonde tankou yon lyon+.

Lè l gwonde, pitit li yo ap soti tou ap tranble nan direksyon lwès+.

11 Lè y ap sot nan peyi Ejip, y ap tranble tankou zwazo.

Lè y ap sot nan peyi Asiri, y ap tranble tankou pijon+.

Epi, m ap fè yo abite nan kay yo.” Se sa Jewova di+.

12 Epi, li di: “Efrayim benyen m ak manti,

Se twonpe sèlman pèp Izrayèl la twonpe m+.

Men, Jida kontinye mache avèk Bondye,

E li fidèl ak Sila a ki pi sen an+.”

12 “Efrayim met espwa l nan bagay ki pa vo anyen*.

Tout lajounen l ap kouri dèyè van ki sot nan direksyon lès la.

L ap fè manti e l ap fè vyolans san rete.

Li fè yon alyans ak Asiri+ e li pote luil bay Ejip+.

 2 Jewova gen yon kont pou l regle ak Jida+.

L ap pini Jakòb pou fason Jakòb aji,

E l ap fè l peye sa l fè+.

 3 Lè Jakòb te nan vant, li te kenbe talon pye frè l la+.

Annapre, li te lite ak Bondye ak tout fòs+.

 4 Li te kontinye lite ak yon zanj e li te genyen.

Li te kriye e li te sipliye l pou l fè l favè+.”

Bondye te rankontre l Betèl, e se la Bondye te pale avèk nou+.

 5 Li se Jewova, Bondye ki Chèf lame yo+.

Se pou moun sonje non li se Jewova+.

 6 “Kidonk, retounen vin jwenn Bondye nou an+.

Kontinye demontre lanmou ki fidèl e kontinye fè sa ki dwat+,

Epi toujou met espwa nou nan Bondye nou an.

 7 Epoutan, se fo balans negosyan* an gen nan men l.

Li renmen fè magouy+.

 8 Efrayim kontinye ap di: ‘Mwen vin rich toutbon+.

Mwen vin gen anpil richès+,

E nan tout travay di mwen fè yo, yo pap jwenn okenn peche oswa bagay mal mwen fè.’

 9 Men, se mwen menm, Jewova, ki Bondye w depi lè w te nan peyi Ejip+.

Mwen pral fè w ret anba tant ankò,

Tankou w te konn fè nan moman fèt yo.

10 Mwen te pale ak pwofèt yo+,

Mwen te ba yo anpil vizyon.

Mwen te sèvi ak pwofèt yo pou m bay yon seri parabòl.

11 Nan Galaad, moun yo te konn twonpe moun*+ e yo te bay manti.

Nan Gilgal, moun yo te fè sakrifis towo bèf+,

E lotèl yo genyen yo tankou pil wòch ki nan jaden yo raboure+.

12 Jakòb te kouri al nan mawon nan tèritwa Aram*+.

Izrayèl+ t al travay pou l gen yon madanm+.

Li te gade mouton pou l te ka gen yon madanm+.

13 Jewova te sèvi ak yon pwofèt pou l fè Izrayèl kite peyi Ejip+,

E li te sèvi ak yon pwofèt pou l pwoteje l+.

14 Efrayim te fè Bondye fache anpil+.

Li ret koupab pou san li te fè koule yo.

Seyè l la ap fè l peye pou lawont li te lage sou li a+.”

13 “Lè Efrayim te pale, moun te pran tranble.

Li te gen anpil enpòtans ann Izrayèl+.

Men, li te vin koupab akoz li t ap adore Baal+, epi li te mouri.

 2 Kounye a, moun yo ajoute sou peche yo fè a,

E yo sèvi ak ajan yo genyen yo pou yo fè estati*+.

Yo fò nan fè zidòl. Tout sa yo fè yo se travay atizan.

Men sa yo di lè y ap pale de zidòl yo: ‘Se pou moun k ap fè sakrifis la bo ti towo bèf yo+.’

 3 Se sa k fè y ap vin menm jan ak nyaj ki parèt nan maten yo,

Y ap tankou lawouze ki disparèt byen bonè,

Tankou pay ki sou glasi van tanpèt pote ale,

E tankou lafimen k ap soti nan twou ki sou tèt kay yo.

 4 Men, mwen se Jewova, Bondye nou, depi lè nou te nan peyi Ejip+.

Apa mwen menm, nou pa t konn okenn lòt Dye,

E apa mwen menm, pa gen pèsonn ki ka delivre nou+.

 5 Mwen te pran ka nou nan dezè a+, nan peyi ki gen sechrès la.

 6 Vant nou te plen ak manje nou te manje nan patiraj nou yo+.

Vant nou te vin plen e nou te vin gen ògèy nan kè nou.

Se sa k fè nou te bliye m+.

 7 M ap vin tankou yon lyon pou nou+,

Tankou yon leyopa ki maske kò l nan yon wout.

 8 M ap vin sou nou tankou yon manman lous ki pèdi pitit li,

M ap ouvè lestomak* nou de bò.

M ap devore nou kote nou ye a tankou yon lyon.

Yon bèt sovaj nan bwa ap dechire nou fè miyèt moso.

 9 L ap detwi nou, o pèp Izrayèl,

Paske nou te vire kont mwen, mwen menm ki t ap ede nou.

10 Bon, kote wa nou an pou l ta vin sove nou nan tout vil nou genyen yo+,

E kote chèf* nou yo nou t ap pale de yo lè n te di:

‘Ban nou yon wa ak prens+’?

11 Mwen te ban nou yon wa pandan m te an kòlè+,

E m ap retire l pandan m fache anpil+.

12 Move bagay Efrayim fè a byen vlope*.

Peche l la byen konsève.

13 Efrayim ap tankou fi ki gen doulè tranche.

Men, li se yon pitit ki pa gen sajès.

Lè lè a rive pou l fèt, li pa parèt.

14 M ap sove pèp mwen an anba pouvwa Tonm nan*.

M ap delivre yo nan lanmò+.

O Lanmò, kote pikan w yo+?

O Tonm, kote pouvwa w genyen pou w detwi a+?

Mwen pap gen okenn pitye.

15 Menmsi yo ta fleri tankou pye wozo,

Yon van ki sot nan lès ap vini, se yon van Jewova ap voye.

L ap soti nan dezè a pou l seche pi li genyen an ak sous li genyen an.

Yon moun ap piye trezò li genyen ki chaje tout kalite bagay ki gen valè yo+.

16 Moun Samari yo ap koupab+ paske yo fè rebèl ak Bondye yo a+.

Se anba kout epe y ap tonbe+.

Y ap dechire pitit yo genyen yo fè miyèt moso

E y ap fann vant fanm ansent yo.”

14 “O Izrayèl, se pou w retounen vin jwenn Jewova, Bondye w la+,

Paske se peche w fè ki fè w bite e ki fè w tonbe.

 2 Retounen vin jwenn Jewova, e men sa pou w di l.

Di l: ‘Tanpri, padone peche nou yo+ e aksepte sa ki bon nan men nou.

Epi, n ap fè louwanj pou ou ak bouch nou+ tankou se sakrifis towo bèf nou t ap fè pou ou*.

 3 Asiri pap sove nou+.

Nou pap monte sou cheval+,

E n ap sispann di travay nou fè ak men nou yo: “Nou se Bondye nou!”

Paske, se ou menm ki fè timoun ki pa gen papa a mizèrikòd+.’

 4 M ap geri yo e yo pap aji yon fason ki montre yo pa fidèl ankò+.

M ap renmen yo san pèsonn pa fòse m+,

Paske mwen pa an kòlè sou yo ankò+.

 5 M ap vin tankou lawouze pou pèp Izrayèl la.

L ap fleri tankou flè lis

E l ap pouse rasin menm jan ak pyebwa ki nan Liban yo.

 6 L ap gen boujon toupatou,

L ap bèl tankou pye oliv

E l ap santi bon menm jan ak pyebwa ki nan Liban yo.

 7 Pèp mwen an ap ret anba lonbray mwen.

Y ap plante manje angren, y ap boujonnen tankou pye rezen+.

Moun ap pale de* mwen jan yo konn pale de diven ki sot Liban.

 8 Efrayim pral di: ‘Ki sa m dwe fè ankò ak zidòl yo+?’

M ap ba l repons e m ap pran swen l+.

M ap tankou yon pye jenevriye k ap fleri.

Se mwen menm k ap ba w fwi.”

 9 Ki moun ki gen sajès? Se pou l konprann bagay sa yo.

Ki moun ki entèlijan? Se pou l konnen yo.

Paske, chemen Jewova yo dwat+,

E se moun ki dwat k ap mache ladan yo,

Men, moun k ap fè peche yo ap bite e y ap tonbe ladan yo.

Se yon fason kout yo di Ochaya, ki vle di: “Moun Ja sove; Ja sove l”.

Oswa: “pou l fè imoralite; pou l fè sèks ak plizyè lòt gason”.

Oswa: “lè l t ap fè imoralite a; lè l te nan fè sèks ak plizyè lòt gason an”.

Oswa: “ap fè imoralite; ap fè sèks ak plizyè moun”.

Sa vle di: “Bondye pral simen semans”. Se vil kote wa yo te konn rete nan wayòm nò Izrayèl la, byenke se Samari ki te kapital la. Gade 1Wa 21:1.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Plèn”.

Sa vle di: “Yo pa t fè l mizèrikòd”.

Sa vle di: “Yo pa pèp mwen”.

Lit.: “pitit gason”.

Gade nòt ki pou Oz 1:9 la.

Gade nòt ki pou Oz 1:6 la.

Oswa: “sispann fè imoralite; sispann fè sèks ak plizyè lòt gason”.

Oswa: “lè l t ap fè imoralite a; lè l te nan fè sèks ak plizyè lòt moun nan”.

Oswa: “te fè imoralite; te fè sèks ak plizyè lòt gason”.

Oswa: “Plèn”.

Oswa: “Baal”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “m ap kite moun yo viv”.

Sa vle di: “Bondye pral simen semans”.

Gade nòt ki pou Oz 1:6 la.

Gade nòt ki pou Oz 1:9 la.

Anpalan de gato yo itilize nan fo adorasyon.

Oswa: “anviwon 108 gwo mamit”. Yon homè egal 220 lit. Gade Apendis B14.

Se yon kalite manje angren.

Oswa: “pa dwe fè imoralite (fè sèks ak plizyè lòt gason)”.

Oswa: “e mwen pap gen relasyon avè w”.

Lit.: “anpil jou”.

Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.

Oswa: “dye fanmi; zidòl”.

Oswa: “m ap detwi manman nou”.

Oswa: “Y ap detwi pèp mwen an”.

Oswa: “lòd”.

Se kapab tou: “Yo te pito lawont nan plas glwa mwen”.

Oswa: “yo leve nanm yo”. Gade “Nanm” nan Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Y ap vin imoral anpil; Y ap lage kò yo nan aji tankou pwostitye”.

Oswa: “Imoralite; Sèks ak plizyè moun”.

Lit.: “retire kè”.

Oswa: “baton divinò”.

Oswa: “pou yo fè imoralite; pou yo fè sèks ak plizyè moun”.

Oswa: “yo fè imoralite; yo fè sèks ak plizyè moun”.

Se yon pyebwa ki fè bèl flè ki bay bon sant.

Oswa: “pitit fi nou yo lage kò yo nan fè imoralite; pitit fi nou yo lage kò yo nan fè sèks ak plizyè gason”.

Oswa: “poutèt yo fè imoralite; poutèt yo fè sèks ak plizyè gason”.

Oswa: “menmsi w fè imoralite; menmsi w fè sèks ak plizyè moun”.

Lit.: “ki nan yon kote ki gen anpil espas”.

Oswa: “Epi, byè ki fèt ak ble”.

Oswa: “Yo vin imoral anpil; Yo lage kò yo nan fè pwostitisyon”.

Lit.: “Epi, boukliye”.

Oswa: “Moun ki kite wout la”.

Oswa: “M ap disipline yo tout”.

Oswa: “nan fè imoralite; nan pwostitisyon”.

Oswa: “se fè imoralite; se fè sèks ak plizyè moun”.

Lit.: “kondane l nan figi l”.

Se kapab tou: “Kounye a, yon mwa ap devore yo”.

Oswa: “tè”.

Oswa: “kot wa Jarèb”.

Oswa: “yon jenn lyon ki gen krinyè”.

Lit.: “chèche fas mwen”.

Se kapab tou: “Paske, kè yo tankou yon fou lè y ap vini ak mannigans y ap fè yo”.

Lit.: “k ap jije yo”.

Sa vle di se pa pou yon adorasyon ki wo nivo.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “tanp”.

Oswa: “ki sou pye”.

Oswa: “lòd”.

Se kapab tou: “Yo pral tounen”.

Oswa: “nan fè imoralite; nan fè sèks ak plizyè moun”.

Oswa: “pou nanm yo”.

Oswa: “Ki sa n ap fè lè jou fèt nou an rive”.

Oswa: “dye”.

Oswa: “tete ki plat”.

Se kapab tou: “yon pye rezen k ap ouvri kò l”.

Oswa: “Kè yo”.

Oswa: “mètdam”.

Oswa: “pral fè silans”.

Oswa: “pa t detwi nèt”.

Sa vle di lè yo pote pinisyon yo tankou yon jouk.

Sanble, pou anpil moun, Chalman se yon fason kout yo te rele Salmanaza. Petèt se te Salmanaza V.

Lit.: “y ap fè wa Izrayèl la fè silans”.

Anpalan de pwofèt yo ak lòt moun Bondye te voye vin anseye pèp Izrayèl la.

Sanble paran yo te konn sèvi ak kòd pou yo montre pitit yo mache.

Lit.: “machwè”.

Sa vle di nan yon adorasyon ki wo nivo.

Lit.: “Efrayim ap manje van”.

Oswa: “komèsan”.

Oswa: “te fè maji; te nan bagay mistik”.

Oswa: “Siri”.

Oswa: “pou yo fè estati ki fèt ak metal yo fonn”.

Lit.: “kloti kè”.

Lit.: “jij”.

Oswa: “sere”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “Epi, nou menm, n ap ofri w jenn towo bèf k ap sot nan bouch nou yo”.

Lit.: “ap sonje”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje