PREMYE LIV KWONIK YO
5 Pitit gason Jafèt yo se te Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal+, Mechèk+ ak Tiras+.
6 Pitit gason Gomè yo se te Achkenaz, Rifat ak Togama+.
7 Pitit gason Javan yo se te Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim*.
8 Pitit gason Kam yo se te Kouch+, Mizrayim, Pout ak Kanaran+.
9 Pitit gason Kouch yo se te Seba+, Avila, Sabta, Rama+ ak Sabteka.
Pitit gason Rama yo se te Cheba ak Dedan+.
10 Kouch se te papa Nimwod+. Nimwod se premye moun ki te vin gen anpil pouvwa sou tè a.
11 Mizrayim se te papa Loudim+, Anamim, Leyabim, Naftouyim+, 12 Patwousim+, Kaslouyim (zansèt moun Filisti yo+) ak Kaftorim+.
13 Kanaran se te papa Sidon+, premye pitit li, e se te papa Èt+ 14 ak moun Jebis yo+, Amorit yo+, Gigachit yo+, 15 Ivit yo+, Akit yo, Sinit yo, 16 moun Avad yo+, Zemarit yo ak moun Amat yo.
18 Apakchad se te papa Chela+, e Chela se te papa Ebè.
19 Ebè te gen de pitit gason. Youn te rele Pelèg*+, paske tè a* te divize nan epòk li t ap viv la. Frè l la te rele Joktan.
20 Joktan se te papa Almodad, Chelèf, Atsamavèt, Jera+, 21 Adoram, Ouzal, Dikla, 22 Obal, Abimayèl, Cheba, 23 Ofi+, Avila+ ak Jobab. Yo tout se te pitit gason Joktan.
28 Pitit gason Abraram yo se te Izarak+ ak Izmayèl+.
29 Men desandan yo: premye pitit Izmayèl la se te Nebayòt+, apre sa li te gen Keda+, Adbeyèl, Mibsam+, 30 Michma, Douma, Masa, Adad, Tema, 31 Jetou, Nafich ak Kedma. Mesye sa yo se te pitit gason Izmayèl.
32 Men non pitit gason Ketoura+, lòt madanm Abraram nan, te fè yo: Zimran, Jokchan, Medan, Madyan+, Ichbak ak Chouwa+.
Jokchan te gen de pitit gason: Cheba ak Dedan+.
33 Pitit gason Madyan yo se te Efa+, Efè, Anòk, Abida ak Èldaya.
Tout mesye sa yo se te pitit Ketoura.
34 Abraram se te papa Izarak+. Izarak te gen de pitit gason: Ezaou+ ak Izrayèl+.
35 Pitit gason Ezaou yo se te Elifaz, Rewouyèl, Jewouch, Jalam ak Kore+.
36 Pitit gason Elifaz yo se te Teman+, Oma, Sefo, Gatam, Kenaz, Timna ak Amalèk+.
37 Pitit gason Rewouyèl yo se te Nahat, Zera, Chama ak Miza+.
38 Pitit gason Seyi yo+ se te Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, Dichon, Ezè ak Dichan+.
39 Pitit gason Lotan yo se te Ori ak Omam*, e Timna se te sè Lotan+.
40 Pitit gason Chobal yo se te Alvan, Manarat, Ebal, Chefo ak Onam.
Pitit gason Zibeyon yo se te Ayiya ak Ana+.
41 Pitit gason Ana a* te rele Dichon.
Pitit gason Dichon yo se te Emdan, Echban, Itran ak Keran+.
42 Pitit gason Ezè yo+ se te Bilan, Zavan ak Akan.
Pitit gason Dichan yo se te Ouz ak Aran+.
43 Men wa ki te gen nan peyi Edòm+ anvan te vin gen wa k ap dirije Izrayelit yo*+: Bela, pitit gason Beyò. Li t ap dirije detan l nan vil Dinaba. 44 Lè Bela mouri, Jobab, pitit gason Zera, moun Bozra+, te vin wa nan plas li. 45 Lè Jobab mouri, Oucham, moun peyi Teman, te vin wa nan plas li. 46 Lè Oucham mouri, Adad, pitit gason Bedad, ki te pot laviktwa sou moun Madyan yo nan tèritwa Mowab, te vin wa nan plas li. Li t ap dirije detan l nan vil Avit. 47 Lè Adad mouri, Samla, moun Masreka, te vin wa nan plas li. 48 Lè Samla mouri, Chayil, moun Reyobòt ki toupre Rivyè a, te vin wa nan plas li. 49 Lè Chayil mouri, Baalanan, pitit gason Akbò, te vin wa nan plas li. 50 Lè Baalanan mouri, Adad te vin wa nan plas li, e li t ap dirije detan l nan vil Pawou. Madanm li te rele Meyetabèl, pitit fi Matrèd ki te pitit fi Mezarab. 51 Apre sa, Adad mouri.
Men non chèf tribi Edòm yo: Timna, chèf tribi, Alva, chèf tribi, Jetèt, chèf tribi+, 52 Owolibama, chèf tribi, Ela, chèf tribi, Pinon, chèf tribi, 53 Kenaz, chèf tribi, Teman, chèf tribi, Mibza, chèf tribi, 54 Magdyèl, chèf tribi, ak Iram, chèf tribi. Yo tout se te chèf tribi nan Edòm.
2 Men non pitit gason Izrayèl yo+: Ribenn+, Simeyon+, Levi+, Jida+, Isaka+, Zabilon+, 2 Dann+, Jozèf+, Benjamen+, Neftali+, Gad+ ak Achè+.
3 Pitit gason Jida yo se te È, Onan ak Chela. Jida te fè toule twa ak pitit fi Chouwa a, yon fi ki moun Kanaran+. Men, Jewova te touye È, premye pitit Jida a, paske È pa t fè l kontan+. 4 Tama+, bèlfi Jida, te fè Perès+ ak Zera pou Jida tou. Antou, Jida te gen senk pitit gason.
5 Pitit gason Perès yo se te Ezwon ak Amoul+.
6 Pitit gason Zera yo se te Zimri, Etan, Eman, Kalkòl ak Dara. Antou, Zera te gen senk pitit gason.
7 Pitit gason Kami an* te rele Aka*. Li te fè malè tonbe sou pèp Izrayèl la+, li pa t montre l fidèl anrapò ak bagay ki te dwe detwi yo+.
8 Pitit gason Etan an* se te Azarya.
9 Pitit gason Ezwon yo se te Jerameyèl+, Ram+ ak Keloubayi*.
10 Ram se te papa Aminadab+. Aminadab se te papa Nachon+, chèf desandan Jida yo. 11 Nachon se te papa Salma+. Salma se te papa Bowaz+. 12 Bowaz se te papa Obèd. Obèd se te papa Jese+. 13 Premye pitit Jese a te rele Elyab, apre sa, li te gen Abinadab+, dezyèm pitit li, Chimeya, twazyèm pitit li+, 14 Netanèl, katriyèm pitit li, Radayi, senkyèm pitit li,· 15 Ozèm, sizyèm pitit li, ak David+, setyèm pitit li. 16 Sewouya ak Abigayil+ se te sè yo. Sewouya te gen twa pitit gason: Abichayi+, Jowab+ ak Asayèl+. 17 Abigayil te fè Amaza+. Papa Amaza se te Jetè, yon desandan Izmayèl.
18 Kalèb*, pitit gason Ezwon, te fè plizyè pitit gason avèk madanm li, Azouba, e avèk Jeriyòt. Men non pitit gason li te genyen yo: Jechè, Chobab ak Adon. 19 Apre Azouba mouri, Kalèb te marye ak Efrat+ ki te fè yon pitit gason pou li ki rele Ou+. 20 Ou se te papa Ouri e Ouri se te papa Betsalèl+.
21 Apre sa, Ezwon te antre nan relasyon ak pitit fi Maki+, papa Galaad+. Ezwon te gen 60 an lè l te marye avèk li, e li te fè Segoub pou Ezwon. 22 Segoub se te papa Jayi+, e Jayi te gen 23 vil nan Galaad+. 23 Annapre, Gechou+ ak Siri+ te pran Avòtjayi+ nan men moun ki t ap viv nan zòn sa a ansanm ak Kenat+ ak ti vil ki sou kont* li yo. Antou, yo te pran 60 vil. Tout moun sa yo se te desandan Maki, papa Galaad.
24 Apre lanmò Ezwon+ nan Kalèbefrata, Abija, madanm Ezwon, te fè Achou+ pou li. Achou se te papa Tekowa+.
25 Pitit gason Jerameyèl, premye pitit Ezwon an, te genyen yo se te: Ram, premye pitit li, Bouna, Orèn, Ozèm ak Ayija. 26 Jerameyèl te gen yon lòt madanm ki te rele Atara. Se li menm ki te manman Onam. 27 Ram, premye pitit Jerameyèl, te gen twa pitit gason: Maz, Jamin ak Ekè. 28 Pitit gason Onam yo se te Chamayi ak Jada. Pitit gason Chamayi yo se te Nadab ak Abichou. 29 Madanm Abichou te rele Abikayil. Li te fè Aban ak Molid pou Abichou. 30 Pitit gason Nadab yo se te Selèd ak Apayim. Men, Selèd te mouri san l pa gen pitit. 31 Pitit gason Apayim nan* te rele Ichi. Pitit gason Ichi a* te rele Chechan e pitit gason Chechan an* te rele Alayi. 32 Pitit gason Jada, frè Chamayi a, te genyen yo se te Jetè ak Jonatan. Men, Jetè te mouri san l pa gen pitit. 33 Pitit gason Jonatan yo se te Pelèt ak Zaza. Tout moun sa yo se te desandan Jerameyèl.
34 Chechan pa t gen pitit gason, se pitit fi sèlman li te genyen. Chechan te gen yon sèvitè ejipsyen ki te rele Jara. 35 Chechan te bay Jara, sèvitè l la, yon pitit fi l kòm madanm, e fi a te fè yon pitit pou Jara ki te rele Atayi. 36 Atayi se te papa Natan. Natan se te papa Zabad. 37 Zabad se te papa Eflal. Eflal se te papa Obèd. 38 Obèd se te papa Jeyi. Jeyi se te papa Azarya. 39 Azarya se te papa Elèz. Elèz se te papa Eleyasa. 40 Eleyasa se te papa Sismayi. Sismayi se te papa Chaloum. 41 Chaloum se te papa Jekamya. Jekamya se te papa Elichama.
42 Pitit gason Kalèb*+, frè Jerameyèl la, te genyen yo se te Mecha, premye pitit li, ki te papa Zif. E te gen pitit gason Marecha yo, ki li menm te papa Ebwon. 43 Pitit gason Ebwon yo se te Kore, Tapwa, Rekèm ak Chema. 44 Chema se te papa Raham, ki li menm te papa Jòkeyam. Rekèm se te papa Chamayi. 45 Pitit gason Chamayi a te rele Mawon. Mawon se te papa Bètsou+. 46 Efa, yon lòt madanm Kalèb te genyen, te fè Aran, Moza ak Gazèz pou Kalèb. Aran se te papa Gazèz. 47 Pitit gason Jadayi yo se te Regèm, Jotam, Gechan, Pelèt, Efa ak Chayaf. 48 Maaka, yon lòt madanm Kalèb te genyen, te fè Chebè ak Tirana pou Kalèb. 49 Annapre, li te fè Chayaf, papa Madmana+, Cheva, papa Makbena, ak Gibeya+ pou Kalèb. Kalèb+ te gen yon pitit fi tou ki te rele Aksa+. 50 Tout moun sa yo se te desandan Kalèb.
Premye pitit Efrata+ te genyen an se te Ou+. Pitit gason Ou yo se te: Chobal, moun ki te fonde Kiriyatjeyarim nan*+, 51 Salma, ki te fonde Betleyèm+, ak Arèf, ki te fonde Bètgadè. 52 Men desandan Chobal, moun ki te fonde Kiriyatjeyarim nan, te genyen yo: Awoye ak mwatye nan fanmi Menouwòt yo. 53 Fanmi ki te Kiriyatjeyarim yo se te Itrit yo+, desandan Pout yo, Choumatit yo ak Michrayit yo. Se pami yo Soratit yo+ ak Echtawolit yo+ soti. 54 Desandan Salma yo t ap viv Betleyèm+, Netofa ak Atwòtbètjowab. Mwatye nan moun ki t ap viv Manarat yo ak moun Sowa yo se te desandan Salma tou. 55 Fanmi moun ki te konn ekri nan rejis yo ki te rete Jabèz yo se te desandan Tira, desandan Chimeyat ak desandan Souka. Se Kenit yo te ye+. Yo se desandan Amat, zansèt desandan Rekab yo+.
3 Men pitit gason David te genyen ki te fèt Ebwon yo+: Premye pitit gason l lan te rele Amnon+. Li te fè l avèk Ayinowam+, moun Jizreyèl. Dezyèm nan te rele Dànyèl. Li te fè l ak Abigayil+, moun Kamèl. 2 Twazyèm nan te rele Absalon+. Se te pitit gason Maaka, pitit fi Talmayi ki te wa Gechou. Katriyèm nan te rele Adonija+. Li te fè l ak Agit. 3 Senkyèm nan te rele Chefatya, manman l te rele Abital. Sizyèm nan te rele Jitreyam, manman l te rele Egla, se te madanm David. 4 David te vin gen sis pitit gason sa yo ki te fèt Ebwon. David te dirije la pandan 7 an 6 mwa, e pandan 33 an, li te dirije detan l Jerizalèm+.
5 Men pitit li te vin genyen nan Jerizalèm yo+: Chimeya, Chobab, Natan+ ak Salomon+. Manman kat mesye sa yo se te Batcheba+, pitit fi Amiyèl. 6 David te gen nèf lòt pitit gason ankò: Iba, Elichama*, Elifelèt 7 Noga, Nefèg, Jafya, 8 Elichama, Elyada ak Elifelèt. 9 Yo tout se te pitit David, san konte pitit gason li te genyen ak lòt madanm li yo. Tama+ se te sè mesye sa yo.
10 Pitit gason Salomon an te rele Wobowam+. Abija+ se te pitit gason Wobowam. Aza+ se te pitit gason Abija. Jozafa+ se te pitit gason Aza. 11 Jeworam+ se te pitit gason Jozafa. Ahazya+ se te pitit gason Jeworam. Jewowas+ se te pitit gason Ahazya. 12 Amatsya+ se te pitit gason Jewowas. Azarya+ se te pitit gason Amatsya. Jotam+ se te pitit gason Azarya. 13 Ahaz+ se te pitit gason Jotam. Ezekyas+ se te pitit gason Ahaz. Manase+ se te pitit gason Ezekyas. 14 Amon+ se te pitit gason Manase e Jozyas+ se te pitit gason Amon. 15 Pitit gason Jozyas yo se te: Jowanan, premye pitit li, Jewoyakim, dezyèm pitit li+, Sedesyas, twazyèm pitit li+ ak Chaloum, katriyèm pitit li. 16 Pitit gason Jewoyakim yo se te Jekónyas+ ak Sedesyas. 17 Pitit gason Jekónyas, prizonye a, te genyen yo se te Cheyaltyèl, 18 Malkiram, Pedaya, Chenasa, Jekamya, Ochama ak Nedabya. 19 Pitit gason Pedaya yo se te Zowobabèl+ ak Chimeyi. Pitit gason Zowobabèl yo se te Mechoulam, Anànya (ansanm ak Chelomit, sè yo a), 20 ak senk lòt pitit gason: Achouba, Oyèl, Berekya, Asadya ak Jouchabesèd. 21 Pitit gason Anànya yo se te Pelatya ak Jechaya. Pitit gason Jechaya a* se te Refaya. Pitit gason Refaya a* se te Anan. Pitit gason Anan an* se te Obadya. Pitit gason Obadya a* se te Chekànya. 22 Chekànya te gen yon pitit gason ak plizyè pitit pitit gason. Pitit gason l lan se te Chemaya. Pitit gason Chemaya yo se te: Atouch, Igal, Barya, Neharya ak Chafat. Yo te sis antou. 23 Pitit gason Neharya yo se te Eliyoyenayi, Izkiya ak Azrikam. Yo te twa antou. 24 Pitit gason Eliyoyenayi yo se te Odavya, Elyachib, Pelaya, Akoub, Jowanan, Delaya ak Anani. Yo te sèt antou.
4 Pitit gason Jida yo se te Perès+, Ezwon+, Kami, Ou+ ak Chobal+. 2 Reyaja, pitit gason Chobal, se te papa Jayat. Jayat se te papa Awoumayi ak Laad. Se yo menm ki fòme fanmi moun Sora yo+. 3 Men non pitit gason papa* Etam te genyen yo+: Jizreyèl, Ichma, Idbach (sè yo a te rele Azelèlponi), 4 Pénwèl, papa Gedò, ak Ezè, papa Oucha. Mesye sa yo se te pitit Ou+, premye pitit Efrata e papa Betleyèm+. 5 Achou+, papa Tekowa+, te gen de madanm: Ela ak Naara. 6 Naara te fè Awouzam, Efè, Temeni ak Ayachtari pou Achou. Mesye sa yo se te pitit Naara. 7 Pitit gason Ela yo se te Zerèt, Izeya ak Etan. 8 Koz se te papa Anoub ak Zobeba. Mete sou sa, se li ki zansèt desandan Aharèl yo. Aharèl se te pitit gason Awoum.
9 Jabèz te merite plis onè pase frè l yo. Manman l te rele l Jabèz*, paske li te di: “Mwen fè l nan doulè.” 10 Jabèz te priye Bondye Izrayèl la. Li te di l: “Se pou w beni m, se pou w fè m jwenn plis tèritwa, se pou w toujou avè m, se pou w anpeche malè tonbe sou mwen pou bagay mal pa rive m.” Vrèmanvre, Bondye te fè sa l te mande l la.
11 Keloub, frè Chouwa, se te papa Meyi, ki li menm te papa Echton. 12 Echton se te papa Betrafa, Paseya ak Teyina ki te papa Inagach. Mesye sa yo se te moun Reka. 13 Pitit gason Kenaz yo se te Otnyèl+ ak Seraya. Pitit gason Otnyèl la* te rele Atat. 14 Mewonotayi se te papa Ofra. Seraya se te papa Jowab ki li menm te papa Geyarachim* yo. Yo te rele moun sa yo konsa paske se atizan yo te ye.
15 Kalèb+, pitit gason Jefoune, te gen plizyè pitit gason: Iwou, Ela ak Naam. Pitit gason Ela a* se te Kenaz. 16 Pitit gason Jeyalelèl yo se te Zif, Zifa, Tirya ak Asarèl. 17 Pitit gason Esdras yo se te Jetè, Merèd, Efè ak Jalon. Li* te fè Miryam, Chamayi ak Ichba pou li. Ichba se te papa Echtemowa. 18 (Madanm li te genyen ki te Juif la te fè Jerèd, papa Gedò, Ebè, papa Soko ak Jekoutyèl, papa Zanowa.) Mesye sa yo se te pitit Bitya ki te marye ak Merèd. Bitya se te pitit fi Farawon.
19 Pitit gason madanm Odya te genyen yo se te papa Keyila, moun Gèrèm, ak papa Echtemowa, moun Maakat. Madanm Odya a se te sè Naham. 20 Pitit gason Chimon yo se te Amnon, Rina, Bennanan ak Tilon. Pitit gason Ichi yo se te Zowèt ak Bennzowèt.
21 Pitit gason Chela+ te genyen yo se te È, papa Leka, Layada, papa Marecha. Chela se te pitit gason Jida. Fanmi ki te konn fè bon twal yo, desandan Achbeya yo, se te desandan Chela tou. 22 Jokim, mesye Kozeba yo, Jowas ak Saraf, lòt pitit gason li te genyen yo, te marye ak fi ki te moun Mowab. Yachoubileyèm se te pitit gason l tou. Rejis sa yo la lontan*. 23 Tout mesye sa yo se te atizan ki konn travay ak ajil ki t ap viv Netayim ak Gedera. Yo te abite la e yo te konn travay pou wa a.
24 Pitit gason Simeyon yo+ se te Nemwèl, Jamin, Jarib, Zera ak Chayil+. 25 Chaloum se te pitit gason Chayil, Mibsam se te pitit gason Chaloum e Michma se te pitit gason Mibsam. 26 Amwèl se te pitit gason Michma, Zakou se te pitit gason Amwèl, e Chimeyi se te pitit gason Zakou. 27 Chimeyi te gen 16 pitit gason ak 6 pitit fi. Frè l yo pa t gen anpil pitit gason e pa gen youn nan fanmi yo ki te gen menm kantite pitit gason ak mesye Jida yo+. 28 Yo te rete Beyècheba+, Molada+, Azachwal+, 29 Bila, Ezèm+, Tolad, 30 Betwèl+, Òma+, Ziklag+, 31 Bètmakabòt, Azasouzim+, Bètbiri ak Chaarayim. Se pou yo vil sa yo te ye rive jis nan epòk David te wa a.
32 Lòt vil yo te genyen yo se te Etam, Ayin, Rimon, Tochenn ak Achan+, senk vil, 33 ansanm ak tout bouk yo te genyen ki te antoure vil sa yo rive jis Baal. Se kote sa yo yo te rete e non sa yo se non ki te nan rejis fanmi yo. 34 Lòt desandan Simeyon yo se te Mechobab, Jamlèk, Jocha, pitit gason Amatsya, 35 Jowèl, Jeyi, pitit gason Jochibya, ki li menm se pitit gason Seraya, ki li menm se pitit gason Asiyèl. 36 Mete sou sa, li te gen Eliyoyenayi, Jayakoba, Jechoyayiya, Asaya, Adyèl, Jezimyèl, Benaya, 37 Ziza, pitit gason Chifi, ki li menm se pitit gason Alon, ki li menm se pitit gason Jedaya, ki li menm se pitit gason Chimri, ki li menm se pitit gason Chemaya. 38 Moun sa yo non yo site yo se te chèf fanmi, e desandan zansèt moun sa yo te kontinye vin pi plis. 39 Yo t al nan antre Gedò, nan direksyon lès vale a, pou yo chèche patiraj pou twoupo yo. 40 Finalman, yo te jwenn bon patiraj ki chaje manje, e peyi a te gen anpil espas, li te pezib e li te trankil. Se desandan Kam yo ki t ap viv la anvan sa+. 41 Moun non yo nan lis la te vini nan epòk Ezekyas+, wa Jida a, e yo te detwi tant desandan Kam yo ak Mewounim ki te la yo jan nou kapab wè sa jis jodi a. Yo te abite nan plas yo paske te gen patiraj pou twoupo yo kote sa a.
42 Kèk nan desandan Simeyon yo, 500 gason, te al Mòn Seyi+ ansanm ak Pelatya, Neharya, Refaya ak Ouzyèl, pitit gason Ichi yo, alatèt yo. 43 Yo te touye rès moun Amalèk+ ki te sove yo e se la y ap viv jis jodi a.
5 Premye pitit Izrayèl la se te Ribenn+. Se li menm ki te premye pitit Izrayèl, men, poutèt li te sal* kabann papa l+, yo te bay pitit gason Jozèf yo+ dwa li te genyen kòm premye pitit la. Jozèf se te pitit Izrayèl tou. Konsa, nan rejis ki gen non fanmi yo, yo pa t anrejistre non Ribenn kòm moun ki te resevwa dwa premye pitit yo te genyen an. 2 Malgre Jida+ te siperyè frè l yo e se nan li moun k ap gen pou l dirije a ap soti+, se Jozèf ki te jwenn dwa premye pitit la. 3 Pitit gason Ribenn, premye pitit Izrayèl la, te genyen yo se te Anòk, Palou, Ezwon ak Kami+. 4 Chemaya se te pitit gason Jowèl, Gòg se te pitit gason Chemaya, Chimeyi se te pitit gason Gòg, 5 Miche se te pitit gason Chimeyi, Reyaja se te pitit gason Miche, Baal se te pitit gason Reyaja, 6 Beyera se te pitit gason Baal. Se Beyera sa a Tiglatpilesè*+, wa Asiri a, te mennen ann egzil la. Se te yon chèf fanmi nan tribi Ribenn nan. 7 Nan rejis ki gen non fanmi yo, frè l yo se te Jeyiyèl, chèf fanmi, Zakari 8 ak Bela, pitit gason Azaz, ki se pitit gason Chema, ki li menm te pitit gason Jowèl. Yo t ap viv Awoyè+ rive jis Nebo ak Bètbaalmeyon+. 9 Yo te rete nan direksyon lès, rive jis nan antre dezè a, jis nan Rivyè Efrat+, paske yo te vin gen anpil bèt nan Galaad+. 10 Nan epòk Sayil te wa, yo te batay ak Agrit yo e yo te pot laviktwa sou yo. Se konsa, yo te vin abite nan tant Agrit yo, nan tout tèritwa ki alès Galaad yo.
11 Desandan Gad yo te abite toupre yo, sot nan zòn Bazan rive jis Salka+. 12 Jowèl se te chèf yo, apre l se te Chafam. Janayi ak Chafat te gen responsablite tou nan Bazan. 13 Mikayèl, Mechoulam, Cheba, Jorayi, Jakan, Zya ak Ebè se te fanmi yo. Yo te sèt antou. 14 Mesye sa yo se te pitit Abikayil. Abikayil se te pitit gason Ouri. Ouri se te pitit gason Jawoya. Jawoya se te pitit gason Galaad. Galaad se te pitit gason Mikayèl. Mikayèl se te pitit gason Jechichayi. Jechichayi se te pitit gason Jado. Jado se te pitit gason Bouz. 15 Ayi, pitit gason Abdyèl, ki li menm te pitit gason Gouni, te chèf fanmi nan tribi yo a. 16 Yo te rete Galaad+, nan Bazan+, ak nan ti vil ki sou kont* li yo e nan tout patiraj Chawon yo, rive nan dènye bout patiraj yo. 17 Yo te anrejistre non yo tout nan rejis ki gen non fanmi yo nan epòk Jotam te wa Jida+ e nan epòk Jewobowam*+ te wa Izrayèl.
18 Desandan Ribenn yo, desandan Gad yo ak mwatye nan tribi Manase a te gen 44 760 sòlda vanyan nan lame yo a ki te konn pote boukliye, epe ak banza*. Yo te antrene pou yo fè lagè. 19 Yo te fè lagè ak Agrit yo+, ak desandan Jetou yo, ak desandan Nafich yo+ e ak desandan Nodab yo. 20 Yo te jwenn èd pou yo batay ak yo. Konsa, Agrit yo ak tout moun ki t ap ede yo te tonbe anba men yo. Paske, yo te mande Bondye ede yo nan gè sa a, e Bondye te fè sa yo te mande l la piske yo te gen konfyans nan li+. 21 Yo te pran bèt moun sa yo te genyen yo: 50 000 chamo, 250 000 mouton ak 2 000 bourik. Mete sou sa, yo te pran 100 000 moun* kòm prizonye. 22 Yo te touye anpil moun, paske se vrè Dye a ki t ap goumen pou yo+. Yo te abite kote moun sa yo te rete yo jiskaske yo te ale ann egzil+.
23 Desandan mwatye tribi Manase a+ te abite nan peyi a, soti Bazan rive Baalèmon, Seni ak Mòn Èmon+. Yo te anpil. 24 Men moun ki te chèf fanmi nan tribi yo a: Efè, Ichi, Eliyèl, Azriyèl, Jeremi, Odavya ak Jadyèl. Yo tout se te sòlda vanyan, moun tout moun te konnen. Se yo menm ki te chèf fanmi nan tribi yo a. 25 Men, yo pa t ret fidèl devan Bondye zansèt yo a. Yo te aji tankou pwostitye ak fo dye moun nan peyi a te konn sèvi yo+, yon seri moun Bondye te elimine devan yo. 26 Se poutèt sa, Bondye Izrayèl la te fè Poul, wa Asiri a+, ki te rele Tiglatpilesè+ tou, mennen desandan Ribenn yo, desandan Gad yo ak mwatye nan tribi Manase a ann egzil. Li te mennen yo Ala, Abò, Ara ak bò Rivyè Gozan an+. Se la yo ye jis jodi a.
6 Pitit gason Levi yo+ se te Gèchon, Keyat+ ak Merari+. 2 Pitit gason Keyat yo se te Amram, Izeya+, Ebwon ak Ouzyèl+. 3 Pitit* Amram yo+ se te Arawon+, Moyiz+ ak Miryam+. Pitit gason Arawon yo se te Nadab, Abiyou+, Eleyaza+ ak Itama+. 4 Eleyaza se te papa Fineyas+. Fineyas se te papa Abichwa. 5 Abichwa se te papa Bouki. Bouki se te papa Ouzi. 6 Ouzi se te papa Zeraja. Zeraja se te papa Merayòt. 7 Merayòt se te papa Amarya. Amarya se te papa Ayitoub+. 8 Ayitoub se te papa Zadòk+. Zadòk se te papa Ayimaz+. 9 Ayimaz se te papa Azarya. Azarya se te papa Jowanan. 10 Jowanan se te papa Azarya. Li te sèvi antanke prèt nan kay Salomon te bati Jerizalèm nan.
11 Azarya se te papa Amarya. Amarya se te papa Ayitoub. 12 Ayitoub se te papa Zadòk+. Zadòk se te papa Chaloum. 13 Chaloum se te papa Ilkya+. Ilkya se te papa Azarya. 14 Azarya se te papa Seraya+. Seraya se te papa Jewozadak+. 15 Jewozadak t al ann egzil lè Jewova te fè Nebikadneza mennen Jida ak Jerizalèm ann egzil la.
16 Pitit gason Levi yo se te Gèchòm*, Keyat ak Merari. 17 Men non pitit gason Gèchòm yo: Libni ak Chimeyi+. 18 Pitit gason Keyat yo se te Amram, Izeya, Ebwon ak Ouzyèl+. 19 Pitit gason Merari yo se te Mali ak Mouchi.
Men fanmi ki sot nan Levi yo dapre non zansèt yo+: 20 Desandan Gèchòm yo+ se te: Libni ki te pitit gason Gèchòm, Jayat ki te pitit gason Libni, Zima ki te pitit gason Jayat, 21 Jowa ki te pitit gason Zima, Ido ki te pitit gason Jowa, Zera ki te pitit gason Ido, Jeyaterayi ki te pitit gason Zera. 22 Desandan Keyat yo se te: Aminadab ki te pitit gason Keyat, Kore+ ki te pitit gason Aminadab. Pitit gason Kore yo se te Asi, 23 Èlkana ak Ebyasaf+. Asi se te pitit gason Ebyasaf. 24 Tayat se te pitit gason Asi, Ouriyèl se te pitit gason Tayat, Ozyas se te pitit gason Ouriyèl, Chayil se te pitit gason Ozyas. 25 Pitit gason Èlkana yo se te Amasayi ak Ayimòt. 26 Desandan Èlkana yo se te Zofayi, pitit gason Èlkana, Nahat ki te pitit gason Zofayi, 27 Elyab ki te pitit gason Nahat, Jewowam ki te pitit gason Elyab, Èlkana+ ki te pitit gason Jewowam. 28 Pitit gason Samyèl yo+ se te Jowèl, premye pitit li, ak Abija, dezyèm pitit li+. 29 Desandan Merari yo se te: Mali+ ki te pitit gason Merari, Libni ki te pitit gason Mali, Chimeyi ki te pitit gason Libni, Ouza ki te pitit gason Chimeyi, 30 Chimeya ki te pitit gason Ouza, Agiya ki te pitit gason Chimeya ak Asaya ki te pitit gason Agiya.
31 David te chwazi moun pou dirije moun k ap chante nan kay Jewova a, apre yo te fin mete Lach la nan kay sa a+. 32 Yo te responsab moun k ap chante devan tabènak* la oswa tant reyinyon an, jiskaske Salomon te bati kay Jewova a nan Jerizalèm+. Yo te fè sèvis yo jan yo te di yo fè l la+. 33 Men moun ki t ap fè sèvis sa a ansanm ak pitit yo: Nan fanmi Keyat te gen Eman+, chantè a. Se te pitit gason Jowèl+, Jowèl se te pitit gason Samyèl, 34 Samyèl se te pitit gason Èlkana+, Èlkana se te pitit gason Jewowam, Jewowam se te pitit gason Eliyèl, Eliyèl se te pitit gason Toya, 35 Toya se te pitit gason Zouf, Zouf se te pitit gason Èlkana, Èlkana se te pitit gason Mayat, Mayat se te pitit gason Amasayi, 36 Amasayi se te pitit gason Èlkana, Èlkana se te pitit gason Jowèl, Jowèl se te pitit gason Azarya, Azarya se te pitit gason Sofoni, 37 Sofoni se te pitit gason Tayat, Tayat se te pitit gason Asi, Asi se te pitit gason Ebyasaf, Ebyasaf se te pitit gason Kore, 38 Kore se te pitit gason Izeya, Izeya se te pitit gason Keyat, Keyat se te pitit gason Levi e Levi se te pitit gason Izrayèl.
39 Asaf, yon lòt Levit*+, te konn kanpe sou bò dwat li. Asaf se te pitit gason Berekya, Berekya se te pitit gason Chimeya, 40 Chimeya se te pitit gason Mikayèl, Mikayèl se te pitit gason Baseya, Baseya se te pitit gason Malkija, 41 Malkija se te pitit gason Etni, Etni se te pitit gason Zera, Zera se te pitit gason Adaya, 42 Adaya se te pitit gason Etan, Etan se te pitit gason Zima, Zima se te pitit gason Chimeyi, 43 Chimeyi se te pitit gason Jayat, Jayat se te pitit gason Gèchòm e Gèchòm se te pitit gason Levi.
44 Desandan Merari yo+, ki te fanmi yo, te sou bò goch. Te gen Etan+, pitit gason Kichi. Kichi se te pitit gason Abdi, Abdi se te pitit gason Malouk, 45 Malouk se te pitit gason Achabya, Achabya se te pitit gason Amatsya, Amatsya se te pitit gason Ilkya, 46 Ilkya se te pitit gason Amsi, Amsi se te pitit gason Bani, Bani se te pitit gason Chemè, 47 Chemè se te pitit gason Mali, Mali se te pitit gason Mouchi, Mouchi se te pitit gason Merari e Merari se te pitit gason Levi.
48 Yo te chwazi lòt Levit yo, ki te fanmi yo, pou fè tout lòt travay nan tabènak la, anpalan de kay vrè Dye a+. 49 Arawon ak pitit gason l yo+ te konn boule sakrifis sou lotèl yo te konn ofri sakrifis yo+ e yo te konn boule lansan sou lotèl pou boule lansan an+. Yo te konn fè sèvis ki gen rapò ak bagay sakre yo, pou pèp Izrayèl la te ka jwenn padon pou peche yo+, jan Moyiz, sèvitè vrè Dye a, te bay lòd pou sa fèt la. 50 Men non desandan Arawon yo+: Eleyaza+ ki te pitit gason Arawon, Fineyas ki te pitit gason Eleyaza, Abichwa ki te pitit gason Fineyas, 51 Bouki ki te pitit gason Abichwa, Ouzi ki te pitit gason Bouki, Zeraja ki te pitit gason Ouzi, 52 Merayòt ki te pitit gason Zeraja, Amarya ki te pitit gason Merayòt, Ayitoub+ ki te pitit gason Amarya, 53 Zadòk+ ki te pitit gason Ayitoub ak Ayimaz ki te pitit gason Zadòk.
54 Men ki kote Levit yo te rete e men ki kote yo te mete kan yo* nan tèritwa yo. Lè yo te fè tiraj osò a, se desandan Keyat yo, desandan Arawon, ki te soti an premye. 55 Nan tèritwa tribi Jida a, yo te ba yo Ebwon+, ansanm ak patiraj ki te toutotou l yo. 56 Men, yo te bay Kalèb+, pitit gason Jefoune a, tè ki andeyò vil la ak tout ti vil ki sou kont vil la. 57 Yo te bay desandan Arawon yo vil* pou moun al pran refij+, anpalan de Ebwon+, ansanm ak Libna+ ak tout patiraj li, Jati+, Echtemowa ak tout patiraj li+, 58 Ilèn ak tout patiraj li, Debi+ ak tout patiraj li, 59 Achan+ ak tout patiraj li, Bètchemèch+ ak tout patiraj li. 60 Nan tèritwa tribi Benjamen an, yo te ba yo Geba+ ak tout patiraj li, Alemèt ak tout patiraj li, Anatòt+ ak tout patiraj li. Antou yo te resevwa 13 vil pou yo menm ak fanmi yo+.
61 Yo te fè tiraj osò e yo te bay rès desandan Keyat yo dis vil. Vil sa yo te nan tèritwa fanmi ki te nan yon lòt tribi ak nan tèritwa mwatye nan tribi Manase a+.
62 Yo te bay desandan Gèchòm yo 13 vil nan tèritwa tribi Isaka a, tribi Achè a, tribi Neftali a ak tribi Manase a, nan Bazan+.
63 Apre tiraj osò, desandan Merari yo, selon fanmi kote yo te soti, te resevwa 12 vil nan tèritwa tribi Ribenn nan, tribi Gad la ak tribi Zabilon an+.
64 Konsa, Izrayelit yo te bay Levit yo vil sa yo ansanm ak tout patiraj yo+. 65 Mete sou sa, yo te fè tiraj osò pou yo te bay Levit yo vil sa yo yo te site non yo a, nan tèritwa tribi Jida, tribi Simeyon ak tribi Benjamen.
66 Gen kèk fanmi pami desandan Keyat yo ki te resevwa plizyè vil nan tèritwa tribi Efrayim nan kòm tèritwa yo+. 67 Yo te ba yo vil* pou moun al pran refij, anpalan de Sichèm+ ak tout patiraj li, nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan, Gezè+ ak tout patiraj li, 68 Jokmeyam ak tout patiraj li, Bètowon+ ak tout patiraj li, 69 Ayalon+ ak tout patiraj li ansanm ak Gatrimon+ ak tout patiraj li. 70 Yo te bay lòt fanmi ki te rete pami desandan Keyat yo Anè ak tout patiraj li, Bileyam ak tout patiraj li nan tèritwa ki te pou mwatye nan tribi Manase a.
71 Yo te bay desandan Gèchòm yo Golan+, nan Bazan, ak tout patiraj li ansanm ak Astawòt ak tout patiraj li nan tèritwa ki te pou mwatye nan tribi Manase a+. 72 Nan tèritwa tribi Isaka a, yo te ba yo Kedès ak tout patiraj li, Daberat+ ak tout patiraj li+, 73 Ramòt ak tout patiraj li ansanm ak Anèm ak tout patiraj li. 74 Nan tèritwa tribi Achè a, yo te ba yo Machal ak tout patiraj li, Abdon ak tout patiraj li+, 75 Oukòk ak tout patiraj li ansanm ak Reyòb+ ak tout patiraj li. 76 Nan tèritwa tribi Neftali a, yo te ba yo Kedès+, ki nan Galile+, ak tout patiraj li, Amon ak tout patiraj li ansanm ak Kiryatayim ak tout patiraj li.
77 Yo te bay rès desandan Merari yo Rimono ak tout patiraj li, Tabò ak tout patiraj li nan tèritwa tribi Zabilon an+. 78 Nan tèritwa tribi Ribenn nan, nan zòn Jouden an, nan Jeriko, nan lès Rivyè Jouden an, yo te ba yo Bezè, ki nan dezè a, ak tout patiraj li, Jahaz+ ak tout patiraj li, 79 Kedemòt+ ak tout patiraj li ansanm ak Maafat ak tout patiraj li. 80 Nan tèritwa tribi Gad la, yo te ba yo Ramòt ki nan Galaad, ak tout patiraj li, Maanayim+ ak tout patiraj li, 81 Esbon+ ak tout patiraj li ansanm ak Jazè+ ak tout patiraj li.
7 Pitit gason Isaka yo se te Tola, Pouwa, Yachoub ak Chimwon+. Yo te kat antou. 2 Pitit gason Tola yo se te Ouzi, Refaya, Jeryèl, Jamayi, Ibsam ak Chemouwèl. Se yo ki te chèf fanmi. Pami desandan Tola yo, te gen yon seri sòlda vanyan. Yo te 22 600 sòlda nan epòk David te wa a. 3 Desandan* Ouzi yo se te Izraya ansanm ak pitit gason Izraya yo: Mikayèl, Obadya, Jowèl ak Ichiya. Toule senk se te chèf fanmi*. 4 Te gen 36 000 sòlda ki te pare pou fè lagè nan fanmi ki te soti nan mesye sa yo, paske mesye nan fanmi sa yo te gen anpil madanm ak anpil pitit gason. 5 Tout lòt fanmi ki te soti nan Isaka yo se te sòlda vanyan. Antou, yo te 87 000 sòlda dapre rejis ki gen non fanmi yo+.
6 Pitit gason Benjamen yo+ se te Bela+, Bekè+ ak Jedyayèl+. Yo te twa antou. 7 Pitit gason Bela yo se te Ezbon, Ouzi, Ouzyèl, Jerimòt ak Iri. Yo toule senk se te chèf fanmi e yo te sòlda vanyan. Selon rejis ki gen non fanmi yo, te gen 22 034 sòlda nan fanmi yo+. 8 Pitit gason Bekè yo se te Zemira, Jowas, Elyezè, Eliyoyenayi, Omri, Jeremòt, Abija, Anatòt ak Alemèt. Yo tout se te pitit gason Bekè. 9 Selon rejis ki gen non fanmi yo, te gen 20 200 sòlda vanyan ki te soti nan chèf fanmi sa yo. 10 Jedyayèl te gen pitit gason l ki rele Bilan e pitit gason+ Bilan yo se te Jewouch, Benjamen, Ewoud, Kenayana, Zetan, Tasis ak Ayichaya. 11 Yo tout se te desandan Jedyayèl e yo tout se te chèf fanmi. Antou, yo te 17 200 sòlda vanyan ki te pare pou yo soti ak lame a nan lagè.
12 Fanmi ki te soti nan Choupim yo ak Oupim yo* se te desandan Iri+. Fanmi ki te soti nan Ouchim yo se te desandan Ayè.
13 Pitit gason Neftali yo+ se te Jaziyèl, Gouni, Jezè ak Chaloum*. Se te desandan* Bila+.
14 Men non pitit gason Manase te genyen yo+: Asriyèl, yon pitit li te fè ak yon lòt madanm ki te moun Siri. (Fi sa a te fè Maki+, papa Galaad, pou li tou. 15 Maki te pran yon madanm pou Oupim ak Choupim. Sè l la te rele Maaka.) Dezyèm pitit gason Manase a te rele Selofeyad+. Men, se pitit fi sèlman Selofeyad te genyen+. 16 Maaka, madanm Maki, te fè yon pitit gason, li te rele l Perèch. Frè l la te rele Cherèch. Pitit li yo te rele Oulam ak Rekèm. 17 Pitit gason Oulam nan* se te Bedan. Tout mesye sa yo se te desandan Galaad, pitit gason Maki, ki li menm se pitit gason Manase. 18 Amolekèt se te sè Galaad. Li te fè Ichòd, Abyezè ak Maala. 19 Pitit gason Chemida yo se te Ayiyan, Sichèm, Liki ak Ànyam.
20 Efrayim te gen pitit gason l+ ki rele Choutela+, Choutela te gen pitit gason l ki rele Berèd, Berèd te gen pitit gason l ki rele Tayat, Tayat te gen pitit gason l ki rele Eleyada, Eleyada te gen pitit gason l ki rele Tayat, 21 Tayat te gen pitit gason l ki rele Zabad, Zabad te gen pitit gason l ki rele Choutela. Efrayim te gen Ezè ak Eleyad tou. Moun Gat yo+ te touye Ezè ak Eleyad paske yo te desann al pran bèt yo te genyen yo. 22 Papa yo, Efrayim, te nan lapenn pandan anpil jou e frè l yo te vin wè l pou yo konsole l. 23 Apre sa, li te antre nan relasyon ak madanm li ki te vin ansent e ki te fè yon pitit gason pou li. Li te rele pitit la Berya* paske madanm li te akouche nan yon epòk fanmi l te gen pwoblèm. 24 Pitit fi l la te rele Cheyera. Se li menm ki te bati Bètowon Anba a+ ak Bètowon Anwo a+ ansanm ak Ouzenncheyera. 25 Refa ak Rechèf se te pitit gason Efrayim*. Rechèf te gen pitit gason l ki rele Tela, Tela te gen pitit gason l ki rele Tayan, 26 Tayan te gen pitit gason l ki rele Ladan, Ladan te gen pitit gason l ki rele Amiyoud, Amiyoud te gen pitit gason l ki rele Elichama, 27 Elichama te gen pitit gason l ki rele Noun e Noun te gen pitit gason l ki rele Jozye*+.
28 Tèritwa yo te genyen an ak kote yo te rete yo se te Betèl+ ak ti vil ki sou kont* li yo, Naaran ki te alès, Gezè ak ti vil ki sou kont li yo ki te alwès ansanm ak Sichèm ak ti vil ki sou kont li yo, rive jis Aya* ak ti vil ki sou kont li yo. 29 Toupre yo a, desandan Manase yo te gen Bètcheyan+ ak ti vil ki sou kont li yo, Tanak+ ak ti vil ki sou kont li yo, Megido+ ak ti vil ki sou kont li yo ansanm ak Dò+ ak ti vil ki sou kont li yo. Se nan vil sa yo desandan Jozèf, pitit gason Izrayèl la, t ap viv.
30 Pitit gason Achè yo se te Imna, Ichva, Ichvi ak Berya+. Yo te gen yon sè ki rele Sera+. 31 Pitit gason Berya yo se te Ebè ak Malkyèl. Malkyèl se te papa Bizayit. 32 Ebè se te papa Jaflèt, Chomè, Otam ak Chouwa, sè yo. 33 Pitit gason Jaflèt yo se te Pasak, Bimal ak Achvat. Mesye sa yo se te pitit gason Jaflèt. 34 Pitit gason Chemè* yo se te Ayi, Woga, Jewouba ak Aram. 35 Elèm*, frè l, te gen pitit gason l ki rele Zofa, Imna, Chelèch ak Amal. 36 Pitit gason Zofa yo se te Souwa, Anefè, Chouwal, Beri, Imra, 37 Bezè, Wòd, Chama, Chilcha, Itran ak Beyera. 38 Pitit gason Jetè yo se te Jefoune, Pispa ak Ara. 39 Pitit gason Oula yo se te Ara, Aniyèl ak Rizya. 40 Yo tout se te desandan Achè, yo te chèf fanmi. Se te pi bon sòlda yo, yon seri sòlda vanyan, e se yo ki te pi gwo chèf nan lame a. Dapre rejis ki gen non fanmi yo+, yo te 26 000 sòlda+ ki te pare pou yo fè lagè.
8 Benjamen+ te gen premye pitit li ki te rele Bela+, dezyèm nan te rele Achbèl+, twazyèm nan te rele Ahara, 2 katriyèm nan te rele Nora e senkyèm nan te rele Rafa. 3 Pitit gason Bela yo se te Ada, Gera+, Abiyoud, 4 Abichwa, Naaman, Awowa, 5 Gera, Chefoufan ak Ouram. 6 Men non pitit gason Ewoud yo, chèf fanmi moun Geba+ ki t al ann egzil Manarat yo: 7 Naaman, Ayija ak Gera. Se Gera ki te mennen yo ann egzil e se li ki te papa Ouza ak Ayiyoud. 8 Chayarayim te fè pitit pandan l te nan tèritwa Mowab apre l te fin voye moun yo ale. Ouchim ak Baara se te madanm li*. 9 Odèch, yon lòt madanm li te genyen, te fè Jobab pou li, Sibya, Mecha, Malkam, 10 Jewouz, Sakya ak Mima. Mesye sa yo se te pitit gason l. Yo tout te chèf fanmi.
11 Ouchim, madanm li, te fè Abitoub ak Èlpaal pou li. 12 Pitit gason Èlpaal yo se te Ebè, Micham, Chèmèd (se Chèmèd ki te bati Ono+, Lòd+ ak ti vil ki sou kont* li yo), 13 Berya ak Chema. Mesye sa yo se te chèf fanmi moun Ayalon yo+. Se yo ki te met moun Gat yo deyò. 14 Ayiyo, Chachak, Jeremòt, 15 Zebadya, Arad, Edè, 16 Mikayèl, Ichpa ak Jowa se te desandan Berya. 17 Zebadya, Mechoulam, Izki, Ebè, 18 Ichmerayi, Izliya ak Jobab se te desandan Èlpaal. 19 Jakim, Zikri, Zabdi, 20 Elyenayi, Ziltayi, Eliyèl, 21 Adaya, Beraya ak Chimrat se te desandan Chimeyi. 22 Ichpan, Ebè, Eliyèl, 23 Abdon, Zikri, Ranan, 24 Anànya, Elam, Antotija, 25 Ifdeya ak Pénwèl se te desandan Chachak. 26 Chamcherayi, Cheyarya, Atali, 27 Jayarechya, Eli ak Zikri se te desandan Jewowam. 28 Dapre rejis ki gen non fanmi yo, mesye sa yo se te chèf fanmi, e yo t ap viv Jerizalèm.
29 Jeyiyèl t ap viv Gabawon+ e se li ki te fonde vil sa a. Madanm li te rele Maaka+. 30 Premye pitit gason l lan te rele Abdon. Apre sa, li te gen Sou, Kich, Baal, Nadab, 31 Gedò, Ayiyo ak Zekè. 32 Miklòt se te papa Chimeya. Yo tout t ap viv Jerizalèm ansanm ak moun ki nan menm tribi ak yo, toupre lòt moun ankò ki nan menm tribi ak yo.
33 Nè+ se te papa Kich, Kich se te papa Sayil+, Sayil se te papa Jonatan+, Malkichwa+, Abinadab+ ak Echbaal*+. 34 Jonatan te gen yon pitit gason ki rele Meribaal*+. Meribaal se te papa Miche+. 35 Pitit gason Miche yo se te Piton, Melèk, Tareya ak Ahaz. 36 Ahaz se te papa Jewoyada, Jewoyada se te papa Alemèt, Azmavèt ak Zimri. Zimri se te papa Moza, 37 Moza se te papa Bineya, Bineya te gen yon pitit gason ki rele Rafa, Rafa te gen yon pitit gason ki rele Eleyasa, Eleyasa te gen yon pitit gason ki rele Azèl. 38 Azèl te gen sis pitit gason ki te rele: Azrikam, Bokwou, Izmayèl, Chearya, Obadya ak Ranan. Yo tout se te pitit gason Azèl. 39 Echèk, frè l, te gen pitit gason l ki rele Oulam, premye pitit li, Jewouch, dezyèm pitit li, ak Elifelèt, twazyèm pitit li. 40 Pitit gason Oulam yo se te sòlda vanyan ki te konn sèvi ak banza*. Yo te gen anpil pitit gason ak anpil pitit pitit gason: antou 150. Tout moun sa yo se te desandan Benjamen.
9 Yo te anrejistre non tout Izrayelit yo nan rejis ki gen non fanmi yo, e yo te ekri yo nan Liv wa Izrayèl yo. Yo te mennen moun Jida yo ann egzil nan Babilòn paske yo pa t fidèl+. 2 Pami premye moun ki te tounen sou tè yo te gen nan vil yo, te gen Izrayelit, prèt yo, Levit yo ak moun k ap travay nan tanp lan*+. 3 Epitou, te gen kèk desandan Jida+, Benjamen+, Efrayim ak Manase ki te vin ret Jerizalèm: 4 Pami desandan Perès+, pitit gason Jida, te gen Outayi. Outayi se te pitit gason Amiyoud, Amiyoud se te pitit gason Omri, Omri se te pitit gason Imri, Imri se te pitit gason Bani. 5 Pami desandan Chela yo te gen Asaya, premye pitit papa l, ansanm ak pitit gason l yo. 6 Pami pitit gason Zera yo+ te gen Jewouwèl ak 690 lòt frè yo.
7 Pami desandan Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam. Mechoulam se te pitit gason Odavya, e Odavya se te pitit gason Asenouwa. 8 Te gen Ibneya, pitit gason Jewowam. Te gen Ela, pitit gason Ouzi. Ouzi se te pitit gason Mikri. E te gen Mechoulam pitit gason Chefatya. Chefatya se te pitit gason Rewouyèl e Rewouyèl se te pitit gason Ibniya. 9 Selon rejis ki gen non fanmi yo, te gen 956 lòt desandan antou. Tout mesye sa yo se te chèf fanmi.
10 Pami prèt yo, te gen Jedaya, Jewoyarib, Jakin+, 11 ak Azarya, pitit gason Ilkya. Ilkya se te pitit gason Mechoulam, Mechoulam se te pitit gason Zadòk, Zadòk se te pitit gason Merayòt, Merayòt se te pitit gason Ayitoub ki te yon chèf nan kay* vrè Dye a. 12 Te gen Adaya, pitit gason Jewowam. Jewowam se te pitit gason Pachou, Pachou se te pitit gason Malkija. Te gen Masayi, pitit gason Adyèl. Adyèl se te pitit gason Jazera, Jazera se te pitit gason Mechoulam, Mechoulam se te pitit gason Mechilemit, Mechilemit se te pitit gason Imè. 13 E te gen frè yo ki te chèf fanmi. Antou, yo te 1 760 gason vanyan ki te disponib pou yo fè sèvis nan kay vrè Dye a.
14 Pami Levit yo, te gen Chemaya+, pitit gason Achoub. Achoub se te pitit gason Azrikam, Azrikam se te pitit gason Achabya. Se desandan Merari yo te ye. 15 Te gen Bakbaka, Erès, Galal, Matànya, ki te pitit gason Mika. Mika se te pitit gason Zikri, Zikri se te pitit gason Asaf. 16 Te gen Obadya ki te pitit gason Chemaya. Chemaya se te pitit gason Galal, Galal se te pitit gason Jedoutoun. Te gen Berekya, pitit gason Aza ki li menm te pitit gason Èlkana. Yo t ap viv nan ti bouk moun Netofa yo+.
17 Moun ki t ap veye pòt yo+ se te Chaloum, Akoub, Talmon ak Ayiman. Se Chaloum, fanmi yo a, ki te chèf yo. 18 Anvan sa, li t ap veye pòtay wa a, ki bay nan direksyon lès+. Se mesye sa yo ki t ap veye pòtay kan Levit yo. 19 Chaloum se te pitit gason Kore. Kore se te pitit gason Ebyasaf, Ebyasaf se te pitit gason Kore. Chaloum ansanm ak lòt frè l yo, desandan Kore yo, te responsab pou yo veye antre tant lan. Zansèt yo te responsab antre kan Jewova a antanke moun k ap veye antre a. 20 Anvan sa, se Fineyas+, pitit gason Eleyaza+, ki te chèf yo. Jewova te avèk li. 21 Se Zakari+, pitit gason Mechelemya, ki t ap veye antre tant reyinyon an.
22 Antou, yo te chwazi 212 moun pou veye pòt yo. Yo te abite nan bouk yo selon rejis ki gen non fanmi yo+. Se David ak Samyèl, moun ki te konn fè vizyon an+, ki te ba yo responsablite sa a, paske se moun yo te ka fè konfyans. 23 Yo menm ak pitit gason yo te chèf sou moun ki te konn veye pòt yo nan kay Jewova a+, tabènak* la. 24 Moun ki te konn veye pòt yo te konn nan toule kat direksyon yo: lès, lwès, nò ak sid+. 25 Detanzantan, fanmi yo te dwe soti nan bouk yo te rete yo pou yo vin travay ansanm avèk yo pandan sèt jou. 26 Gen kat moun yo te mete alatèt moun k ap veye pòt yo. Se Levit yo te ye, se moun yo te ka fè konfyans. Yo te responsab chanm* yo ak trezò ki te nan kay vrè Dye a+. 27 Yo te konn pase nuit nan pòs yo toutotou kay vrè Dye a. Paske, se yo ki te responsab pou yo veye kay la, se yo ki te responsab kle a e ki te konn ouvri kay la chak maten.
28 Gen nan yo ki te responsab veso yo+ te konn itilize nan sèvis ki t ap fèt la. Yo te konn konte yo lè y ap antre avèk yo e yo te konn konte yo lè y ap soti avèk yo. 29 Gen nan yo ki te responsab lòt veso, tout veso sakre yo+, farin bon kalite a+, diven an+, luil la+, lansan blan an+ ak luil santi bon an+. 30 Gen kèk nan pitit gason prèt yo ki te konn prepare luil santi bon an. 31 Pami Levit yo, se Matitya ki te responsab bagay yo te konn kuit sou platin yo paske yo te fè l konfyans. Matitya se te premye pitit Chaloum, desandan Kore a+. 32 Gen kèk lòt desandan Kore ki te responsab pen yo te konn mete youn sou lòt yo*+. Se yo ki te gen pou yo prepare l chak saba+.
33 Chantè yo, ki te chèf fanmi pami Levit yo e ki te konn nan chanm* yo, pa t gen lòt responsablite. Se nan sèvis sa a yo te ye lajounen kou lannuit. 34 Mesye sa yo te chèf fanmi pami Levit yo dapre rejis ki gen non fanmi yo. Yo t ap viv Jerizalèm.
35 Jeyiyèl t ap viv Gabawon+ e se li ki te fonde vil sa a. Madanm li te rele Maaka. 36 Premye pitit gason l lan te rele Abdon. Apre sa, li te gen Sou, Kich, Baal, Nè, Nadab, 37 Gedò, Ayiyo, Zakari ak Miklòt. 38 Miklòt se te papa Chimeyam. Yo tout t ap viv Jerizalèm ansanm ak moun ki nan menm tribi ak yo, toupre lòt moun ankò ki nan menm tribi ak yo. 39 Nè+ se te papa Kich, Kich se te papa Sayil+, Sayil se te papa Jonatan+, Malkichwa+, Abinadab+ ak Echbaal. 40 Jonatan te gen yon pitit gason ki rele Meribaal+. Meribaal se te papa Miche+. 41 Pitit gason Miche yo se te Piton, Melèk, Tareya ak Ahaz. 42 Ahaz se te papa Jara. Jara se te papa Alemèt, Azmavèt ak Zimri. Zimri se te papa Moza. 43 Moza se te papa Bineya, Bineya te gen yon pitit gason ki rele Refaya, Refaya te gen yon pitit gason ki rele Eleyasa, Eleyasa te gen yon pitit gason ki rele Azèl. 44 Azèl te gen sis pitit gason ki te rele: Azrikam, Bokwou, Izmayèl, Chearya, Obadya ak Ranan. Mesye sa yo se te pitit gason Azèl.
10 Twouve, moun Filisti yo t ap fè lagè ak pèp Izrayèl la. Sòlda izrayelit yo te kouri pou sòlda Filisti yo, e sòlda Filisti yo te touye anpil nan yo sou Mòn Gilbowa+. 2 Sòlda Filisti yo t ap kouri san rete dèyè Sayil ak pitit gason l yo. Yo te touye Jonatan, Abinadab ak Malkichwa+, pitit gason Sayil yo. 3 Batay la te vin rèd anpil pou Sayil. Sòlda Filisti ki t ap tire flèch yo te tire flèch ki pran Sayil, e flèch yo te blese Sayil+. 4 Apre sa, Sayil di sèvitè a ki t ap pote zam li yo: “Pran epe w la epi pèse m avè l pou mesye ki pa sikonsi sa yo pa vin maltrete m+.” Men, sèvitè l la ki t ap pote zam li yo pa t vle fè sa paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran epe a e li lage kò l sou li+. 5 Lè sèvitè l la ki t ap pote zam li yo wè l mouri, li menm tou li lage kò l sou epe pa l la e li mouri. 6 Konsa, Sayil ak twa pitit gason l yo ansanm ak tout moun lakay li mouri lè sa a+. 7 Lè tout moun nan pèp Izrayèl la ki te nan zòn vale a* wè tout moun kouri e Sayil ak pitit gason l yo mouri, yo kòmanse kouri kite vil yo. Apre sa, sòlda Filisti yo antre nan vil yo e yo pran vil sa yo.
8 Nan demen, lè moun Filisti yo vini pou yo pran tout bagay ki te sou kadav yo, yo jwenn Sayil ak pitit gason l yo blayi sou Mòn Gilbowa+. 9 Se konsa, yo pran tout sa k te sou Sayil, yo koupe tèt li, yo pran ekipman konba ki te sou li yo e yo voye moun nan tout tèritwa peyi Filisti al gaye nouvèl la nan tanp zidòl yo+ e pami tout moun nan pèp yo a. 10 Apre sa, yo mete ekipman konba l yo nan kay* dye y ap sèvi a e yo pandye tèt li sou kay Dagon an+.
11 Lè tout moun Jabès+ ki nan Galaad yo aprann tout sa moun Filisti yo fè Sayil+, 12 tout sòlda yo leve, yo pran kadav Sayil ak kadav pitit gason l yo, yo pote yo al Jabès epi yo antere zosman yo anba gwo pyebwa ki Jabès la+. Apre sa, yo fè sèt jou san yo pa manje.
13 Se konsa Sayil te mouri paske li te vin pa fidèl devan Jewova, paske li pa t obeyi pawòl Jewova+ e paske li t al pale ak yon moun ki konn chèche pale ak mò+ 14 olye l te pale ak Jewova. Se sa k fè Bondye te fè touye l e li te bay David, pitit Jese a+, wayòm nan.
11 Rive yon lè, tout Izrayelit yo t al kot David nan Ebwon+, yo di l: “Gade! Se san w* nou ye+. 2 Lontan, lè Sayil te wa, se ou menm ki te konn alatèt pèp Izrayèl la lè li t apral nan lagè*+. Jewova, Bondye w la, te di w: ‘W ap vin yon bèje pou Izrayèl, pèp mwen an, e w ap vin chèf sou Izrayèl, pèp mwen an+.’” 3 Konsa, tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la te vin kot wa a nan Ebwon. Epi, wa David te fè yon alyans avèk yo nan Ebwon devan Jewova. Apre sa, yo vide luil sou tèt David pou yo mete l wa Izrayèl+, jan Jewova te fè konn sa pa mwayen Samyèl+.
4 Annapre, David ansanm ak tout pèp Izrayèl la pran wout pou y al Jerizalèm, anpalan de Jebis+, kote moun Jebis yo+ t ap viv la. 5 Men, moun Jebis yo te pase l nan rizib, yo te di l: “Ou pap janm antre isit la+!” Men, David te pran fòtrès ki nan Siyon an+, e yo rele l Vil David kounye a+. 6 Epi David di: “Premye moun ki atake moun Jebis yo, l ap vin kòmandan e l ap vin chèf*.” Se Jowab+, pitit gason Sewouya, ki te monte an premye. Kidonk, li te vin chèf. 7 Apre sa, David te vin abite nan fòtrès la. Se sa k fè yo te vin rele kote sa a Vil David. 8 Li te kòmanse bati miray vil la ak lòt bagay ankò tout kote nan vil la, li te bati Milo* ak zòn ki antoure l yo, e Jowab te rebati rès vil la. 9 Se konsa, David te vin gen plis pouvwa de jou an jou+ e Jewova, Chèf lame yo, te avè l.
10 Mesye ki te sou tèt sòlda vanyan ki te ak David yo te met ansanm ak tout pèp Izrayèl la pou yo soutni David antanke wa yo. Yo te met David wa jan Jewova te pwomèt pèp Izrayèl la sa+. 11 Men non sòlda vanyan ki te avèk David yo: Jachobeyam+, yon desandan Akmoni. Se li menm ki te alatèt twa mesye yo+. Yon lè, li te touye 300 sòlda ak lans li+. 12 Apre l te gen Eleyaza+, pitit gason Dodo, desandan Awoyi+. Li te youn nan twa sòlda vanyan yo. 13 Li te avèk David nan Padamim+, kote moun Filisti yo te rasanble pou yo fè lagè ak pèp Izrayèl la. Kote sa a te gen yon moso tè ki chaje lòj*, e moun yo te kouri pou moun Filisti yo. 14 Men, li menm li t al kanpe nan mitan moso tè a pou l pwoteje l e li te kontinye touye moun Filisti yo, konsa Jewova te bay pèp la yon gwo viktwa*+.
15 Twa nan 30 mesye ki te alatèt yo te desann bò kot gwo wòch la e yo t al kot David ki te nan gwòt Adoulam nan+, pandan yon gwoup sòlda Filisti te monte kan yo nan Vale Refayim+. 16 Lè sa a, David te nan gwòt kote l te byen pwoteje a, e te gen yon gwoup sòlda Filisti nan Betleyèm. 17 Epi, David te fè konnen sa li anvi lè l te di: “Si m te ka jwenn yon ti dlo ki sot nan sitèn ki toupre pòtay vil Betleyèm+ nan pou m bwè!” 18 Menm kote a, twa mesye yo te pase ak fòs nan mitan kan sòlda Filisti yo, yo pran dlo nan sitèn ki toupre pòtay vil Betleyèm nan, epi yo pote dlo a bay David. Men, David te refize bwè dlo a e li te vide l atè pou Jewova. 19 David di: “Akoz respè mwen gen pou Bondye m nan, sa pa t ap janm vin nan lide m pou m fè yon bagay konsa! Èske m te ka bwè san mesye sa yo ki te riske lavi yo*+? Se lavi yo* yo te riske pou yo pote dlo a.” Se sa k fè li te refize bwè l. Se aksyon sa yo twa sòlda vanyan David yo te fè.
20 Abichayi+, frè Jowab+, te vin alatèt yon lòt gwoup ki gen twa mesye ladan l. Li te rale lans li li touye 300 sòlda. Li te gen gwo renome menm jan ak twa mesye yo+. 21 Li te gen pi gwo renome pase de lòt yo e se li ki te chèf yo. Men, li pa t rive nan nivo twa premye mesye yo.
22 Benaya+, pitit gason Jewoyada a, se te yon gason vanyan* ki te fè anpil gwo aksyon nan Kabseyèl+. Li te touye de pitit gason Ariyèl, yon moun Mowab. Yon jou, pandan nèj t ap tonbe, li te desann nan yon pi dlo kote l te touye yon lyon+. 23 Epitou, li te touye yon Ejipsyen ki te wo anpil, ki te mezire anviwon senk koude* wotè+. Aktout Ejipsyen an te gen yon lans nan men l ki te tankou gwo bwa moun k ap fè twal yo konn woule twal+, li t al sou li ak yon baton, li rache lans lan nan men Ejipsyen an, epi li touye l ak menm lans lan+. 24 Se bagay sa yo Benaya, pitit gason Jewoyada a, te fè, e li te gen gwo renome menm jan ak twa sòlda vanyan yo. 25 Byenke li te gen pi gwo renome pase mesye ki nan gwoup trant lan, li pa t rive nan nivo twa mesye yo+. Men, David te mete l chèf sekirite l.
26 Men non sòlda vanyan ki te nan lame a: Asayèl+, frè Jowab; Elanan, pitit gason Dodo, moun Betleyèm+; 27 Chamòt, Aworit la; Elèz, Pelonit la; 28 Ira+, pitit gason Ikèch, moun Tekowa; Abyezè+, moun Anatòt; 29 Sibekayi+, moun Oucha a; Ilayi, yon desandan Awoyi; 30 Maharayi+, moun Netofa; Elèd+, pitit gason Baana, moun Netofa; 31 Itayi, pitit gason Ribayi, moun Gibeya ki nan tèritwa tribi Benjamen an+; Benaya, moun Piraton; 32 Ourayi, moun zòn ravin Gaach yo+; Abiyèl, moun Bètaraba; 33 Azmavèt, moun Bawourim; Elyaba, moun Chaalbim; 34 pitit gason Achèm yo, Gizonit la; Jonatan, pitit gason Chage, Ararit la; 35 Ayiyam, pitit gason Saka, Ararit la; Elifal, pitit gason Ou; 36 Efè, Mekeratit la; Ayija, Pelonit la; 37 Ezwo, moun Kamèl; Narayi, pitit gason Ezbayi; 38 Jowèl, frè Natan; Miba, pitit gason Agri; 39 Zelèk, desandan Amon; Naharayi, moun Beyewòt, ki te konn pote zam Jowab, pitit gason Sewouya a; 40 Ira, desandan Jetè a; Garèb, desandan Jetè a; 41 Ouri+, desandan Èt; Zabad, pitit gason Alayi; 42 Adina, pitit gason Chiza, desandan Ribenn, ki te yon chèf fanmi nan tribi Ribenn e ki te gen 30 moun avè l; 43 Ranan, pitit gason Maaka; Jozafa, Mitnit la; 44 Ouzya, moun Astawòt; Chama ak Jeyiyèl, pitit gason Otam, moun Awoyè; 45 Jedyayèl, pitit gason Chimri, ak Jowa, frè l, Tizit la; 46 Eliyèl, Maavit la; Jeribayi ak Jochavya, pitit gason Èlnayam; Itma, moun Mowab; 47 Eliyèl, Obèd ak Jayaziyèl, moun Soba.
12 Te gen kèk mesye ki te vin jwenn David pandan l te Ziklag+ la, lè l pa t ka deplase jan l vle akoz Sayil+, pitit gason Kich la. Mesye sa yo te pami sòlda vanyan ki t ap ede l fè lagè yo+. 2 Yo te gen banza* nan men yo e yo te ka itilize ni men dwat yo ni men goch yo+ pou yo voye wòch+ e pou yo tire flèch. Yo te moun Benjamen+ menm jan ak Sayil. 3 Ayezè se te chèf yo, epi te gen Jowas. Toule de mesye sa yo se te pitit gason Chema, moun Gibeya+. Te gen Jezyèl ak Pelèt, pitit gason Azmavèt+, te gen Beraka, te gen Jeyi, moun Anatòt, 4 e te gen Ichmaya, moun Gabawon+, yon sòlda vanyan ki te fè pati 30 sòlda yo+ e ki te chèf yo. Mete sou sa, te gen Jeremi, Jayazyèl, Jowanan, Jozabad, yon moun Gedera, 5 Elouzayi, Jerimòt, Beyalya, Chemarya, Chefatya, Arifit la, 6 Èlkana, Ichiya, Azarèl, Jowezè, Jachobeyam, desandan Kore+, 7 Jowela ak Zebadya, pitit gason Jewowam, moun Gedò.
8 Gen kèk mesye nan tribi Gad la tou ki te pran pozisyon pou David e ki t al jwenn li nan dezè a+, kote ki te difisil pou yo atake l la. Se te yon seri sòlda vanyan, ki te antrene pou yo fè lagè. Yo te pare pou yo fè lagè ak gwo boukliye e ak lans yo te genyen yo. Figi yo te tankou figi lyon e yo te rapid tankou kabrit* ki nan mòn yo. 9 Premye a te rele Ezè, dezyèm nan Obadya, twazyèm nan Elyab, 10 katriyèm nan Michmana, senkyèm nan Jeremi, 11 sizyèm nan Atayi, setyèm nan Eliyèl, 12 uityèm nan Jowanan, nevyèm nan Èlzabad, 13 dizyèm nan Jeremi e 11yèm nan Makbanayi. 14 Mesye sa yo te soti nan tribi Gad+ e yo te chèf nan lame a. Sa k pi fèb la te kapab goumen ak 100 sòlda, sa ki gen plis fòs la te kapab goumen ak 1 000 sòlda+. 15 Se mesye sa yo ki te travèse Rivyè Jouden an nan premye mwa a, lè dlo nan rivyè a te debòde a, e ki te fè tout moun ki t ap viv nan plèn yo kouri kite zòn nan nan direksyon lès ak nan direksyon lwès.
16 Gen kèk mesye nan tribi Benjamen ak nan tribi Jida tou ki t al jwenn David kote l te ye ki te difisil pou yo atake l la+. 17 David soti al jwenn yo, epi li di yo: “Si nou vin jwenn mwen nan bon entansyon e nou vle ede m, m ap fè youn ansanm avèk nou. Men, si nou vini pou nou trayi m, pou nou lage m nan men advèsè m yo alòske m pa fè anyen ki mal, se pou Bondye zansèt nou yo wè sa e se pou l jije nou+.” 18 Lè sa a, lespri Bondye vin sou* Amasayi+, li menm ki te chèf sou 30 sòlda yo, epi li di:
“Se moun pa w nou ye, David, nou avè w, pitit gason Jese a+.
Lapè avè w e lapè avèk moun ki vin ede w yo,
paske Bondye w la ap ede w+.”
Lè sa a, David akeyi yo e li mete yo chèf nan lame a.
19 Gen kèk mesye nan tribi Manase tou ki te kite lame Sayil la e ki t al jwenn David lè David te vini ak moun Filisti yo pou l batay ak Sayil. Men, David pa t ede moun Filisti yo paske chèf moun Filisti yo+ te voye l ale apre yo te fin pale youn ak lòt. Yo te di: “L ap tounen al jwenn mèt li Sayil e sa ap lakòz nou pèdi lavi nou+.” 20 Men non mesye ki te sot nan tribi Manase a e ki t al jwenn li lè li t al Ziklag+ la: Adna, Jozabad, Jedyayèl, Mikayèl, Jozabad, Eliyou ak Ziltayi. Mesye sa yo te chèf sou plizyè milye moun nan tribi Manase+ a. 21 Yo te ede David konbat yon bann vòlè, paske yo tout se te sòlda vanyan, gason ki gen kran+. Yo te vin chèf nan lame a. 22 Chak jou, te gen plis moun ki te vin jwenn David+ pou yo ede l jiskaske li te vin gen yon gwo lame, tankou lame Bondye a+.
23 Men ki kantite gason ki te pare pou yo fè lagè ki te vin jwenn David ak zam nan men yo pandan li te Ebwon+ pou yo te fè l vin wa nan plas Sayil, jan Jewova te bay lòd la+. 24 Nan tribi Jida a, te gen 6 800 gason ki te gen gwo boukliye ak lans nan men yo ki te pare pou yo fè lagè. 25 Nan tribi Simeyon an, te gen 7 100 gason vanyan nan lame a, gason ki gen kran.
26 Pami desandan Levi yo te gen 4 600 gason. 27 Se Jewoyada+ ki te alatèt desandan Arawon yo+. Li te gen 3 700 gason avè l. 28 Te gen Zadòk+ tou, yon jèn gason vanyan ki te gen kran e ki te gen 22 lòt chèf fanmi avè l.
29 Nan tribi Benjamen an, tribi Sayil sot ladan l lan+, te gen 3 000 gason. Anvan sa, pifò ladan yo se te moun ki t ap sèvi Sayil ak moun lakay li. 30 Nan tribi Efrayim nan, te gen 20 800 sòlda vanyan, yon seri gason ki gen kran e ki te gen gwo renome nan fanmi yo.
31 Nan mwatye nan tribi Manase a, yo te chwazi 18 000 gason pou y al jwenn David pou yo fè l vin wa e yo te site non yo. 32 Nan tribi Isaka a, te gen 200 chèf ki te konprann nan ki epòk yo te ye e ki te konnen ki sa pèp Izrayèl la dwe fè. Mesye sa yo te gen tout lòt gason nan tribi yo a souzòd yo. 33 Nan tribi Zabilon an, te gen 50 000 gason ki te ka antre nan lame a. Yo te gen tout kalite zam nan men yo e yo te pare pou yo fè lagè. Yo tout te vin jwenn David e yo te fidèl ak li*. 34 Nan tribi Neftali a, te gen 1 000 chèf. Yo te gen 37 000 gason avèk yo ki te gen gwo boukliye ak lans nan men yo. 35 Nan tribi Dann nan, te gen 28 600 gason ki te pare pou yo fè lagè. 36 Nan tribi Achè a, te gen 40 000 gason ki te ka antre nan lame a e ki te pare pou yo fè lagè.
37 Sou lòt bò Rivyè Jouden an+, nan tribi Ribenn nan, tribi Gad la ak nan mwatye tribi Manase a, te gen 120 000 sòlda ki te gen tout kalite zam nan men yo pou yo fè lagè. 38 Tout sòlda sa yo te pare pou yo fè lagè. Yo te vin Ebwon pou yo fè David wa sou pèp Izrayèl la ak tout kè yo. Tout rès pèp Izrayèl la te vle* fè David vin wa tou+. 39 Tout sòlda sa yo te rete la ak David pandan twa jou. Yo te manje e yo te bwè paske moun Jida yo te fè preparasyon pou yo. 40 Mete sou sa, moun ki te toupre yo e menm moun ki te soti jis nan tribi Isaka, tribi Zabilon ak tribi Neftali te pote manje sou bourik, sou chamo, sou milèt ak bèf. Yo te pote farin, gato ki fèt ak fig frans yo seche e yo byen peze ansanm, gato rezen, diven, luil ansanm ak yon pakèt bèf ak yon pakèt mouton paske te gen anpil kè kontan nan peyi Izrayèl.
13 David te pale ak tout mesye ki te chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo ak mesye ki te chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo e li te pale ak tout lòt chèf yo tou+. 2 Apre sa, David te di Izrayelit yo: “Si sa parèt bon nan je nou, e si Jewova, Bondye nou an, dakò ak sa, annou voye moun al pot mesaj bay rès Izrayelit yo, toupatou ann Izrayèl, e bay prèt yo ak Levit yo nan vil yo+ genyen ki gen patiraj yo, pou yo ka vin jwenn nou. 3 Epi, annou mennen Lach+ Bondye nou an tounen.” Li te di sa paske yo pa t okipe Lach la nan epòk Sayil te wa a+. 4 Tout moun ki te la yo te dakò pou yo fè sa paske yo tout te wè se yon bèl ide. 5 Se konsa David te rasanble tout Izrayelit yo soti nan zòn rivyè Ejip la* rive jis Lebowamat*+ pou yo te ka al pran Lach vrè Dye a Kiriyatjeyarim+.
6 David ak tout Izrayelit yo te monte al Baala+, anpalan de Kiriyatjeyarim, yon vil nan tribi Jida a, pou y al pran Lach vrè Dye a, Jewova, ki chita sou twòn li anlè* cheriben yo+, Lach moun yo konn al devan l pou yo envoke non Bondye a. 7 Men, yo te mete Lach vrè Dye a sou yon charyo tounèf+ e yo te soti lakay Abinadab avè l. Se Ouza ak Ayiyo ki t ap mennen charyo a+. 8 David ak tout pèp Izrayèl la t ap fete devan vrè Dye a ak tout fòs yo. Yo t ap chante, yo t ap jwe hap*, lòt enstriman akòd ak twonpèt+, yo t ap bat tanbouren+ e yo t ap frape senbal+. 9 Men, lè yo rive bò kote moun konn bat manje angren ki rele Chidon an, Ouza lonje men l epi li kenbe Lach la paske bèf yo te prèske lage Lach la atè. 10 Menm moman an, Jewova vin an kòlè anpil kont Ouza epi li touye l paske li te lonje men l li kenbe Lach la+. Ouza te mouri la devan Bondye+. 11 Men, David te vin fache* poutèt Jewova te frape Ouza avèk kòlè. E depi lè sa a yo rele zòn sa a Perèsouza*.
12 Sa te fè David vin pè vrè Dye a jou sa a, epi li di: “Ki jan m ap fè mennen Lach vrè Dye a kote m rete a+?” 13 David pa t fè yo mennen Lach la kote l rete a, nan Vil David la, men li te fè yo mennen l lakay Obèdedòm, yon moun Gat. 14 Lach vrè Dye a te lakay Obèdedòm. Li te rete la pandan twa mwa e Jewova te kontinye beni tout moun lakay Obèdedòm ak tout sa l te genyen+.
14 Iram+, wa vil Ti, te voye moun pot mesaj bay David e l te voye bwa sèd, bòs ki konn taye wòch* ak bòs ki konn travay bwa pou yo bati yon kay* pou David+. 2 Epi, David te wè se Jewova ki mete l wa sou pèp Izrayèl la+, paske li te leve wayòm li an byen wo pou byen pèp Izrayèl la+.
3 David te vin gen plis madan marye+ nan Jerizalèm e li te vin gen plis pitit gason ak plis pitit fi+. 4 Men non pitit li te vin genyen nan Jerizalèm yo+: Chamwa, Chobab, Natan+, Salomon+, 5 Iba, Elichouwa, Èlpelèt, 6 Noga, Nefèg, Jafya, 7 Elichama, Beyelyada ak Elifelèt.
8 Lè moun Filisti yo tande yo chwazi David kòm wa sou tout pèp Izrayèl la+, yo tout monte pou y al dèyè David+. Lè David aprann sa, li soti pou l goumen avèk yo. 9 Apre sa, moun Filisti yo vini e yo te kontinye atake moun ki nan Vale* Refayim+ yo. 10 Epi, David mande Bondye: “Èske m mèt monte al goumen ak moun Filisti yo? Èske w ap lage yo nan men m?” Lè sa a, Jewova di l: “Ou mèt monte, m ap lage yo nan men w san mank+.” 11 Vrèmanvre, David monte Baalperazim+, li touye moun Filisti yo nan zòn sa a. Apre sa, David di: “Vrè Dye a sèvi avè m pou l kraze ènmi m yo tankou yon kote dlo pase li kraze.” Se sa k fè yo te rele zòn sa a Baalperazim*. 12 Moun Filisti yo te kite zidòl yo te genyen yo nan zòn nan, e moun ki te avèk David yo te boule yo nan dife sou lòd David+.
13 Annapre, moun Filisti yo vin atake moun ki nan vale a yon lòt fwa ankò+. 14 Yon lòt fwa ankò, David mande Bondye sa pou l fè, men vrè Dye a di l: “Pa monte dwat sou yo. Okontrè, al pase pa dèyè yo, epi atake yo anfas kote ki gen touf bwa a*+. 15 Lè w tande yon bri nan tèt pyebwa yo ki tankou bri moun k ap mache, ou mèt atake yo, paske vrè Dye a ap pase devan w pou l touye sòlda ki nan lame Filisti a+.” 16 Vrèmanvre, David fè egzakteman sa vrè Dye a ba l lòd fè a+, epi yo touye moun Filisti yo soti Gabawon rive Gezè+. 17 Se konsa moun nan tout peyi te vin konnen David, e Jewova te fè moun nan tout nasyon pè l+.
15 David te kontinye bati kay nan Vil David la. Li te prepare yon kote pou yo mete Lach vrè Dye a e li te monte yon tant pou li+. 2 Se lè sa a David te di: “Okenn lòt moun pa dwe pote Lach vrè Dye a, eksepte Levit yo, paske se yo menm Jewova te chwazi pou yo pote Lach Jewova a e pou yo toujou sèvi l+.” 3 Apre sa, David rasanble tout Izrayelit yo Jerizalèm pou yo monte ak Lach Jewova a kote li te prepare pou li a+.
4 David te rasanble tout desandan Arawon yo+ ak Levit yo+. 5 Pami desandan Keyat yo, te gen Ouriyèl kòm chèf ansanm ak 120 lòt moun nan fanmi sa a. 6 Pami desandan Merari yo, te gen Asaya+ kòm chèf ansanm ak 220 lòt moun nan fanmi sa a. 7 Pami desandan Gèchòm yo, te gen Jowèl+ kòm chèf ansanm ak 130 lòt moun nan fanmi sa a. 8 Pami desandan Elizafan+ yo, te gen Chemaya kòm chèf ansanm ak 200 lòt moun nan fanmi sa a. 9 Pami desandan Ebwon yo, te gen Eliyèl kòm chèf ansanm ak 80 lòt moun nan fanmi sa a. 10 Pami desandan Ouzyèl+ yo, te gen Aminadab kòm chèf ansanm ak 112 lòt moun nan fanmi sa a. 11 Mete sou sa, David rele Zadòk+ ak Abyata+, prèt yo, ansanm ak Ouriyèl, Asaya, Jowèl, Chemaya, Eliyèl ak Aminadab. Mesye sa yo se Levit yo te ye. 12 Li di yo: “Se nou menm ki chèf fanmi Levit yo. Pirifye tèt nou e fè lòt Levit ki ansanm ak nou yo pirifye tèt yo pou nou ka monte ak Lach Jewova, Bondye Izrayèl la, pou n al mete l kote mwen prepare pou li a. 13 Lefètke se pa nou menm ki te pote Lach la premye fwa a+, Jewova, Bondye nou an, te vin an kòlè anpil kont nou+. Paske, nou pa t chèche konnen fason nou dwe fè sa+.” 14 Se konsa prèt yo ak Levit yo te pirifye tèt yo pou yo monte ak Lach Jewova, Bondye Izrayèl la.
15 Apre sa, Levit yo pote Lach vrè Dye a sou zepòl yo ak baton yo+ jan Moyiz te bay lòd pou sa fèt dapre sa Jewova te di l la. 16 Epi, David di moun ki chèf Levit yo pou yo chwazi kèk Levit pou yo chante avèk kè kontan pandan y ap akonpaye yo ak enstriman pou fè mizik: hap*+, lòt enstriman akòd ak senbal+.
17 Se konsa Levit yo te chwazi Eman+, pitit gason Jowèl, ak Asaf+, pitit gason Berekya, ki te nan menm fanmi avè l. Pami desandan Merari yo, ki te Levit menm jan ak yo, yo te chwazi Etan+, pitit gason Kouchaya. 18 Ansanm avèk yo te gen lòt Levit ki te nan dezyèm gwoup la+: Zakari, Benn, Jayazyèl, Chemiramòt, Jeyèl, Ouni, Elyab, Benaya, Maraseya, Matitya, Elifelewou, Mikneya, ansanm ak Obèdedòm ak Jeyiyèl, mesye k ap veye pòtay yo. 19 Eman+, Asaf+ ak Etan, chantè yo, t ap frape senbal an kuiv yo+. 20 Zakari, Aziyèl, Chemiramòt, Jeyèl, Ouni, Elyab, Maraseya ak Benaya t ap jwe enstriman akòd ki te akòde pou jwe nòt ki wo yo*+. 21 Matitya+, Elifelewou, Mikneya, Obèdedòm, Jeyiyèl ak Azarya t ap jwe hap ki te akòde pou jwe nòt ki grav yo*+. Se yo ki t ap dirije mizisyen yo. 22 Kenànya+, chèf Levit yo, t ap sipèvize fason y ap pote Lach la, paske l te yon espè nan sa. 23 Berekya ak Èlkana t ap veye Lach la. 24 Prèt ki t ap sonnen twonpèt yo byen fò devan Lach vrè Dye a+ se te Chebànya, Jozafa, Netanèl, Amasayi, Zakari, Benaya ak Elyezè. Obèdedòm ak Jeyiya t ap veye pòtay kote Lach la te ye a tou.
25 Apre sa, David ak ansyen ki nan pèp Izrayèl yo ak moun ki te chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo t ap mache ak kè kontan+ ak lach alyans Jewova a pou yo monte avè l sot lakay Obèdedòm+. 26 Lefètke vrè Dye a te ede Levit ki t ap pote lach alyans Jewova a, yo te sakrifye sèt towo bèf ak sèt mal mouton+. 27 David te abiye ak yon gwo rad san manch ki te fèt ak twal bon kalite menm jan ak tout Levit ki t ap pote Lach la, menm jan ak chantè yo ak Kenànya, moun ki t ap sipèvize chantè ki t ap pote Lach la. David te gen yon efòd* ki fèt ak twal len sou li tou+. 28 Tout Izrayelit yo t ap rele byen fò ak anpil kè kontan pandan yo t ap monte ak lach alyans Jewova a+, yo t ap sonnen kòn, yo t ap jwe twonpèt+, yo t ap frape senbal e yo t ap jwe hap ak lòt enstriman akòd byen fò+.
29 Lè lach alyans Jewova a te rive nan Vil David la+, Mikal, pitit fi Sayil+, t ap gade anba nan fenèt la, li wè wa David k ap sote ponpe, k ap fete e li kòmanse meprize l nan kè l+.
16 Apre sa, yo antre ak Lach vrè Dye a anndan tant David te monte pou li a+. Epi, yo ofri sakrifis yo konn boule nèt ak sakrifis kominyon* devan vrè Dye a+. 2 Lè David fin ofri sakrifis yo boule nèt yo+ ak sakrifis kominyon yo+, li beni pèp la nan non Jewova. 3 Mete sou sa, li te bay chak Izrayelit, chak gason, chak fi, yon pen won, yon gato dat ak yon gato rezen. 4 Apre sa, li chwazi kèk Levit pou sèvi devan Lach Jewova a+, pou yo onore* Jewova, Bondye Izrayèl la, pou yo remèsye l e pou yo louwe l. 5 Se Asaf+ ki te alatèt yo, apre l se te Zakari, e te gen Jeyiyèl, Chemiramòt, Jeyèl+, Matitya, Elyab, Benaya, Obèdedòm ak Jeyiyèl ki t ap jwe hap* ak lòt enstriman akòd+. Asaf li menm t ap frape senbal+, 6 e Benaya ak Jayazyèl, prèt yo, t ap jwe twonpèt devan lach alyans vrè Dye a san rete.
7 Se nan jou sa a, pou premye fwa, David te bay Asaf+ ak lòt Levit yo yon chante li te konpoze pou l remèsye Jewova. Men chante a:
12 Sonje tout gwo aksyon li fè yo+,
Sonje mirak li yo ak jijman li pwononse yo,
13 Nou menm desandan* Izrayèl, sèvitè l la+,
Nou menm pitit gason Jakòb yo, nou menm li chwazi yo+.
15 Sonje alyans li te fè a pou toutan,
Pwomès li te fè pou 1 000 jenerasyon an+,
16 Alyans li te fè ak Abraram nan+,
Pwomès li te fè Izarak sèman l ap reyalize a+,
17 Pwomès li te tabli kòm lwa pou Jakòb la+
E kòm yon alyans k ap la pou lontan li fè ak Izrayèl
18 Lè l te di: ‘M ap ban nou peyi Kanaran+
Kòm eritaj pa nou+.’
19 Lè sa a, yo pa t anpil,
Non, yo pa t anpil e se etranje yo te ye nan peyi a+.
20 Yo te mache sot nan yon nasyon al nan yon lòt nasyon,
Sot nan yon wayòm al nan yon lòt wayòm+.
21 Li pa t kite okenn moun maltrete yo+,
Men, li te blame plizyè wa poutèt yo+,
22 Li te di: ‘Pinga nou manyen moun mwen chwazi yo
E pinga nou fè pwofèt mwen yo anyen ki mal+.’
23 Se pou tout tè a chante pou Jewova!
Chak jou, se pou nou fè konnen jan Li bay delivrans+!
24 Fè nasyon yo konnen glwa li genyen,
Fè tout pèp yo konnen bagay estrawòdinè li fè yo.
25 Paske, Jewova gran e li vrèman merite pou moun fè louwanj pou li.
Li merite pou moun gen lakrentif pou li plis pase tout lòt dye yo+.
28 Onore Jewova, nou menm fanmi ki nan pèp yo,
Onore Jewova pou glwa li ak fòs li+.
32 Se pou lanmè a ak tout sa k ladan l fè anpil bri.
Se pou savann yo ak tout sa ki ladan yo rejwi.
33 Anmenmtan, se pou tout pyebwa ki nan forè yo rele byen fò ak kè kontan devan Jewova,
Paske, l ap vini pou l* jije tè a!
35 Epi, se pou nou di l: ‘Sove nou, o Bondye ki bay delivrans lan+.
Rasanble nou e sove nou nan mitan nasyon yo,
Pou nou ka di w mèsi, ou menm ki gen yon non ki sen+,
E pou nou ka pran plezi fè louwanj pou ou+.
36 Se pou Jewova, Bondye Izrayèl la, jwenn louwanj
Pou tout tan gen tan.’”
E tout pèp la di: “Amèn*!” Epi, yo fè louwanj pou Jewova.
37 Apre sa, David kite Asaf+ ak lòt Levit ki te nan menm fanmi avè l yo devan lach alyans Jewova a pou yo kontinye fè tout sa yo te gen pou yo fè nan sèvis yo t ap fè chak jou+ devan Lach+ la. 38 Epitou, li te kite Obèdedòm ak lòt Levit ki te nan menm fanmi avè l yo, antou 68. Obèdedòm, pitit gason Jedoutoun, ak Osa t ap veye pòtay yo. 39 E Zadòk+, prèt la, ansanm ak lòt prèt ki te avè l yo te devan tabènak* Jewova a, nan kote ki wo ki Gabawon+ an, 40 pou yo te ka ofri sakrifis yo boule nèt pou Jewova regilyèman sou lotèl pou boule ofrann nan ni nan maten ni nan aswè e pou yo te ka fè tout sa ki ekri nan Lwa Jewova te bay pèp Izrayèl la+. 41 Eman ak Jedoutoun+ te ansanm avèk yo ansanm ak rès mesye yo te site non yo lè yo t ap chwazi yo pou yo remèsye Jewova+, paske “lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan+”. 42 Eman+ ak Jedoutoun t ap jwe twonpèt, yo t ap frape senbal e yo t ap jwe lòt enstriman pou yo fè louwanj* pou vrè Dye a. Pitit gason Jedoutoun+ yo te nan pòtay la. 43 Annapre, tout moun yo retounen lakay yo e David te retounen lakay li tou pou l beni moun lakay li.
17 Kou David fin abite nan kay li a*, li di pwofèt Natan+: “Gade jan m ap viv nan yon kay ki fèt ak bwa sèd+ alòske lach alyans Jewova a anba tant+.” 2 Lè sa a, Natan di David: “Ou mèt fè kèlkeswa sa w gen nan kè w la, paske vrè Dye a avè w.”
3 Nan menm nuit lan, Bondye pale ak Natan, li di l: 4 “Al di David, sèvitè m nan: ‘Men sa Jewova di: “Se pa ou menm k ap bati kay pou m rete a+. 5 Paske mwen pa rete nan yon kay depi jou mwen te fè pèp Izrayèl la soti ann Ejip rive jis jodi a, men mwen te kontinye rete nan tant ak nan yon tabènak*, sot yon kote al yon lòt kote+. 6 Pandan tout tan mwen t ap deplase ak tout pèp Izrayèl la, èske m te janm mande youn nan jij mwen te chwazi pou pran swen pèp Izrayèl la, pèp mwen an: ‘Poukisa nou pa bati yon kay ak bwa sèd pou mwen?’”’
7 “Kounye a, men sa pou w di David, sèvitè m nan: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Se mwen menm ki te pran w nan patiraj kote w t ap pran swen mouton yo pou m fè w vin chèf sou Izrayèl, pèp mwen an+. 8 M ap avè w kèlkeswa kote w ale+, m ap detwi tout ènmi w yo devan w+ e m ap fè w gen gwo renome menm jan ak yon seri mesye enpòtan sou tè a+. 9 M ap chwazi yon kote pou Izrayèl, pèp mwen an, m ap fè yo rete la, e pap gen pèsonn k ap fè l tranble ankò. Epi, moun ki mechan pap maltrete* yo ankò, jan yo te konn fè sa lontan+, 10 nan epòk mwen te mete jij pou dirije Izrayèl, pèp mwen an+. M ap lage tout ènmi w yo anba men w+. Mete sou sa, men sa m ap di w: ‘Jewova ap bati yon kay pou ou*.’
11 “‘“Lè jou w yo rive nan bout yo e w al repoze bò kot zansèt ou yo, m ap fè yon desandan w*+ ranplase w e m ap fè wayòm li an byen chita+. 12 Se li menm k ap bati yon kay pou mwen+, e m ap fè twòn li an byen chita pou toutan+. 13 M ap vin papa l, e l ap vin pitit gason m+. Mwen pap sispann montre lanmou ki fidèl pou li+ jan m te sispann fè sa pou moun ki te la anvan w lan+. 14 M ap mete l chèf nan kay mwen an e nan wayòm mwen an pou toutan+. Twòn li an ap la pou toutan+.”’”
15 Natan te di David tout pawòl sa yo e li te rakonte l tout vizyon an nèt.
16 Lè sa a, wa David chita devan Jewova e li di: “Kiyès mwen ye, o Jewova Dye? Ki sa fanmi m ye pou w fè tout bagay sa yo pou mwen+? 17 Kòmsi sa pa t ase, o Bondye, ou fè konnen tou jan fanmi sèvitè w la pral ye nan tan ki gen pou vini jis apre yo+ e ou trete m tankou yon moun ki merite plis glwa toujou*, o Jewova Dye. 18 Ki sa mwen menm, David, sèvitè w la, ka di w ankò pou tout onè sa a ou fè m, ou menm ki tèlman byen konn sèvitè w la+? 19 O Jewova, se paske w gen sousi pou sèvitè w la e se paske kè w pouse w* ki fè w fè tout gwo bagay sa yo, konsa ou montre jan w gran+. 20 O Jewova, pa gen pèsonn tankou w+ e pa gen Dye sof ou menm+. Tout sa nou tande ak zòrèy nou montre sa. 21 Epitou, ki lòt nasyon sou tè a ki tankou pèp Izrayèl la, pèp ou a+? Antanke vrè Dye a, ou t al delivre l e ou fè l vin pèp ou+. Ou fè konnen non w pa mwayen yon seri gwo aksyon ou te fè ki bay lakrentif+. Ou te mete lòt nasyon deyò devan pèp ou a+ ou te delivre ann Ejip. 22 Ou fè pèp Izrayèl la, pèp ou a, vin pèp ou pou toutan+, e ou menm, o Jewova, ou vin Bondye yo+. 23 Kounye a, o Jewova, se pou w fè pwomès ou fè sèvitè w la ak fanmi l* reyalize pou toutan e se pou w fè egzakteman sa w te pwomèt la+! 24 Se pou non w la pou toutan, se pou yo fè louwanj pou li+ pou toutan, yon fason pou moun ka di: ‘Jewova, Chèf lame yo, Bondye pèp Izrayèl la, se li menm ki Bondye pèp Izrayèl la toutbonvre!’ Se pou kay David, sèvitè w la, rete byen solid devan w+! 25 Paske ou menm Bondye m nan, ou fè sèvitè w la konnen objektif ou genyen pou w fè yon kay pou li*. Se pou rezon sa a sèvitè w la priye w avèk konfyans konsa. 26 Kounye a, o Jewova, se ou menm ki vrè Dye a e se ou ki pwomèt bon bagay sa yo anrapò ak sèvitè w la. 27 Se sa k fè, se pou w kontan beni kay sèvitè w la, se pou l kontinye ret kanpe devan w pou toutan! Paske se ou menm, o Jewova, ki beni l, e l ap ret beni pou toutan.”
18 Kèk tan apre, David te pot laviktwa sou moun Filisti yo e li fè yo soumèt devan l, epi li pran vil Gat+ ak ti vil ki sou kont* vil sa a nan men moun Filisti yo+. 2 Apre sa, David te pot laviktwa sou moun Mowab+ yo. Epi, moun Mowab yo te vin sèvitè David e li te fè yo peye taks+.
3 David te pot laviktwa sou Adadezè+, wa Soba a+, toupre Amat+, pandan Adadezè te sou wout pou l al fè moun nan zòn Rivyè Efrat+ yo soumèt anba otorite l. 4 David te rive pran 1 000 charyo ansanm ak 7 000 sòlda ki te sou cheval ak 20 000 sòlda ki te apye+. Epi, David te koupe jarèt prèske tout cheval ki t ap rale charyo yo, e se sèlman 100 ladan yo li te kite+. 5 Lè moun Siri ki t ap viv Damas yo te vin ede Adadezè, wa Soba a, David te touye 22 000 ladan yo+. 6 Epi, David te mete plizyè gwoup sòlda nan Damas, nan peyi Siri. Moun Siri yo te vin sèvitè David e li te fè yo peye taks. Jewova te fè David pot laviktwa* tout kote l t ale+. 7 Mete sou sa, David pran boukliye won annò ki te nan men sèvitè Adadezè yo e li pote yo Jerizalèm. 8 David te pran yon gwo kantite kuiv nan vil Tibat ak vil Koun, de vil ki te pou Adadezè. Se avèk kuiv sa a Salomon te fè gwo basen an kuiv la+, poto yo ak veso an kuiv yo+.
9 Lè Towou*, wa Amat la, te vin aprann David te pot laviktwa sou tout lame Adadezè a+, wa Soba a+, 10 lapoula, li te voye Adoram, pitit gason l, al kot wa David pou l mande l kòman l ye e pou l felisite l paske l t al fè lagè ak Adadezè e li te pot laviktwa sou li (paske Adadezè te konn fè lagè souvan ak Towou). Li te pote tout kalite bagay annò, ann ajan e an kuiv. 11 Wa David te mete bagay sa yo apa pou Jewova+ ansanm ak ajan ak lò li te pran nan men tout lòt nasyon yo, tankou Edòm, Mowab, desandan Amon yo+, moun Filisti yo+ ak moun Amalèk yo+.
12 Abichayi+, pitit gason Sewouya+, te touye 18 000 moun Edòm nan Vale Sèl+. 13 Li te mete plizyè gwoup sòlda nan peyi Edòm, e tout moun Edòm yo te vin sèvitè David+. Jewova te fè David pot laviktwa* tout kote li t ale+. 14 David te kontinye dirije tout pèp Izrayèl la+, li te fè tout pèp la jwenn jistis e li te fè tout bagay dwat+. 15 Jowab, pitit gason Sewouya, te alatèt lame a+, Jozafa+, pitit gason Ayiloud, te la pou l ekri sa k pase, 16 Zadòk, pitit gason Ayitoub, ak Ayimelèk, pitit gason Abyata, te prèt e Chavcha te sekretè. 17 Benaya, pitit gason Jewoyada, te alatèt Keretit yo+ ak Peletit yo+. Epi, se pitit gason David yo ki te nan pi gwo pozisyon, apre wa David.
19 Annapre, Nahach, wa desandan Amon yo, mouri e pitit gason l lan vin wa nan plas li+. 2 Lè David aprann sa, li di: “M ap demontre yon lanmou ki fidèl+ pou Anoun, pitit gason Nahach la, paske papa l te demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen.” Se sa k fè David voye kèk moun al konsole Anoun ki te pèdi papa l. Men, lè sèvitè David yo rive nan peyi desandan Amon yo+ pou y al konsole Anoun, 3 prens nan peyi desandan Amon yo di Anoun: “Ou panse se onore David vle onore papa w ki fè l voye moun vin konsole w? Èske se pa pou egzamine peyi a, pou retire w sou pouvwa a e pou espyone peyi a ki fè sèvitè l yo vin kote w?” 4 Se sa k fè Anoun te pran sèvitè David yo, li koupe bab yo+, li koupe rad ki sou yo wotè dèyè yo epi li voye yo ale. 5 Lè yo vin di David sa yo fè mesye yo, menm kote a, li voye kèk moun al rankontre yo, paske yo te imilye mesye yo anpil. Epi, wa David voye di yo: “Rete Jeriko+ jiskaske bab nou pouse ankò, apre sa n a retounen.”
6 Rive yon lè, desandan Amon yo vin rann yo kont David pa vle wè yo. Se sa k fè Anoun ansanm ak desandan Amon yo te voye 1 000 talan* ajan bay moun Mezopotami* yo, moun Aramaaka yo ak moun Soba yo+ pou yo voye charyo ak kavalye pou yo. 7 Se konsa yo te lwe 32 000 charyo e yo te peye wa Maaka a ansanm ak moun li t ap dirije yo pou yo ede yo. Apre sa, yo vini epi yo tabli kan yo devan Medeba+. Desandan Amon yo te rasanble ansanm e yo te soti nan tout vil yo te genyen yo pou y al nan gè a.
8 Lè David tande sa, li voye Jowab+ ak tout lame a, san wete sòlda li genyen ki pi vanyan yo+, al kontre yo. 9 Epi, desandan Amon yo te soti e yo te pran pozisyon yo nan antre vil la pou yo fè lagè pandan wa ki te vini yo te poukont yo nan savann nan.
10 Lè Jowab wè sòlda yo ap vin atake l ni devan ni dèyè, li chwazi kèk nan pi bon gwoup sòlda ki te gen ann Izrayèl yo e li ranje yo nan pozisyon pou y al batay ak moun Siri yo+. 11 Li te met Abichayi+, frè l la, alatèt rès sòlda yo pou ranje yo nan pozisyon pou y al batay ak desandan Amon yo. 12 Epi, li di l: “Si moun Siri yo+ twò fò pou mwen, ou dwe vin pote m sekou. Men, si desandan Amon yo twò fò pou ou, m ap vin pote w sekou. 13 Nou dwe met kouraj sou nou+ pou n batay pou pèp nou an e pou vil Bondye nou an ban nou yo, epi Jewova ap fè sa ki fè l plezi.”
14 Epi, Jowab ak mesye ki te avè l yo te avanse pou yo batay ak moun Siri yo, men, moun Siri yo te kouri pou li+. 15 Lè desandan Amon yo wè moun Siri yo te kouri, yo menm tou yo kouri pou Abichayi, frè Jowab la, e yo antre nan vil la. Apre sa, Jowab retounen Jerizalèm.
16 Lè moun Siri yo wè pèp Izrayèl la pot laviktwa sou yo, yo voye moun chèche moun Siri ki t ap viv nan zòn Rivyè a*+ e ki te gen Chofak, chèf lame Adadezè a, alatèt yo+.
17 Lè yo vin bay David nouvèl la, menm kote a, li rasanble tout lame Izrayèl la, li travèse Rivyè Jouden an al jwenn yo e l al ranje yo nan pozisyon pou yo batay ak moun Siri yo. David te ranje sòlda l yo nan pozisyon pou l batay ak moun Siri yo, epi moun Siri yo fè lagè avè l+. 18 Men, moun Siri yo te kouri pou pèp Izrayèl la, e David te touye 7 000 sòlda ki t ap kondui charyo ak 40 000 sòlda Siri ki te apye e li te touye Chofak, chèf lame yo a. 19 Lè sèvitè Adadezè yo wè pèp Izrayèl la pot laviktwa sou yo+, yo kouri fè lapè ak David byen vit e yo vin anba kontwòl li+. Apre sa, moun Siri yo pa t vle ede desandan Amon yo ankò.
20 Nan kòmansman ane a*, nan moman wa yo te konn al fè lagè youn ak lòt, Jowab+ te mennen lame a nan peyi desandan Amon yo e li te ravaje peyi a. Jowab te ansèkle vil Raba+ pandan David li menm te rete Jerizalèm+. Jowab te atake vil Raba e li te kraze l+. 2 Apre sa, David pran kouwòn ki te sou tèt Malkam nan. Lò nan kouwòn nan te peze yon talan* e kouwòn nan te gen pyè ki gen anpil valè ladan l. Yo te mete l sou tèt David. Mete sou sa, David te pran yon pakèt bagay nan vil la+. 3 Li te mennen moun nan vil la deyò vil la, li ba yo taye wòch e li te ba yo travay+ ak zouti an fè ki file ansanm ak rach. Se sa David te fè moun nan tout vil desandan Amon yo. Alafen, David ak tout gwoup sòlda yo retounen Jerizalèm.
4 Apre sa, y al fè lagè ak moun Filisti yo nan Gezè. Lè sa a, Sibekayi+, moun Oucha a, te touye Sipayi* ki te yon desandan Refayim yo+, e moun Filisti yo te vin anba kontwòl yo.
5 Epi, y al fè lagè ak moun Filisti yo ankò e Elanan, pitit gason Jayi, te touye Lami, frè Golyat+, moun Gat la, ki te gen yon lans. Manch an bwa lans Lami an te tankou gwo bwa moun k ap fè twal yo konn woule twal sou yo a+.
6 Te vin gen lagè ankò nan Gat+, kote te gen yon nonm ki te wo anpil+ ki te gen 6 dwèt nan chak men l ak 6 zòtèy nan chak pye l. Antou, li te gen 24 dwèt ak zòtèy. Li menm tou li te yon desandan Refayim yo+. 7 Li te toujou ap pwovoke+ pèp Izrayèl la. Se konsa, Jonatan, pitit gason Chimeya+ ki te frè David, te touye l.
8 Mesye sa yo se te desandan Refayim+ yo, se te moun Gat+, e se David ak sèvitè l yo ki te touye yo.
21 Annapre, Satan* leve kont pèp Izrayèl la e li pouse David konte kantite moun ki nan pèp la+. 2 Se sa k fè David te di Jowab+ ak moun ki te chèf nan mitan pèp la: “Al konte pèp Izrayèl la depi Beyècheba rive Dann+. Apre sa, ban m yon rapò pou m ka konnen ki kantite yo ye.” 3 Men, Jowab di: “Se pou Jewova fè pèp li a vin 100 fwa plis! Monwa, mèt mwen, èske yo tout se pa sèvitè w yo ye deja? Mèt mwen, poukisa w vle fè yon bagay konsa? Poukisa w vle fè pèp Izrayèl la vin koupab?”
4 Men, se sa wa a te di a Jowab te oblije fè. Konsa, Jowab ale, li te vwayaje nan tout peyi Izrayèl. Apre sa, li tounen Jerizalèm+. 5 Epi, Jowab bay David kantite moun yo te anrejistre yo. Nan tout tribi Izrayèl yo, te gen 1 100 000 gason ki gen epe. Nan tribi Jida a te gen 470 000 gason ki gen epe+. 6 Men, yo pa t konte desandan Levi yo ak moun nan tribi Benjamen an+ paske sa wa a te mande Jowab la pa t fè Jowab+ kontan.
7 Sa wa a te fè a pa t fè vrè Dye a kontan menm. Se sa k fè vrè Dye a te frape pèp Izrayèl la. 8 Epi, David di vrè Dye a: “Sa m fè a se yon peche+ grav. Kounye a, tanpri, padone peche+ sèvitè w la fè a, paske se yon bagay moun sòt nèt mwen te fè+.” 9 Lè sa a, Jewova pale ak Gad+, li menm ki te konn fè David konnen vizyon Bondye bay yo, li di l: 10 “Al di David: ‘Men sa Jewova di: “M ap ba w twa bagay pou w chwazi youn ladan yo. Chwazi sa pou m lage sou ou a.”’” 11 Vrèmanvre, Gad al kot David, epi li di l: “Men sa Jewova di: ‘Chwazi sa w pi pito. 12 Èske w pi pito pou gen twazan grangou nan peyi a+, oswa pou advèsè w yo pousuiv ou+ e pou yo frape w ak kout epe pandan twa mwa, oubyen pou zanj Jewova a detwi+ moun tout kote nan peyi Izrayèl ak epe Jewova a, sa vle di pou maladi tonbe sou peyi a pandan twa jou+?’ Kounye a, reflechi pou w di m ki repons pou m bay Sila a ki voye m nan.” 13 Lè sa a, David di Gad: “Bagay sa a ban m pwoblèm anpil. Tanpri, pito m tonbe anba men Jewova, paske li gen anpil mizèrikòd+, men, pa kite m tonbe anba men lèzòm+.”
14 Annapre, Jewova lage yon maladi+ sou pèp Izrayèl la, sa te lakòz 70 000 moun nan pèp Izrayèl la mouri+. 15 Mete sou sa, vrè Dye a voye yon zanj Jerizalèm pou l detwi vil la. Men, pandan zanj lan t apral kòmanse frape vil la, Jewova wè sa e li regrèt* chatiman li te bay la+ e li te di zanj ki t ap fè destriksyon an: “Ase+! Kounye a, bese men w.” Zanj Jewova a te kanpe toupre kote yo konn bat manje angren ki pou Ònan+, moun Jebis la+.
16 Lè David leve je l, li wè zanj Jewova a ki kanpe ant tè a ak syèl la ak yon epe+ nan men l ki te lonje nan direksyon Jerizalèm. Menm kote a, David ak ansyen ki nan pèp Izrayèl la ki te gen twal sak+ sou yo lage kò yo fas atè+. 17 Epi, David di vrè Dye a: “Èske se pa mwen menm ki te mande pou yo konte kantite moun ki gen nan pèp la? Se mwen menm ki te peche e se mwen menm ki te mal aji+, ki sa mouton sa yo fè? O Jewova, Bondye m nan, tanpri, se mwen menm ak moun lakay papa m ki pou tonbe anba men w. Men, pa lage malè sa a sou pèp ou a+.”
18 Apre sa, zanj Jewova a mande Gad+ pou l di David monte kote yo konn bat manje angren ki pou Ònan, moun Jebis+ la, epi fè yon lotèl la pou Jewova. 19 Vrèmanvre, David monte, jan Gad te di l la, dapre pawòl Jewova te di a. 20 Pandan tan sa a, Ònan vire e li wè zanj lan. Kat pitit gason l ki te avè l yo al kache. Nan moman an, Ònan t ap bat ble. 21 Lè David rive kote Ònan, Ònan gade li wè David, menm moman an, li kite kote li t ap bat manje angren an, l al jwenn li e li bese byen ba devan l fas atè. 22 Epi, David di Ònan: “Vann mwen* tè kote ou konn bat manje angren an pou m ka fè yon lotèl pou Jewova sou li. Vann mwen li pou kantite kòb li vo a pou flewo ki tonbe sou pèp la ka sispann+.” 23 Men, Ònan di David: “Monwa, mèt mwen, ou mèt pran l, epi fè sa w vle* avè l. Mete sou sa, m ap ba ou bèf pou w fè sakrifis yo boule nèt e m ap ba ou planch+ yo konn bat manje angren an kòm bwa ansanm ak ble kòm manje angren pou w ofri. M ap ba ou tout bagay sa yo.”
24 Men, wa David di Ònan: “Non, mwen dwe achte l pou kantite kòb li vo a, paske mwen pap pran sa ki pou ou pou m bay Jewova, ni mwen pap ofri l sakrifis yo boule nèt ki pa koute m anyen+.” 25 Konsa, David te bay Ònan 600 chekèl* lò pou espas la. 26 Epi, David te fè yon lotèl+ kote sa a pou Jewova e li te ofri sakrifis yo boule nèt ak sakrifis kominyon*, epi li rele Jewova ki te reponn li lè l te fè dife+ sot nan syèl la tonbe sou lotèl pou l boule sakrifis la. 27 Apre sa, Jewova bay zanj+ li an lòd pou l antre epe l nan fouwo l. 28 Lè David wè Jewova reponn li kote yo konn bat manje angren ki te pou Ònan, moun Jebis la, li te kontinye ofri sakrifis kote sa a. 29 Men, nan epòk sa a, tabènak* Moyiz te fè pou Jewova nan dezè a ak lotèl pou yo ofri sakrifis yo boule nèt la te kote ki wo ki Gabawon an+. 30 Men, David pa t ka al devan tabènak la pou l pale ak Bondye paske li te pè anpil akoz epe zanj Jewova a.
22 Annapre, David di: “Se la a kay Jewova, vrè Dye a, ap ye ansanm ak lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt pou pèp Izrayèl la+.”
2 Apre sa, David mande pou yo rasanble tout moun k ap viv kòm etranje+ nan peyi Izrayèl la, epi li ba yo travay kòm moun k ap taye wòch. Yo te gen pou yo taye wòch pou yo ba yo fòm pou yo te ka itilize yo pou bati kay vrè Dye a+. 3 David te fè prepare yon bon kantite fè tou pou yo fè klou ak kouplè pou batan pòt yo ansanm ak anpil kuiv. Kuiv la te tèlman anpil, yo pa t ka peze l+. 4 Mete sou sa, David te fè prepare yon pakèt bwa sèd+ met la paske moun Sidon yo+ ak moun Ti yo+ te pote yon bon kantite bwa sèd pou li. 5 David te di tèt li: “Salomon, pitit gason m nan, jèn e li poko gen eksperyans*+ alòske kay li gen pou l bati pou Jewova a ta dwe bèl anpil anpil+ pou moun nan tout peyi ka pale de li+ e pou yo ka di jan l bèl+. Kidonk, m ap fè kèk preparasyon pou li.” Se sa k fè, anvan David mouri, li te prepare materyo an kantite met la.
6 Mete sou sa, li te voye chèche Salomon, pitit gason l lan, e li te ba l lòd pou l bati yon kay pou Jewova, Bondye Izrayèl la. 7 David te di Salomon, pitit gason l lan: “Mwen te vle bati yon kay pou bay non Jewova, Bondye m nan, glwa+. 8 Men, Jewova te di m: ‘Ou te fè anpil san koule e w te patisipe nan anpil gè. Ou pap ka bati yon kay pou bay non m glwa+ paske ou te fè anpil san koule sou tè a devan je m. 9 Tande! W ap gen yon pitit gason+ k ap yon moun ki renmen lapè e m ap fè tout ènmi ki ozalantou l yo kite l anpè+. Se sa k fè l ap rele Salomon*+ e lè l ap dirije pèp Izrayèl la, m ap fè pèp la gen lapè e m ap fè yo viv ak kè poze+. 10 Se li menm k ap bati yon kay pou bay non m glwa+. L ap vin yon pitit gason pou mwen e m ap vin yon papa pou li+. M ap fè wayòm li an byen chita sou pèp Izrayèl la pou toutan+.’
11 “Kounye a, pitit gason m, se pou Jewova avèk ou, se pou w reyisi bati kay Jewova, Bondye w la, jan li te di w ap fè sa a+. 12 Sèl bagay, mwen swete pou Jewova fè w prevwayan e se pou l ba w bon konprann+ lè l ba w otorite sou pèp Izrayèl la, yon fason pou w ka obeyi lwa Jewova, Bondye w la+. 13 Si w byen suiv tout lòd ak lwa+ Jewova te sèvi ak Moyiz pou l bay pèp Izrayèl la, w ap reyisi nan tout sa w ap fè+. Mete kouraj sou ou e mete kran sou ou. Pinga w pè e pinga w panike+. 14 Mwen fè anpil efò pou m prepare 100 000 talan* lò ak 1 000 000 talan ajan met la pou kay Jewova a, ansanm ak yon kantite kuiv ak fè+ ki tèlman anpil moun pa ka peze yo. Mete sou sa, mwen prepare bwa ak wòch met la+, men w a mete plis sou yo. 15 Gen yon pakèt travayè avè w, moun ki konn taye wòch, bòs mason+, bòs chapant ak tout kalite lòt travayè ki fò+. 16 Kantite lò, ajan, kuiv ak fè mwen sere yo anpil+. Se pou w kòmanse travay la e se pou Jewova avèk ou+.”
17 Apre sa, David bay tout chèf ki nan pèp Izrayèl la lòd pou yo ede Salomon, pitit gason l lan. Li di yo: 18 “Jewova, Bondye nou an, avèk nou. Èske nou pa wè jan li fè tout ènmi nou yo kite nou an repo? Li lage tout moun ki abite nan peyi a nan men m, e Jewova ak pèp li a gen kontwòl peyi a. 19 Kounye a, se pou nou pran detèminasyon ak tout kè nou e ak tout nanm* nou pou nou chèche Jewova, Bondye nou an+, e se pou nou kòmanse bati tanp Jewova, vrè Dye a+, pou nou ka pote lach alyans Jewova, vrè Dye a+, ak veso sakre yo nan kay n ap bati pou bay non Jewova glwa a+.”
23 Lè David te vin granmoun e li te prèske mouri*, li te met Salomon, pitit gason l lan, wa sou pèp Izrayèl la+. 2 Apre sa, li rasanble tout chèf ki nan pèp Izrayèl la, prèt yo+ ak Levit yo+. 3 Yo te konte tout Levit ki te gen 30 an oswa plis yo+. Kantite yo te jwenn nan se te 38 000. 4 Te gen 24 000 nan yo ki t ap sèvi kòm sipèvizè sou travay ki t ap fèt nan kay Jewova a, te gen 6 000 ki te ofisye ak jij+, 5 te gen 4 000 ki t ap veye pòtay yo+ e te gen 4 000 ki t ap fè louwanj+ pou Jewova ak enstriman. Se konsènan enstriman sa yo David t ap pale lè l te di: “Mwen fè yo pou yo fè louwanj pou Bondye.”
6 Apre sa, David òganize* yo, li fè yo fè plizyè gwoup+ dapre pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari+. 7 Pami desandan Gèchon yo, te gen Ladan ak Chimeyi. 8 Pitit gason Ladan yo se te Jeyèl, chèf la, Zetam ak Jowèl+, yo twa a. 9 Pitit gason Chimeyi yo se te Chelomòt, Aziyèl ak Aran, yo twa a. Mesye sa yo se te desandan Ladan e yo te chèf fanmi. 10 Pitit gason Chimeyi yo se te Jayat, Zina*, Jewouch ak Berya. Kat mesye sa yo se te pitit gason Chimeyi. 11 Jayat se te chèf la e Ziza te vin an dezyèm. Piske Jewouch ak Berya pa t gen anpil pitit gason, yo te konsidere yo kòm yon sèl fanmi e yo te gen yon sèl responsablite.
12 Pitit gason Keyat yo se te Amram, Izeya+, Ebwon ak Ouzyèl+, yo kat la. 13 Pitit gason Amram yo se te Arawon+ ak Moyiz+. Yo te met Arawon ak pitit gason l yo apa nètale+ pou yo sèvi nan Kote ki pi sen an, pou yo ofri sakrifis devan Jewova, pou yo fè sèvis yo devan l e pou yo toujou bay benediksyon nan non l+. 14 Kanta pou pitit gason Moyiz, sèvitè vrè Dye a, te genyen yo, yo te konte yo pami tribi Levi a. 15 Pitit gason Moyiz yo se te Gèchòm+ ak Elyezè+. 16 Pami pitit gason Gèchòm yo, se Chebouwèl+ ki te chèf la. 17 Pami desandan* Elyezè yo, se Reyabya+ ki te chèf la. Elyezè pa t gen lòt pitit gason, men Reyabya te gen anpil pitit gason. 18 Pami desandan Izeya yo+, se Chelomit+ ki te chèf la. 19 Pitit gason Ebwon yo se te Jerya, chèf la, Amarya, dezyèm nan, Jayazyèl, twazyèm nan ak Jekameyam+, katriyèm nan. 20 Pitit gason Ouzyèl yo+ se te Miche, chèf la, ak Ichiya, dezyèm pitit li.
21 Pitit gason Merari yo se te Mali ak Mouchi+. Pitit gason Mali yo se te Eleyaza ak Kich. 22 Eleyaza te mouri san l pa t gen pitit gason. Se pitit fi li te genyen sèlman. Se sa k fè pitit gason Kich yo, ki se fanmi* yo, te pran yo kòm madanm. 23 Pitit gason Mouchi yo se te Mali, Edè ak Jeremòt, yo twa a.
24 Mesye sa yo se te desandan Levi e se chèf fanmi yo te ye. Yo te anrejistre non yo nan rejis ki gen non fanmi yo. Yo te konn travay nan kay Jewova a e yo te gen 20 an oswa plis. 25 David te di: “Jewova, Bondye Izrayèl la, fè pèp li a viv ak kè poze+ e se Jerizalèm l ap rete pou toutan+. 26 Mete sou sa, Levit yo pap oblije pote tabènak* la oswa okenn nan bagay yo itilize nan sèvis k ap fèt nan tabènak la+.” 27 Selon dènye enstriksyon David te bay yo, yo te konte tout Levit ki te gen 20 an oswa plis yo. 28 Kòm responsablite, yo te gen pou yo ede pitit gason Arawon yo+ nan sèvis y ap fè nan kay Jewova a. Yo te responsab lakou yo+ ak salamanje yo. Yo te responsab pou yo pirifye tout bagay ki sakre yo e pou yo fè kèlkeswa travay ki gen rapò ak sèvis k ap fèt nan kay vrè Dye a. 29 Yo te dwe bay èd yo tou anrapò ak pen yo konn mete youn sou lòt yo*+, farin bon kalite yo te konn ofri kòm manje angren an, bisuit sèk ki san ledven yo+, pen yo te kuit sou platin yo e anrapò ak pat ki byen melanje a+. Yo te gen pou yo peze e pou yo mezire tout bagay. 30 Yo te dwe rete la chak maten+ chak swa pou yo remèsye Jewova e pou yo fè louwanj pou li+. 31 Yo te konn ede prèt yo kèlkeswa lè prèt yo t ap ofri Jewova sakrifis yo boule nèt nan jou saba yo+, lè fèt nouvèl lin yo+, e nan epòk fèt yo+, dapre sa ki ekri nan Lalwa a. Yo te konn fè sa regilyèman devan Jewova. 32 Epitou, yo te fè travay yo te gen pou yo fè nan sèvis yo anrapò ak tant reyinyon an, anrapò ak kote ki sakre a, e anrapò ak pitit gason Arawon yo nan sèvis ki te gen pou fèt nan kay Jewova a.
24 Yo te fè desandan Arawon yo fè plizyè gwoup. Pitit gason Arawon yo se te Nadab, Abiyou+, Eleyaza ak Itama+. 2 Men, Nadab ak Abiyou te mouri anvan papa yo+ e yo pa t gen pitit gason. Eleyaza+ ak Itama yo menm te kontinye sèvi antanke prèt. 3 David ak Zadòk+, yon desandan Eleyaza, ansanm ak Ayimelèk, yon desandan Itama, te fè yo fè plizyè gwoup dapre aranjman ki te fèt pou sèvis yo te gen pou yo fè a. 4 Kòm desandan Eleyaza yo te gen plis chèf fanmi nan mitan yo pase desandan Itama yo, yo te fè gwoup yo selon kantite chèf fanmi yo. Desandan Eleyaza yo te gen 16 chèf fanmi e desandan Itama yo te gen 8 chèf fanmi.
5 Mete sou sa, yo te fè tiraj osò+ pou yo separe yon gwoup parapò ak yon lòt, paske ni pami desandan Eleyaza yo ni pami desandan Itama yo te gen moun ki responsab kote ki sakre a e ki t ap sèvi antanke chèf pou vrè Dye a. 6 Apre sa, Chemaya, pitit gason Netanèl, ki te sekretè Levit yo, te anrejistre non mesye sa yo devan wa a, devan moun ki te chèf nan pèp la, devan Zadòk+, prèt la, devan Ayimelèk+, pitit gason Abyata a+, e devan chèf fanmi prèt yo ak chèf fanmi Levit yo. Yo te chwazi yon fanmi pami desandan Eleyaza yo epi yon fanmi pami desandan Itama yo.
7 Nan tiraj osò yo te fè a, Jewoyarib te premye, Jedaya te dezyèm, 8 Arim te twazyèm, Seyorim te katriyèm, 9 Malkija te senkyèm, Mijamin te sizyèm, 10 Akòz te setyèm, Abija te uityèm+, 11 Jechwa te nevyèm, Chekànya te dizyèm, 12 Elyachib te 11yèm, Jakim te 12yèm, 13 Oupa te 13yèm, Jechebeyab te 14yèm, 14 Bilga te 15yèm, Imè te 16yèm, 15 Ezi te 17yèm, Apizèz te 18yèm, 16 Petaya te 19yèm, Jeyezkèl te 20yèm, 17 Jakin te 21yèm, Gamoul te 22yèm, 18 Delaya te 23yèm e Mazya te 24yèm.
19 Se aranjman sa a ki te fèt pou yo pou sèvis yo+ t ap fè lè yo vin nan kay Jewova a, jan Arawon, zansèt yo a, te di pou sa fèt la, selon lòd Jewova, Bondye Izrayèl la, te ba li.
20 Nan Levit ki te rete yo: pami pitit gason Amram yo+, te gen Choubayèl+, pami pitit gason Choubayèl yo, te gen Jedeya, 21 pami pitit gason Reyabya yo+ se Ichiya ki te chèf, 22 pami desandan Izeya yo, te gen Chelemòt+, pami pitit gason Chelemòt yo, te gen Jayat, 23 pami pitit gason Ebwon yo, te gen Jerya+, chèf la, Amarya, dezyèm nan, Jayazyèl, twazyèm nan ak Jekameyam, katriyèm nan. 24 Pami pitit gason Ouzyèl yo, te gen Miche, pami pitit gason Miche yo, te gen Chami. 25 Frè Miche a se te Ichiya. Pami pitit gason Ichiya yo, te gen Zakari.
26 Pitit gason Merari yo+ se te Mali ak Mouchi. Pami pitit gason Jayazya yo te gen Beno. 27 Pami desandan Merari yo, Jayazya te gen Beno, Chowam, Zakou ak Ibri. 28 Pami desandan Mali yo, te gen Eleyaza, ki pa t gen okenn pitit gason+. 29 Pami desandan Kich yo: pitit gason Kich yo, Jerameyèl. 30 Pitit gason Mouchi yo se te Mali, Edè ak Jerimòt.
Mesye sa yo se te desandan Levi dapre fanmi yo te soti ladan yo. 31 Yo te fè tiraj osò+ tou menm jan pitit gason Arawon yo, ki se fanmi yo, te fè sa devan wa David, Zadòk, Ayimelèk e devan chèf fanmi prèt yo ak chèf fanmi Levit yo. Nan tiraj osò a, chèf fanmi ki pi gran an ak sa ki pi jèn nan te jwenn menm konsiderasyon.
25 Mete sou sa, David ak moun ki te chèf gwoup moun ki t ap sèvi yo te mete kèk nan pitit gason Asaf, Eman ak Jedoutoun yo+ apa pou yo te ka sèvi ak hap*, lòt enstriman akòd+ ak senbal+ pou yo louwe Bondye*. Men lis non moun ki te nan sèvis sa a: 2 Pami pitit gason Asaf yo, te gen Zakou, Jozèf, Netànya ak Acharela. Mesye sa yo te anba sipèvizyon Asaf, papa yo, ki li menm te konn pwofetize anba sipèvizyon wa a. 3 Pami pitit gason Jedoutoun yo+, te gen Gedalya, Seri, Jechaya, Chimeyi, Achabya ak Matitya+, yo sis la. Yo te anba sipèvizyon Jedoutoun, papa yo, yo t ap jwe hap, yo t ap remèsye Jewova e yo t ap fè louwanj pou li+. 4 Pami pitit gason Eman yo+, te gen Boukija, Matànya, Ouzyèl, Chebouwèl, Jerimòt, Anànya, Anani, Elyata, Gidalti, Womantyezè, Jochbekacha, Maloti, Oti ak Marazyòt. 5 Tout mesye sa yo se te pitit gason Eman, mesye ki te konn fè wa a konnen vizyon vrè Dye a ba li pou glwa li*. Vrè Dye a te bay Eman 14 pitit gason ak 3 pitit fi. 6 Yo tout te anba sipèvizyon papa yo pou yo chante nan kay Jewova a, pou yo frape senbal, pou yo jwe hap+ ak lòt enstriman akòd nan sèvis yo t ap fè nan kay vrè Dye a.
Asaf, Jedoutoun ak Eman te anba sipèvizyon wa a.
7 Yo menm ak lòt Levit ki te konn chante pou Jewova yo te fò nan fè mizik. Antou yo te 288. 8 Yo te fè tiraj osò+ ni pou sa k te jèn yo ni pou sa k te granmoun yo, ni pou sa k te fò yo ni pou sa k t ap aprann yo pou yo bay chak moun responsablite yo.
9 Nan tiraj osò a, se Jozèf, pitit gason Asaf+, ki te an premye. An dezyèm, se te Gedalya+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 10 An twazyèm, se te Zakou+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 11 An katriyèm, se te Izri, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 12 An senkyèm, se te Netànya+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 13 An sizyèm, se te Boukija, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 14 An setyèm, se te Jecharela, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 15 An uityèm, se te Jechaya, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 16 An nevyèm, se te Matànya, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 17 An dizyèm se te Chimeyi, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 18 An 11yèm, se te Azarèl, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 19 An 12yèm, se te Achabya, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 20 An 13yèm, se te Choubayèl+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 21 An 14yèm, se te Matitya, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 22 An 15yèm, se te Jeremòt, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 23 An 16yèm, se te Anànya, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 24 An 17yèm, se te Jochbekacha, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 25 An 18yèm, se te Anani, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 26 An 19yèm, se te Maloti, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 27 An 20yèm, se te Elyata, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 28 An 21yèm, se te Oti, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 29 An 22yèm, se te Gidalti+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 30 An 23yèm, se te Marazyòt+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 31 An 24yèm, se te Womantyezè+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou.
26 Men gwoup moun ki t ap veye pòtay yo+: Pami desandan Kore yo, te gen Mechelemya+, pitit gason Kore, ki li menm te pami pitit gason Asaf yo. 2 Mechelemya te gen plizyè pitit gason: Zakari se te premye a, Jedyayèl te dezyèm, Zebadya te twazyèm, Jatniyèl te katriyèm, 3 Elam te senkyèm, Jewoyanan te sizyèm e Elyewoyenayi te setyèm. 4 Obèdedòm te gen plizyè pitit gason: Chemaya se te premye a, Jozabad te dezyèm, Jowa te twazyèm, Saka te katriyèm, Netanèl te senkyèm, 5 Amiyèl te sizyèm, Isaka te setyèm e Pewouletayi te uityèm. Li te gen tout pitit gason sa yo paske Bondye te beni l.
6 Chemaya, pitit gason Obèdedòm nan, te fè plizyè pitit gason ki te chèf nan fanmi yo a paske yo te gason vanyan ki konpetan. 7 Pitit gason Chemaya yo, Otni, Refayèl, Obèd ak Èlzabad, ansanm ak frè l yo, Eliyou ak Semakya, se te gason vanyan tou. 8 Tout mesye sa yo se te desandan Obèdedòm. Ni yo menm, ni pitit gason yo, ni lòt gason ki te nan fanmi yo se te gason vanyan ki te kalifye pou travay yo te ba yo fè a. Antou, yo te 62 gason ki te avèk Obèdedòm. 9 Mechelemya+ te gen pitit gason l yo ak lòt gason nan fanmi l avè l, antou 18 gason vanyan. 10 Osa, ki te pami desandan Merari yo, te gen plizyè pitit gason. Se Chimri ki te chèf. Byenke li pa t premye pitit, papa l te mete l chèf. 11 Ilkya se te dezyèm pitit Osa, Tebalya te twazyèm e Zakari te katriyèm. Pitit gason Osa yo ak lòt gason nan fanmi l yo te 13 moun antou.
12 Nan gwoup moun sa yo ki t ap veye pòtay yo, moun ki te chèf yo te gen travay pou yo fè menm jan ak lòt gason nan fanmi yo. Yo te gen pou yo fè sèvis yo nan kay Jewova a. 13 Fanmi yo, kit li te gen anpil moun kit li pa t gen anpil moun, te fè tiraj osò+ pou chak pòtay. 14 Se non Chelemya ki te soti nan tiraj osò yo te fè pou pòtay ki bay nan direksyon lès la. Pou Zakari, pitit gason l, ki te yon bon konseye, yo te fè tiraj osò, e li te jwenn pòtay ki bay nan direksyon nò a. 15 Obèdedòm te jwenn pòtay ki bay nan direksyon sid la e yo te bay pitit gason l yo+ responsab depo yo. 16 Choupim ak Osa+ te jwenn pòtay ki bay nan direksyon lwès la, toupre Pòtay Chalekèt la, ki te bay sou gwo wout ki pase monte a. Gwoup ki t ap veye pòtay yo te youn bò kote lòt. 17 Nan direksyon lès, te gen sis Levit ki t ap veye pòtay la, nan direksyon nò, te gen kat moun chak jou, nan direksyon sid, te gen kat moun chak jou. Pou depo yo+, yo te de pa de, 18 pou galri kay la, ki te bay nan direksyon lwès, te gen kat moun sou wout la+ ak de sou galri a. 19 Se konsa yo te òganize gwoup ki t ap veye pòtay yo pami desandan Kore yo ak desandan Merari yo.
20 Pami Levit yo, Ayija te responsab trezò ki te nan kay vrè Dye a ak depo ki te gen bagay yo met apa pou Bondye yo*+. 21 Pami pitit gason Ladan yo, sa vle di pitit gason desandan Gèchon an, te gen Jeyeli+, ki te youn nan chèf fanmi ki te sot nan Ladan yo, 22 pitit gason Jeyeli yo, Zetam ak frè l la, Jowèl. Yo te responsab trezò ki nan kay Jewova a+. 23 Pami desandan Amram yo, desandan Izeya yo, desandan Ebwon yo ak desandan Ouzyèl yo+, 24 Chebouwèl, pitit gason Gèchòm, ki li menm se pitit gason Moyiz, te yon chèf e li te responsab depo yo. 25 Pami moun ki te fanmi l yo, te gen Reyabya+, pitit gason Elyezè+, Jechaya, pitit gason Reyabya, Joram, pitit gason Jechaya, Zikri, pitit gason Joram, ak Chelomòt, pitit gason Zikri. 26 Se Chelomòt sa a ansanm ak fanmi l yo ki te responsab depo ki te gen bagay yo met apa pou Bondye yo+, bagay wa David+, chèf fanmi yo+, chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo ak moun ki te chèf nan lame a te met apa pou Bondye yo. 27 Yo te mete kèk bagay apa pou kay Jewova a pami bagay+ yo te pran nan gè yo te fè yo+ 28 e Samyèl, mesye ki te konn fè vizyon an+, ansanm ak Sayil, pitit gason Kich la, ak Abnè+, pitit gason Nè a ak Jowab+, pitit gason Sewouya a+, te met yon seri bagay apa pou Bondye tou. Kèlkeswa bagay yo te met apa pou Bondye yo, se Chelomit* ak fanmi l yo ki te responsab yo.
29 Pami desandan Izeya yo+, Kenànya ak pitit gason l yo te responsab travay ki pa t gen rapò ak kay Bondye a, yo te sèvi kòm fonksyonè e kòm jij+ nan peyi Izrayèl.
30 Pami desandan Ebwon yo+, Achabya ansanm ak fanmi l yo, 1 700 gason ki konpetan, t ap sèvi kòm administratè ann Izrayèl, nan zòn ki nan lwès Rivyè Jouden an, pou tout travay ki t ap fèt pou Jewova e ki t ap fèt pou wa a. 31 Pami desandan Ebwon yo, se Jerija+ ki te chèf, dapre rejis ki gen non fanmi yo. Nan 40yèm ane rèy David la+, yo te fè yon rechèch nan mitan desandan Ebwon yo e yo te jwenn yon seri gason vanyan ki konpetan nan Jazè+, nan Galaad. 32 Nan fanmi Jerija, te gen 2 700 gason ki konpetan, yo te chèf fanmi. Wa David te mete yo sou tèt desandan Ribenn yo, sou tèt desandan Gad yo e sou tèt mwatye nan tribi Manase a, pou tout sa ki te gen rapò ak sèvis vrè Dye a e ki te gen rapò ak wa a.
27 Pami Izrayelit ki te nan lame wa a+, ki te konn antre e ki te konn soti chak mwa nan ane a, te gen chèf fanmi yo, chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo+ ansanm ak ofisye ki t ap pran swen gwoup sa yo pou wa a. Te gen 24 000 gason nan chak gwoup. Men gwoup yo:
2 Jachobeyam+, pitit gason Zabdyèl, te chèf premye gwoup la ki t ap sèvi nan premye mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 3 Pami desandan Perès yo+, se li menm ki te alatèt tout moun ki te chèf nan gwoup ki t ap sèvi nan premye mwa a. 4 Dodayi+, yon desandan Awoyi+, te chèf gwoup ki t ap sèvi nan dezyèm mwa a e se Miklòt ki te pran latèt nan mitan yo. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 5 Benaya+, pitit gason Jewoyada+, prèt an chèf la, te chèf twazyèm gwoup la ki t ap sèvi nan twazyèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 6 Benaya sa a se te yon sòlda vanyan ki te fè pati trant sòlda yo e se li ki te responsab 30 sòlda yo. Se Amizabad, pitit gason l, ki te pran latèt nan gwoup la. 7 Asayèl+, frè Jowab+, te chèf katriyèm gwoup la ki t ap sèvi nan katriyèm mwa a. Apre li te gen Zebadya, pitit gason l, e te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 8 Chamout, Izrayit la, te chèf senkyèm gwoup la ki t ap sèvi nan senkyèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 9 Ira+, pitit gason Ikèch, moun Tekowa a+, te chèf sizyèm gwoup la ki t ap sèvi nan sizyèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 10 Elèz+, Pelonit la, moun tribi Efrayim, te chèf setyèm gwoup la ki t ap sèvi nan setyèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 11 Sibekayi+, moun Oucha a, yon desandan Zera+, te chèf uityèm gwoup la ki t ap sèvi nan uityèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 12 Abyezè+, moun Anatòt+, moun tribi Benjamen, te chèf nevyèm gwoup la ki t ap sèvi nan nevyèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 13 Maharayi+, moun Netofa, yon desandan Zera+, te chèf dizyèm gwoup la ki t ap sèvi nan dizyèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 14 Benaya+, moun Piraton, nan tribi Efrayim, te chèf 11yèm gwoup la ki t ap sèvi nan 11yèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a. 15 Eldayi, moun Netofa a, desandan Otnyèl, te chèf 12yèm gwoup la ki t ap sèvi nan 12yèm mwa a. Te gen 24 000 gason nan gwoup li a.
16 Men moun ki te chèf tribi ann Izrayèl yo: Nan tribi Ribenn nan, se te Elyezè, pitit gason Zikri; nan tribi Simeyon an, se te Chefatya, pitit gason Maaka; 17 pami desandan Levi yo, se te Achabya, pitit gason Kemouwèl; pami desandan Arawon yo, se te Zadòk; 18 nan tribi Jida a, se te Eliyou+, youn nan frè David yo; nan tribi Isaka a, se te Omri, pitit gason Mikayèl; 19 nan tribi Zabilon an, se te Ichmaya, pitit gason Obadya; nan tribi Neftali a, se te Jerimòt, pitit gason Azriyèl; 20 nan tribi Efrayim nan, se te Oze, pitit gason Azazya; nan mwatye nan tribi Manase a, se te Jowèl, pitit gason Pedaya; 21 nan mwatye nan tribi Manase ki te Galaad la, se te Ido, pitit gason Zakari; nan tribi Benjamen an, se te Jayaziyèl, pitit gason Abnè+; 22 nan tribi Dann nan, se te Azarèl, pitit gason Jewowam. Se mesye sa yo ki te chèf tribi Izrayèl yo.
23 David pa t fè konte gason ki te gen 20 an oswa mwens yo paske Jewova te pwomèt l ap fè pèp Izrayèl la vin anpil menm jan ak zetwal ki nan syèl la+. 24 Jowab, pitit gason Sewouya, te kòmanse konte moun nan pèp la, men li pa t fin fè sa. Bondye te fache anpil kont pèp Izrayèl la poutèt yo te konte pèp la+. Yo pa t mete kantite moun yo te jwenn nan nan liv ki rakonte istwa sa k te pase nan epòk David te wa a.
25 Se Azmavèt, pitit gason Adyèl, ki te responsab trezò wa a+. Jonatan, pitit gason Ozyas, te responsab depo ki nan jaden yo, nan vil yo, nan bouk yo ak nan fò yo. 26 Ezri, pitit gason Keloub, te responsab moun ki t ap travay latè yo. 27 Chimeyi, moun Rama a, te responsab jaden rezen yo e Zabdi, Sifmit la, te responsab depo ki gen diven yo te fè ak rezen yo rekòlte yo. 28 Baalanan, Gederit la, te responsab plantasyon oliv ak pye sikomò+ ki te nan Chefela yo+. Jowas te responsab depo luil yo. 29 Chitrayi, moun Chawon an, te responsab bèf yo t ap gade nan Chawon yo+ e Chafat, pitit gason Adlayi, te responsab tout bèf ki te nan vale a. 30 Obil, yon desandan Izmayèl, te responsab chamo yo. Jedeya, moun Mewonòt la, te responsab bourik yo*. 31 Jaziz, Agrit la, te responsab mouton yo. Tout mesye sa yo se te chèf ki te responsab byen wa David yo.
32 Jonatan+, neve David, te yon konseye ki gen bon konprann, e li te sekretè. Jeyèl, pitit gason Akmoni, t ap pran swen pitit gason wa a te genyen yo+. 33 Ayitofèl+ te yon konseye wa a. Ouchayi+, Akit la, te zanmi wa a. 34 Apre Ayitofèl, te gen Jewoyada, pitit gason Benaya+, ak Abyata+ ki te konseye wa a tou. Jowab+ te chèf lame wa a.
28 Apre sa, David reyini tout chèf ki nan pèp Izrayèl la nan Jerizalèm: chèf tribi yo, chèf gwoup moun+ ki t ap sèvi wa a, chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo+, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo, tout moun ki te responsab byen ak bèt wa a+ ak pitit gason l yo+ te genyen yo, moun ki nan gwo pozisyon nan gouvènman l lan ansanm ak tout sòlda vanyan ki konpetan yo+. 2 Epi, wa David kanpe, li di yo:
“Frè m yo, nou tout ki nan pèp la, koute sa m ap di nou. Mwen te gen nan kè m pou m bati yon kay pou m mete lach alyans Jewova a, yon kay k ap sèvi kòm yon ti ban pou pye Bondye nou an+. Mwen te fè preparasyon pou m bati kay la+. 3 Men, vrè Dye a te di m: ‘Se pa ou menm k ap bati yon kay pou bay non m glwa+, paske ou te patisipe nan anpil gè e w te fè san koule+.’ 4 Jewova, Bondye Izrayèl la, te chwazi m pami tout moun lakay papa m+ pou l fè m wa sou Izrayèl pou toutan+. Li te chwazi tribi Jida a pou dirije+, e se fanmi papa m li te chwazi nan tribi sa a. Pami pitit gason papa m yo, se mwen li te chwazi pou l fè m wa sou tout pèp Izrayèl la+. 5 Jewova beni m, li ban m anpil pitit gason+, e nan tout pitit gason sa yo, se Salomon+ Jewova chwazi pou chita sou twòn li an antanke wa Izrayèl+.
6 “Li te di m: ‘Se Salomon, pitit gason w lan, k ap bati kay mwen an ak tout lakou yo, paske mwen chwazi l kòm pitit gason m e m ap vin yon papa pou li+. 7 M ap fè wayòm li an byen chita pou toutan+ depi li toujou obeyi kòmandman m yo ak lwa m yo+, jan l ap fè sa jodi a.’ 8 Kidonk, men sa m ap di devan nou tout ki fè pati pèp Izrayèl la, pèp Jewova a, e devan Bondye nou an: Se pou n chèche byen konnen tout kòmandman Jewova, Bondye nou an, e se pou n toujou obeyi yo, pou n ka rete nan bon peyi li ban nou an+ e pou n ka kite l pou pitit nou yo kòm yon eritaj k ap toujou pa yo.
9 “E ou menm, Salomon, pitit gason m, se pou w chèche byen konnen Bondye papa w la, se pou w sèvi l ak tout kè w+ e se pou w pran plezi nan li, paske Jewova egzamine kè tout moun+ e li konnen panse yo ak entansyon yo+. Si w chèche l, l ap kite w jwenn li+, men si w kite l, l ap rejte w pou toutan+. 10 Sonje sa, se Jewova ki chwazi w pou w bati yon kay k ap ret apa pou li. Mete gason sou ou epi fè travay la.”
11 Apre sa, David bay Salomon, pitit gason l lan, plan galri a+, plan tout chanm yo, plan depo yo, plan pyès yo ki sou tèt kay la, plan pyès ki pi anndan yo ak plan pyès kote kouvèti pou padon an ye a*+. 12 Li te ba l plan tout bagay Bondye te fè l konnen pa mwayen lespri li: plan lakou yo+ pou kay Jewova a, plan tout salamanje ki toutotou kay la, plan tout depo ki nan kay vrè Dye a ak depo ki gen bagay yo met apa pou Bondye yo*+. 13 Mete sou sa, li te ba l enstriksyon sou fason pou l òganize prèt yo+ ak Levit yo. Li te ba l enstriksyon konsènan tout sèvis k ap fèt nan kay Jewova a, konsènan tout veso y ap itilize nan sèvis k ap fèt nan kay Jewova a, 14 konsènan pwa lò pou tout veso y ap itilize nan divès sèvis yo, konsènan pwa tout veso ann ajan yo, konsènan tout lòt veso y ap itilize nan divès sèvis yo, 15 konsènan pwa pòtlanp annò yo+ ak lanp annò yo, pwa divès pòtlanp ak lanp ki genyen yo ak pwa pòtlanp ann ajan yo, chak pòtlanp ak lanp li yo, dapre kote y ap sèvi avè l. 16 Li te ba l enstriksyon tou konsènan pwa lò pou tab pou yo met pen yo te konn mete youn sou lòt yo*+, konsènan ajan pou tab ann ajan yo, 17 konsènan fouchèt yo, bòl yo ak po ki fèt ak lò bon kalite yo, konsènan pwa chak ti bòl annò yo+ ak pwa chak ti bòl ann ajan yo. 18 Li te ba l pwa lò bon kalite y ap itilize pou lotèl pou boule lansan an+ ak reprezantasyon charyo a+. Se cheriben+ annò yo ki reprezantasyon charyo a. Zèl cheriben yo te ouvri e yo te pase pa anlè lach alyans Jewova a. 19 Men sa David te di: “Men Jewova te sou mwen e li te ban m bon konprann pou m ekri+ tout detay ki nan plan an+.”
20 Apre sa, David di Salomon, pitit gason l lan: “Mete kouraj sou ou, mete kran sou ou, epi fè travay la. Pinga w pè e pinga w panike, paske Jewova, Bondye m nan, avè w+. Jewova pap kite w ni li pap lage w+, men l ap avèk ou jiskaske w fin bati kay la nèt. 21 Men gwoup prèt+ ak gwoup Levit+ k ap gen pou fè tout travay k ap fèt nan kay vrè Dye a. Gen travayè ki dispoze travay k ap avè w, yon seri travayè ki fò e ki ka fè tout kalite bagay+. Mete sou sa, mesye ki chèf yo+ ak tout moun ki nan pèp la ap suiv tout enstriksyon w ba yo.”
29 Apre sa, David di tout moun ki la yo: “Salomon, pitit gason m nan Bondye chwazi a+, jèn e li pa gen eksperyans*+. Mete sou sa, travay la anpil. Paske, tanp* y ap bati a se pa pou lòm y ap bati l, men se pou Jewova Dye+. 2 Mwen fè anpil efò pou m prepare sa y ap bezwen pou kay Bondye m nan. Mwen te bay lò pou travay k ap fèt ak lò yo, ajan pou travay k ap fèt ak ajan yo, kuiv pou travay k ap fèt ak kuiv yo, fè pou travay k ap fèt ak fè yo+, bwa pou travay k ap fèt ak bwa yo+, pyè oniks, wòch pou yo plase ak mòtye, bèl ti wòch pou fè dekorasyon, tout kalite pyè, ak wòch albat an kantite. 3 Anplis tout sa mwen te prepare pou kay ki sakre a, mwen bay lò pa m ak ajan pa m+ pou kay Bondye m nan paske mwen kontan akoz kay Bondye m nan+. 4 Mwen bay 3 000 talan* lò ki soti Ofi+ ak 7 000 talan ajan bon kalite pou kouvri mi chanm yo, 5 lò pou travay k ap fèt ak lò yo, ajan pou travay k ap fèt ak ajan yo e pou tout travay atizan yo ap fè yo. Kounye a, kiyès nan nou ki vle fè Jewova kado kèk bagay jodi a+?”
6 Lè sa a, chèf fanmi yo, moun ki te chèf nan tribi ann Izrayèl yo, chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo+, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo ak chèf ki t ap jere afè wa a+ avanse pou yo fè sa san yo pa fòse yo. 7 Men sa yo te bay pou bati kay vrè Dye a: 5 000 talan lò, 10 000 darik*, 10 000 talan ajan, 18 000 talan kuiv ak 100 000 talan fè. 8 Tout moun ki te gen pyè ki gen anpil valè te bay yo pou trezò kay Jewova a. Se Jeyèl+, yon desandan Gèchon+, ki te responsab trezò sa a. 9 Moun yo te kontan poutèt yo te fè ofrann sa yo, paske yo te bay Jewova ofrann sa yo ak tout kè yo+. Wa David te kontan anpil tou.
10 Apre sa, David louwe Jewova devan tout moun ki te la yo. Li di: “O Jewova, Bondye Izrayèl, zansèt nou an, se pou yo fè louwanj pou ou pou tout tan gen tan. 11 O Jewova, ou gran+, ou gen anpil pisans+, ou gen glwa e ou gen anpil pouvwa*+. Paske, tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a se pou ou+. Wayòm nan se pou ou, o Jewova+. Ou mete tèt ou pi wo pase tout bagay. 12 Richès ak glwa soti nan ou+. Se ou menm k ap domine sou tout bagay+. Ou gen anpil pouvwa+ ak pisans+, ou kapab fè kèlkeswa moun nan vin gran+ e ou kapab ba l fòs+. 13 Nou remèsye w, o Bondye nou an, e n ap fè louwanj pou bèl non w genyen an.
14 “Kiyès mwen ye e kiyès pèp mwen an ye ki fè nou kapab fè ofrann pou ou ak tout kè nou jan nou fè l la? Tout bagay soti nan ou. Sa nou ba ou yo se nan ou yo soti. 15 Devan w, nou se etranje k ap viv nan peyi a menm jan sa te ye pou tout zansèt nou yo+. Lavi nou sou tè a tankou yon lonbray+, e pa gen espwa. 16 O Jewova, Bondye nou an, tout richès sa yo nou rasanble pou nou bati yon kay pou non w ki sen, se nan men w yo soti e tout se pou ou yo ye. 17 Mwen byen konnen, o Bondye m nan, ou egzamine kè tout moun+ e ou pran plezi nan moun ki fidèl*+. Se ak tout kè m mwen ofri w tout bagay sa yo e mwen kontan anpil pou m wè jan moun nan pèp ou a ki la devan w jodi a chwazi ofri w tout bagay sa yo. 18 O Jewova, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, Bondye Izrayèl la, se pou w ede pèp ou a pou l toujou byen dispoze aji konsa e pou yo sèvi w ak tout kè yo+. 19 E se pou w ede Salomon, pitit gason m nan, yon fason pou l ka obeyi kòmandman w yo+, rapèl ou yo, lwa w yo, ak tout kè l+, pou l ka fè tout bagay sa yo e pou l ka bati tanp lan avèk tout bagay mwen te prepare yo+.”
20 Apre sa, men sa David di tout moun ki te la yo: “Kounye a, se pou nou fè louwanj pou Jewova, Bondye nou an.” Vrèmanvre, tout moun ki te la yo te fè louwanj pou Jewova, Bondye zansèt yo, e yo te bese byen ba, fas atè, devan Jewova e devan wa a. 21 Nan demen, yo te kontinye ofri Jewova bèt kòm sakrifis, yo ofri Jewova sakrifis yo boule nèt+, 1 000 jenn towo bèf, 1 000 mal mouton, 1 000 ti mouton ansanm ak bwason yo te ofri ak sakrifis sa yo+. Yo te ofri anpil bèt kòm sakrifis pou tout pèp Izrayèl la+. 22 Jou sa a, yo te kontinye manje e yo te kontinye bwè devan Jewova ak kè kontan+. Yon lòt fwa ankò, yo te fè konnen se Salomon, pitit gason David, ki wa, e yo te vide luil sou tèt li devan Jewova kòm moun k ap dirije+. Yo te fè sa tou pou Zadòk antanke prèt+. 23 Salomon te vin chita sou twòn Jewova a+ antanke wa nan plas David, papa l. Tout bagay te mache byen pou li antanke wa e tout Izrayelit yo te obeyi l. 24 Tout chèf yo+, tout sòlda vanyan yo+ e tout pitit gason wa David yo+ te soumèt devan wa Salomon. 25 Jewova te fè Salomon vin gran anpil nan je tout moun nan pèp Izrayèl la e li te fè l gen plis diyite antanke wa pase lòt wa ann Izrayèl ki te la anvan l yo+.
26 David, pitit gason Jese a, te dirije tout pèp Izrayèl la 27 pandan 40 an. Li te dirije pandan 7 an+ detan l Ebwon, e pandan 33 an+, li te dirije detan l Jerizalèm. 28 Li te gen yon bon ti laj lè l te mouri+, li te satisfè ak kantite tan* li te viv la, ak richès li te genyen e ak glwa li te resevwa. Apre sa, Salomon, pitit gason l lan, vin wa nan plas li+. 29 Kanta pou tout bagay ki konsène wa David yo, depi nan kòmansman jiska lafen, n ap jwenn yo nan sa Samyèl, moun ki te konn fè vizyon an, te ekri yo, nan sa Natan+, pwofèt la, te ekri yo e nan sa Gad+, moun ki te konn fè vizyon an, te ekri yo. 30 Ladan yo, n ap jwenn enfòmasyon sou wayòm David la, sou pouvwa David te genyen, sou tout sa k te pase nan epòk li a ki gen rapò avè l, ki gen rapò ak pèp Izrayèl la e ki gen rapò ak tout wayòm ki ozalantou peyi Izrayèl la.
Yo rele l Dodanim nan Jen 10:4.
Non ki apre yo se non pitit gason Aram yo. Gade Jen 10:23.
Sa vle di: “Divizyon”.
Oswa: “moun sou tè a”.
Yo rele l Emam nan Jen 36:22.
Lit.: “Pitit gason Ana yo”.
Lit.: “pitit gason Izrayèl yo”.
Lit.: “yo”.
Sa vle di: “Yon moun ki fè malè tonbe sou; Yon moun ki fè yo meprize”. Yo rele l Akan nan Joz 7:1, 18.
Lit.: “yo”.
Yo rele l Kalèb nan vèsè 18, 19, 42.
Yo rele l Keloubayi nan vèsè 9.
Oswa: “ki toutotou”.
Lit.: “yo”.
Lit.: “yo”.
Lit.: “yo”.
Yo rele l Keloubayi nan vèsè 9.
Oswa: “ki te papa moun Kiriyatjeyarim yo”.
Lit.: “yo”.
Lit.: “yo”.
Lit.: “yo”.
Lit.: “yo”.
Nan chapit sa a, gen kèk non se pa non moun yo ye men se non yon kote. Nan ka sa yo, mo “papa” a ka vle di “moun ki fonde”.
Petèt non Jabèz la soti nan yon mo ebre ki vle di “doulè”.
Lit.: “yo”.
Sa vle di: “Vale atizan”.
Lit.: “yo”.
Petèt y ap pale de Bitya ki nan vèsè 18 la.
Oswa: “Pawòl sa yo se pawòl moun tan lontan”.
Oswa: “li pa t montre l gen respè pou”.
Oswa: “Tilgatpilnesè”.
Oswa: “ki toutotou”.
Anpalan de Jewobowam II.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “Pitit gason”.
Yo rele l Gèchon nan vèsè 1.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “frè l la”.
Oswa: “kan yo ki gen miray toutotou yo”.
Se kapab tou: “yon vil”. Sa ann amoni ak Joz 21:13.
Se kapab tou: “yon vil”. Sa ann amoni ak Joz 21:21.
Lit.: “Pitit gason”.
Lit.: “se te tèt”.
Oswa: “nan Choupim ak Oupim ”.
Lit.: “pitit gason”.
Lit.: “yo”.
Sa vle di: “Nan pwoblèm”.
Petèt se pitit gason Berya yo te ye.
Oswa: “Jewochwa”. Sa vle di: “Jewova se delivrans”.
Oswa: “ki toutotou”.
Se kapab tou: “Gaza”, menm lè se pa Gaza ki nan peyi Filisti a.
Yo rele l Chomè nan vèsè 32.
Sanble se li yo rele Otam nan vèsè 32.
Se kapab tou: “apre l te fin voye madanm li yo, Ouchim ak Baara, ale”.
Oswa: “ki toutotou”.
Yo rele l Ichbochèt tou.
Yo rele l Mefibochèt tou.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “ak Netinim yo”. Lit.: “moun yo bay yo”.
Oswa: “tanp”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “salamanje”.
Anpalan de pen yo te konn prezante devan Bondye kòm ofrann yo.
Oswa: “salamanje”.
Oswa: “platon an”.
Oswa: “tanp”.
Lit.: “zo w ak chè w”.
Lit.: “ki t ap fè Izrayèl soti e ki t ap fè Izrayèl antre”.
Lit.: “tèt”.
Yon mo ebre ki vle di “ranblè”.
Se yon kalite manje angren.
Oswa: “delivrans”.
Oswa: “nanm yo”.
Oswa: “nanm yo”.
Lit.: “pitit gason yon mesye ki te brav”.
Li te mezire anviwon 2,23 m (7,3 pye) wotè. Gade Apendis B14.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “gazèl”.
Lit.: “vlope”.
Oswa: “e kè yo pa t pataje”.
Lit.: “te gen yon sèl kè pou yo”.
Oswa: “soti Chiyò ki nan peyi Ejip”.
Oswa: “nan antre Amat”.
Se kapab tou: “nan mitan”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “boulvèse”.
Sa vle di: “Frap kont Ouza”.
Oswa: “bòs ki konn fè miray”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “Platon”.
Sa vle di: “Mèt nan kraze”.
Lit.: “touf bwa baka a”. Baka se yon mo ebre. Yo pa byen konn ki kalite pyebwa li ye.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “Alamòt”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “Cheminit”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.
Oswa: “ofrann lapè”.
Lit.: “sonje”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “fè mizik”.
Se kapab tou: “Pale”.
Lit.: “semans”.
Oswa: “diyite”.
Oswa: “Adore”.
Se kapab tou: “paske li sen anpil”.
Oswa: “Tè ki bay rannman an”.
Oswa: “souke l”.
Oswa: “li vin”.
Oswa: “Se konsa pou sa ye”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “enstriman pou chante”.
Oswa: “palè l la”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “fatige”.
Oswa: “ap fè yon pakèt wa soti nan fanmi w”.
Lit.: “semans ou”.
Oswa: “yon moun ki nan gwo pozisyon”.
Oswa: “paske w vle”.
Lit.: “ak kay li a”.
Oswa: “pou w fè wa soti nan fanmi l”.
Oswa: “ki toutotou”.
Oswa: “te delivre David”.
Yo rele l Tòy nan 2Sa 8:9, 10.
Oswa: “te delivre David”.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Lit.: “Aramnaharayim”.
Anpalan de Rivyè Efrat.
Sa vle di nan sezon prentan.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Yo rele l Saf nan 2Sa 21:18.
Se kapab tou: “yon opozan”.
Oswa: “li gen lapenn poutèt”.
Lit.: “Ban mwen”.
Lit.: “fè sa ki bon nan je w”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “ofrann lapè”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “e li frajil”.
Non sa a soti nan yon mo ebre ki vle di “lapè”.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “granmoun e li te chaje ak jou”.
Oswa: “separe”.
Yo rele l Ziza nan vèsè 11.
Lit.: “pitit gason”.
Lit.: “frè”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Anpalan de pen yo konn prezante devan Bondye kòm ofrann yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “pou yo bay pwofesi”.
Lit.: “pou l leve kòn li”.
Oswa: “bagay yo dedye yo”.
Yo rele l Chelomòt nan vèsè 25 ak 26.
Lit.: “femèl bourik yo”.
Oswa: “pyès kote yo jwenn padon an”.
Oswa: “bagay yo dedye yo”.
Anpalan de pen yo konn prezante devan Bondye kòm ofrann yo.
Oswa: “e li frajil”.
Oswa: “sitadèl; palè”.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Yon darik se te yon pyès monnen annò yo te konn itilize nan peyi Pès. Gade Apendis B14.
Oswa: “diyite”.
Oswa: “nan sa ki dwat; nan ladwati”.
Lit.: “ak jou”.