DEZYÈM LIV WA YO
1 Apre lanmò Ahab, Mowab+ te revòlte kont Izrayèl.
2 Nan epòk sa a, Ahazya te vin blese lè l te tonbe anba nan twou ki te nan chanm ki te sou tèt kay li a nan Samari. Twou sa a te bare ak yon pakèt ti moso bwa. Apre sa, li pran kèk moun epi li di yo: “Al mande Baalzeboub, dye Ekwon an+, si m ap geri+.” 3 Men, zanj Jewova a di Eli*+, moun Tichbe a: “Al rankontre moun wa Samari a voye yo, epi men sa pou w di yo: ‘Èske se paske pa gen Dye ann Izrayèl ki fè se bò kot Baalzeboub, dye Ekwon an, nou prale+? 4 Poutèt sa, men sa Jewova di wa a: “Ou pap leve sou kabann ou kouche a, w ap mouri san mank.”’” Apre sa, Eli ale.
5 Lè moun yo tounen kote wa a, lapoula wa a di yo: “Poukisa nou tounen?” 6 Yo di l: “Gen yon mesye ki te vin rankontre nou e ki di nou: ‘Tounen kot wa a ki te voye nou epi di l: “Men sa Jewova di: ‘Èske se paske pa gen Dye ann Izrayèl ki fè se bò kot Baalzeboub, dye Ekwon an, ou voye moun ou yo? Poutèt sa, ou pap leve sou kabann ou kouche a, w ap mouri san mank+.’”’” 7 Lè wa a tande sa, li di yo: “Mesye ki te vin rankontre nou an e ki di nou pawòl sa yo, esplike m jan l te ye.” 8 Yo di l: “Se te yon mesye ki te gen yon rad ki fèt ak plim bèt sou li+ ansanm ak yon senti ki fèt ak po bèt nan ren l+.” Menm kote a wa a di: “Se Eli, moun Tichbe a.”
9 Epi, wa a voye yon chèf ki te alatèt 50 sòlda ak toule 50 sòlda ki te sou lòd li yo kot Eli. Lè l monte al kot Eli, li jwenn Eli chita sou tèt mòn nan. Li di l: “Sèvitè vrè Dye a+, wa a di: ‘Desann.’” 10 Men, Eli di chèf ki te alatèt 50 sòlda yo: “Enben, si m se yon sèvitè Bondye, se pou dife sot nan syèl la+ li kankannen ni ou menm ni 50 sòlda ki sou lòd ou yo.” Epi, dife sot nan syèl la, li kankannen ni chèf la ni 50 sòlda ki te sou lòd li yo.
11 Kidonk, wa a voye yon lòt chèf ki te alatèt 50 sòlda ak toule 50 sòlda ki te sou lòd li yo. Chèf la ale epi li di Eli: “Sèvitè vrè Dye a, wa a di: ‘Fè vit, desann.’” 12 Men, Eli di yo: “Si m se yon sèvitè vrè Dye a, se pou dife sot nan syèl la li kankannen ni ou menm ni 50 sòlda ki sou lòd ou yo.” Epi, dife Bondye sot nan syèl la, li kankannen ni chèf la ni 50 sòlda ki te sou lòd li yo.
13 Lè sa a, wa a voye yon twazyèm chèf ki te alatèt 50 sòlda ak toule 50 sòlda ki te sou lòd li yo. Men, chèf sa a li menm monte, li met ajenou devan Eli, li sipliye l pou l fè l favè, li di l: “Sèvitè vrè Dye a, tanpri se pou lavi m ak lavi* 50 sèvitè sa yo gen valè nan je w. 14 Dife deja desann sot nan syèl la li kankannen de lòt chèf ki te alatèt 50 sòlda ansanm ak tout sòlda ki te sou lòd yo, men, se pou lavi m* gen valè nan je w.”
15 Lè sa a, zanj Jewova a di Eli: “Desann ansanm avè l. Ou pa bezwen pè l.” Kidonk, li leve, li desann avè l pou l al kot wa a. 16 Epi, Eli di wa a: “Men sa Jewova di: ‘Ou voye moun al kot Baalzeboub, dye Ekwon an+. Èske se paske pa gen Bondye ann Izrayèl+? Poukisa w pa t poze l kesyon? Se sa k fè, ou pap leve sou kabann ou kouche a, w ap mouri san mank.’” 17 Vrèmanvre, wa a mouri jan Jewova te di Eli sa a e se Jeworam*+ ki te vin wa nan plas li kòm li pa t gen pitit gason. Sa te fèt nan dezyèm ane rèy Jeworam+, pitit gason Jozafa, wa Jida a.
18 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Ahazya yo+, bagay li te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo?
2 Lè lè a te prèske rive pou Jewova fè Eli+ monte nan syèl la nan yon van tanpèt+, Eli ak Elize+ te deplase kite Gilgal+. 2 Eli te di Elize: “Tanpri, rete la, paske Jewova mande m pou m al Betèl.” Men, Elize di l: “Menm jan li klè Jewova vivan e menm jan li klè ou* vivan, mwen fè sèman mwen pap kite w.” Donk, yo toule de desann al Betèl+. 3 Epi, pwofèt* ki Betèl yo vin kote Elize e yo di l: “Èske w konnen Jewova ap pran mèt ou a jodi a e li pap chèf sou ou ankò+?” Lè sa a, li di yo: “Wi, mwen konnen. Fè silans.”
4 Apre sa, Eli di Elize: “Tanpri Elize, rete la, paske Jewova voye m Jeriko+.” Men, Elize di l: “Menm jan li klè Jewova vivan e menm jan li klè ou* vivan, mwen fè sèman mwen pap kite w.” Donk, yo toule de ale Jeriko. 5 Apre sa, pwofèt ki Jeriko yo pwoche kote Elize e yo di l: “Èske w konnen Jewova ap pran mèt ou a jodi a e li pap chèf sou ou ankò?” Lè sa a, li di yo: “Wi, mwen konnen. Fè silans.”
6 Apre sa, Eli di l: “Tanpri, rete la, paske Jewova voye m nan Rivyè Jouden an.” Men, Elize di l: “Menm jan li klè Jewova vivan e menm jan li klè ou* vivan, mwen fè sèman mwen pap kite w.” Donk, yo toule de ale nan Rivyè Jouden an. 7 Te gen 50 nan pwofèt yo ki te suiv yo e ki te ret kanpe ap gade yo nan yon distans ki pa twò lwen pandan yo de a te kanpe bò Rivyè Jouden an. 8 Apre sa, Eli pran rad pwofèt ki te sou li a+, li woule l e li frape dlo rivyè a. Rivyè a fann de bò, yon pati te sou bò goch yo e yon pati te sou bò dwat yo. Konsa, yo toule de travèse rivyè a sou tè sèk+.
9 Kou yo fin travèse rivyè a, Eli di Elize: “Di m ki sa w ta renmen m fè pou ou anvan Bondye pran m bò kote w la.” Lè sa a, Elize di l: “Tanpri, èske m ka jwenn de pòsyon+ nan lespri Bondye ba ou a+?” 10 Li di l: “Ou mande m yon bagay ki difisil. Si w wè m lè Bondye pran m bò kote w la, w ap jwenn sa w mande a, men si w pa wè m, ou pap jwenn sa w mande a.”
11 Pandan yo t ap mache ansanm, yo t ap pale, men, bridsoukou gen yon charyo ak cheval ki tankou dife+ ki separe yo. Epi, Eli monte nan syèl la nan yon van tanpèt+. 12 Pandan Elize t ap gade, li t ap di byen fò: “Papa, papa! Gade charyo Izrayèl la ak kavalye Izrayèl yo+!” Lè Elize pa t ka wè l ankò, li pran rad ki sou li a li chire l fè de moso+. 13 Apre sa, li ranmase rad pwofèt Eli te gen sou li+ ki te sot tonbe a epi li tounen al kanpe bò Rivyè Jouden an. 14 Epi, li pran rad pwofèt Eli te gen sou li ki te sot tonbe a, li frape dlo a e li di: “Kote Jewova, Bondye Eli a?” Lè l frape dlo a, dlo a fann de bò, yon pati te sou bò goch li e yon pati te sou bò dwat li. Konsa, Elize travèse Rivyè Jouden an+.
15 Lè pwofèt ki te Jeriko yo wè l k ap vini depi byen lwen, yo di: “Lespri ki te sou Eli a sou Elize+ kounye a.” Se sa k fè, moun yo al rankontre l e yo pwostène devan l jis atè. 16 Yo di l: “Tande, gen 50 gason vanyan la a pami sèvitè w yo, tanpri, kite yo al chèche mèt ou a. Petèt lespri* Jewova monte avè l e li lage l sou youn nan mòn yo oswa nan youn nan vale yo+.” Men li di: “Pa voye yo.” 17 Men, yo tèlman kontinye ap mande l sa, li vin santi l jennen. Se sa k fè li di: “Nou mèt voye yo.” Yo voye 50 gason ki pase twa jou ap chèche Eli, men, yo pa jwenn li. 18 Lè yo tounen vin jwenn Elize, li te Jeriko+. Li di yo: “Èske m pa t di nou pa ale?”
19 Rive yon lè, moun ki rete nan vil la di Elize: “Mèt mwen, jan w ka wè sa, vil la nan yon bon pozisyon+, men dlo a pa bon e tè a pa bay anyen*.” 20 Li di yo: “Pot yon ti bòl tounèf ban mwen epi mete sèl ladan l.” Vrèmanvre, yo pote bòl la ba li. 21 Apre sa, l al nan sous dlo a, li vide sèl la ladan l+ e li di: “Men sa Jewova di: ‘Mwen fè dlo a vin bon. Li pap lakòz moun mouri ankò ni li pap lakòz tè a pa bay anyen* ankò.’” 22 Jan Elize te di sa a, dlo a te vin bon e jis jodi a li bon.
23 Annapre, Elize kite zòn nan, li monte al Betèl. Pandan l sou wout la, gen yon seri tigason ki sot nan vil la e ki kòmanse pase l nan rizib+. Yo t ap plede di l: “Monte, tèt chòv! Monte, tèt chòv!” 24 Finalman, li vire, li gade yo epi li lage madichon sou yo nan non Jewova. Apre sa, gen de femèl lous+ ki soti nan rakbwa a e yo rache 42 nan timoun yo+. 25 Li te kontinye mache pou l al Mòn Kamèl+. Apre sa, li kite Mòn Kamèl, li retounen Samari.
3 Jeworam+, pitit gason Ahab, te vin wa ann Izrayèl nan Samari nan 18yèm ane rèy Jozafa, wa Jida a, e li te wa pandan 12 an. 2 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova, men pa nan menm nivo ak papa l ak manman l, paske li te retire poto sakre Baal ki fèt an wòch papa l te fè a+. 3 Men, li te kontinye fè menm peche Jewobowam, pitit gason Nebat la, te fè Izrayèl fè yo+. Li pa t sispann fè peche sa yo.
4 Mecha, wa peyi Mowab, te konn fè elvaj mouton. Li te konn peye wa Izrayèl la 100 000 ti mouton ak 100 000 mal mouton yo pa t tonn kòm taks. 5 Kou Ahab mouri+, wa Mowab la revòlte kont wa Izrayèl la+. 6 Jou sa a, wa Jeworam kite Samari e li rasanble tout Izrayèl. 7 Li voye yon mesaj tou bay Jozafa, wa Jida a. Li di l: “Wa Mowab la revòlte kont mwen. Èske w pral avè m pou n al fè lagè ak Mowab?” Kou Jozafa tande sa, li di: “Mwen prale avè w+. Mwen menm avè w, nou se youn. Pèp mwen an ak pèp ou a fè youn. Cheval mwen yo ak cheval ou yo fè youn+.” 8 Apre sa, li di: “Ki kote nou ta dwe pase pou n monte?” Jeworam di: “N ap pase nan Dezè Edòm nan.”
9 Se konsa wa Izrayèl la ale ansanm ak wa Jida a ak wa Edòm nan+. Apre yo fin fè sèt jou ap vwayaje, pa t gen dlo ni pou moun ki te ansanm avèk yo ni pou bèt yo te genyen yo. 10 Epi, wa Izrayèl la di: “Ala sa rèd! Jewova reyini nou toule twa pou l lage nou nan men moun Mowab yo!” 11 Lè sa a, Jozafa di: “Èske pa gen okenn pwofèt Jewova la a ki ka parèt devan Jewova pou nou+?” Youn nan sèvitè wa Izrayèl la di: “Wi, gen Elize+, pitit Chafat la, ki te konn vide dlo sou men Eli*+.” 12 Lè sa a, Jozafa di: “Li kapab di nou ki sa Jewova vle nou fè.” Vrèmanvre, Jozafa ak wa Izrayèl la ak wa Edòm nan desann al kote l.
13 Elize di wa Izrayèl la: “Ki rapò m gen avè w+? Al jwenn pwofèt papa w yo ak pwofèt manman w yo+.” Men, wa Izrayèl la di l: “Pa di sa. Se Jewova ki reyini nou toule twa pou l lage nou nan men moun Mowab yo.” 14 Lè sa a, Elize di: “Menm jan li klè Jewova, Chèf lame yo, Bondye m ap sèvi a*, vivan, mwen fè sèman si mwen pa t gen respè pou Jozafa+, wa Jida a, mwen pa t ap menm gade nou, mwen pa t ap menm okipe nou+. 15 Kounye a, mennen yon moun ki konn jwe hap*+ ban mwen.” Kou moun nan kòmanse jwe hap la, pisans Jewova vin sou li+. 16 Li di: “Jewova di: ‘Fouye kanal nan tout vale sa a. 17 Paske, Jewova di: “Nou pap wè van, nou pap wè lapli, men vale sa a ap chaje ak dlo+. E ni nou menm, ni bèt nou yo, ap bwè nan dlo sa a.”’ 18 Nan je Jewova, sa pa anyen+, paske l ap lage Mowab nan men nou san mank+. 19 Nou dwe kraze tout vil ki byen pwoteje yo+ ansanm ak tout vil ki pi enpòtan yo. Nou dwe koupe chak bon pyebwa, nou dwe bouche tout sous dlo yo e nou dwe plen chak bon pòsyon tè ak wòch pou nou gate yo+.”
20 Nan demen maten, nan lè yo konn ofri manje angren yo ofri nan maten an+, dlo te soti nan direksyon Edòm bridsoukou e li te kouvri tout tè nan peyi a.
21 Lè tout moun Mowab yo tande wa yo monte vin goumen ak yo, yo rasanble tout gason ki ka pote zam yo* e yo pran pozisyon yo bò fwontyè a. 22 Lè yo leve byen bonè nan maten, limyè solèy la t ap klere sou dlo a. Pou moun Mowab yo ki te sou lòt bò a, dlo a te wouj tankou san. 23 Lè sa a, yo di: “Gade san! Siman wa yo goumen youn ak lòt e youn touye lòt anba kout epe. Kounye a, Mowab, ann al piye kan yo a+!” 24 Lè moun Mowab yo rive nan kan Izrayelit yo, Izrayelit yo plonje sou yo e yo kòmanse bat yo. Moun Mowab yo kouri pou Izrayelit yo+. Izrayelit yo mache sou Mowab e yo touye moun Mowab yo toutpandan yo t ap vanse sou yo. 25 Apre sa, yo kraze vil yo e chak sòlda voye yon wòch nan chak bon pòsyon tè yo te jwenn. Yo plen yo ak wòch. Yo bouche tout sous dlo yo+ jwenn e yo koupe tout bon pyebwa+. Finalman, se mi nan Kiraresèt yo+ ki te ret kanpe. Men, sòlda ki te avèk flonn yo te antoure l e yo te detwi l.
26 Lè wa Mowab la wè li pèdi batay la, li pran 700 gason avèk epe nan men yo pou l fè wout pou l al pran wa Edòm nan+, men, yo pa t kapab. 27 Finalman, li pran premye pitit gason l lan ki t apral vin wa nan plas li e li ofri l sou mi an kòm yon sakrifis yo boule nèt+. Yo vin an kòlè anpil kont Izrayèl. Se sa k fè sòlda yo t al fè wout yo, yo te tounen nan peyi yo.
4 Madanm youn nan pwofèt yo*+ di Elize byen fò: “Mari m, sèvitè w la, mouri, e w konnen byen li te toujou gen lakrentif pou Jewova+. Kounye a, gen yon moun li dwe ki vini pou l pran toude pitit mwen yo kòm esklav li.” 2 Lè sa a, Elize di l: “Ki sa m ka fè pou ou? Di m ki sa w gen nan kay la?” Fi a di l: “Sèvant ou an pa gen anyen nan kay la sof yon po luil+.” 3 Li di l: “Sot deyò, mande tout vwazen w yo veso vid. Pran kantite veso w ka pran. 4 Apre sa, rantre lakay ou ak pitit gason w yo epi fèmen pòt la. Plen tout veso yo ak luil. Chak veso w fin plen, mete l apa.” 5 Madanm nan ale.
Li menm ak pitit gason l yo antre nan kay la, yo fèmen pòt la. Yo pran lonje veso ba li, e li menm li vide luil ladan yo+. 6 Lè tout veso yo fin plen, li di youn nan pitit gason l yo: “Pote yon lòt veso pou mwen+.” Men, pitit li a di l: “Pa gen veso ankò.” Lè sa a, luil la sispann koule+. 7 Apre sa, l al kot sèvitè vrè Dye a ki di l: “Al vann luil la, epi peye dèt ou. Apre sa, ou menm ak pitit gason w yo ap viv ak sa k rete a.”
8 Yon jou, Elize al Chounèm+. Nan vil sa a, te gen yon dam anpil moun te konnen, ki te mande l pou l manje lakay li+. Chak fwa li pase nan vil la, li ret lakay dam nan pou l manje. 9 Yon jou, dam nan di mari l: “Mwen konnen mesye ki toujou vin nan zòn nan se yon sèvitè Bondye ki espesyal. 10 Tanpri, ann fè yon ti chanm pou li sou tèt kay la+ epi ann met yon kabann, yon tab, yon chèz ak yon pòtlanp ladan l. Konsa, chak fwa l vin lakay nou, l ap ka ret nan chanm nan+.”
11 Yon jou, li vin nan zòn nan e li monte nan chanm ki sou tèt kay la pou l fè yon ti kouche. 12 Epi, li di Geyazi+, sèvitè l la: “Rele dam Chounèm+ nan pou mwen.” Geyazi rele dam nan, epi dam nan vin kanpe devan l lan. 13 Elize di Geyazi: “Tanpri, men sa pou w di dam nan pou mwen: ‘Gade tout traka w bay tèt ou pou nou+. Ki sa m ka fè pou ou+? Èske w vle m pale ak wa a+ oubyen ak chèf lame a pou ou?’” Men, dam nan di: “Non, m ap viv nan mitan pèp mwen e mwen pa gen okenn pwoblèm.” 14 Epi Elize di: “Nan ka sa a, ki sa nou ka fè pou li?” Geyazi di: “Bon, li pa gen pitit+, e mari l granmoun.” 15 Menm moman an Elize di: “Rele l.” Vrèmanvre, li rele fi a e fi a vin kanpe devan pòt la. 16 Li di l: “Nan ane k ap vini an, nan apeprè menm dat sa a, w ap kenbe yon pitit gason nan bra w+.” Men, fi a di l: “Non mèt mwen, sèvitè vrè Dye a, pa bay sèvant ou an manti.”
17 Annapre, fi a vin ansent e li fè yon pitit gason nan menm dat la nan ane apre a, jan Elize te di l la. 18 Pitit la vin gran, epi yon jou li soti al kot papa l ki te ansanm avèk moun k ap rekòlte yo. 19 Li t ap plede di papa l: “Tèt mwen ap fè m mal!” Papa a di sèvitè l la: “Mennen l bay manman l.” 20 Vrèmanvre, sèvitè a mennen l tounen bay manman l. Epi, li ret chita sou janm manman l jiska midi. Apre sa, li mouri+. 21 Lè manman an wè sa, li monte nan chanm sèvitè vrè Dye a+, li mete l kouche sou kabann nan, li fèmen pòt chanm nan epi l ale. 22 Li rele mari l, li di l: “Tanpri, voye youn nan sèvitè yo ak youn nan bourik yo pou mwen. M ap kouri al kot sèvitè vrè Dye a, m ap tounen talè konsa.” 23 Men, mari a di l: “Poukisa w pral kote l jodi a? Jodi a pa yon nouvèl lin+ ni se pa yon jou saba.” Men, madanm li di l: “Pa enkyete w, tout bagay anfòm.” 24 Madanm nan sele bourik la e li di sèvitè l la: “Fè bourik la mache. Ou pa bezwen ralanti pou mwen sof si m di w fè sa.”
25 Epi, li ale Mòn Kamèl, kote sèvitè vrè Dye a. Kou sèvitè vrè Dye a wè l k ap vini delwen, li di Geyazi sèvitè l la: “Gade! Men dam Chounèm nan lòtbò a. 26 Kouri al rankontre l. Men sa pou w mande l: ‘Èske w byen? Èske mari w byen? Èske pitit la byen?’” Lè Geyazi mande l sa, li di l: “Tout bagay anfòm.” 27 Men, kou fi a rive kot sèvitè vrè Dye a nan mòn nan, li lage kò l atè e li kenbe pye sèvitè vrè Dye a+. Geyazi avanse bò kote l pou l pouse l, men, sèvitè vrè Dye a di l: “Kite l, paske li nan gwo lapenn*, Jewova kache m sa, li pa di m anyen.” 28 Apre sa, fi a di l: “Mèt mwen, èske m te mande w yon pitit gason? Èske m pa t di w pinga w ban m fo espwa+?”
29 Menm kote a, Elize di Geyazi: “Mare rad ou nan ren w+, pran baton m nan epi al kay dam nan. Nenpòt moun ou rankontre, pa salye l. Nenpòt moun ki salye w, pa reponn li. Ale epi mete baton m nan sou figi tigason an.” 30 Lè sa a, manman tigason an di: “Menm jan li klè Jewova vivan e menm jan li klè ou* vivan, mwen fè sèman mwen pap deplase san ou+.” Kidonk, Elize ale ansanm avè l. 31 Geyazi pran devan yo. Lè l rive, li met baton an sou figi tigason an, men li pa tande anyen, tigason an pa souke kò l+. Li retounen al jwenn Elize e li di l: “Tigason an pa leve.”
32 Lè Elize antre nan kay la, kadav tigason an te sou kabann li an+. 33 Li antre, li fèmen pòt la e li kòmanse priye Jewova+. 34 Apre sa, li monte sou kabann nan, li lonje kò l sou pitit la, li mete bouch li sou bouch pitit la, li mete je l sou je l, li mete men l sou men l e li rete la sou tigason an. Epi, kò tigason an kòmanse vin cho+. 35 Apre sa, li fè ale vini nan kay la, li monte sou kabann nan e li lonje kò l sou kò tigason an ankò. Lè sa a, tigason an estènen sèt fwa epi li ouvè je l+. 36 Epi, Elize rele Geyazi, li di l: “Rele dam Chounèm nan pou mwen.” Vrèmanvre, li rele fi a e fi a vin jwenn li. Elize di l: “Pran pitit gason w lan+.” 37 Lè sa a, fi a antre, li lage kò l atè a nan pye l e li bese byen ba devan l jis atè. Apre sa, li pran pitit gason l lan, li soti.
38 Lè Elize retounen Gilgal, te gen yon grangou nan zòn nan+. Pandan pwofèt yo+ chita devan l, li di sèvitè l la+: “Met gwo bonm nan sou dife epi fè yon bouyon pou pwofèt yo.” 39 Epi, gen youn nan yo ki al nan savann nan pou l ranmase fèy. Li tonbe sou yon lyann e li plen rad li ak fwi won li te keyi sou lyann nan. Apre sa, li retounen, li koupe yo fè ti moso, li mete yo nan bonm nan, san l pa t konnen sa yo te ye. 40 Annapre, yo bay mesye yo li pou yo manje. Men, kou mesye yo goute bouyon an, yo di byen fò: “Sèvitè vrè Dye a, gen pwazon nan chodyè a.” Yo pa t ka manje l. 41 Lè sa a, li di: “Pote enpe farin pou mwen.” Apre li fin lage l nan bonm nan, li di: “Bay moun yo li pou yo manje.” Apre sa, pa t gen anyen ki te ka ba yo pwoblèm nan bonm nan ankò+.
42 Gen yon mesye ki te soti Baalchalicha+ ki te pote 20 pen lòj* pou sèvitè vrè Dye a+. Pen sa yo te fèt ak lòj ki te soti nan premye rekòt lòj ki te fèt la. Mete sou sa, li te pote yon sak ki te gen lòt manje angren ki te tou fre+. Epi, Elize di: “Bay moun yo li pou yo manje.” 43 Men, sèvitè l la di: “Mwen pa ka met ti kantite manje sa a devan 100 gason+.” Elize di: “Bay moun yo li pou yo manje, paske men sa Jewova di: ‘Y ap manje e gen rès k ap rete+.’” 44 Apre sa, li mete l devan yo, yo manje l e gen rès ki te rete+, jan Jewova te di sa a.
5 Naaman, chèf lame wa Siri a, te yon moun enpòtan e wa a, mèt li a, te renmen l anpil paske Jewova te sèvi avè l pou l fè Siri pote laviktwa sou ènmi l yo*. Naaman te yon sòlda vanyan, malgre li te gen lèp*. 2 Yon jou, pandan moun Siri yo antre sou tèritwa Izrayèl la pou yo fè kèk aksyon, yo pran yon tifi izrayelit kòm prizonye. Tifi a te vin sèvant madan Naaman. 3 Yon lè, tifi a di madan Naaman: “Si mèt mwen an al kot pwofèt ki Samari a+, pwofèt la ap geri lèp li a+.” 4 Annapre, l* al kot wa a e li fè l konnen sa tifi izrayelit la te di a.
5 Apre sa, wa Siri a di Naaman: “Ou mèt ale kounye a, m ap voye yon lèt bay wa Izrayèl la.” Vrèmanvre, li ale. Li pote dis talan* ajan, 6 000 pyès lò ak dis rad. 6 Li pote lèt la bay wa Izrayèl la. Men sa lèt la te di: “Mwen voye Naaman, sèvitè m nan, kote w ansanm ak lèt sa a pou w ka geri maladi lèp li a.” 7 Kou wa Izrayèl la fin li lèt la, li chire rad sou li e li di: “Èske m se Bondye, ki bay lavi e ki pran lavi, pou wa a twouve li voye yon moun kote m pou l mande m geri moun nan anba maladi lèp li a+? Èske nou pa wè se kont misye ap chèche m?”
8 Lè Elize, sèvitè vrè Dye a, aprann wa Izrayèl la chire rad sou li, menm kote a li voye di wa a: “Poukisa w chire rad sou ou? Tanpri, voye mesye a kote m pou l ka konnen gen yon pwofèt ann Izrayèl+.” 9 Se konsa Naaman ale ak cheval li yo ansanm ak charyo l yo epi li kanpe devan kay Elize a. 10 Elize voye yon moun al di l: “Al lave kò w sèt fwa+ nan Rivyè Jouden an+ e chè w ap vin nòmal ankò. W ap geri.” 11 Lè Naaman tande sa, li fache anpil. Pandan l t aprale, li te di: “Gade mwen menm ki te di tèt mwen: ‘L ap soti vin kote m, l ap kanpe devan m, l ap rele Jewova, Bondye l la, l ap pase men l pa anlè kote ki malad la e l ap geri lèp la.’ 12 Èske Rivyè Abana ak Rivyè Fapa, ki nan Damas+, pa pi bon pase tout rivyè ki gen ann Izrayèl yo? Èske m pa ka lave kò m ladan yo pou m geri?” Epi, li vire, l al fè wout li byen fache.
13 Men, sèvitè l yo pwoche kote l e yo di l: “Mèt mwen, si pwofèt la te di w fè yon gwo bagay, èske w pa t ap fè l? Sèl sa li di w se: ‘Lave kò w epi w ap geri’, poukisa w pa fè sa l di w la?” 14 Lè sa a, li desann e li plonje sèt fwa nan Rivyè Jouden an, jan sèvitè vrè Dye a te di l la+. Epi, chè l vin nòmal ankò tankou chè yon tigason+. Se konsa li te geri+.
15 Apre sa, Naaman tounen kot sèvitè vrè Dye a+ ansanm ak tout moun ki te avè l yo*, li kanpe devan l e li di l: “Kounye a, mwen konnen pa gen Bondye okenn lòt kote sou tè a sof ann Izrayèl+. Souple, aksepte pou sèvitè w la ba w yon kado*.” 16 Men, Elize di l: “Menm jan li klè Jewova, Bondye m ap sèvi a*, vivan, mwen fè sèman mwen pap aksepte okenn kado+.” Naaman te pèsiste, men Elize te refize. 17 Finalman, Naaman di l: “Kòm ou pa vle, tanpri, bay sèvitè w la yon kantite tè nan peyi sa a, yon kantite tè de milèt ap kapab pote, paske mwen pap ofri okenn lòt dye sakrifis yo boule nèt oswa nenpòt lòt sakrifis ankò. Sof pou Jewova m ap fè sa. 18 Men, se pou Jewova padone m pou yon bagay: Lè mèt mwen ap antre nan tanp Rimon pou l pwostène devan Rimon, se mwen menm ki soutni l ak bra m. Donk, mwen oblije pwostène nan tanp Rimon an. Lè m pwostène anndan tanp Rimon an, se pou Jewova padone m sa tanpri.” 19 Lè sa a, Elize di l: “Ale anpè.” Apre sa, l ale. Li te gentan fè yon bon bout wout 20 lè Geyazi+, sèvitè Elize, pwofèt vrè Dye a+, te di tèt li: ‘Apa mèt mwen kite Naaman+, moun Siri a, ale san l pa pran kado l te pote a. Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman m ap kouri dèyè l e m ap pran yon bagay nan men l.’ 21 Vrèmanvre, Geyazi kouri dèyè Naaman. Lè Naaman wè gen yon moun k ap kouri dèyè l, li desann charyo l la, l al rankontre l epi li di l: “Èske tout bagay anfòm?” 22 Geyazi di l: “Tout bagay anfòm. Mèt mwen voye di w: ‘Gen de mesye pami pwofèt yo ki sot nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan, ki fèk vin bò kote m. Tanpri, fè yo jwenn yon talan ajan ak de rad+.’” 23 Naaman di l: “Monchè, pran de talan pito.” Li fòse l pran yo+. Li mete de talan ajan nan de sak pou li ansanm ak de rad. Epi li bay de nan sèvitè l yo pote yo devan Geyazi.
24 Lè Geyazi rive Ofèl*, li pran bagay yo nan men mesye yo, li mete yo lakay li epi li voye mesye yo ale. Lè yo fin ale, 25 li antre l al kanpe bò kot mèt li. Elize di l: “Kote w soti Geyazi?” Geyazi di l: “Sèvitè w la pa t al okenn kote+.” 26 Elize di l: “Èske w panse m pa konnen ou t al kot mesye a e l te desann charyo l la pou l pale avè w? Èske se moman pou w ap aksepte ajan, rad oswa jaden oliv, jaden rezen, mouton, bèf, gason oswa fi kòm esklav+? 27 Poutèt sa, lèp Naaman an+ ap tonbe sou ou ak desandan w yo pou toutan.” Lapoula, Geyazi soti devan Elize a. Li te vin blan kou nèj paske lèp la te tonbe sou li+.
6 Pwofèt yo*+ di Elize: “Tande, kote nou rete avè w la twò piti. 2 Tanpri, kite n al bò Rivyè Jouden an. Kite nou chak al pran bwa bò Rivyè Jouden an pou nou bati yon kote pou n rete.” Li di yo: “Nou mèt ale.” 3 Youn nan yo di l: “Tanpri, èske w ka vin ak sèvitè w yo?” Li di: “Mwen prale avèk nou.” 4 Epi, li ale avèk yo. Lè yo rive bò Rivyè Jouden an, yo kòmanse koupe pyebwa. 5 Pandan youn nan yo t ap koupe yon pyebwa, tèt rach la al tonbe nan dlo a. Epi, sèvitè a di byen fò: “O, mèt mwen, se yon rach mwen te prete wi!” 6 Lè sa a, sèvitè vrè Dye a di: “Kote l tonbe?” Pwofèt la montre l kote a. Elize koupe yon moso bwa, li voye l kote a, epi li fè tèt rach la monte sou dlo. 7 Epi li di: “Pran l.” Pwofèt la lonje men l e li pran l.
8 Wa Siri a te vin fè lagè ak Izrayèl+. Li te reyini ak sèvitè l yo e li di: “Nou pral avè m tèl kote e n ap tabli kan nou la.” 9 Men, sèvitè vrè Dye a+ voye di wa Izrayèl la: “Pinga w pase nan zòn sa a, paske se la moun Siri yo ap vini.” 10 Kidonk, wa Izrayèl la voye avèti moun ki te nan zòn kote sèvitè vrè Dye a te di l pa pase a. Elize te kontinye avèti wa Izrayèl la, e wa a te evite zòn nan. Se pa ni youn ni de fwa sa te fèt+.
11 Sa te fè wa* Siri a fache anpil. Se sa k fè li rele sèvitè l yo, li di yo: “Di mwen, kiyès nan nou k ap kolabore ak wa Izrayèl la?” 12 Epi, gen youn nan sèvitè l yo ki di: “Monwa, mèt mwen, se pa youn nan nou. Se Elize, pwofèt Izrayèl la, k ap di wa Izrayèl la sa w di nan chanm ou+.” 13 Wa a di: “Al chèche kote l ye pou m voye met men sou li.” Annapre yo di l: “Li Dotan+.” 14 Menm moman an, li voye cheval ak charyo ansanm ak yon gwo lame Dotan. Yo rive nan nuit epi yo ansèkle vil la.
15 Lè sèvitè pwofèt vrè Dye a leve granmmaten e li soti deyò, li wè yon gwo lame ki gen cheval ak charyo ki antoure vil la. Menm moman an, li di Elize: “O, mèt mwen, ki sa pou n fè?” 16 Men, Elize di l: “Ou pa bezwen pè+ paske nou gen plis moun avèk nou pase yo+.” 17 Epi, Elize kòmanse priye, li di: “O Jewova, ouvri je l tanpri pou l wè+.” Menm moman an, Jewova ouvri je sèvitè Elize a e sèvitè a wè yon pakèt cheval ak charyo ki te tankou dife+ toutotou Elize+ nan zòn ki gen mòn nan.
18 Lè moun Siri yo desann pou yo vin pran Elize, Elize priye Jewova epi li di: “Tanpri, fè tout moun sa yo pa wè nan je yo+.” Vrèmanvre, Bondye fè yo pa wè nan je yo jan Elize te mande l la. 19 Lè sa a, Elize di yo: “Se pa wout la sa. Se pa vil sa a n ap chèche. Suiv mwen, kite m mennen nou bay moun n ap chèche a.” Men, li mennen yo Samari+.
20 Lè yo rive Samari, Elize di: “O Jewova, ouvri je yo pou yo kapab wè.” Vrèmanvre, Jewova ouvri je yo epi yo wè yo nan mitan Samari. 21 Lè wa Izrayèl la wè yo, li di Elize: “Èske se pou m touye yo mèt mwen?” 22 Men, Elize di: “Pinga w touye yo. Èske w konn touye moun ou fin pran kòm prizonye yo ak kout epe ak kout flèch? Se pou w ba yo pen ak dlo pou yo manje pou yo bwè+ e pou yo ka tounen al jwenn mèt yo.” 23 Vrèmanvre, li fè yon gwo resepsyon pou yo. Yo manje, yo bwè epi li voye yo tounen al jwenn mèt yo. Depi lè sa a, gwoup bandi Siri yo+ pa janm antre nan peyi Izrayèl ankò.
24 Annapre, Bennadad, wa Siri a, rasanble tout lame l la* e yo monte al ansèkle Samari+. 25 Se sa k fè te vin gen yon gwo grangou+ Samari. Yo te kontinye ansèkle Samari jiskaske yon tèt bourik+ te vin koute 80 pyès ajan e yon ka nan yon kab* poupou pijon te koute 5 pyès ajan. 26 Pandan wa Izrayèl la t ap pase sou mi vil la, gen yon fi ki di l byen fò: “O monwa, mèt mwen, ede nou!” 27 Lè sa a, li di l: “Si Jewova pa ede nou, ki kote m pral jwenn èd sa a? Èske w panse mwen ka ban nou manje, diven oswa luil?” 28 Epi, wa a mande l: “Sa w genyen?” Li di l: “Dam sa a te di m: ‘Se pou w bay pitit gason w lan jodi a pou nou manje, demen n a manje pitit gason pa m nan+.’ 29 Vrèmanvre, nou kuit pitit gason m nan e nou manje l+. Nan demen, mwen di l: ‘Bay pitit gason w lan pou nou manje l.’ Men, li sere pitit li a.”
30 Kou wa a tande sa fi a di l la, li chire rad sou li+. Pandan l ap pase sou mi vil la, moun yo wè li gen twal sak sou li anba rad ki sou li a*. 31 Lè sa a, wa a di: “Se pou Bondye pini m, e se pou l pini m ankò, si jodi a mwen pa fè koupe tèt Elize, pitit gason Chafat la+.”
32 Elize te chita lakay li e ansyen yo te chita avèk li. Wa a voye yon moun devan pou l al kot Elize. Men, anvan moun nan rive, Elize di ansyen yo: “Èske nou wè jan nonm sa a ki pitit yon asasen+ voye moun vin koupe tèt mwen? Veye lè moun nan vini, epi fèmen pòt la. Kenbe pòt la byen di pou l pa antre. Paske, wa a pye pou pye dèyè l.” 33 Elize potko fin pale avèk yo lè moun wa a te voye a rive. Wa a di Elize: “Kalamite sa a soti nan Jewova. Poukisa pou m ap ret tann Jewova toujou?”
7 Elize di l: “Koute sa Jewova di. Jewova di: ‘Demen, vè lè konsa, yon seya* farin bon kalite ap vann yon chekèl* nan pòtay* vil Samari, e de seya lòj* ap vann yon chekèl+.’” 2 Lè sa a, sèvitè wa a te fè konfyans lan di sèvitè vrè Dye a: “Menmsi Jewova ta ouvri tout vàn ki nan syèl la, ou kwè yon bagay* konsa ka fèt vre+?” Elize di l: “Ou gen pou w wè sa ak je w+, men, ou pap manje ladan l+.”
3 Te gen kat mesye ki gen lèp ki te chita nan antre pòtay vil la+. Youn te di lòt: “Poukisa nou ret chita la a ap tann lanmò nou? 4 Si nou antre nan vil la pandan gen grangou nan vil la+, n ap mouri, e si nou ret chita la a, n ap mouri. Kidonk, ann al nan kan moun Siri yo. Si yo pa touye nou, n a viv, men si yo touye nou, n a mouri.” 5 Se sa k fè yo leve nan nuit e yo antre nan kan moun Siri yo. Lè yo rive arebò kan an, yo pa wè pèsonn nan kan an.
6 Jewova te fè tout moun Siri ki te nan kan an tande bri charyo pou fè lagè, bri cheval ak bri yon gwo lame k ap vin sou yo+. Se sa k fè, youn te di lòt: “Sanble wa Izrayèl la peye wa desandan Èt yo ansanm ak wa peyi Ejip yo pou yo vin batay avèk nou.” 7 Menm moman an, yo leve, yo kouri nan fènwa a, yo kite tant yo, cheval yo, bourik yo ak tout kan an jan l te ye a epi yo chape poul yo pou yo sove lavi* yo.
8 Lè mesye ki gen lèp yo rive nan kan an, yo antre nan youn nan tant yo, yo manje, yo bwè. Yo pran ajan, lò ak rad ki te nan tant lan, y ale avèk yo e yo sere yo. Apre sa, yo retounen nan kan an, yo antre nan yon lòt tant, yo pran sa yo jwenn anndan tant sa a, y ale avèk yo e yo sere yo.
9 Finalman, youn di lòt: “Sa n ap fè a pa bon! Nou dwe fè lòt moun yo konnen bon nouvèl sa a. Si nou ret tann jis lè l jou pou n di yo sa, n ap merite pou yo pini nou. Kidonk, ann al fè moun lakay wa a konnen bon nouvèl sa a.” 10 Vrèmanvre, yo ale, yo rele gad ki t ap fè pòs nan pòtay vil la e yo di yo: “Nou te ale nan kan moun Siri yo, men pa t gen pèsonn ladan l, ni nou pa t tande pèsonn ap pale. Se sèlman cheval yo ak bourik yo nou wè ki mare, e tant yo rete jan yo te ye a.” 11 Lè sa a, gad ki t ap fè pòs yo bay nouvèl la byen fò, e moun lakay wa a aprann nouvèl la.
12 Menm kote a, wa a leve nan nuit lan, li di sèvitè l yo: “Ban m esplike nou sa moun Siri yo ap fè nou. Yo konnen nou grangou+. Donk, sa yo fè, yo kite kan an e y al kache nan savann nan paske yo di tèt yo: ‘Y ap soti nan vil la, konsa n ap pran yo tou vivan e n ap antre nan vil yo a+.’” 13 Lè sa a, gen youn nan sèvitè l yo ki di l: “Tanpri monwa, kite kèk mesye pran senk nan cheval ki rete nan vil la pou y al wè sa k pase. Paske kit yo ale kit yo rete, y ap mouri kanmenm menm jan ak tout lòt Izrayelit ki rete yo.” 14 Vrèmanvre, yo pran de charyo ansanm ak cheval yo epi wa a voye yo nan kan moun Siri yo, li di yo: “Al gade pou nou wè.” 15 Yo suiv yo rive jis bò Rivyè Jouden an. Sou tout wout la te gen rad ak veso moun Siri yo te voye jete pandan yo t ap kouri akoz yo te panike. Apre sa, moun wa a te voye yo retounen kot wa a e yo di l sa yo wè.
16 Apre sa, moun yo nan vil la ale epi yo pran tout sa ki te nan kan moun Siri yo. Lè sa a, yon seya farin bon kalite te vin vann yon chekèl e de seya lòj te vin vann yon chekèl, jan Jewova te di sa a+. 17 Wa a te fè sèvitè li te fè konfyans lan ret veye pòtay vil la, men moun yo te mache sou li jiskaske li mouri, jan sèvitè vrè Dye a te di wa a sa lè wa a te desann al kote l la. 18 Sa te fèt egzakteman jan sèvitè vrè Dye a te di wa a sa: “Demen, nan menm lè sa a, de seya lòj ap vann yon chekèl e yon seya farin bon kalite ap vann yon chekèl nan pòtay vil Samari+.” 19 Men, sèvitè wa a te di sèvitè vrè Dye a: “Menmsi Jewova ta ouvri tout vàn ki nan syèl la, ou kwè yon bagay* konsa ka fèt vre?” Epi, Elize te di l: “Ou gen pou w wè sa ak je w, men, ou pap manje ladan l.” 20 Se egzakteman sa ki te rive, paske moun yo te mache sou li nan pòtay vil la jiskaske li mouri.
8 Elize pale ak fi li te resisite pitit gason l lan+, li di l: “Ale, ou menm ak moun lakay ou, al viv tankou yon etranje kèlkeswa kote w jwenn nan paske Jewova fè konnen ap gen yon grangou+ nan peyi a pandan setan.” 2 Vrèmanvre, fi a ale li fè egzakteman sa sèvitè vrè Dye a te di l la. Li menm ak moun lakay li t al viv nan peyi moun Filisti yo+ pandan setan.
3 Nan fen setan an, fi a kite peyi moun Filisti yo, li retounen, l al pale ak wa a konsènan kay ak moso tè li te genyen an. 4 Nan moman sa a, wa a t ap pale ak Geyazi, sèvitè pwofèt vrè Dye a, li di l: “Tanpri, rakonte m tout gwo bagay Elize te fè yo+.” 5 Pandan Geyazi t ap pale ak wa a sou jan Elize te resisite moun ki te mouri a+, fi Elize te resisite pitit gason l lan te vin kot wa a pou l pale avè l konsènan kay ak moso tè li te genyen an+. Menm kote a, Geyazi di wa a: “Monwa, mèt mwen, se fi sa a mwen t ap pale w la e se pitit gason l lan Elize te resisite a.” 6 Epi, wa a mande fi a rakonte l ki jan sa te pase e fi a fè sa. Apre sa, wa a pale ak youn nan moun k ap travay pou li yo, li di l: “Remèt fi a tout sa k pou li yo ansanm ak tout rekòt li t ap genyen depi lè l te kite peyi a pou jis kounye a.”
7 Lè Elize t al Damas+, Bennadad+, wa Siri a, te malad. Yo te di l: “Sèvitè vrè Dye a+ vin isit la.” 8 Lè sa a, wa a te di Azayèl+: “Pran yon kado epi al rankontre sèvitè vrè Dye a+. Fè l mande Jewova si m ap geri anba maladi sa a.” 9 Vrèmanvre, Azayèl t al rankontre l e li te pote yon kado pou li. Li te pote tout kalite bon bagay ki gen nan Damas ba li sou 40 chamo. Li te vin kote l e li te di l: “Bennadad, pitit ou, wa Siri a, voye m di w: ‘Èske m ap geri anba maladi sa a?’” 10 Elize di l: “Ou mèt di l: ‘W ap geri san mank.’ Men, Jewova fè m wè l ap mouri san mank+.” 11 Li kontinye gade Azayèl jiskaske Azayèl vin jennen. Apre sa, sèvitè vrè Dye a kòmanse kriye. 12 Lè sa a, Azayèl di: “Mèt mwen, poukisa w ap kriye?” Li reponn: “Se paske mwen konnen tout mechanste ou gen pou w fè pèp Izrayèl la+. W ap boule kote ki byen pwoteje yo genyen yo, w ap touye pi bon gason ki nan mitan yo ak kout epe, w ap koupe pitit yo genyen yo fè plizyè moso e w ap fann vant fanm ansent yo+.” 13 Lè Azayèl tande sa, li di: “Ki jan mwen menm, sèvitè w la, ap rive fè yon bagay konsa alòske se yon senp chen mwen ye?” Men Elize di: “Jewova fè m wè se ou menm k ap vin wa nan peyi Siri+.”
14 Apre sa, li kite Elize epi li tounen al jwenn mèt li a ki mande l: “Ki sa Elize di w?” Li di l: “W ap geri san mank+.” 15 Men, nan demen, Azayèl pran yon dra, li tranpe l nan dlo e li peze* l sou figi wa a jiskaske wa a mouri+. Apre sa, Azayèl vin wa nan plas Bennadad+.
16 Nan senkyèm ane rèy Jeworam+, pitit gason Ahab, wa Izrayèl la, pandan Jozafa te wa nan Jida, Jeworam+, pitit gason Jozafa, wa Jida a, te vin wa. 17 Li te gen 32 an lè l te vin wa e li te dirije pandan uitan detan l Jerizalèm. 18 Li te suiv menm chemen ak wa Izrayèl yo+, menm jan moun nan fanmi Ahab yo te fè sa a+, paske, se pitit fi Ahab la ki te vin madanm li+. Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova+. 19 Men, Jewova pa t vle detwi Jida poutèt David, sèvitè l la+, paske li te pwomèt David li menm ak pitit gason l yo ap toujou gen yon desandan yo pou dirije kòm wa*+ apre yo.
20 Nan epòk Jeworam t ap dirije a, moun Edòm yo te revòlte kont Jida+ e yo te chwazi pwòp wa pa yo+. 21 Se sa k fè Jeworam te travèse al Zayi ansanm ak tout charyo l yo pou l al atake yo. Moun Edòm yo te sènen ni li menm ni kòmandan charyo l yo, men, nan lannuit, li atake moun Edòm yo e li pot laviktwa sou yo. Sòlda yo te sove al nan tant yo. 22 Men, moun Edòm yo te kontinye revòlte kont Jida rive jis jodi a. Moun Libna yo+ te revòlte tou nan epòk sa a.
23 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jeworam yo, tout sa li te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo? 24 Finalman, Jeworam t al repoze bò kot zansèt li yo, yo te antere l avèk zansèt li yo nan Vil David la+, e Ahazya+, pitit gason l, te vin wa nan plas li.
25 Nan 12yèm ane rèy Jeworam, pitit gason Ahab, wa Izrayèl la, Ahazya, pitit gason Jeworam, wa Jida a, te vin wa+. 26 Ahazya te gen 22 an lè l te vin wa e li te dirije pandan yon ane detan l Jerizalèm. Manman l te rele Atali+. Se te pitit pitit fi* Omri+, ki te wa ann Izrayèl. 27 Li te suiv menm chemen ak moun nan fanmi Ahab yo+. Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova menm jan ak moun nan fanmi Ahab yo paske li te fanmi ak Ahab pa alyans+. 28 Li te met ak Jeworam, pitit gason Ahab, pou l al batay ak Azayèl, wa peyi Siri a, nan Ramòtgalaad+. Men, moun Siri yo te blese Jeworam+. 29 Se sa k fè wa Jeworam te retounen Jizreyèl+ pou l ka geri apre moun Siri yo te fin blese l nan Rama, lè l t ap batay ak Azayèl, wa Siri a+. Ahazya, pitit gason Jeworam, wa Jida a, te desann Jizreyèl pou l al wè Jeworam, pitit gason Ahab la, paske Jeworam te blese*.
9 Men, apre sa, pwofèt Elize rele youn nan pwofèt yo e li di l: “Mare rad ou nan ren w, pran boutèy luil sa a, epi fè vit al avè l Ramòtgalaad+. 2 Lè w rive, chèche Jeyi+, pitit gason Jozafa, ki li menm se pitit gason Nimchi. Antre kote l ye a, fè l leve nan mitan frè l yo epi antre avèk li nan chanm ki pi anndan an. 3 Vide luil ki nan boutèy la sou tèt li epi di l: ‘Men sa Jewova di: “Mwen chwazi w pou w vin wa Izrayèl+.”’ Apre sa, ouvri pòt la epi al fè wout ou san pèdi tan.”
4 Se konsa sèvitè pwofèt la pran wout pou l al Ramòtgalaad. 5 Lè l rive, li wè chèf lame yo ki chita. Li di: “Chèf la, mwen gen yon mesaj pou ou.” Jeyi mande l: “Pou kiyès nan nou?” Sèvitè a di: “Pou ou, chèf la.” 6 Kidonk, Jeyi leve e li antre anndan kay la. Pandan yo anndan kay la, sèvitè a vide luil la sou tèt Jeyi epi li di l: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Mwen menm, Jewova, mwen chwazi w pou w vin wa sou Izrayèl, pèp mwen an+. 7 Se pou w elimine fanmi Ahab, mèt ou a. Mwen menm, Jewova, m ap fè vanjans pou san pwofèt yo, sèvitè m yo, e pou san tout lòt sèvitè m ki te pèdi lavi yo anba men Jezabèl+. 8 Tout fanmi Ahab yo gen pou yo peri. M ap touye tout gason* ki fanmi Ahab yo, menm sa ki pa gen moun pou ede yo e ki fèb ann Izrayèl yo+. 9 M ap fè fanmi Ahab yo vin menm jan ak fanmi Jewobowam+, pitit gason Nebat la, e menm jan ak fanmi Baacha+, pitit gason Ayija a. 10 Kanta pou Jezabèl, chen ap manje l nan moso tè ki Jizreyèl la+ e pèsonn pap antere l.’” Apre sa, li ouvri pòt la, li kouri l ale+.
11 Lè Jeyi retounen al jwenn lòt chèf yo ki nan lame wa a, yo mande l: “Tout bagay anfòm? Poukisa moun fou sa a te vin kote w?” Li reponn yo: “Nou konn ki jan li ye ak ki kalite pawòl li konn di.” 12 Men, yo di l: “Pa ban nou manti! Tanpri, di nou laverite.” Lè sa a, li di: “Li pale avè m e li di m: ‘Men sa Jewova di: “Mwen chwazi w pou w vin wa Izrayèl+.”’” 13 Lè yo tande sa, lapoula, yo pran rad yo, yo mete yo sou mach eskalye yo pou l monte sou yo+, yo sonnen kòn epi yo di: “Se Jeyi ki wa kounye a+!” 14 Annapre, Jeyi+, pitit gason Jozafa a, ki li menm se pitit gason Nimchi, fè konplo sou do Jeworam.
Jeworam te ret ap veye nan Ramòtgalaad+ ansanm ak tout Izrayèl, akoz Azayèl+, wa Siri a. 15 Annapre, wa Jeworam tounen Jizreyèl+ pou l ka geri paske moun Siri yo te blese l lè l t ap batay ak Azayèl, wa Siri a+.
Epi Jeyi di moun ki avè l yo: “Si nou* dakò, pa kite pèsonn sot nan vil la pou y al di sa nan Jizreyèl.” 16 Apre sa, Jeyi monte charyo l e l al Jizreyèl. Paske, Jeworam te nan vil la, li te kouche akoz li te blese, e Ahazya, wa Jida a, te desann vin wè l. 17 Pandan gad k ap veye a kanpe sou tèt fòtrès Jizreyèl la, li wè foul moun ki avèk Jeyi yo k ap pwoche. Menm moman an, li di: “Mwen wè yon foul moun.” Epi, Jeworam di: “Voye yon moun sou cheval al rankontre yo. Men sa pou l di yo: ‘Èske gen lapè?’” 18 Vrèmanvre, yo voye yon moun sou cheval al rankontre l. Moun nan di l: “Men sa wa a di: ‘Èske gen lapè?’” Men Jeyi di: “Sa w konn nan lapè? Pase dèyè m epi suiv mwen!”
Apre sa, gad la di Jeworam: “Moun nan rive kote yo a, men li pa retounen.” 19 Kidonk, li voye yon dezyèm moun sou cheval. Lè l rive kote yo a, li di: “Men sa wa a di: ‘Èske gen lapè?’” Men Jeyi di l: “Sa w konn nan lapè? Pase dèyè m epi suiv mwen!”
20 Epi gad la di Jeworam: “Moun nan rive kote yo a, men li pa retounen, e jan m wè moun nan ap kondui charyo a sanble se Jeyi, pitit pitit gason* Nimchi a, paske li kondui tankou yon moun fou.” 21 Jeworam di: “Prepare charyo a!” Yo prepare charyo l la pou li e Jeworam, wa Izrayèl la, ak Ahazya+, wa Jida a, soti ansanm. Yo chak te soti nan charyo pa yo pou y al rankontre Jeyi. Yo te rankontre l nan moso tè Nabòt+, moun Jizreyèl la.
22 Kou Jeworam wè Jeyi, li di l: “Èske gen lapè Jeyi?” Men, Jeyi di l: “Èske ka gen lapè alòske Jezabèl+, manman w, lage kò l nan pwostitisyon ak maji+?” 23 Menm moman an, Jeworam vire charyo l la pou l sove, epi li di Ahazya: “Ahazya, yo trayi nou!” 24 Lè sa a, Jeyi pran yon flèch epi li tire Jeworam. Flèch la pase nan mitan do l epi li soti nan kè l. Epi, li tonbe nan charyo l la. 25 Apre sa, li di Bidka, sèvitè l la: “Ranmase l epi voye l nan moso tè Nabòt, moun Jizreyèl la+. Sonje mwen menm avè w nou t ap suiv Ahab, papa l, nan charyo nou lè Jewova te pale kont li a+: 26 ‘Men sa Jewova di: “Mwen te wè jan yo te touye Nabòt+ ak pitit gason l yo yè.” Jewova di: “Se konsa m ap ba ou sa w merite+ nan menm moso tè sa a.”’ Kounye a, pran kadav li, lage l nan moso tè a, jan Jewova te di sa a+.”
27 Lè Ahazya, wa Jida a+, wè sa k pase a, li pase nan yon wout ki te toupre yon gwo jaden e l chape poul li. (Annapre, Jeyi pati dèyè l epi li di: “Se pou nou touye l tou!” Se sa k fè, yo frape l nan charyo l la pandan l sou wout pou l al Gou, ki toupre Ibleyam+. Li kontinye kouri jis li rive Megido e se la l mouri. 28 Apre sa, sèvitè l yo pote kadav la Jerizalèm nan yon charyo e yo antere l nan tonm li bò kot zansèt li yo, nan Vil David la+. 29 Ahazya+ te vin wa nan Jida nan 11yèm ane rèy Jeworam, pitit gason Ahab.)
30 Lè Jeyi rive Jizreyèl+, Jezabèl+ aprann sa. Sa l fè, li met yon makiyaj nwa sou do je l, li fè yon bèl kwafi nan tèt li e l al bò fenèt la pou l gade anba. 31 Kou Jeyi rantre nan pòtay vil la, Jezabèl di l: “Èske tout bagay te mache byen pou Zimri, asasen ki te touye mèt li a+?” 32 Jeyi leve tèt li pou l gade nan direksyon fenèt la epi li di: “Ki moun ki avè m? Kiyès+?” Menm kote a, gen de oswa twa moun ki t ap travay nan palè a ki gade l anba a. 33 Li di yo: “Lage l anba!” Vrèmanvre, yo lage Jezabèl anba, e enpe nan san l vole sou mi an e sou cheval yo. Epi, Jeyi fè cheval li yo mache sou Jezabèl. 34 Apre sa, Jeyi antre, li manje, li bwè, epi li di: “Tanpri, pran fi madichon sa a, epi antere l. Se pitit fi yon wa li ye kanmenm+.” 35 Men, sèl sa yo te jwenn lè yo soti pou y al antere l se te zo tèt li, pye l, ak pla men l+. 36 Mesye yo retounen e yo di Jeyi sa. Lè sa a, li di yo: “Sa k fèt la reyalize sa Jewova te di+ pa mwayen Eli, sèvitè l la, moun Tichbe a. Bondye te di: ‘Chen ap manje chè Jezabèl nan moso tè ki Jizreyèl la+. 37 Kadav Jezabèl ap vin tankou fimye nan moso tè ki Jizreyèl la, yon fason pou pèsonn pa ka di: “Moun sa a se Jezabèl.”’”
10 Ahab+ te gen 70 pitit gason Samari. Se sa k fè Jeyi te ekri lèt e li te voye yo Samari bay prens ki te Jizreyèl yo, bay ansyen yo+ ak moun ki te responsab pitit Ahab yo. Li te di: 2 “Lè nou resevwa lèt sa a, pitit gason mèt nou an genyen yo ap avèk nou, ansanm ak charyo pou fè lagè yo ak cheval yo, n ap nan yon vil ki byen pwoteje e n ap gen zam nan men nou. 3 Se pou nou chwazi pitit nou wè ki pi bon* pami pitit gason mèt nou an epi se pou nou mete l chita sou twòn nan nan plas papa l. Apre sa, se pou nou batay pou mèt nou an.”
4 Men, yo te pè anpil e yo te di: “Si de wa pa t ka kenbe tèt ak Jeyi+, ki jan n ap rive kenbe tèt ak li?” 5 Se sa k fè moun ki te responsab palè a*, gouvènè vil la, ansyen yo, ak moun ki te responsab tout pitit wa a te voye di Jeyi: “Nou se sèvitè w, n ap fè tout sa w di nou fè. Nou pap met pèsonn wa. Fè sa w wè ki bon nan je w.”
6 Donk, li ekri yo yon dezyèm lèt epi li di yo: “Si se sèvitè m nou ye e nou dakò pou nou obeyi m, pote tèt tout pitit gason mèt nou an ban mwen demen vè lè konsa nan Jizreyèl.”
Lè sa a, 70 pitit gason wa a te ansanm avèk mesye ki te gen gwo renome yo ki t ap leve yo nan vil la. 7 Kou yo resevwa lèt la, yo pran 70 pitit gason wa a te genyen yo+ e yo touye yo. Apre sa, yo pran tèt yo mete nan pànye e yo voye yo Jizreyèl bay Jeyi. 8 Gen yon moun ki antre al kot Jeyi ki di l: “Yo pote tèt tout pitit gason wa a vini.” Li di: “Fè yo fè de pil bò pòtay vil la pou jis demen maten.” 9 Nan maten, lè l soti, li kanpe devan tout pèp la epi li di: “Nou inosan*. Se mwen menm ki te fè konplo sou do mèt mwen an e se mwen menm ki touye l+. Men, kiyès ki touye tout moun sa yo? 10 Se pou nou konnen pa gen yon sèl pawòl Jewova di kont fanmi Ahab Jewova pap reyalize+. Jewova reyalize sa l te di pa mwayen Eli, sèvitè l la+.” 11 Mete sou sa, Jeyi touye tout rès fanmi Ahab yo nan Jizreyèl, san konte tout mesye ki te gen gwo renome ki te avè l yo, zanmi l yo ak prèt li yo+. Li pa kite okenn nan moun sa yo viv+.
12 Apre sa, li pran wout pou l al Samari. Sou wout sa a, te gen yon kay* bèje yo te konn itilize. 13 Lè Jeyi rive la, li rankontre frè Ahazya yo+, wa Jida a. Li di yo: “Kiyès nou ye?” Yo di l: “Nou se frè Ahazya e nou nan wout pou n al wè si tout bagay ap mache byen pou pitit gason wa a ak pitit gason rèn* nan.” 14 Lapoula, li di: “Pran yo vivan!” Yo pran yo vivan vre epi yo touye yo bò kote yon sitèn ki nan kay bèje yo te konn itilize a. Yo touye 42 gason. Jeyi pa t kite youn nan yo chape+.
15 Pandan li t ap kite zòn sa a, li rankontre ak Jewonadab+, pitit gason Rekab+, ki te vin rankontre l. Lè Jeyi fin salye l*, li di l: “Èske w avè m toutbon, menm jan m avè w la?”
Jewonadab reponn li: “Wi, m avè w.”
Jeyi di: “Si w avè m, ban m men w.”
Vrèmanvre, Jewonadab lonje men l bay Jeyi epi Jeyi rale l monte sou charyo l la. 16 Apre sa, li di: “Vin avè m pou w ka wè jan m pa tolere moun ki opoze ak* Jewova+.” Se konsa yo te fè l ale ansanm ak Jeyi nan charyo l la. 17 Apre sa, yo touye tout rès fanmi Ahab nan Samari jiskaske pa t gen youn ki rete ankò+, jan Jewova te di sa pa mwayen Eli+.
18 Annapre, Jeyi rasanble tout pèp la epi li di yo: “Ahab pa t fè tout sa l kapab pou l adore Baal+, men mwen menm, m ap adore Baal plis pase l. 19 Fè tout pwofèt Baal yo+, tout moun k ap adore l yo ak tout prèt li yo+ vin jwenn mwen. Pinga youn nan yo pa la, paske mwen pral ofri Baal yon gwo sakrifis. Si gen yon moun ki pa la, moun sa a ap mouri.” Men, se sou plan Jeyi te ye paske li te vle touye tout adoratè Baal yo.
20 Apre sa, Jeyi di: “Fè moun yo konnen ap gen yon rasanbleman pou Baal.” Epi, yo fè moun yo konn sa. 21 Apre sa, Jeyi voye mesaj nan tout Izrayèl e tout moun ki t ap adore Baal yo vini. Pa gen youn nan yo ki pa t vini. Yo tout antre anndan kay* Baal la+ e kay la te chaje ak moun sot nan yon pwent rive nan lòt pwent lan. 22 Epi, li di moun ki responsab rad yo: “Vin ak rad pou tout moun k ap adore Baal yo.” Vrèmanvre, moun nan pote rad pou yo. 23 Apre sa, Jeyi ansanm ak Jewonadab+, pitit gason Rekab la, antre nan kay Baal la. Li di moun k ap adore Baal yo: “Chèche byen pou nou wè si pa gen moun k ap adore Jewova la a. Se moun k ap adore Baal sèlman ki pou la a.” 24 Finalman, yo antre pou yo ofri sakrifis e pou yo boule ofrann pou Baal. Jeyi mete 80 nan mesye l yo pa deyò kay la e li di yo: “Si youn nan moun m ap lage nan men nou yo chape, n ap bay vi nou pou vi pa l*.”
25 Kou Jeyi fin ofri sakrifis li te boule nèt la, li di gad* yo ak kapitèn yo: “Antre, frape yo! Pa kite youn nan yo chape+.” Epi, gad yo ak kapitèn yo antre, yo pran frape moun yo ak epe yo epi yo voye kadav yo deyò. Yo te kontinye antre jis yo rive nan chanm ki pi anndan* nan kay Baal la. 26 Apre sa, yo soti ak poto sakre+ ki fèt an wòch ki te nan kay Baal la epi yo boule yo chak+. 27 Yo kraze poto sakre+ Baal ki fèt an wòch la, yo kraze kay Baal la+ e yo fè latrin nan plas kote l te ye a. Latrin sa yo la jis jodi a.
28 Se konsa Jeyi te fini ak Baal nan peyi Izrayèl. 29 Men, li pa t sispann fè peche Jewobowam, pitit gason Nebat la, te fè Izrayèl fè yo ki gen rapò ak ti bèf annò ki te Betèl ak Dann nan+. 30 Apre sa, Jewova di Jeyi: “Lefètke w byen aji e w fè sa k byen nan je m, lefètke w fè tout sa mwen te gen nan kè m pou m fè fanmi Ahab+, w ap gen pitit gason w k ap chita sou twòn Izrayèl la pandan kat jenerasyon+.” 31 Men, Jeyi pa t veye pou l mache nan Lwa Jewova, Bondye Izrayèl la, ak tout kè l+. Li pa t sispann fè peche Jewobowam te fè Izrayèl fè a+.
32 Nan epòk sa a, Jewova te kòmanse fè yo pran nan tèritwa Izrayèl la* tikras pa tikras. Azayèl te kòmanse atake Izrayelit yo sou tout tèritwa Izrayèl la+, 33 depi nan lès Rivyè Jouden an, nan tout zòn Galaad kote tribi Gad la, tribi Ribenn nan ak tribi Manase a+ ye a. Sa te gen ladan l tou tèritwa ki soti Awoyè, ki toupre Vale Anon, rive Galaad ak Bazan+.
34 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jeyi yo, tout sa l te fè yo, gwo aksyon li te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo? 35 Apre sa, Jeyi t al repoze bò kot zansèt li yo. Yo te antere l Samari e Jewoyakaz, pitit gason l+, te vin wa nan plas li. 36 Jeyi te dirije Izrayèl pandan 28 an detan l Samari.
11 Lè Atali+, manman Ahazya, wè pitit gason l lan mouri+, li touye tout pitit wa a*+. 2 Men, Jewocheba, pitit fi wa Jeworam, sè Ahazya, te pran Jewowas+, yon pitit gason Ahazya, pou yo pa touye l ansanm ak rès pitit gason wa a. Li te kache ni li menm ni nouris li a anndan yon chanm. Yo te rive kache pitit la pou Atali pa jwenn li. Konsa, yo pa t touye l. 3 Li te rete kache ansanm ak fi a nan kay Jewova a pandan sizan, pandan Atali t ap dirije peyi a.
4 Nan setyèm ane a, Jewoyada voye chèche tout chèf gwoup ki te gen 100 gadkò espesyal ladan yo, tout chèf gwoup ki te gen 100 gad palè*+ ladan yo, epi li fè yo vin kote l nan kay Jewova a. Li fè yon kontra* avèk yo epi li fè yo fè sèman y ap respekte sa yo te dakò sou li a nan kay Jewova a, apre sa li montre yo pitit gason wa a+. 5 Epi, li ba yo lòd sa a: “Men sa nou dwe fè: Yon tyè nan nou ap ret nan pòs nou nan jou saba a e n ap byen veye kay* wa a+. 6 Yon lòt tyè ap nan Pòtay Fondasyon an, e yon lòt tyè ap nan pòtay ki pa dèyè gad palè yo. N ap veye kay la lè se tou pa nou. 7 Toude gwoup ki pa t gen pou yo sèvi nan jou saba a ap byen veye kay Jewova a pou yo ka pwoteje wa a. 8 Se pou nou antoure wa a ak zam nou nan men nou. Se pou nou touye nenpòt moun ki vle antre nan mitan nou. Se pou nou rete ak wa a tout kote l ale*.”
9 Chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo+ fè egzakteman sa Jewoyada, prèt la, ba yo lòd fè a. Yo chak pran mesye yo te genyen ki t ap sèvi nan jou saba a ansanm ak sa ki pa t ap sèvi nan jou saba a e y al jwenn Jewoyada, prèt la+. 10 Epi, prèt la bay chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo lans ak boukliye won ki te pou wa David yo, ki te nan kay Jewova a. 11 Gad palè yo+ pran pozisyon yo, yo chak te gen zam yo nan men yo, yo te kanpe depi sou bò dwat kay la rive sou bò goch li, toupre lotèl la+ ak kay la. Yo te antoure wa a. 12 Apre sa, Jewoyada soti ak pitit gason wa a+, li met kouwòn nan sou tèt li ansanm ak Lwa a*+ e yo fè l vin wa. Epi, yo vide luil sou tèt li. Apre sa, yo kòmanse bat bravo e yo t ap di: “Se pou wa a viv lontan+!”
13 Lè Atali tande moun yo k ap kouri, lapoula, l al nan kay Jewova a, kote moun yo te ye a+. 14 Lè sa a, li wè wa a ki kanpe bò kot poto a, jan sa abitye fèt la+. Chèf yo ak moun ki t ap jwe twonpèt yo+ te bò kot wa a. Tout moun yo nan peyi a te kontan e yo t ap jwe twonpèt. Lè Atali wè sa, li chire rad li sou li, epi li di byen fò: “Konplo! Konplo!” 15 Men, Jewoyada, prèt la, bay chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo+, anpalan de moun ki te chèf nan lame a, lòd, li di yo: “Retire l nan mitan nou. Si yon moun suiv li, se pou nou touye moun sa a ak kout epe.” Epi, prèt la di: “Pinga nou touye l nan kay Jewova a.” 16 Se sa k fè, yo met men sou li. Lè l rive kote cheval yo konn antre nan kay* wa a+, yo touye l la.
17 Apre sa, Jewoyada fè yon alyans ant Jewova, wa a ak moun yo nan pèp la+, kote yo pwomèt y ap kontinye demontre yo se pèp Jewova. Mete sou sa, li fè yon alyans ant wa a ak pèp la+. 18 Epi, tout moun yo nan peyi a al nan kay* Baal la, yo kraze lotèl li yo+ ak zidòl li yo+, epi yo touye Matan, prèt Baal la+, devan lotèl yo.
Apre sa, prèt la chwazi moun pou responsab kay Jewova a+. 19 Mete sou sa, li fè tout chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo+, gadkò espesyal yo, gad palè yo+ ak tout moun nan peyi a sot nan kay Jewova a avèk wa a e yo desann avè l nan kay* wa a. Yo te pase nan pòtay gad palè a. Apre sa, li chita sou twòn wa yo konn chita a+. 20 Tout moun nan pèp la te kontan anpil e vil la te trankil paske yo te touye Atali nan kay wa a ak kout epe.
21 Jewowas+ te gen setan lè l te vin wa+.
12 Nan setyèm ane rèy Jeyi+, Jewowas+ te vin wa e li te dirije pandan 40 an detan l Jerizalèm. Manman l te rele Zibya e se te moun Beyècheba+. 2 Jewowas te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova pandan tout tan Jewoyada, prèt la, t ap ba l enstriksyon. 3 Men, li pa t retire kote ki wo yo te konn fè adorasyon yo+ e moun yo te kontinye fè sakrifis kote sa yo, yo te kontinye fè lafimen sakrifis yo monte pou dye yo t ap sèvi yo.
4 Jewowas di prèt yo: “Pran tout lajan yo pote nan kay Jewova a pou ofrann sakre yo+, taks chak moun dwe peye a+, lajan yo fikse davans yo te bay pou yon moun nan ak tout lajan kè moun yo pouse yo pote nan kay Jewova a+. 5 Se prèt yo k ap pran lajan sa a nan men moun yo e y ap sèvi avè l pou yo repare kay la, pou yo repare kèlkeswa kote ki bezwen repare a*+.”
6 Nan 23yèm ane rèy Jewowas, prèt yo potko repare kay la toujou+. 7 Se sa k fè wa Jewowas te rele Jewoyada+, prèt la, ansanm ak lòt prèt yo e li di yo: “Poukisa nou pa repare kay la? Kòm nou pa repare kay la, pinga nou pran lajan nan men moun yo ankò, sof si se pou nou repare kay la+.” 8 Lè prèt yo tande sa, yo dakò pou yo pa pran lajan ankò e pou yo pa responsab reparasyon kay la.
9 Jewoyada, prèt la, pran yon bwat+, li fè yon twou nan tèt bwat la e li mete l akote lotèl la, sou bò dwat lè y ap antre nan kay Jewova a. Se la prèt ki t ap veye pòt yo te konn mete tout lajan moun yo te pote nan kay Jewova a+. 10 Lè yo te wè gen anpil lajan nan bwat la, sekretè wa a ansanm ak gran prèt la te konn vin pran lajan an*, lajan yo te pote nan kay Jewova a+, epi yo konte l. 11 Yo te konn bay moun ki te responsab travay ki t ap fèt nan kay Jewova a lajan yo te konte a. Moun yo ki te responsab travay la te konn peye bòs chapant yo, lòt bòs ki t ap travay nan kay Jewova a+, 12 bòs mason yo ansanm ak moun ki t ap taye wòch yo. Yo te achte bwa ak wòch taye pou reparasyon ki te bezwen fèt nan kay Jewova a. Yo te konn itilize lajan an pou tout lòt depans ki te gen pou fèt nan reparasyon kay la.
13 Men, yo pa t sèvi ak lajan yo te pote nan kay Jewova a pou yo fè kivèt ann ajan yo, zouti pou etenn mèch lanp yo, bòl yo, twonpèt yo+, oubyen kèlkeswa lòt bagay ki fèt annò oswa ann ajan pou kay Jewova a+. 14 Se moun ki t ap fè travay yo sèlman yo te konn bay lajan sa a. Se ak lajan sa a yo te repare kay Jewova a. 15 Yo pa t konn fè regleman ak moun yo te konn remèt lajan sa a pou yo bay travayè yo, paske, se te yon seri moun yo te ka fè konfyans+. 16 Men, lajan moun yo te konn bay pou sakrifis ki montre yo koupab yo+ ak lajan yo te konn bay pou ofrann pou peche yo, yo pa t konn pote yo nan kay Jewova a. Se pou prèt yo lajan sa yo te ye+.
17 Se lè sa a Azayèl+, wa Siri a, te monte al batay ak moun Gat yo+ e l te pran vil la. Apre sa, li te deside atake* Jerizalèm+. 18 Lè sa a, Jewowas, wa Jida a, pran tout ofrann sakre wa Jozafa, wa Jeworam ak wa Ahazya, zansèt li yo, te met apa pou Bondye yo, ofrann sakre pa l yo, tout lò ki te nan trezò ki nan kay Jewova a, lò ki te nan kay* wa a, e li voye yo bay Azayèl, wa Siri a+. Konsa, Azayèl ale, li kite Jerizalèm.
19 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jewowas yo, tout sa l te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk istwa wa Jida yo? 20 Men, sèvitè Jewowas yo te fè yon konplo sou do l+ e yo te touye l nan kay Milo a+, sou wout ki desann Sila a. 21 Moun ki te touye l yo se te sèvitè l: Jozaka, pitit gason Chimeyat, ak Jozabad, pitit gason Chomè+. Yo te antere l bò kot zansèt li yo, nan Vil David la. Apre sa, Amatsya, pitit gason l, vin wa nan plas li+.
13 Nan 23yèm ane rèy Jewowas+, pitit gason Ahazya+, wa Jida a, Jewoyakaz, pitit gason Jeyi+, te vin wa sou Izrayèl nan Samari, e li te dirije pandan 17 an. 2 Li pa t sispann fè sa ki mal nan je Jewova, e li te kontinye fè menm peche Jewobowam, pitit gason Nebat la, te fè pèp Izrayèl fè a+. Li pa t sispann pratike peche sa a. 3 Sa te fè Jewova an kòlè+ anpil kont Izrayèl+. Konsa, li te lage yo anba men Azayèl, wa Siri a+, epi anba men Bennadad+, pitit gason Azayèl, pandan tout epòk yo t ap dirije a.
4 Rive yon lè, Jewoyakaz sipliye Jewova pou l fè l favè e Jewova koute l, paske li te wè jan wa Siri a t ap toupizi Izrayèl+. 5 Jewova te bay Izrayèl yon sovè+ pou libere l anba men moun Siri yo. Konsa, Izrayelit yo te ka viv lakay yo jan yo te konn fè sa anvan an*. 6 (Men, yo te kontinye fè menm peche fanmi Jewobowam yo te konn fè a, peche li te fè Izrayèl fè a+. Yo pa t sispann pratike peche sa a*. Poto sakre ki fèt an bwa a*+ te toujou la nan Samari.) 7 Jewoyakaz te rete ak yon lame ki te gen sèlman 50 sòlda sou cheval, 10 charyo ak 10 000 sòlda apye, paske wa Siri a te detwi tout lòt yo+. Li te pilonnen yo tankou pousyè yo pilonnen lè y ap bat grenn+.
8 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jewoyakaz yo, tout sa l te fè yo, tout gwo aksyon l te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo? 9 Apre sa, Jewoyakaz, al repoze bò kot zansèt li yo. Yo antere l Samari+, e Jewowas, pitit gason l, vin wa nan plas li.
10 Nan 37yèm ane rèy Jewowas, wa Jida a, Jewowas+, pitit gason Jewoyakaz, te vin wa ann Izrayèl nan Samari e li te dirije pandan 16 an. 11 Li pa t sispann fè sa ki mal nan je Jewova. Li te kontinye fè* menm peche Jewobowam, pitit gason Nebat la, te fè Izrayèl fè yo+. Li pa t sispann pratike peche sa yo.
12 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jewowas yo, tout sa l te fè, tout gwo aksyon l te fè yo ak fason li te goumen ak Amatsya, wa Jida a+, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo? 13 Apre sa, Jewowas al repoze bò kot zansèt li yo e Jewobowam*+ chita sou twòn nan nan plas li. Yo te antere Jewowas Samari, menm kote ak lòt wa Izrayèl yo+.
14 Elize+ te vin malad e se maladi sa a ki t apral touye l. Jewowas, wa Izrayèl la, te vin kote l e li t ap kriye pou li. Li te di l: “Papa, papa, nou bezwen cha Izrayèl la ak kavalye Izrayèl yo*+!” 15 Lè sa a, Elize di l: “Pran yon banza* avèk kèk flèch.” Vrèmanvre, li pran yon banza avèk kèk flèch. 16 Elize di wa Izrayèl la: “Pran banza a kenbe nan men w.” Li pran banza a kenbe nan men l vre, epi, Elize mete men l sou men wa a. 17 Apre sa, li di l: “Ouvri fenèt ki bay nan direksyon lès la.” Vrèmanvre, li ouvri fenèt la. Elize di l: “Tire!” Li tire flèch la. Elize di l: “Sa a se flèch viktwa* Jewova bay la, flèch laviktwa sou* peyi Siri a. W ap gen pou w bat moun Siri yo nan vil Afèk+ jiskaske w fini avèk yo nèt.”
18 Apre sa, Elize di l: “Pran flèch yo.” Li pran flèch yo. Epi, Elize di wa Izrayèl la: “Frape yo atè a.” Li frape flèch yo atè a twa fwa epi li sispann. 19 Sa te fè Elize, sèvitè vrè Dye a, fache anpil kont wa a. Li di l: “Ou te dwe frape flèch yo atè a senk fwa oswa sis fwa, lè sa a ou t ap ka bat moun Siri yo jiskaske w fini avèk yo nèt. Men, kounye a se sèlman twa fwa w ap rive bat moun Siri yo+.”
20 Apre sa, Elize mouri e yo antere l. Chak ane, nan kòmansman ane a*, yon seri moun Mowab te konn vin vòlè+ nan peyi a. 21 Yon lè, pandan kèk moun t ap antere yon mesye, yo wè bann vòlè ki abitye vin vòlè nan peyi a. Menm kote a, yo voye kadav mesye a nan tonm Elize a epi yo kouri ale. Lè kadav mesye a kole ak zosman Elize, mesye a retounen vivan+ e li leve kanpe.
22 Azayèl, wa Siri a+, te toupizi pèp Izrayèl la+ pandan tout tan Jewoyakaz te fè ap dirije a. 23 Men, Jewova te kontinye fè Izrayèl favè. Li te kontinye demontre mizèrikòd pou yo+ e li te demontre li gen sousi pou yo akoz alyans li te fè ak Abraram+, Izarak+ ak Jakòb+ la. Li pa t vle fin elimine yo nèt e rive jis jodi a, li pa rejte yo. 24 Lè Azayèl, wa Siri a, mouri, Bennadad, pitit gason l lan, te vin wa nan plas li. 25 Annapre, Jewowas, pitit gason Jewoyakaz la, te repran vil Bennadad, pitit gason Azayèl la, te pran lè l t ap fè lagè ak Jewoyakaz, papa Jewowas. Jewowas te bat Bennadad pandan twa fwa+, e li te repran tout vil Izrayèl ki te nan men Bennadad yo.
14 Nan dezyèm ane rèy Jewowas+, pitit gason Jewoyakaz, wa Izrayèl, Amatsya, pitit gason Jewowas, wa Jida a, te vin wa. 2 Amatsya te gen 25 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 29 an detan l Jerizalèm. Manman l te rele Jewoyadin e se te moun Jerizalèm+. 3 Amatsya te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova, men pa tankou David+, ki te zansèt li. Li te fè tout bagay menm jan ak Jewowas, papa l+. 4 Men, li pa t retire kote ki wo yo te konn fè adorasyon yo+ e moun yo te kontinye fè sakrifis kote sa yo, yo te kontinye fè lafimen sakrifis yo monte pou dye yo t ap sèvi yo+. 5 Kou wayòm nan fin byen chita nan men l, li touye sèvitè l te genyen ki te touye papa l lè papa l te wa a+. 6 Men, li pa t touye pitit moun ki te touye papa l yo akoz kòmandman Jewova ki ekri nan liv Lalwa Moyiz la ki di: “Nou pa dwe touye yon papa pou sa pitit gason l fè, e nou pa dwe touye yon pitit gason pou sa papa l fè. Nou dwe touye yon moun pou peche li menm li fè+.” 7 Li te kraze moun Edòm yo+ nan Vale Sèl+. Li te touye 10 000 gason e li te pran vil Sela nan lagè+. Yo te vin rele Sela Jokteyèl, e se konsa vil sa a rele jis jodi a.
8 Apre sa, Amatsya voye moun pote mesaj pou Jewowas, pitit gason Jewoyakaz, ki li menm se pitit gason Jeyi, wa Izrayèl la, e li di l: “Vini non! Ann batay*+!” 9 Lè sa a, Jewowas, wa Izrayèl la, voye mesaj bay Amatsya, wa Jida a, li di l: “Move zèb ki gen pikan ki Liban an voye mesaj bay pye sèd ki Liban an, li di l: ‘Bay pitit gason m nan pitit fi w la kòm madanm.’ Men, gen yon bèt sovaj nan zòn Liban an ki pase epi li pile move zèb ki gen pikan an. 10 Se vre, ou te kraze moun peyi Edòm+, e sa fè w vin gen ògèy nan kè w. Ou mèt rejwi poutèt viktwa sa a, men, pito w rete lakay* ou. Poukisa pou w ta lakòz malè tonbe sou ou e pou malè tonbe sou Jida tou?” 11 Men, Amatsya pa t koute l+.
Se sa k fè, Jewowas, wa Izrayèl la, te monte al batay ak Amatsya, wa Jida a, Bètchemèch+, nan tèritwa Jida+. 12 Izrayèl te pot laviktwa sou Jida, e sòlda Jida yo te sove al lakay* yo. 13 Jewowas, wa Izrayèl la, te pran Amatsya, wa Jida a, pitit gason Jewowas la, ki li menm te pitit gason Ahazya, nan Bètchemèch. Apre sa, li mennen l Jerizalèm. Li te kraze yon pati nan miray Jerizalèm nan soti nan Pòtay Efrayim+ nan rive nan Pòtay Kwen an+, yon distans 400 koude*. 14 Li te pran tout lò, ajan ak lòt bagay li te jwenn nan kay Jewova a ansanm ak tout sa l te jwenn nan trezò ki nan kay* wa a e li te pran yon pakèt prizonye. Apre sa, li tounen Samari.
15 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jewowas yo, gwo aksyon li te fè yo, lòt bagay li te fè yo, fason li te fè lagè ak Amatsya, wa Jida a, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo? 16 Apre sa, Jewowas al repoze bò kot zansèt li yo, yo antere l Samari+ ansanm ak wa Izrayèl yo, e Jewobowam*, pitit gason l+, te vin wa nan plas li.
17 Amatsya+, pitit gason Jewowas, wa Jida a, te viv 15 an apre lanmò Jewowas+, pitit gason Jewoyakaz, wa Izrayèl la+. 18 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Amatsya yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo? 19 Yo te fè yon konplo sou do l+ nan Jerizalèm. Li te sove al Lakis, men yo te voye moun dèyè l Lakis, e se la yo te touye l. 20 Apre sa, yo pote l tounen sou cheval e yo antere l Jerizalèm bò kot zansèt li yo, nan Vil David la+. 21 Apre sa, tout moun Jida yo pran Azarya*+ e yo mete l wa nan plas Amatsya, papa l+. Li te gen 16 an lè sa a+. 22 Li te rebati Elat+ e li te fè l vin pou Jida ankò apre wa a* t al repoze bò kot zansèt li yo+.
23 Nan 15yèm ane rèy Amatsya, pitit gason Jewowas, wa Jida a, Jewobowam+, pitit gason Jewowas, wa Izrayèl la, te vin wa nan Samari. Li te dirije pandan 41 an. 24 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova. Li pa t sispann fè peche Jewobowam, pitit gason Nebat la, te fè Izrayèl fè yo+. 25 Li te remete fwontyè ki soti Lebowamat*+ rive nan Lanmè Araba a*+ nan plas li ann Izrayèl, jan Jewova, Bondye Izrayèl la, te di sa pa mwayen sèvitè l Jonas+, pitit gason Amitayi, yon pwofèt ki te moun Gatefè+. 26 Jewova te wè tray Izrayèl+. Pa t gen pèsonn ki te rete pou ede moun Izrayèl yo, menm moun ki pa gen moun pou ede yo oswa malere yo. 27 Men, Jewova te pwomèt li pa t ap efase non Izrayèl sou tè a+. Se sa k fè li te sove yo pa mwayen Jewobowam, pitit gason Jewowas la+.
28 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jewobowam yo, tout sa l te fè yo, gwo aksyon li te fè yo, gè li te fè yo ak fason li te fè Damas+ ak Amat+ vin pou Jida ann Izrayèl ankò, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo? 29 Apre sa, Jewobowam al repoze bò kot zansèt li yo, bò kot wa Izrayèl yo, e Zakari, pitit gason l+, te vin wa nan plas li.
15 Nan 27yèm ane rèy Jewobowam*, wa Izrayèl la, Azarya*+, pitit gason Amatsya+, wa Jida a, te vin wa+. 2 Li te gen 16 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 52 an detan l Jerizalèm. Manman l te rele Jekolya e se te moun Jerizalèm. 3 Li te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova, menm jan ak Amatsya, papa l+. 4 Men, li pa t retire kote ki wo yo te konn fè adorasyon yo+ e moun yo te kontinye fè sakrifis kote sa yo, yo te kontinye fè lafimen sakrifis yo monte pou dye yo t ap sèvi yo+. 5 Jewova te frape wa a, wa a te vin gen lèp+ e li te rete ak maladi lèp la jis li mouri. Li te rete nan yon kay apa poukont li+ e se Jotam, pitit gason l+, ki te responsab kay la* e ki t ap sèvi kòm jij pou pèp la nan peyi a+. 6 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Azarya yo+, tout sa l te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo? 7 Apre sa, Azarya t al repoze bò kot zansèt li yo+, yo te antere l bò kot zansèt li yo, nan Vil David la, e Jotam, pitit gason l, te vin wa nan plas li.
8 Nan 38yèm ane rèy Azarya, wa Jida a+, Zakari+, pitit gason Jewobowam, te vin wa ann Izrayèl nan Samari. Li te dirije pandan sis mwa. 9 Li te konn fè sa ki mal nan je Jewova menm jan ak zansèt li yo. Li te kontinye fè peche Jewobowam, pitit gason Nebat la, te fè Izrayèl fè yo+. 10 Chaloum, pitit gason Jabès, te fè konplo sou do l e li te touye l+ Ibleyam+. Apre sa, li te vin wa nan plas li. 11 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Zakari yo, yo te ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo. 12 Sa te fèt pou Jewova te ka reyalize sa l te di Jeyi a: “W ap gen pitit gason w k ap chita sou twòn Izrayèl la+ pandan kat jenerasyon+.” Se sa k te rive vre.
13 Chaloum, pitit gason Jabès la, te vin wa ann Izrayèl nan 39yèm ane rèy Ozyas+, wa Jida a. Li te wa pandan tout yon mwa nan Samari. 14 Rive yon lè, Menayèm, pitit gason Gadi, te sot Titsa+ e li te monte Samari. Li touye Chaloum+, pitit gason Jabès la, Samari. Apre l fin touye l, li vin wa nan plas li. 15 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Chaloum yo, konplo l te fè a, yo te ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo. 16 Se nan epòk sa a Menayèm te sot Titsa pou l al atake Tifsa. Li te touye tout moun ki te nan vil sa a ansanm ak tout moun ki te nan zòn ki antoure l yo paske moun yo nan vil la pa t vle ouvri pòtay vil yo pou li. Li te atake vil la e li te fann vant medam ki te ansent yo.
17 Nan 39yèm ane rèy Azarya, wa Jida a, Menayèm, pitit gason Gadi a, te vin wa ann Izrayèl. Li te dirije pandan dizan detan l Samari. 18 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova. Pandan tout vi l, li pa t sispann fè peche Jewobowam, pitit gason Nebat la, te fè Izrayèl fè yo+. 19 Poul, wa Asiri a+, te vin nan peyi a e Menayèm te ba l 1 000 talan* ajan pou l te kapab ede Menayèm ranfòse pouvwa l antanke wa+. 20 Menayèm te ranmase ajan an nan men moun Izrayèl yo. Li te pran l nan men mesye ki te gen gwo renome e ki te rich yo+. Li te pran 50 chekèl* ajan nan men yo chak pou l bay wa Asiri a. Apre sa, wa Asiri a kite peyi a, l ale. 21 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Menayèm yo+, tout bagay li te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo? 22 Apre sa, Menayèm t al repoze bò kot zansèt li yo e Pekaya, pitit gason l, te vin wa nan plas li.
23 Nan 50yèm ane rèy Azarya, wa Jida a, Pekaya, pitit gason Menayèm, te vin wa sou Izrayèl nan Samari. Li te dirije pandan dezan. 24 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova. Li pa t sispann fè menm peche Jewobowam, pitit gason Nebat la, te fè Izrayèl fè yo+. 25 Peka+, pitit gason Remalya, yon sòlda ki t ap sèvi Pekaya, te fè konplo sou do l e li te touye l nan Samari ansanm ak Agòb ak Arye, nan pati ki tankou yon fòtrès nan kay* wa a. Li te gen 50 mesye ki te moun Galaad ansanm avè l. Apre l fin touye Pekaya, li vin wa nan plas li. 26 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Pekaya yo, tout sa l te fè yo, yo te ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo.
27 Nan 52yèm ane rèy Azarya, wa Jida a, Peka+, pitit gason Remalya, te vin wa ann Izrayèl nan Samari. Li te dirije pandan 20 an. 28 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova e li pa t sispann fè peche Jewobowam, pitit gason Nebat la, te fè Izrayèl fè yo+. 29 Nan epòk Peka, wa Izrayèl la, t ap dirije a, Tiglatpilesè, wa Asiri a+, te atake Ijon, Abèlbètmaka+, Janowa, Kedès+, Azò, Galaad+, Galile ak tout tèritwa Neftali a+ e li pran yo. Li te mennen moun ki t ap viv kote sa yo ann egzil nan peyi Asiri+. 30 Apre sa, Oze+, pitit gason Ela, fè konplo sou do Peka, pitit gason Remalya a. Li touye l epi li vin wa nan plas li nan 20yèm ane rèy Jotam+, pitit gason Ozyas la. 31 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Peka yo, tout sa l te fè yo, yo te ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo.
32 Nan dezyèm ane rèy Peka, pitit gason Remalya, wa Izrayèl la, Jotam+, pitit gason Ozyas+, wa Jida a, te vin wa. 33 Li te gen 25 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 16 an detan l Jerizalèm. Manman l te rele Jewoucha e se te pitit fi Zadòk+. 34 Jotam te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova, menm jan ak Ozyas, papa l+. 35 Men, li pa t retire kote ki wo yo te konn fè adorasyon yo, e moun yo te kontinye ofri sakrifis epi boule lansan kote sa yo+. Se li menm ki te bati pòtay ki pi wo a ki nan kay Jewova a+. 36 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jotam yo, sa l te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo? 37 Nan epòk sa a, Jewova te kòmanse fè Rezin, wa Siri a, ak Peka+, pitit gason Remalya a, atake Jida+. 38 Apre sa, Jotam t al repoze bò kot zansèt li yo, yo te antere l bò kot zansèt li yo, nan Vil David, zansèt li, e Ahaz, pitit gason l, te vin wa nan plas li.
16 Nan 17yèm ane rèy Peka, pitit gason Remalya a, Ahaz+, pitit gason Jotam, wa Jida a, te vin wa. 2 Ahaz te gen 20 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 16 an detan l Jerizalèm. Li pa t fè sa ki dwat nan je Jewova, Bondye l la, jan David, zansèt li a, te fè sa a+. 3 Olye de sa, li te suiv menm chemen ak wa Izrayèl yo+ e li te menm boule* pwòp pitit gason l nan dife+. Li te konn fè menm vye bagay nasyon+ Jewova te chase devan Izrayelit yo te konn pratike yo. 4 Mete sou sa, li te kontinye fè sakrifis e li te kontinye boule lansan kote ki wo yo konn fè adorasyon yo+, sou tèt mòn yo ak anba tout gwo pyebwa+.
5 Se nan epòk sa a, Rezin, wa peyi Siri, ansanm ak Peka, wa peyi Izrayèl, pitit gason Remalya a, te monte vin fè lagè ak moun Jerizalèm yo+. Yo te ansèkle vil la, kote Ahaz te ye a, men yo pa t rive pran l. 6 Nan epòk sa a tou, Rezin, wa Siri a, te remèt Edòm vil Elat+. Li te mete Juif* yo deyò nan Elat e moun Edòm yo te rantre ladan l. Jis jodi a Elat nan men yo. 7 Se sa k fè, Ahaz te voye moun al di Tiglatpilesè+, wa Asiri a: “Mwen se sèvitè w e mwen se pitit gason w. Monte vin sove m anba men wa Siri a ak wa Izrayèl la ki vin atake m.” 8 Apre sa, Ahaz pran ajan ak lò ki nan kay Jewova a e ki nan trezò ki nan kay* wa a, li voye yo bay wa Asiri a pou l achte wa a+. 9 Wa Asiri a fè sa l te mande l la. Li monte al Damas, li pran Damas epi li mennen moun ki t ap viv la yo ann egzil nan Ki+. Epi, li touye Rezin+.
10 Annapre, wa Ahaz al rankontre Tiglatpilesè, wa Asiri a, nan vil Damas. Lè wa Ahaz wè lotèl ki Damas la, li voye plan ki montre ki jan lotèl la fèt la bay Ouriya, prèt la+. 11 Apre sa, Ouriya+, prèt la, bati yon lotèl+ selon plan wa Ahaz te voye ba li detan l Damas la. Ouriya, prèt la, te fin konstwi lotèl la anvan wa Ahaz tounen sot Damas. 12 Lè wa a tounen sot Damas e li wè lotèl la, li pwoche bò kote l e li fè ofrann sou li+. 13 Li te kontinye ofri sakrifis li boule nèt ak ofrann manje angren sou lotèl sa a. Mete sou sa, li te fè ofrann bwason sou li e li te wouze l ak san sakrifis kominyon* l yo. 14 Apre sa, li retire lotèl an kuiv+ ki te devan Jewova a kote l te ye devan kay la, ant lotèl pa l la ak kay Jewova a, e li mete l bò lotèl pa l la sou bò nò. 15 Apre sa, wa Ahaz bay Ouriya+, prèt la, lòd sa a: “Se pou w ofri sakrifis yo boule nèt nan maten an sou gwo lotèl la+, e se sou li pou w ofri manje angren yo ofri nan aswè a+, sakrifis wa a ap boule nèt yo ansanm ak manje angren l ap ofri yo, sakrifis pèp la ap boule nèt yo, manje angren y ap ofri yo ansanm ak ofrann bwason y ap fè yo. Se pou w wouze lotèl sa a tou ak san sakrifis y ap boule nèt yo e ak san lòt sakrifis yo. Kanta pou lotèl an kuiv la, m ap reflechi sou sa pou m fè avè l.” 16 Ouriya, prèt la, te fè tout sa wa Ahaz te ba l lòd fè yo+.
17 Mete sou sa, wa Ahaz te koupe plak an kuiv ki sou kote charyo yo+ fè ti moso, li retire basen yo sou charyo yo+, li retire gwo basen an sou towo bèf an kuiv yo+ e li mete l yon kote ki te pave ak wòch+. 18 Li te retire kote ki kouvri yo te bati pou jou saba a ansanm ak pasaj wa a nan kay Jewova a. Li te fè sa poutèt wa Asiri a.
19 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak wa Ahaz yo, sa l te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo+? 20 Apre sa, Ahaz t al repoze bò kot zansèt li yo, yo te antere l bò kot zansèt li yo, nan Vil David la, e Ezekyas*+, pitit gason l, te vin wa nan plas li.
17 Nan 12yèm ane rèy Ahaz, wa Jida a, Oze+, pitit gason Ela, te vin wa ann Izrayèl. Li te dirije pandan nevan detan l Samari. 2 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova, men pa nan nivo lòt moun ki te wa ann Izrayèl anvan l yo. 3 Salmanaza, wa Asiri a, te atake Oze+. Se sa k fè Oze te vin anba dominasyon l e li te vin ap peye l taks+. 4 Men, wa Asiri a te aprann Oze te nan yon konplo ki t ap fèt sou do l paske Oze te voye moun bò kote So, wa Ejip la+, e li pa t pote taks li te konn pote bay wa Asiri a jan l te fè sa ane anvan yo. Se sa k fè wa Asiri a te mete l nan prizon e li te fè mare l.
5 Wa Asiri a te anvayi tout peyi a. Li te vini Samari e li ansèkle l pandan twazan. 6 Nan nevyèm ane rèy Oze a, wa Asiri a te pran Samari+. Apre sa, li mennen moun Izrayèl yo ann egzil+ nan peyi Asiri e li fè yo rete Ala ak Abò, toupre Rivyè Gozan+, ak nan vil moun Medi yo+.
7 Sa te rive moun Izrayèl yo paske yo te peche kont Jewova, Bondye yo a, ki te fè yo soti nan peyi Ejip anba men Farawon, wa Ejip la+. Yo te adore* lòt dye+, 8 yo te suiv koutim nasyon Jewova te retire devan Izrayelit yo e yo te suiv koutim wa Izrayèl yo te genyen yo.
9 Izrayelit yo t ap pratike sa ki mal nan je Jewova, Bondye yo a. Yo te kontinye ap bati kote ki wo pou moun fè adorasyon nan tout vil yo+, soti nan kote moun yo konn fè pòs yo rive nan vil ki byen pwoteje yo*. 10 Yo te kontinye fè poto sakre ki fèt an wòch ak poto sakre ki fèt an bwa*+ sou tout mòn ki te wo e anba tout gwo pyebwa+. 11 Yo te konn boule sakrifis tout kote ki wo pou moun fè adorasyon yo menm jan ak tout nasyon Jewova te retire devan yo+. Yo te kontinye fè sa ki mal pou yo fè Jewova fache.
12 Yo te kontinye sèvi yon seri zidòl ki bay degoutans*+, alòske Jewova te di yo: “Nou pa dwe fè sa+!” 13 Jewova te kontinye sèvi ak pwofèt li yo ak moun ki te konn fè vizyon yo pou l avèti Izrayèl ak Jida+. Li te konn di yo: “Sispann fè move bagay n ap fè yo+! Se pou nou suiv kòmandman m yo ak lòd mwen yo ki fè pati tout lwa mwen te bay zansèt nou yo e m te fè nou konnen grasa sèvitè m yo, pwofèt yo.” 14 Men, yo pa t koute. Yo te kontinye fè tèt di menm jan ak* zansèt yo ki pa t montre yo gen lafwa nan Jewova, Bondye yo a+. 15 Yo te kontinye refize respekte lòd li yo, alyans+ li te fè ak zansèt yo a ansanm ak rapèl li te ba yo pou l avèti yo+ e yo te kontinye adore zidòl yo, ki san valè+. Konsa, yo menm tou yo te vin san valè+, paske yo t ap imite nasyon ki te ozalantou yo, alòske Jewova te ba yo lòd pou yo pa fè menm jan ak nasyon sa yo+.
16 Yo te kontinye pa obeyi kòmandman Jewova, Bondye yo a. Yo te fè estati de ti bèf an metal*+ ak yon poto sakre an bwa*+. Yo te pwostène devan tout bagay ki nan syèl la+ e yo te sèvi Baal+. 17 Mete sou sa, yo te boule* pitit gason yo ak pitit fi yo nan dife+, yo t ap fè divinò+ e yo t ap chèche siy. Yo te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova pou yo te ka fè l fache.
18 Se sa k fè Jewova te an kòlè anpil kont Izrayèl e li te retire yo devan l+. Li pa t pèmèt okenn nan tribi yo rete, sof tribi Jida a.
19 Menm Jida pa t obeyi kòmandman Jewova, Bondye yo a+, te bay yo. Yo te kontinye suiv koutim Izrayèl te konn suiv yo+. 20 Jewova te rejte tout desandan Izrayèl yo, li te imilye yo e li te lage yo nan men moun ki te dechèpiye yo, jiskaske li te retire yo devan l. 21 Li te separe Izrayèl ak desandan David yo e yo te mete Jewobowam, pitit gason Nebat la, wa+. Men, Jewobowam te fè Izrayèl sispann suiv Jewova e li te fè yo fè yon peche ki grav. 22 Moun Izrayèl yo te kontinye fè peche Jewobowam te fè yo+. Yo pa t sispann fè peche sa yo 23 jis Jewova te retire Izrayèl devan l, jan l te fè konn sa pa mwayen sèvitè l yo, pwofèt yo+. Se konsa yo te pran moun Izrayèl yo nan peyi yo e yo te mennen yo ann egzil nan peyi Asiri+, e se la yo ye jis jodi a.
24 Annapre, wa Asiri a te pran moun nan Babilòn, nan Kout, nan Ava, nan Amat, nan Sefavayim+, e li mennen yo al rete nan vil Samari yo nan plas Izrayelit yo. Vrèmanvre, yo te pran Samari e yo te rete nan vil yo. 25 Lè yo te fèk kòmanse viv nan Samari, yo pa t gen okenn lakrentif pou* Jewova. Se sa k fè Jewova te voye lyon nan mitan yo+, e lyon yo te touye kèk nan yo. 26 Yo te di wa Asiri a: “Nasyon w voye ann egzil ki rete nan vil Samari yo pa konn relijyon* Dye peyi a. Li kontinye ap voye lyon nan mitan yo e lyon yo kontinye ap touye yo paske pa gen youn nan yo ki konn relijyon Dye peyi a.”
27 Lè wa Asiri a tande sa, men ki lòd li bay: “Fè youn nan prèt Samari nou te voye ann egzil yo tounen al viv Samari pou l ka anseye moun yo relijyon Dye peyi a.” 28 Vrèmanvre, youn nan prèt ki te Samari ki t al ann egzil yo te tounen vin abite Betèl+ e li te kòmanse aprann moun yo jan yo dwe gen lakrentif pou* Jewova+.
29 Men, chak nasyon te fè dye pa yo e yo te mete yo nan kay moun Samari yo te bati pou yo fè adorasyon kote ki wo yo. Chak nasyon te fè dye pa yo nan vil kote yo te rete yo. 30 Moun Babilòn yo te fè Soukòtbenòt, moun Kout yo te fè Negal, moun Amat yo+ te fè Asima 31 e moun vil Ava yo te fè Nibaz ak Tatak. Moun Sefavayim yo te konn boule pitit gason yo nan dife pou Adramelèk ak Anamelèk, dye yo te konn adore nan Sefavayim yo+. 32 Malgre yo te gen lakrentif pou Jewova, yo te pran moun pami pèp la, yo mete yo prèt nan kote ki wo yo te konn fè adorasyon yo e prèt sa yo t ap sèvi nan kay moun yo te konn fè adorasyon nan kote ki wo yo+. 33 Yo te gen lakrentif pou Jewova, men yo t ap adore dye pa yo dapre relijyon* nasyon kote yo te soti yo+.
34 Jis jodi a, yo kontinye ap suiv relijyon* yo te ladan l yo. Pa gen youn nan yo ki adore* Jewova e ki obeyi lòd li yo, desizyon l pran yo, Lwa ak kòmandman Jewova te bay desandan Jakòb yo. Bondye te chanje non Jakòb, li te vin rele l Izrayèl+. 35 Lè Jewova te fè alyans avèk yo a+, li te ba yo lòd sa a: “Nou pa dwe gen lakrentif pou lòt dye, nou pa dwe pwostène devan yo, nou pa dwe sèvi yo ni nou pa dwe fè sakrifis pou yo+. 36 Se pou Jewova nou dwe gen lakrentif+, se devan l nou dwe pwostène e se pou li nou dwe fè sakrifis. Se li menm ki te fè nou sot nan peyi Ejip grasa kokenn pisans li, grasa fòs ponyèt li+. 37 Se lòd li bay yo, Lwa l yo, ak kòmandman li te ekri pou nou yo+ nou bezwen toujou byen suiv. Nou pa dwe gen lakrentif pou lòt dye. 38 Nou pa dwe bliye alyans mwen te fè avèk nou an+, e nou pa dwe gen lakrentif pou lòt dye. 39 Se pou Jewova, Bondye nou an, nou dwe gen lakrentif, paske se li menm k ap sove nou anba men tout ènmi nou yo.”
40 Men, yo pa t obeyi, e yo te kontinye suiv relijyon* yo te ladan l yo+. 41 Konsa, nasyon sa yo te vin gen lakrentif pou Jewova+, men yo te konn sèvi zidòl yo te genyen yo. Jis jodi a, ni pitit gason yo ni pitit pitit gason yo kontinye fè menm jan ak zansèt yo.
18 Nan twazyèm ane rèy Oze+, pitit gason Ela, wa Izrayèl la, Ezekyas+, pitit gason Ahaz, wa Jida a+, te vin wa. 2 Li te gen 25 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 29 an detan l Jerizalèm. Manman l te rele Abi* e se te pitit fi Zakari+. 3 Ezekyas te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova+, menm jan ak David, zansèt li a+. 4 Se li menm ki te retire kote ki wo moun yo te konn fè adorasyon yo+, ki te kraze poto sakre ki fèt an wòch yo e ki te koupe poto sakre ki fèt an bwa yo*+. Se li menm ki te kraze sèpan an kuiv Moyiz te fè a tou+, paske menm nan epòk li a, moun Izrayèl yo te konn boule sakrifis pou sèpan sa a e yo te konn rele l zidòl an kuiv ki gen fòm sèpan an*. 5 Ezekyas te gen konfyans nan Jewova+, Bondye Izrayèl la. Pa t gen pèsonn tankou l pami tout moun ki te wa nan Jida yo, ni anvan l, ni apre l. 6 Li te fidèl ak Jewova+. Li pa t sispann suiv li, li te kontinye obeyi kòmandman Jewova te bay Moyiz yo. 7 Jewova te avèk li. Li te konn aji avèk sajès kèlkeswa kote l ale. Li te rebele kont wa Asiri a e li te refize sèvi l+. 8 Li te pot laviktwa sou moun Filisti yo+ rive jis Gaza ak zòn ki ozalantou Gaza yo, soti nan kote moun yo te konn fè pòs yo rive nan vil ki byen pwoteje yo*.
9 Nan katriyèm ane rèy Ezekyas la, sa vle di nan setyèm ane rèy Oze+, pitit gason Ela, wa Izrayèl la, Salmanaza, wa Asiri a, te vin atake Samari e li te kòmanse ansèkle l+. 10 Yo te pran Samari+ nan fen twazyèm ane a, nan sizyèm ane rèy Ezekyas, sa vle di nan nevyèm ane rèy Oze, wa Izrayèl. 11 Apre sa, wa Asiri a mennen moun Izrayèl yo ann egzil+ nan peyi Asiri e li fè yo rete Ala ak Abò, toupre Rivyè Gozan, ak nan vil moun Medi yo+. 12 Sa te rive paske yo pa t koute sa Jewova, Bondye yo a, te di yo, men yo te kontinye montre yo pa gen respè pou alyans li an e pou tout kòmandman Moyiz, sèvitè Jewova a, te bay yo+. Yo pa t koute ni yo pa t obeyi.
13 Nan 14yèm ane rèy Ezekyas, Senakerib, wa Asiri a+, te vin atake tout vil nan Jida ki te byen pwoteje yo e li te pran yo+. 14 Ezekyas, wa Jida a, te voye mesaj bay wa Asiri a Lakis, li te di l: “Se mwen ki koupab. Si w al fè wout ou, m ap ba w tout sa w mande m.” Se konsa wa Asiri a te mande wa Ezekyas ba li 300 talan* ajan ak 30 talan lò. 15 Se sa k fè Ezekyas te bay tout ajan li te ka jwenn nan kay Jewova a ak nan trezò ki nan kay* wa a+. 16 Nan epòk sa a, Ezekyas, wa Jida a, te retire* pòt ki nan kay+ Jewova a ansanm ak poto ki te kenbe pòt yo ki te gen lò sou yo+ epi li bay wa Asiri a lò ki te sou yo a. Se Ezekyas, wa Jida a, ki te met lò a sou yo.
17 Wa Asiri a te voye Tatan an*, Rabsaris la*, Rabchake a* ak yon gwo lame sot Lakis+ pou y al kot wa Ezekyas nan Jerizalèm+. Yo te monte Jerizalèm e yo t al kanpe bò kot kanal ki sot nan basen ki anwo a, ki bò wout ki mennen nan teren mesye ki konn fè lesiv la+. 18 Lè yo te rele wa a pou l sot deyò, Elyakim+, pitit gason Ilkya, ki te responsab kay la*, Chebna+, sekretè a, ak Jowa, pitit gason Asaf, ki te la pou l ekri tout sa k ap pase, te soti al kote yo.
19 Lè sa a, Rabchake a di yo: “Tanpri, di Ezekyas: ‘Men sa gran wa a, wa Asiri a, voye di w: “Ki sa k fè w gen asirans ou genyen an+? 20 Ou di: ‘Mwen gen yon plan e mwen ka batay.’ Men, tout sa se pawòl. Nan kiyès ou met konfyans ou ki fè w pèmèt ou fè rebèl avè m konsa a+? 21 Gade, ou mete konfyans ou nan wozo ki kraze yo bay pou Ejip la+. L ap antre nan pla men nenpòt moun ki apiye sou li e l ap pèse pla men l. Se sa k rive tout moun ki met konfyans yo nan Farawon, wa Ejip la. 22 Petèt w ap di m: ‘Se nan Jewova, Bondye nou an, nou met konfyans nou+.’ Men, èske se pa kote ki wo pou moun adore l yo ak lotèl li yo Ezekyas te kraze+ e èske Ezekyas pa t di moun Jida yo ak moun Jerizalèm yo: ‘Se pou nou pwostène devan lotèl sa a ki Jerizalèm nan+’?”’ 23 Kounye a, men defi wa Asiri a ba ou: M ap ban nou 2 000 cheval. Fè m wè si nou kapab jwenn ase moun pou nou mete sou yo+. 24 Ki jan w ap rive bat menm youn nan gouvènè ki gen mwens enpòtans pami sèvitè mèt mwen an lè se sou Ejip w ap konte pou l ba w charyo ak kavalye? 25 Èske se san otorizasyon Jewova mwen monte isit la pou m kraze peyi a? Se Jewova menm ki te di m: ‘Monte al atake peyi sa a, epi kraze l.’”
26 Lè sa a, Elyakim, pitit gason Ilkya a, Chebna+ ak Jowa di Rabchake a+: “Tanpri, pale ak sèvitè w yo nan lang arameyen*+, paske, nou konprann lang sa a, men pa pale avèk nou nan lang Juif yo pou moun ki sou miray yo pa tande+.” 27 Men, Rabchake a di yo: “Èske se avèk nou ansanm ak mèt nou an sèlman mèt mwen an voye m vin pale? Èske li pa voye m pale ak moun ki chita sou miray la tou, moun ki gen pou yo manje pwòp poupou yo e ki gen pou yo bwè pwòp pipi yo menm jan ak nou?”
28 Lè sa a, Rabchake a leve, li pale nan lang Juif yo, li di byen fò: “Koute pawòl gran wa a, wa Asiri a+. 29 Wa a di: ‘Pa kite Ezekyas twonpe nou, paske li pa ka delivre nou anba men m+. 30 Pa okipe Ezekyas k ap di nou: “Se sèten Jewova ap delivre nou, e vil sa a pap tonbe anba men wa Asiri a+.” Pa kite l fè nou met konfyans nou nan Jewova. 31 Pa koute Ezekyas, paske men sa wa Asiri a di: “Fè lapè avè m epi rann tèt nou*. Konsa, nou chak ap kapab manje rezen nan pye rezen pa nou, n ap kapab manje fig frans nan pye fig frans pa nou e n ap kapab bwè dlo nan sitèn pa nou 32 jiskaske m vini e m mennen nou nan yon peyi ki tankou peyi pa nou an+, yon peyi ki gen manje angren ak diven, ki gen pen ak jaden rezen e ki gen pye oliv ak siwo myèl. Lè sa a, n ap ret an vi, nou pap mouri. Pa koute Ezekyas k ap di nou: ‘Jewova ap delivre nou’. Se twonpe l ap twonpe nou. 33 Èske gen yon dye pami dye lòt nasyon yo ki te rive delivre peyi nasyon sa yo anba men wa Asiri a? 34 Kote dye Amat+ ak dye Apad yo? Kote dye Sefavayim yo+, dye Ena yo ak dye Iva yo? Èske yo te delivre Samari anba men m+? 35 Kiyès nan tout dye moun nan nasyon sa yo ap sèvi yo ki te anpeche m pran peyi nasyon sa yo nan men yo ki fè nou panse Jewova ka delivre Jerizalèm anba men m+?”’”
36 Men, pèp la te rete an silans, yo pa t di yon mo pou yo reponn li, paske wa a te di yo: “Nou pa dwe reponn li+.” 37 Men, Elyakim, pitit gason Ilkya a, ki te responsab kay la*, Chebna, sekretè a, ak Jowa, pitit gason Asaf, ki te la pou l ekri tout sa k ap pase, t al jwenn Ezekyas ak rad yo chire epi yo te di l pawòl Rabchake a te di yo.
19 Kou Ezekyas tande sa, li chire rad sou li, li met twal sak sou li epi l antre nan kay Jewova a+. 2 Apre sa, li voye Elyakim, moun ki te responsab kay* wa a, Chebna, sekretè a, ak prèt ki te pi granmoun yo, ak twal sak sou yo, kot pwofèt Ezayi+, pitit gason Amòz la. 3 Yo di l: “Men sa Ezekyas voye di w: ‘Jodi a se yon jou tètchaje, yon jou imilyasyon* e yon jou lawont, paske lè a rive pou timoun yo fèt*, men pa gen fòs pou pouse yo+. 4 Petèt Jewova, Bondye w la, ap tande pawòl Rabchake a di yo, pawòl mèt li a, wa Asiri a, te voye l di pou l manke Bondye vivan an dega+ e Jewova, Bondye w la, ap fè l peye pou pawòl sa yo li tande a. Se sa k fè, se pou w priye+ pou rès moun ki rete nan mitan pèp la.’”
5 Vrèmanvre, sèvitè wa Ezekyas yo al kot Ezayi+, 6 epi Ezayi di yo: “Men sa pou nou di mèt nou an: ‘Jewova di: “Pinga w pè+ poutèt pawòl ou te tande yo, pawòl sèvitè wa Asiri yo te di pou yo manke m dega yo+. 7 M ap mete yon lide nan tèt li*, l ap tande yon nouvèl e l ap tounen nan peyi l. M ap fè yo touye l ak kout epe nan pwòp peyi l+.”’”
8 Lè Rabchake a tande wa Asiri a kite Lakis+, li tounen al kote l e li jwenn li k ap fè lagè ak moun Libna yo+. 9 Twouve, wa a te tande yo di Tiraka, wa Etyopi a, te vin fè lagè avè l. Se sa k fè, li voye moun+ kot Ezekyas ankò. Li di yo: 10 “Men sa pou nou di Ezekyas, wa Jida a: ‘Pinga w kite Bondye w la ou met konfyans nan li a twonpe w lè l di w: “Jerizalèm pap tonbe anba men wa Asiri a+.” 11 Gade! Ou te tande sa wa Asiri yo te fè tout peyi yo, jan yo te detwi yo+. Èske w panse ou menm w ap chape? 12 Èske dye nasyon zansèt mwen yo te detwi yo te delivre nasyon sa yo? Kote Gozan, Aran+, Rezèf ak moun Edenn ki te Tèlasa yo? 13 Kote wa Amat la, wa Apad la ak wa vil Sefavayim yo, kote wa Ena a ak wa Iva a+?’”
14 Ezekyas pran lèt yo nan men moun yo epi li li yo. Lè l fini, li monte al nan kay Jewova a epi li ouvri yo devan Jewova+. 15 Apre sa, Ezekyas tonbe priye+ Jewova, li di: “O Jewova, Bondye Izrayèl la, ou menm ki chita sou twòn ou anlè* cheriben yo+, se ou menm sèl ki vrè Dye tout wayòm ki sou tè a+. Se ou menm ki fè syèl la ak tè a. 16 O Jewova, panche zòrèy ou pou w koute+! O Jewova, ouvri je w+ pou w wè! Tande pawòl Senakerib voye di pou l manke w dega, o Bondye vivan an. 17 Vrèmanvre, o Jewova, wa Asiri yo ravaje nasyon yo ak peyi yo+. 18 Yo lage dye peyi sa yo nan dife, paske se pa dye yo te ye vre+, men yo se travay lèzòm fè ak men yo+, yo se wòch ak bwa. Se sa k fè yo te kapab detwi yo. 19 Men, kounye a, o Jewova, Bondye nou an, tanpri, sove nou anba men l, yon fason pou moun nan tout wayòm ki sou tè a ka konnen se ou menm sèl ki Bondye, o Jewova+.”
20 Apre sa, Ezayi, pitit gason Amòz la, voye mesaj bay Ezekyas, li di l: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Mwen tande priyè w fè m+ konsènan Senakerib, wa Asiri a+. 21 Men sa mwen menm, Jewova, mwen di kont li:
22 Kiyès w ap manke dega konsa a? Kiyès w ap derespekte konsa a+?
Kont ki moun w ap leve vwa w konsa a+?
Kiyès ou leve je gade avèk awogans konsa a?
Se kont Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, w ap aji konsa+.
23 Ou voye moun+ pote mesaj pou ou pou w manke Jewova dega+ e ou di:
‘Avèk pakèt charyo mwen genyen pou m fè lagè yo,
M ap monte sou tèt mòn yo,
Kote ki pi lwen nan Liban yo.
M ap koupe pye sèd li genyen ki byen wo yo ak pi bèl pye jenevriye l yo.
M ap antre kote li genyen ki pi lwen yo, nan forè li genyen ki gen plis pyebwa yo.
24 M ap fouye pi e m ap bwè dlo nan yon peyi etranje,
M ap seche tout rivyè* Ejip yo ak pla pye m.’
25 Èske nou pa t tande sa? Mwen te pran desizyon sa a* depi lontan+.
Mwen gen lontan depi mwen planifye sa*+.
Kounye a, m ap fè sa m te deside a+.
W ap fè vil ki byen pwoteje yo tounen pil dekonm+.
26 Moun ki rete nan vil sa yo pap gen pèsonn pou pote yo sekou.
Y ap pè anpil e y ap vin wont.
Y ap vin tankou plant ki nan savann, tankou zèb vèt+,
Tankou zèb ki sou do kay van lès la seche.
28 Paske, mwen tande jan w an kòlè anpil kont mwen+ e jan w ap fè bri+.
Se sa k fè m ap mete kwòk mwen an nan nen w, m ap mete baboukèt+ mwen an nan bouch ou,
E m ap fè w tounen kote w soti a+.”
29 “‘Men yon siy k ap montre w* sa ap fèt: Ane sa a, w ap manje bagay ki pouse poukont yo. Ane apre a, grenn ki pouse yo ap fè w jwenn manje angren pou w manje+. Men, nan twazyèm ane a, w ap simen semans e w ap rekòlte, w ap plante pye rezen e w ap manje fwi yo bay+. 30 Moun Jida ki chape yo, sa k rete yo+, ap pouse rasin pa anba e y ap bay fwi pa anlè. 31 Paske, ap gen yon rès moun k ap soti Jerizalèm ak moun k ap chape soti nan Mòn Siyon. Jewova, Chèf lame yo, byen deside fè sa+.
32 “‘Se sa k fè, men sa Jewova di konsènan wa Asiri a+:
“Li pap antre nan vil sa a+,
Li pap tire yon flèch nan vil la,
Li pap leve yon boukliye pou l mache sou vil la,
Ni li pap fè yon ranp pou l atake l+.
33 Menm wout li te pran pou l vini an, se ladan l l ap tounen.
Li pap antre nan vil sa a.” Se sa Jewova di.
35 Nan menm nuit sa a, zanj Jewova a soti e li touye 185 000 gason nan kan moun Asiri yo+. Nan demen, lè moun yo leve byen bonè, yo wè tout kadav yo+. 36 Se sa k fè Senakerib, wa Asiri a, t al fè wout li, li te retounen Niniv+ e li te rete la+. 37 Pandan li t ap pwostène nan kay* Niswòk, dye l t ap sèvi a, pwòp pitit gason l, Adramelèk ak Charezè, touye l ak kout epe+. Apre sa, yo sove al nan peyi Arara+. Epi, Esaradon+, yon pitit gason l, vin wa nan plas li.
20 Nan epòk sa a, Ezekyas te vin malad e li te prèske mouri+. Pwofèt Ezayi, pitit gason Amòz la, te vin kote l e li di l: “Men sa Jewova voye di w: ‘Fè moun lakay ou konnen sa pou yo fè, paske w ap mouri. Ou pap refè+.’” 2 Lè l tande sa, li vire fas li bay mi kay la e li pran priye Jewova. Li di l: 3 “O Jewova, mwen sipliye w, tanpri, sonje jan m te mache devan w avèk fidelite e ak tout kè m. Mwen te fè sa ki byen nan je w+.” Epi, Ezekyas tonbe kriye.
4 Ezayi potko soti nan lakou ki nan mitan palè a lè Jewova te pale avè l, li di l+: 5 “Tounen kot Ezekyas, chèf pèp mwen an, e men sa pou w di l: ‘Jewova, Bondye David, zansèt ou a, voye di w: “Mwen tande priyè w la. Mwen wè dlo ki nan je w+. M ap geri w+. Nan twa jou, w ap monte al nan kay Jewova a+. 6 M ap ajoute 15 an sou lavi w* e m ap delivre ni ou menm ni vil sa a anba men wa Asiri a+. M ap defann vil sa a poutèt non m e poutèt David, sèvitè m nan+.”’”
7 Apre sa, Ezayi di: “Pote fig frans yo seche e yo byen peze ansanm yo.” Vrèmanvre, yo pote yo e yo mete yo sou gwo bouton wa a te genyen an. Epi, wa a refè tikras pa tikras+.
8 Ezekyas te mande Ezayi: “Ki siy+ k ap montre m Jewova ap geri m e m ap monte al nan kay Jewova a nan twa jou?” 9 Ezayi di l: “Men siy Jewova ap bay pou montre w Jewova ap fè sa l di a: Èske w vle pou lonbray la avanse sou dis mach sou eskalye* a oubyen pou l fè bak sou dis mach+?” 10 Ezekyas di: “Se yon bagay ki fasil pou lonbray la avanse sou dis mach, men li pa fasil pou l fè bak sou dis mach.” 11 Epi, pwofèt Ezayi rele Jewova ki fè lonbray ki te sou mach eskalye Ahaz la fè bak sou dis mach byenke lonbray la te gentan desann mach sa yo+.
12 Nan epòk sa a, Bewodakbaladan, wa Babilòn, pitit gason Baladan, te voye yon lèt ak yon kado bay Ezekyas paske li te tande Ezekyas te malad+. 13 Ezekyas te resevwa* moun yo e li te montre yo kay kote ki gen trezò yo. Li te montre yo ajan, lò, luil santi bon, lòt luil ki gen anpil valè, zam li te genyen ak tout sa li te genyen nan trezò l yo+. Pa t gen anyen Ezekyas te gen lakay* li ak nan tout wayòm li an li pa t montre yo.
14 Apre sa, pwofèt Ezayi al kot wa Ezekyas e li mande l: “Ki sa mesye sa yo te di, e ki kote yo soti?” Ezekyas di l: “Yo soti nan yon peyi ki byen lwen, yo soti Babilòn+.” 15 Epi, Ezayi mande l: “Ki sa yo te wè nan kay* ou a?” Ezekyas di l: “Yo te wè tout sa k gen nan kay* mwen an. Pa gen anyen mwen pa t montre yo nan trezò m yo.”
16 Lè sa a, Ezayi di Ezekyas: “Tande sa Jewova di+: 17 ‘Gade! Gen jou k ap vini kote y ap pran tout sa k nan kay* ou a ak tout sa zansèt ou yo te sere pou jis jodi a, e y ap pote yo Babilòn+. Yo pap kite anyen.’ Se sa Jewova di. 18 ‘Mete sou sa, y ap pran kèk nan pitit gason w ap genyen yo+ e y ap mete yo nan gwo pozisyon nan palè wa Babilòn nan+.’”
19 Lè sa a, Ezekyas di Ezayi: “Mesaj Jewova ba w ban mwen an bon+.” Epi, li di: “Se yon bon bagay, depi ap gen lapè ak sekirite* pandan m vivan an*+.”
20 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Ezekyas yo, tout sa l te fè yo, basen+ ak kanal li te fè pou mennen dlo nan vil la+, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo? 21 Apre sa, Ezekyas t al repoze bò kot zansèt li yo+, e Manase+, pitit gason l, te vin wa nan plas li+.
21 Manase+ te gen 12 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 55 an detan l Jerizalèm+. Manman l te rele Èfziba. 2 Manase te fè sa ki mal nan je Jewova. Li te konn fè menm vye bagay nasyon+ Jewova te retire devan pèp Izrayèl la te konn pratike yo+. 3 Li te rebati kote ki wo moun yo te konn fè adorasyon Ezekyas, papa l, te kraze yo+, li te fè lotèl pou Baal e li te fè yon poto sakre an bwa*+ menm jan ak Ahab, wa Izrayèl la+. Li te konn pwostène devan tout bagay ki nan syèl la e li te konn sèvi yo+. 4 Mete sou sa, li te bati lotèl nan kay Jewova a+ alòske men sa Jewova te di konsènan kay sa a: “Se Jerizalèm non m ap ye+.” 5 Li te bati lotèl pou tout bagay ki gen nan syèl la+ nan de lakou ki gen nan kay Jewova a+. 6 Mete sou sa, li te boule* pwòp pitit gason l nan dife, li te konn fè maji, li te konn chèche konnen lavni+, li te met moun ki konn chèche pale ak mò nan peyi a ansanm ak divinò+. Li te fè anpil bagay ki mal nan je Jewova pou l fè l fache.
7 Li te mete zidòl la, poto sakre an bwa*+ li te fè a, nan kay Jewova a, kay li te di David ak Salomon, pitit li a: “Non m ap toujou makònen ak kay sa a e ak Jerizalèm, kote mwen chwazi nan mitan tout tribi Izrayèl yo+. 8 Mwen pap janm fè Izrayèl ale lwen peyi mwen te bay zansèt yo a+ ankò depi yo byen suiv tout kòmandman mwen te ba yo+, tout Lwa Moyiz, sèvitè m nan, sa li te ba yo lòd pou yo suiv yo.” 9 Men, yo pa t obeyi, e Manase te kontinye fè yo devye. Li te fè yo aji pi mal pase nasyon Jewova te detwi devan Izrayelit yo+.
10 Jewova te kontinye pale avèk yo pa mwayen sèvitè l yo, pwofèt yo+. Li te di: 11 “Manase, wa Jida a, te fè tout move bagay sa yo, li te fè plis mechanste pase tout Amorit yo+ ki te la anvan l+ e li te menm fè Jida peche avèk zidòl ki bay degoutans* li yo. 12 Kidonk, men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘M ap lage yon malè sou Jerizalèm+ ak Jida. L ap tèlman rèd, yon moun ki tande sa ap sezi*+. 13 M ap lonje kòd pou mezire a+ sou Jerizalèm, menm jan mwen te fè sa pou Samari+. M ap sèvi ak menm nivo* mwen te sèvi pou fanmi Ahab la+. M ap netwaye Jerizalèm pwòp, menm jan yo netwaye yon bòl epi yo chavire l tèt anba+. 14 M ap abandone rès moun ki nan eritaj mwen an+ e m ap lage yo nan men ènmi yo. Ènmi yo ap pran yo kòm prizonye e y ap pran tout sa yo genyen+, 15 paske yo te fè sa ki mal devan je m e yo pa t sispann fè m fache depi jou zansèt yo te soti ann Ejip rive jis jodi a+.’”
16 Mete sou sa, Manase te fè san anpil moun ki inosan koule jis li te plen Jerizalèm ak san, sot nan yon bout nan vil la rive nan lòt bout la+. Li te fè Jida peche, li te fè l fè sa ki mal nan je Jewova. 17 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Manase yo, tout sa l te fè yo, peche li te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo? 18 Apre sa, Manase t al repoze bò kot zansèt li yo, yo te antere l nan jaden ki lakay li a, jaden Ouza a+, e Amon, pitit gason l, te vin wa nan plas li.
19 Amon+ te gen 22 an lè l te vin wa e li te dirije pandan dezan detan l Jerizalèm+. Manman l te rele Mechoulemèt e se te pitit fi Awouz, moun Jotba. 20 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova, menm jan ak Manase, papa l+. 21 Li te kontinye aji menm jan ak papa l, li te kontinye sèvi vye zidòl ki bay degoutans papa l te konn sèvi yo e li te kontinye pwostène devan yo+. 22 Konsa, li te abandone Jewova, Bondye zansèt li yo, e li pa t mache nan chemen Jewova yo+. 23 Rive yon lè, sèvitè wa Amon yo te fè yon konplo sou do l e yo te touye l lakay li. 24 Men, moun yo nan peyi a te touye tout moun ki te fè konplo kont wa Amon yo, epi yo met Jozyas, pitit gason l, wa nan plas li+. 25 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Amon yo, tout sa li te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo? 26 Yo te antere Amon nan tonm li, nan jaden Ouza a+, epi Jozyas, pitit gason l+, te vin wa nan plas li.
22 Jozyas+ te gen uitan lè l te vin wa e li te dirije pandan 31 an detan l Jerizalèm+. Manman l te rele Jedida e se te pitit fi Adaya, moun Boskat+. 2 Jozyas te fè sa ki dwat nan je Jewova e li te aji menm jan ak David, zansèt li a+. Li pa t devye ni adwat ni agoch.
3 Nan 18yèm ane rèy Jozyas la, li voye Chafan, sekretè a, pitit gason Azalya ki li menm te pitit gason Mechoulam, nan kay Jewova a+. Li te di l: 4 “Monte al kot Ilkya+, gran prèt la, epi di l ranmase tout lajan moun yo pote nan kay Jewova a+, lajan moun k ap veye pòtay yo ranmase nan men pèp la+. 5 Se pou yo bay moun ki responsab travay k ap fèt nan kay Jewova a lajan an, e yo menm y ap bay moun k ap fè travay ki gen pou fèt nan kay Jewova a li pou yo repare kay la*+, 6 sa vle di, atizan yo, bòs mason yo ak lòt bòs yo. Y ap sèvi avè l pou yo achte bwa ak wòch taye pou yo ka repare kay la+. 7 Men, yo pa dwe fè regleman avèk yo, paske yo se moun yo ka fè konfyans+.”
8 Annapre, Ilkya, gran prèt la, di Chafan, sekretè a+: “Mwen jwenn liv Lalwa a+ nan kay Jewova a.” Epi, Ilkya bay Chafan liv la, e Chafan kòmanse li l+. 9 Apre sa, Chafan, sekretè a, al kot wa a e li di l: “Sèvitè w yo te pran lajan yo te jwenn nan kay Jewova a e yo bay moun ki responsab travay k ap fèt nan kay la lajan an+.” 10 Epitou, Chafan, sekretè a, di wa a: “Ilkya, prèt la, ban m yon liv+.” Apre sa, Chafan kòmanse li liv la devan wa a.
11 Kou wa a tande pawòl ki nan liv Lalwa a, li chire rad sou li+. 12 Apre sa, men ki lòd wa a bay Ilkya, prèt la, Ayikam+, pitit gason Chafan, Akbò, pitit gason Mikaya, Chafan, sekretè a, ak Asaya, sèvitè wa a: 13 “Al pale ak Jewova pou mwen, pou pèp la e pou tout moun k ap viv Jida yo konsènan pawòl ki nan liv sa a nou jwenn nan, paske Jewova an kòlè anpil+ kont nou poutèt zansèt nou yo pa t obeyi pawòl ki nan liv sa a, poutèt yo pa t suiv tout sa k ekri ladan l pou nou yo.”
14 Vrèmanvre, Ilkya, prèt la, Ayikam, Akbò, Chafan ak Asaya al kot Oulda, dam ki pwofèt la+. Se te madanm Chaloum, moun ki responsab rad yo, e Chaloum se te pitit gason Tikva ki te pitit gason Aras. Oulda t ap viv Jerizalèm, nan Dezyèm Katye a. Se la mesye yo te pale avèk li+. 15 Li te di yo: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Di mesye ki voye nou kote m nan: 16 “Men sa Jewova di: ‘Mwen gen pou m lage yon malè sou vil sa a e sou moun k ap viv ladan l yo, tout sa wa Jida a te li nan liv la+. 17 Kòm yo abandone m e y ap boule sakrifis pou lòt dye+ yon fason pou yo fè m fache nan tout sa y ap fè+, m ap vin an kòlè anpil kont vil sa a e kòlè sa a pap desann+.’” 18 Men, men sa n ap di wa Jida a ki voye nou kote Jewova a: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Kanta pou pawòl ou tande yo, 19 kòm ou te byen reyaji nan kè w e w te imilye tèt ou+ devan Jewova lè w te tande sa m te di m ap fè vil sa a ak moun k ap viv ladan l yo, lè w te tande jan sa m ap fè yo a ap fè kè moun kase e jan y ap konsidere yo kòm moun malediksyon tonbe sou yo, kòm ou te chire rad sou ou+ e w te kriye devan m, mwen menm tou, mwen tande w. Se sa Jewova di. 20 Se sa k fè m ap fè w al menm kote ak zansèt ou yo* anpè, y ap depoze w nan tonm ou e w pap wè tout malè m ap lage sou vil sa a.’”’” Apre sa, y al di wa a sa.
23 Annapre, wa a fè rele tout ansyen ki nan Jida ak nan Jerizalèm yo+. 2 Epi, wa a monte nan kay Jewova a ansanm ak tout mesye Jida yo, tout moun k ap viv Jerizalèm yo, prèt yo, pwofèt yo, wi, tout pèp la, ni granmoun ni timoun. Li li tout pawòl ki nan liv+ alyans lan+ pou yo, liv yo te jwenn nan kay Jewova a+. 3 Wa a te kanpe bò kot poto a e li fè yon alyans* ak Jewova+. Li fè konnen l ap sèvi Jewova, l ap suiv kòmandman l yo, rapèl li yo ak lwa l yo ak tout kè l ak tout nanm* li e l ap obeyi pawòl ki nan alyans ki ekri nan liv sa a. Tout moun yo te dakò ak alyans li te fè a+.
4 Apre sa, wa a bay Ilkya+, gran prèt la, lòt prèt yo ak moun k ap veye pòt yo lòd pou yo soti nan tanp Jewova a ak tout veso yo te fè pou Baal yo, pou poto sakre ki fèt an bwa a*+ e pou tout bagay ki nan syèl la. Apre sa, li boule yo pa deyò vil Jerizalèm, sou pant ki nan Vale Kidwon yo e li pote sann yo Betèl+. 5 Li mete tout prèt k ap sèvi fo dye yo deyò, prèt wa Jida yo te konn bay boule sakrifis nan kote ki wo yo te konn fè adorasyon nan vil Jida yo ak nan zòn ki toupre Jerizalèm yo. Mete sou sa, depi se moun ki te konn boule sakrifis pou Baal, pou solèy la, pou lalin nan, pou gwoup zetwal ki fòme siy zodyak yo e pou tout lòt bagay ki nan syèl la+, li te met tout deyò. 6 Li pran poto sakre ki fèt an bwa*+ ki nan kay Jewova a l al avè l pa deyò vil Jerizalèm, nan Vale Kidwon, epi li boule l+, li fè l tounen pousyè. Apre sa, li vide pousyè a nan simityè pèp la+. 7 Mete sou sa, li kraze tanp yo te fè nan kay Jewova a, kote gason te konn ap kouche ak gason+ e kote yon seri medam t ap tise twal tant pou ti tant yo te konn fè pou poto sakre ki fèt an bwa a*.
8 Apre sa, li fè tout prèt yo kite vil Jida yo e li fè yo pa ka itilize kote ki wo yo te konn fè adorasyon e yo te konn boule sakrifis yo, soti Geba+ rive Beyècheba+. Epitou, li kraze kote ki wo yo te konn fè adorasyon ki te devan pòtay Jozye a, chèf vil la, ki te sou bò goch lè yon moun ap antre nan pòtay vil la. 9 Prèt ki te konn sèvi kote ki wo yo fè adorasyon yo pa t konn prezante ofrann sou lotèl Jewova a nan Jerizalèm+. Men, yo te konn manje pen san ledven yo ak lòt prèt yo. 10 Mete sou sa, wa a te fè yo pa t ka itilize Tofèt+, yon kote moun yo te konn fè adorasyon nan Vale pitit gason Inon an*+, pou pèsonn pa t ka boule* pitit gason l ak pitit fi l nan dife pou Molèk+ ankò. 11 Li pa t kite cheval wa Jida yo te met apa pou* solèy la pase nan chanm* Natanmelèk la, yon moun ki t ap travay ak wa a, pou yo antre nan kay Jewova a. Chanm nan te sou galri yo. Epi, li te boule charyo solèy+ yo. 12 Wa a te kraze lotèl wa Jida yo te fè sou tèt kay+ Ahaz la tou e li te kraze lotèl Manase te fè nan de lakou ki nan kay Jewova a+. Li kraze yo e li gaye pousyè a nan Vale Kidwon. 13 Wa a te fè moun pa ka adore ankò nan kote ki wo moun yo te konn fè adorasyon ki nan antre Jerizalèm nan, nan direksyon sid* Mòn Destriksyon* an. Se Salomon, wa Izrayèl la, ki te bati kote sa yo pou Achtorèt, yon deyès ki bay degoutans moun Sidon yo t ap sèvi, pou Kemòch, yon dye ki bay degoutans moun Mowab yo t ap sèvi, e pou Milkòm+, yon dye ki bay degoutans desandan Amon yo t ap sèvi+. 14 Li te kraze poto sakre ki fèt an wòch yo, li te koupe poto sakre ki fèt an bwa yo*+ e li te plen kote yo te ye yo ak zosman moun. 15 Mete sou sa, li te kraze lotèl ki Betèl la ak kote ki wo pou yo fè adorasyon Jewobowam, pitit gason Nebat la, te konstwi ki te fè Izrayèl peche a+. Apre l fin kraze lotèl sa a ak kote ki wo pou yo fè adorasyon an, li boule kote ki wo pou yo fè adorasyon an, li fè l fè pousyè e li boule poto sakre ki fèt an bwa a*+.
16 Lè Jozyas vire, li wè tonm ki te sou mòn nan. Li fè yo pran zosman moun yo nan tonm yo e li boule yo sou lotèl la pou l fè yo pa ka ofri sakrifis sou li ankò, jan Jewova, vrè Dye a, te anonse sa t ap fèt pa mwayen sèvitè l la+. 17 Apre sa, li di: “Ki tonm sa a mwen wè lòtbò a?” Mesye yo nan vil la di l: “Se tonm sèvitè vrè Dye a ki te sot Jida a+, ki te anonse sa w sot fè lotèl ki Betèl la.” 18 Lè sa a, li di: “Kite l. Pa kite pèsonn pran zosman l yo.” Se sa k fè yo pa t pran zosman l yo ansanm ak zosman pwofèt ki te sot Samari a+.
19 Jozyas te kraze tout kay kote moun yo te konn fè adorasyon nan kote ki wo ki te nan vil Samari yo+, kay wa Izrayèl yo te bati pou yo fè Bondye fache yo. Li te fè menm sa li te fè nan Betèl la+. 20 Tout prèt ki te konn sèvi kote ki wo ki te Samari yo, li te sakrifye yo sou lotèl yo e li te boule zosman moun sou lotèl yo+. Lè l fini, li tounen Jerizalèm.
21 Apre sa, men ki lòd wa a bay tout moun yo: “Se pou nou fete fèt Pak la+ pou Jewova, Bondye nou an, jan sa ekri nan liv alyans lan+.” 22 Yo pa t janm fete yon fèt Pak konsa ni depi lè te gen jij nan peyi Izrayèl, ni nan epòk wa Izrayèl yo ak wa Jida yo+. 23 Se nan 18yèm ane rèy Jozyas, wa Jida a, yo te fete fèt Pak sa a pou Jewova nan Jerizalèm.
24 Mete sou sa, Jozyas te retire moun ki konn chèche pale ak mò yo nan peyi a, divinò yo+, estati terafim yo*+, zidòl ki bay degoutans yo*, ak tout lòt bagay ki bay degoutans ki te gen nan Jida ak Jerizalèm yo pou l te ka obeyi tout lwa+ ki te ekri nan liv Ilkya, prèt la, te jwenn nan kay Jewova a+. 25 Pa t gen okenn wa anvan l ki te tankou l, ki te retounen vin jwenn Jewova ak tout kè l, ak tout nanm* li+ e ak tout fòs li, ki te suiv tout Lwa Moyiz la jan li te fè l la. Ni pa t gen pèsonn tankou l apre l.
26 Malgre sa, Jewova te toujou an kòlè anpil kont Jida e kòlè l pa t desann akoz tout move bagay Manase te fè pou l fè l fache yo+. 27 Jewova te di: “M ap retire Jida devan je m+ menm jan m te retire Izrayèl devan je m nan+. M ap abandone Jerizalèm, vil mwen te chwazi a, e m ap abandone kay sa a mwen te di: ‘Se la non m ap ye’ a+.”
28 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jozyas yo, tout sa l te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo? 29 Nan epòk Jozyas t ap dirije a, Farawon Neko, wa peyi Ejip, te monte pou l te ka fè lagè ak wa Asiri a bò Rivyè Efrat. Wa Jozyas te soti pou l ka batay avè l. Men, lè Neko te wè l Megido+, li touye l. 30 Sèvitè l yo te pran kadav li, yo mete l nan yon charyo epi yo pote l sot Megido al Jerizalèm. Epi, yo antere l nan tonm li. Apre sa, moun yo nan peyi a pran Jewoyakaz, pitit gason Jozyas, yo vide luil sou tèt li e yo mete l wa nan plas papa l+.
31 Jewoyakaz+ te gen 23 an lè l te vin wa e li te dirije pandan twa mwa detan l Jerizalèm. Manman l te rele Amoutal+ e se te pitit fi Jeremi, moun Libna. 32 Jewoyakaz te kòmanse fè sa ki mal nan je Jewova, li te fè menm bagay zansèt li yo te fè yo+. 33 Farawon Neko+ te mete l nan prizon Ribla+, nan Amat, pou l pa t dirije nan Jerizalèm ankò. Apre sa, li te fè peyi a bay 100 talan* ajan ak yon talan lò kòm taks+. 34 Mete sou sa, Farawon Neko te mete Elyakim, pitit gason Jozyas, wa nan plas Jozyas, papa l, epi li chanje non l, li rele l Jewoyakim. Apre sa, li mennen Jewoyakaz ann Ejip+ e se la li mouri finalman+. 35 Jewoyakim te bay Farawon ajan an ak lò a. Men, se moun nan peyi a li te fè peye yon taks pou l te ka bay Farawon kantite ajan li te mande a. Li te fòse chak moun nan peyi a bay yon kantite ajan ak yon kantite lò pou l bay Farawon Neko.
36 Jewoyakim+ te gen 25 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 11 an detan l Jerizalèm+. Manman l te rele Zebida e se te pitit fi Pedaya, moun Wouma. 37 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova+, li te fè menm bagay zansèt li yo te fè yo+.
24 Nan epòk Jewoyakim te wa, Nebikadneza+, wa Babilòn nan, te vin batay avèk li e Jewoyakim te soumèt devan l pandan twazan. Men, rive yon lè, Jewoyakim te rebele kont li. 2 Apre sa, Jewova fè yon bann vòlè ki te moun Kalde+, moun Siri, moun Mowab e ki te desandan Amon, vin atake Jida. Jewova te kontinye voye yo nan Jida pou l te ka detwi l, jan l te di sa+ pa mwayen sèvitè l yo, pwofèt yo. 3 Se sèten, se sou lòd Jewova sa te rive Jida, pou l te ka retire moun Jida yo devan je l+, poutèt tout peche Manase te fè yo+. 4 Li te fè sa tou poutèt Manase te fè san moun ki inosan koule+. Wi, li te fè san moun ki inosan koule nan tout Jerizalèm e Jewova pa t dispoze padone ankò+.
5 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jewoyakim yo, tout sa l te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo+? 6 Apre sa, Jewoyakim t al repoze bò kot zansèt li yo+, e Jewoyakin, pitit gason l, te vin wa nan plas li.
7 Wa Ejip la pa t janm voye sòlda nan Jida ankò, paske wa Babilòn nan te pran tout tèritwa ki te pou wa Ejip la+, sot nan Ravin Ejip+ rive nan Rivyè Efrat+.
8 Jewoyakin+ te gen 18 an lè l te vin wa e li te dirije pandan twa mwa detan l Jerizalèm+. Manman l te rele Newouchta e se te pitit fi Èlnatan, moun Jerizalèm. 9 Jewoyakin te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova, li te fè menm bagay papa l te konn fè yo. 10 Pandan epòk sa a, sèvitè wa Nebikadneza yo, wa Babilòn nan, te monte pou yo atake Jerizalèm e yo te ansèkle vil la+. 11 Pandan yo te ansèkle vil la, Nebikadneza, wa Babilòn nan, te vini pou l atake vil la.
12 Jewoyakin, wa Jida a, te soti ansanm ak manman l, sèvitè l yo, tout moun ki gen gwo pozisyon nan palè l la* ak lòt fonksyonè ankò+ pou l al kot wa Babilòn nan+. Wa Babilòn nan pran l e li fè l vin prizonye. Sa te pase nan uityèm ane rèy wa Babilòn nan+. 13 Apre sa, li pran tout trezò ki nan kay Jewova a ak trezò ki nan kay* wa a+. Li kraze tout veso annò Salomon, wa Izrayèl la, te fè pou l met nan tanp Jewova a+. Sa te fèt egzakteman jan Jewova te anonse a. 14 Li te fè tout moun Jerizalèm yo al ann egzil, tout moun ki gen gwo pozisyon nan palè l la*+, tout sòlda vanyan yo, tout atizan yo ak tout moun ki konn travay metal*+ yo. Antou, li te mennen 10 000 moun ann egzil. Li pa t kite pèsonn dèyè. Se sèlman moun ki te pi pòv yo li te kite nan peyi a+. 15 Li te mennen Jewoyakin+ ann egzil nan Babilòn+. Li te mennen manman wa a, madanm wa a te genyen yo, fonksyonè ki t ap travay nan gouvènman l yo ak moun ki te pi enpòtan ki te gen nan peyi a ann egzil tou. Li te fè yo kite Jerizalèm pou y al Babilòn. 16 Wa Babilòn nan te mennen tout sòlda yo ann egzil tou. Yo te 7 000 antou, ansanm ak 1 000 atizan ak moun ki te konn travay metal*. Yo tout se te gason vanyan ki te konn fè lagè. 17 Mete sou sa, wa Babilòn nan te mete Matànya, tonton Jewoyakin+, wa nan plas li. Apre sa, li chanje non Matànya, li rele l Sedesyas+.
18 Sedesyas te gen 21 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 11 an detan l Jerizalèm. Manman l te rele Amoutal+ e se te pitit fi Jeremi, moun Libna. 19 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova, li te fè menm bagay Jewoyakim te konn fè yo+. 20 Tout bagay sa yo ki te rive nan Jerizalèm ak nan Jida te fè Jewova an kòlè anpil, se sa k fè li te retire yo devan je l+. Apre sa, Sedesyas te fè rebèl ak wa Babilòn nan+.
25 Nan nevyèm ane rèy Sedesyas la, nan dizyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, Nebikadneza, wa Babilòn nan+, te vini ak tout lame l la pou yo atake Jerizalèm+. Yo te monte kan yo devan l e yo te fè yon miray toutotou l+. 2 Yo te ansèkle vil la rive jis nan 11yèm ane rèy wa Sedesyas la. 3 Nan nevyèm jou nan katriyèm mwa a+, te vin gen yon gwo grangou nan vil la. Moun nan peyi a pa t ka jwenn manje pou yo manje+. 4 Yo kraze yon pati nan miray vil la+, e se konsa tout sòlda yo te sove nan nuit. Yo te pase nan pòtay ki nan mitan de miray ki te toupre jaden wa a pandan moun Kalde yo te ansèkle vil la toujou. E wa a te pran wout ki mennen Araba a+. 5 Men, lame moun Kalde yo te kouri dèyè l e yo te rive pran l nan dezè Jeriko a. Tout sòlda ki te avè l yo te gaye, yo te sove kite l. 6 Yo pran wa a+, yo mennen l bay wa Babilòn nan nan Ribla, e yo jije l pou yo ba l santans li. 7 Yo touye pitit gason Sedesyas yo devan je l. Apre sa, Nebikadneza pete je Sedesyas, li mare l ak chenn an kuiv, epi li mennen l Babilòn+.
8 Nan senkyèm mwa a, nan setyèm jou nan mwa a, sa vle di, nan 19yèm ane rèy Nebikadneza, wa Babilòn nan, Nebouzaradan+, chèf gad yo, sèvitè wa Babilòn nan, vin Jerizalèm+. 9 Li boule kay Jewova a+, kay* wa a+ ak tout lòt kay ki nan Jerizalèm yo+. Li boule kay tout moun nan vil la ki te gen gwo pozisyon yo+. 10 Apre sa, lame moun Kalde yo ki te avèk chèf gad yo kraze miray ki antoure Jerizalèm yo+. 11 Nebouzaradan, chèf gad yo, mennen tout moun ki te rete nan vil la ann egzil ansanm ak moun ki t al rann tèt yo bay wa Babilòn nan, ak tout rès moun nan pèp la+. 12 Men, chèf gad yo te kite kèk nan moun ki te pi pòv yo nan peyi a pou yo travay nan jaden rezen e pou yo fè travo fòse+. 13 Moun Kalde yo te kraze poto an kuiv+ ki te nan kay Jewova a, yo te kraze charyo yo+ ak gwo basen an kuiv ki te nan kay Jewova a+, epi yo pote kuiv yo te jwenn nan Babilòn+. 14 Mete sou sa, yo te pran bokit pou mete sann yo*, pèl yo, zouti pou etenn mèch lanp yo, koup yo ak tout lòt veso an kuiv yo te konn itilize nan tanp lan. 15 Chèf gad yo te pran veso pou met chabon dife yo ak bòl yo, ki te fèt ak bon lò+ e ak ajan+. 16 Kanta pou de poto yo, gwo basen an ak tout charyo Salomon te fè pou kay Jewova a, yo pa t ka peze kantite kuiv ki te ladan yo tèlman l te anpil+. 17 Toude poto yo te mezire 18 koude* wotè+, e tèt poto espesyal ki te sou poto yo te fèt an kuiv. Chak tèt poto te mezire twa koude wotè, e filè ki te nan tèt poto yo ak ranje grenad ki te toutotou tèt poto espesyal yo te fèt an kuiv tou+. Dezyèm poto a ak filè ki toutotou tèt poto espesyal la te menm jan ak premye poto a.
18 Mete sou sa, chèf gad yo te pran Seraya+, prèt an chèf la, Sofoni+, adjwen prèt an chèf la ak twa moun ki te konn veye pòtay yo+. 19 Epitou, li te pran yon moun ki gen gwo pozisyon nan vil la e ki t ap kòmande sòlda yo, ansanm ak senk moun nan vil la ki te pwòch wa a, sekretè chèf lame a, ki te responsab pou l pran moun nan lame a, ak 60 mesye pami moun peyi a ki te nan vil la. 20 Nebouzaradan+, chèf gad yo, pran yo e li mennen yo Ribla bay wa Babilòn nan+. 21 Wa Babilòn nan touye yo Ribla, nan Amat+. Se konsa yo te fè moun Jida yo kite peyi yo a pou y al ann egzil+.
22 Nebikadneza, wa Babilòn nan, te mete Gedalya+, pitit gason Ayikam+, ki li menm te pitit gason Chafan+, alatèt moun li te kite nan peyi Jida yo+. 23 Lè tout chèf nan lame a ak sòlda ki te souzòd yo tande wa Babilòn nan mete Gedalya alatèt tout moun Jida yo, y al kot Gedalya nan Mispa san pèdi tan. Moun ki t al kote l yo se te Izmayèl, pitit gason Netànya; Jowanan, pitit gason Kareya; Seraya, pitit gason Tanoumèt, moun Netofa, ak Jayazànya, pitit gason moun Maakat la, ansanm ak tout mesye ki te avèk yo+. 24 Gedalya te fè sèman bay ni yo menm ni mesye ki te avèk yo, li te di yo: “Nou pa bezwen pè vin sèvitè moun Kalde yo. Nou mèt ret nan peyi a epi sèvi wa Babilòn nan, tout bagay ap mache byen pou nou+.”
25 Nan setyèm mwa a, Izmayèl+, pitit gason Netànya, ki li menm se pitit gason Elichama, yon desandan wa*, te vin kot Gedalya ansanm ak dis lòt gason. Yo touye Gedalya nan Mispa, ansanm ak Juif ak moun Kalde ki te ansanm avèk li yo+. 26 Apre sa, tout pèp la nèt, san wete chèf nan lame yo, te leve al ann Ejip+, paske yo te pè moun Kalde yo+.
27 Nan 37yèm ane Jewoyakin, wa Jida a+, te ann egzil la, nan 12yèm mwa a, nan 27yèm jou nan mwa a, nan ane Evilmewodak te vin wa Babilòn nan, Evilmewodak te fè lage* Jewoyakin, wa Jida a. Li te retire l nan prizon an+. 28 Li te byen pale ak Jewoyakin e li te onore l plis pase lòt wa* ki te avè l Babilòn yo. 29 Se konsa, Jewoyakin te retire rad prizonye ki te sou li a e li te manje sou tab wa a chak jou, pandan tout rès vi l. 30 Chak jou, wa a te konn ba l manje pou l manje. Li te fè sa pandan tout rès vi Jewoyakin.
Sa vle di: “Jewova se Bondye m”.
Oswa: “se pou nanm mwen ak nanm”.
Oswa: “nanm mwen”.
Anpalan de frè Ahazya.
Oswa: “nanm ou”.
Lit.: “pitit pwofèt”. Sanble se te yon lekòl pou fòme pwofèt oubyen se te yon gwoup pwofèt.
Oswa: “nanm ou”.
Oswa: “nanm ou”.
Oswa: “van”.
Se kapab tou: “tè a lakòz foskouch”.
Se kapab tou: “pap lakòz foskouch”.
Oswa: “ki te sèvitè Eli”.
Lit.: “Bondye mwen kanpe devan l lan”.
Oswa: “yon mizisyen”.
Oswa: “tout moun ki te gen sentiwon nan ren yo”.
Lit.: “pitit pwofèt yo”. Sanble se te yon lekòl pou fòme pwofèt oubyen se te yon gwoup pwofèt.
Oswa: “paske nanm li anmè”.
Oswa: “nanm ou”.
Se yon kalite manje angren.
Oswa: “pou l sove Siri”.
Oswa: “te gen yon maladi po”.
Petèt se Naaman.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Lit.: “tout kan l lan”.
Lit.: “yon benediksyon”.
Lit.: “Bondye mwen kanpe devan l lan”.
Yon kote nan Samari. Petèt se te yon mòn oubyen yo kote yo te bati pou defann zòn nan.
Lit.: “Pitit pwofèt yo”. Sanble se te yon lekòl pou fòme pwofèt oubyen se te yon gwoup pwofèt.
Lit.: “kè wa”.
Lit.: “tout kan l lan”.
Oswa: “yon vyepti kantite”. Yon kab egal 1,22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “sou li pa anba, toupre po l”.
Yon seya egal 7,33 lit. Gade Apendis B14.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “mache”.
Se yon kalite manje angren.
Lit.: “pawòl”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “pawòl”.
Oswa: “mete”.
Lit.: “gen yon lanp”.
Lit.: “Se te pitit fi”.
Oswa: “malad”.
Lit.: “tout moun ki konn pipi nan mi”. Ann ebre, se yon fason yo pale de gason pou yo rabese yo.
Oswa: “nanm nou”.
Lit.: “pitit gason”.
Oswa: “jis”.
Lit.: “kay la”.
Oswa: “jis”.
Sanble se yon kote yo te konn mare mouton pou yo ka tonn yo.
Oswa: “grandam”.
Oswa: “beni l”.
Oswa: “jan m zele pou”.
Oswa: “tanp”.
Oswa: “n ap bay nanm nou pou nanm li”.
Lit.: “mesye ki konn kouri”.
Lit.: “nan vil ki”. Petèt se te yon konstriksyon ki te tankou yon fòtrès.
Oswa: “fè Izrayèl vin pi piti”.
Lit.: “tout semans wayòm nan”.
Lit.: “mesye ki konn kouri”.
Oswa: “alyans”.
Oswa: “palè”.
Lit.: “rete avèk wa a lè l soti ak lè l antre”.
Petèt se yon woulo ki te gen Lwa Bondye a.
Oswa: “palè”.
Oswa: “tanp”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “ki te fann nan”.
Oswa: “vin met lajan an nan sak”. Lit.: “vin mare lajan an”.
Lit.: “li te mete figi l nan pozisyon pou l monte”.
Oswa: “palè”.
Sa vle di anpè e an sekirite.
Lit.: “pa t sispann mache ladan l”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “te mache nan”.
Anpalan de Jewobowam II.
Petèt se yon fason pou l mande Bondye oubyen reprezantan Bondye yo ede l.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “liberasyon”.
Oswa: “liberasyon anba”.
Sanble se nan sezon prentan.
Oswa: “Ann rankontre fasafas”.
Oswa: “rete nan palè”.
Lit.: “nan tant”.
Anviwon 178 m (584 pye). Gade Apendis B14.
Oswa: “palè”.
Anpalan de Jewobowam II.
Sa vle di: “Jewova bay èd li”. Yo rele l Ozyas nan 2Wa 15:13; 2Kw 26:1-23; Eza 6:1 ak nan Za 14:5.
Anpalan de Amatsya, papa l.
Oswa: “nan antre Amat”.
Anpalan de Lanmè Sale oswa Lanmè Mòt.
Anpalan de Jewobowam II.
Sa vle di: “Jewova bay èd li”. Yo rele l Ozyas nan 2Wa 15:13; 2Kw 26:1-23; Eza 6:1 ak nan Za 14:5.
Oswa: “palè a”.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “palè”.
Lit.: “pase”.
Oswa: “mete moun Jida”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Sa vle di: “Jewova bay fòs”.
Lit.: “te gen lakrentif pou”.
Sa vle di tout kote, kit se yon kote ki pa t gen anpil moun ki rete la, kit se yon kote ki gen anpil moun ki rete la.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.
Lit.: “te kontinye fè kou yo di menm jan ak kou”.
Oswa: “ak metal yo fonn”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “pase”.
Oswa: “pa t adore”.
Oswa: “koutim relijyon”.
Oswa: “dwe adore”.
Oswa: “koutim relijyon”.
Oswa: “koutim relijyon”.
Lit.: “ki gen lakrentif pou”.
Oswa: “koutim relijyon”.
Se yon fòm kout pou non Abija.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “konn rele l Newouchtan”.
Sa vle di tout kote, kit se yon kote ki pa t gen anpil moun ki rete la, kit se yon kote ki gen anpil moun ki rete la.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Oswa: “palè”.
Lit.: “koupe”.
Oswa: “kòmandan an”.
Oswa: “mesye ki nan pi gwo pozisyon nan gouvènman l lan”.
Oswa: “mesye ki alatèt moun ki konn sèvi wa a bwason yo”.
Oswa: “palè a”.
Oswa: “lang siryen”.
Lit.: “Fè yon benediksyon avè m epi soti vin kote m”.
Oswa: “palè a”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “yon jou kote yo manke n dega”.
Lit.: “paske timoun yo rive nan bouch matris la”.
Lit.: “yon lespri nan li”.
Se kapab tou: “nan mitan”.
Lit.: “Pitit fi Siyon an ki vyèj”.
Lit.: “Pitit fi Jerizalèm nan”.
Oswa: “tout kanal Rivyè Nil”.
Lit.: “te fè sa”.
Oswa: “depi m ba l fòm”.
Anpalan de Ezekyas.
Oswa: “tanp”.
Lit.: “sou jou w yo”.
Petèt yo te konn itilize mach eskalye sa yo pou yo konn ki lè l ye, menm jan yo fè sa ak yon kadran solèy.
Oswa: “koute”.
Oswa: “gen nan palè”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “laverite”.
Lit.: “pandan jou m yo”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “pase”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.
Lit.: “ki tande sa, zòrèy li ap kònen”.
Oswa: “filaplon”.
Oswa: “repare kote ki fann nan”.
Se yon fason pou yo di li pral mouri.
Oswa: “li refè alyans lan”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade “Jeyèn” nan Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “pase”.
Lit.: “wa Jida yo te bay”.
Oswa: “salamanje”.
Lit.: “adwat”, anpalan de direksyon sid, lè yon moun mete fas li nan direksyon lès.
Anpalan de Mòn Oliv, sitou pati ki nan pwent sid la yo rele Mòn Kòlè tou.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “dye fanmi yo; zidòl yo”.
Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Oswa: “tout pitit gason wa a te genyen yo”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “tout pitit gason wa a te genyen yo”.
Se kapab tou: “moun ki konn konstwi ranpa”.
Se kapab tou: “moun ki konn konstwi ranpa”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “sann ki gra yo”. Sa vle di sann ki gen grès sakrifis yo te fè yo.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Lit.: “semans wayòm nan”.
Lit.: “te leve tèt”.
Lit.: “li te ba l yon twòn ki te anlè twòn lòt wa”.