DEZYÈM LIV SAMYÈL LA
1 Apre lanmò Sayil, lè David te sot pot laviktwa sou* moun Amalèk yo, li te rete Ziklag+ pandan de jou. 2 Sou twazyèm jou a, gen yon mesye ki te soti nan kan kot Sayil te ye a, rad li te chire de bò e te gen pousyè sou tèt li. Lè l rive kot David, li lage kò l atè e li bese devan David.
3 David di l: “Ki kote w soti?” Li reponn: “Mwen chape sot nan kan Izrayèl la.” 4 David mande l: “Ki jan bagay yo pase? Di m non.” Lè sa a, li di: “Pèp la kouri kite batay la. Anpil ladan yo tonbe e yo mouri. Menm Sayil ak Jonatan, pitit gason l lan, mouri+.” 5 Epi, David mande jèn gason ki te vin ba l nouvèl la: “Ki jan w fè konnen Sayil ak Jonatan, pitit gason l lan, mouri?” 6 Jèn gason an reponn: “Pandan m te sou Mòn Gilbowa+, se konsa mwen te wè Sayil ki lage kò l sou lans li a. Te gen charyo ki gen sòlda sou yo e te gen kavalye ki t ap kouri vin sou li+. 7 Lè l vire gade, li wè m, li rele m, epi mwen di l: ‘Men mwen.’ 8 Li mande m: ‘Kiyès ou ye?’ Mwen reponn: ‘Mwen se moun Amalèk+.’ 9 Epi, li di m: ‘Tanpri, panche kò w sou mwen pou w touye m, paske m ap soufri anpil e mwen ak tout konesans mwen*.’ 10 Vrèmanvre, mwen panche kò m sou li e mwen touye l+ paske mwen te konnen li pa t ap ka viv apre l te fin tonbe e li blese grav konsa. Apre sa, mwen pran kouwòn ki te sou tèt li a ak braslè ki te nan bra l la mwen pote yo isit la ba ou, mèt mwen.”
11 Lè sa a, David kenbe rad sou li, li chire yo de bò, e tout mesye ki te avè l yo te fè menm bagay la. 12 Yo te pran rele, yo te kriye pou Sayil, pou Jonatan, pitit gason l lan, pou pèp Jewova a, pou tout moun ann Izrayèl+ ki te mouri anba kout epe e yo pa t manje anyen+ rive jis aswè.
13 David mande jèn gason ki te vin ba l nouvèl la: “Moun ki kote w ye?” Li reponn: “Mwen se pitit yon etranje, yon moun Amalèk, ki abite nan peyi a.” 14 Epi, David di l: “Poukisa w pa t pè leve men w pou w touye moun Jewova chwazi a+?” 15 Lè sa a, David rele youn nan jèn mesye yo, li di l: “Avanse, epi touye l.” Vrèmanvre, li frape misye e li touye l+. 16 David di jèn gason ki te vin ba l nouvèl la: “Se ou ki responsab san w, paske se ou ki di ak bouch ou: ‘Se mwen menm ki touye moun Jewova chwazi a+.’”
17 Apre sa, David chante yon chan pou lanmò Sayil ak Jonatan, pitit gason l lan+, 18 epi li di yo ta dwe aprann pèp Jida a chan sa a ki gen tit: “Banza* a”. Se yon chan ki ekri nan liv Jacha a+. Men sa l di:
19 “O Izrayèl, yo touye moun ki gen glwa yo sou tèt mòn ou yo+.
Gade ki jan gason vanyan yo tonbe!
20 Pa rakonte sa nan Gat+,
Pa anonse sa nan lari Achkelon,
Pou medam peyi Filisti yo pa rejwi,
Pou pitit fi moun ki pa sikonsi yo pa fè fèt.
21 Nou menm mòn ki nan Gilbowa yo+,
Pinga ni lawouze ni lapli tonbe sou nou,
Pinga jaden nou yo donnen manje pou n bay Bondye kòm ofrann+,
Paske se la a yo pa t montre respè pou boukliye gason vanyan yo.
Boukliye Sayil la pa grese ak luil ankò.
22 Banza Jonatan an pa t sispann fè san moun yo touye yo koule,
Li pa t sispann pèse grès moun ki vanyan yo+,
E Sayil pa t konn tounen ak epe l la san l pa pot laviktwa+.
23 Moun te renmen Sayil ak Jonatan+ e yo te gen afeksyon pou yo* pandan tout vi yo,
Menm lanmò pa separe yo+.
Yo te pi rapid pase èg+,
Yo te gen plis fòs pase lyon+.
24 O medam ann Izrayèl yo, kriye pou Sayil,
Li menm ki te abiye nou ak bèl rad wouj vif,
Li menm ki te ban nou bèl bagay annò pou n met sou rad nou.
25 Gad ki jan gason vanyan yo tonbe nan lagè!
Gad ki jan Jonatan mouri sou tèt mòn ou yo+!
26 Mwen nan lapenn pou ou Jonatan, frè m nan.
Mwen te renmen w anpil+.
Lanmou w te gen pou mwen te gen plis valè pase lanmou medam yo gen pou mwen+.
27 Gad ki jan gason vanyan yo tonbe!
Gad ki jan zam yo te konn fè lagè yo peri!”
2 Apre sa, David mande Jewova+: “Èske m dwe monte al nan youn nan vil Jida yo?” Jewova di David: “Ou mèt monte.” Epi, David mande l: “Ki kote m dwe ale?” Li reponn: “Ebwon+.” 2 Se konsa, David monte Ebwon ak de madanm li yo, Ayinowam+, moun Jizreyèl, ak Abigayil+, moun Kamèl, madanm defen Nabal la. 3 David t ale ansanm ak mesye ki te avè l yo tou+, e yo chak t ale ansanm ak moun lakay yo. Yo t al rete nan vil ki ozalantou Ebwon yo. 4 Epi, mesye Jida yo vini e yo vide luil sou tèt David pou yo mete l wa nan Jida+.
Yo di David: “Se mesye Jabèsgalaad yo ki te antere Sayil.” 5 Se konsa, David voye kèk mesaje al kot mesye Jabèsgalaad yo e li voye di yo: “Mwen swete pou Jewova beni nou piske nou te montre nou gen lanmou ki fidèl pou mèt nou an, Sayil, lè nou te antere l la+. 6 Mwen swete pou Jewova montre lanmou* pou nou e pou l fidèl ak nou. Mwen menm tou, m ap montre bonte anvè nou pou sa nou fè a+. 7 Kidonk, ranmase fòs nou, epi mete kouraj sou nou, paske mèt nou an, Sayil, mouri, e moun Jida yo vide luil sou tèt mwen pou yo fè m vin wa yo.”
8 Men, Abnè+, pitit gason Nè a, chèf lame Sayil la, te pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la+, e li travèse al Maanayim avè l+, 9 li fè l vin wa moun Galaad yo+, Achourit yo, moun Jizreyèl yo+, moun Efrayim yo+, desandan Benjamen yo ak tout moun ann Izrayèl yo. 10 Ichbochèt, pitit gason Sayil, te gen 40 an lè l te vin wa ann Izrayèl, e li te pase dezan kòm wa. Men, moun Jida yo te pou David+. 11 David te pase setan sis mwa kòm wa Jida, nan Ebwon+.
12 Rive yon lè, Abnè, pitit gason Nè a, ansanm ak sèvitè Ichbochèt yo, pitit gason Sayil la, te soti Maanayim+ pou y al Gabawon+. 13 Jowab+, pitit gason Sewouya a+, ansanm ak sèvitè David yo, te soti tou pou y al rankontre avèk yo bò pisin ki nan Gabawon an. Yon gwoup te chita sou yon bò pisin nan e lòt gwoup la te chita sou lòt bò a. 14 Alafen, Abnè di Jowab: “Ann fè jèn gason yo leve kanpe pou yo batay* devan nou.” Epi, Jowab di l: “Ann fè yo leve.” 15 Se konsa, yo te leve kanpe. Toule de gwoup yo te chwazi yon kantite gason pou batay la, epi yo travèse. Yo te pran 12 gason nan kan desandan Benjamen yo ak nan kan Ichbochèt, pitit gason Sayil la, e yo te pran 12 gason pami sèvitè David yo. 16 Youn te kenbe lòt nan cheve, youn te antre epe l bò kòt lòt e yo te tonbe atè ansanm. Se sa k fè kote sa a ki nan Gabawon an, yo te rele l Èlkatazourim.
17 Jou sa a, batay ki te vin fèt la te rèd anpil. Finalman, Abnè ansanm ak mesye ann Izrayèl yo te pèdi batay la devan sèvitè David yo. 18 Twouve, toule twa pitit gason Sewouya yo+ te la, anpalan de Jowab+, Abichayi+ ak Asayèl+. Asayèl te konn kouri rapid tankou kabrit* nan savann. 19 Asayèl t ap kouri dèyè Abnè san l pa t vire ni adwat ni agoch. 20 Lè Abnè vire gad dèyè, li mande: “Èske se ou, Asayèl?” Asayèl reponn: “Wi, se mwen menm.” 21 Apre sa, Abnè di l: “Vire adwat oubyen agoch pou w met men sou youn nan jèn gason yo, epi pran nenpòt sa w jwenn sou li pou ou.” Men, Asayèl pa t vle sispann kouri dèyè l. 22 Epi, Abnè di Asayèl ankò: “Sispann kouri dèyè m. Poukisa pou m oblije touye w? Ki jan m ap fè gade Jowab, frè w la, nan je?” 23 Men, li te refize kanpe. Se sa k fè Abnè te ba l yon kou nan vant ak dèyè lans ki te nan men l lan+, epi lans lan te soti nan do l. Menm kote a, Asayèl tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki te rive kote Asayèl te tonbe epi l mouri a te ret kanpe la.
24 Annapre, Jowab ak Abichayi t al dèyè Abnè. Solèy t apral kouche lè yo te rive sou ti mòn Ama a, anfas Giya, nan wout ki mennen nan Dezè Gabawon an. 25 Epi desandan Benjamen yo te reyini pou y al dèyè Abnè. Yo te fè yon sèl gwoup e yo te kanpe sou tèt yon ti mòn. 26 Epi, Abnè di Jowab: “Jis ki lè n ap sispann tire kout epe youn sou lòt? Se konnen w pa konnen se lapenn sèlman n ap rekòlte nan bagay sa a? Konbyen tan w ap tann anvan w di moun yo pou yo sispann kouri dèyè pwòp frè yo?” 27 Lè sa a, Jowab di: “Menm jan li klè vrè Dye a vivan, mwen fè sèman, si w pa t pale, se jis demen maten mesye yo t ap sispann kouri dèyè pwòp frè yo.” 28 Se konsa, Jowab te sonnen yon kòn, mesye ki te avè l yo te sispann kouri dèyè mesye Izrayèl yo, e batay la te kanpe.
29 Apre sa, Abnè ansanm ak mesye ki te avè l yo travèse zòn Araba+ tout nuit lan e yo travèse Rivyè Jouden an. Epi, yo travèse tout ravin nan*, finalman yo rive Maanayim+. 30 Lè Jowab sispann kouri dèyè Abnè, li rasanble tout mesye yo. Te manke 19 gason nan sèvitè David yo, anplis Asayèl. 31 Men, sèvitè David yo te pote laviktwa sou desandan Benjamen yo ak mesye ki te avèk Abnè yo e pami yo te gen 360 gason ki te mouri. 32 Mesye David yo te pran kadav Asayèl+, yo t al antere l nan tonm papa l la, ki nan Betleyèm+. Apre sa, Jowab ansanm ak mesye ki te avè l yo mache pandan tout nuit lan e yo rive Ebwon+ kou l jou.
3 Moun Sayil yo ak moun David yo te kontinye fè lagè youn ak lòt. Men, David te kontinye gen plis pouvwa+, e moun Sayil yo te kontinye ap pèdi fòs+.
2 Pandan tan sa a, David te vin gen plizyè pitit gason nan Ebwon+. Premye pitit gason l lan te rele Amnon+. Li te fè l ak Ayinowam+, moun Jizreyèl. 3 Dezyèm nan te rele Kileyab. Li te fè l ak Abigayil+, moun Kamèl, madanm defen Nabal. Twazyèm nan te rele Absalon+. Se te pitit gason Maaka, pitit fi Talmayi+ ki te wa Gechou. 4 Katriyèm nan te rele Adonija+. Li te fè l ak Agit. Senkyèm nan te rele Chefatya. Li te fè l ak Abital. 5 Sizyèm nan te rele Jitreyam. Li te fè l ak Egla ki te madanm li. David te vin gen pitit gason sa yo ki te fèt Ebwon.
6 Tank lagè ant moun Sayil yo ak moun David yo t ap kontinye, Abnè+ te kontinye vin gen plis pouvwa pami moun Sayil yo. 7 Twouve, Sayil te gen yon lòt madanm ki te rele Rispa+, ki te pitit fi Ayiya. Annapre, Ichbochèt+ di Abnè: “Poukisa w te kouche ak lòt madanm papa m te genyen an+?” 8 Abnè te vin fache anpil poutèt sa Ichbochèt te di l la. Abnè di l: “Èske se yon vye chen m ye nan peyi Jida? Jis jounen jodi a mwen montre lanmou ki fidèl pou moun lakay Sayil, papa w, ak frè l yo ansanm ak zanmi l yo, e mwen pa t lage w nan men David. Men jodi a, ou twouve ap vin mande m kont pou yon erè m te fè akoz yon fi. 9 Mwen menm, Abnè, se pou Bondye pini m, e se pou l pini m ankò, si m pa fè pou David sa Jewova te fè sèman l ap fè pou li a+. 10 Li te fè sèman l ap retire wayòm nan nan men fanmi Sayil e l ap mete twòn David la chita sou Izrayèl ak Jida, soti Dann rive Beyècheba+!” 11 Li pa t ka di Abnè anyen ankò, paske li te pè l+.
12 Menm kote a, Abnè voye kèk moun al kot David pou yo mande l: “Pou kiyès peyi a ye?” Epi, li voye di l: “Fè yon alyans avè m, epi m ap fè tout sa m kapab* pou m fè tout Izrayèl vin jwenn ou+.” 13 Lè sa a, li reponn: “Oke! M ap fè yon alyans avè w. Sèl bagay m ap mande w, anvan w chèche wè m, lè w ap vin kote m, se pou w mennen Mikal+, pitit fi Sayil la, ban mwen.” 14 Epi, men sa David voye kèk mesaje al di Ichbochèt+, pitit gason Sayil la: “Ban m Mikal, madanm mwen, paske mwen te peye 100 pwent po pijon gason ki moun Filisti pou m te ka marye avè l+.” 15 Konsa, Ichbochèt te voye pran Mikal nan men Paltyèl+, mari l, ki se pitit gason Layis. 16 Men, mari a t ap kriye pandan l t ap mache dèyè madanm li e li te suiv li rive jis Bawourim+. Epi, Abnè di l: “Ale! Retounen lakay ou!” Lè sa a, li retounen.
17 Epitou, Abnè te voye di ansyen ki nan pèp Izrayèl yo: “Sa fè lontan nou te vle pou David vin wa nou. 18 Ebyen, kounye a, se moman pou n aji, paske Jewova te di David: ‘Se David, sèvitè m nan+, m ap fè sove pèp Izrayèl la anba men moun peyi Filisti yo e anba men tout ènmi yo genyen.’” 19 Apre sa, Abnè te pale ak moun nan tribi Benjamen yo+. Epitou, Abnè t al pale ade ak David nan Ebwon pou l esplike l ki sa tout moun ann Izrayèl ak tout moun nan tribi Benjamen yo dakò pou yo fè.
20 Lè Abnè ak 20 mesye ki te avè l yo te rive kot David nan Ebwon, David te fè yon gwo resepsyon pou yo. 21 Lè sa a, Abnè di David: “Monwa, mèt mwen, kite m al rasanble tout moun ann Izrayèl yo pou ou pou yo ka fè yon alyans avè w e w ap vin wa tout moun* ou vle.” Apre sa, David voye Abnè ale, epi Abnè ale anpè.
22 Tousuit apre, Jowab ansanm ak mesye David yo te retounen sot atake yon zòn e yo te pote yon pakèt bagay yo te pran nan zòn nan. Abnè te gentan kite David nan Ebwon, paske l te voye l ale anpè. 23 Lè Jowab+ ak tout sòlda ki te avè l yo rive, gen moun ki vin di Jowab: “Abnè+, pitit gason Nè a+, te vin kote wa a, epi wa a voye l ale, e l ale anpè.” 24 Lè sa a, Jowab antre lakay wa a, li di l: “Ki sa w fè la a? Apa Abnè te vin kote w epi w kite l ale san pwoblèm! 25 Ou byen konnen Abnè, pitit gason Nè a! Se pou l twonpe w li vin la a, pou l ka chèche konnen tout mouvman w ak tout sa w ap fè.”
26 Se konsa, Jowab kite David, li voye kèk mesye al dèyè Abnè. Yo jwenn li bò sitèn ki nan Sira a e yo mennen l tounen, epoutan David pa t konn anyen nan sa. 27 Lè Abnè retounen Ebwon+, Jowab pran l apa nan pòtay vil la pou l pale avè l ade. Men, pandan yo nan pòtay la, li pike Abnè nan vant, epi Abnè mouri+. Li te fè sa poutèt Abnè te touye* Asayèl, frè l la+. 28 Annapre, lè David tande sa, li di: “Mwen menm ak moun ki nan wayòm mwen an, nou inosan nèt+ devan Jewova pou Abnè, pitit gason Nè a, yo touye a. 29 Se pou Jowab ak tout moun lakay papa l jwenn pinisyon pou lanmò sa a+. Nan fanmi Jowab, se pou toujou gen yon moun ki gen ekoulman+, oubyen yon moun ki gen lèp+, oswa yon gason ki oblije fè travay fi*, oubyen yon moun yo touye ak epe, oswa yon moun ki nan grangou+!” 30 Konsa, Jowab ak Abichayi, frè l la+, te touye Abnè+, paske Abnè te touye Asayèl, frè yo a, nan batay Gabawon an+.
31 Lè sa a, David di Jowab ak tout moun ki te avè l yo: “Chire rad sou nou, mete twal sak sou nou, epi kriye pou Abnè.” Menm wa David t ap mache dèyè branka yo t ap pote kadav la. 32 Yo te antere Abnè nan Ebwon, wa a te kriye byen fò sou tonm Abnè e tout pèp la te kriye tou. 33 Wa a te chante yon chan pou Abnè kote l t ap di:
“Èske Abnè te dwe mouri tankou yon moun sòt?
Lè moun yo tande sa, yo tout pran kriye ankò.
35 Annapre, tout moun te pote manje bay David pou yo konsole l*. Solèy potko menm kouche, David te sèmante, li te di: “Se pou Bondye pini m, e se pou l pini m ankò, si m manje pen oswa nenpòt lòt bagay anvan solèy kouche+!” 36 Tout pèp la te wè sa, e sa te fè yo plezi. Tout sa wa a te fè yo te fè pèp la plezi. 37 Konsa, jou sa a, tout pèp la ak tout moun ann Izrayèl te vin konnen se pa wa a ki te fè touye Abnè, pitit gason Nè a+. 38 Apre sa, wa a di sèvitè l yo: “Èske nou pa konnen se yon chèf e se yon gwo gason ki tonbe ann Izrayèl jodi a+? 39 Jodi a, mwen santi m fèb, byenke yo chwazi m kòm wa+. Men, mesye sa yo, pitit gason Sewouya yo+, twò mechan pou mwen+. Se pou Jewova fè moun ki mechan an peye pou mechanste l+!”
4 Lè Ichbochèt+, yon pitit gason Sayil, aprann Abnè mouri nan Ebwon+, li pa t gen fòs menm ankò* e tout Izrayelit yo te boulvèse. 2 Te gen de mesye ki te anba kontwòl pitit gason Sayil la ki te alatèt yon bann mesye ki te konn al piye lòt zòn. Youn te rele Baana e lòt la te rele Rekab. Yo se pitit gason Rimon, moun Beyewòt, ki soti nan tribi Benjamen. (Paske moun yo te abitye konsidere Beyewòt+ kòm yon pati nan tèritwa tribi Benjamen an. 3 Moun Beyewòt yo te kouri al Gitayim+, e yo toujou abite la kòm etranje jis jodi a.)
4 Twouve, Jonatan, ki te pitit gason Sayil+, te gen yon pitit gason ki domaje nan pye+. Pitit la te gen senkan lè yo te sot Jizreyèl+ ak nouvèl sou sa k te rive Sayil ak Jonatan an. Dam ki te konn okipe l la te pran l, li kouri avè l, men kòm li t ap kouri san kontwòl, pitit la sot tonbe e li domaje. Li te rele Mefibochèt+.
5 Rekab ak Baana, pitit gason Rimon, moun Beyewòt la, te vin lakay Ichbochèt gwo midi, pandan l t ap pran yon ti repo. 6 Yo antre nan kay la, yo fè kòmsi yo pral pran ble, yo ba l yon sèl kout ponya nan vant. Apre sa, Rekab ak Baana+, frè l la, kouri y ale. 7 Lè yo te antre nan kay la, Ichbochèt te kouche sou kabann li nan chanm li, e yo te ba l yon sèl kout ponya, yo touye l, apre sa yo koupe tèt li. Lèfini, yo pran tèt la e yo fè tout nuit lan ap mache nan wout ki mennen Araba a. 8 Epi, yo pote tèt la bay wa David nan Ebwon e yo di l: “Men tèt Ichbochèt+, pitit gason Sayil la, ènmi w lan+, ki t ap chèche retire lavi w la*+. Jodi a, Jewova tire revanj sou Sayil ak desandan l yo pou ou menm, monwa, mèt mwen.”
9 Men, David reponn Rekab ak Baana, frè l la, pitit gason Rimon, moun Beyewòt la, li di yo: “Menm jan li klè Jewova vivan, li menm ki te sove m* anba tout kalamite, mwen fè sèman+ 10 lè yon moun te vin di m: ‘Sayil mouri+’ e li te panse se yon bon nouvèl li te ban m, mwen te met men sou li e mwen te touye l+ nan Ziklag. Se sa mwen te ba l kòm rekonpans pou nouvèl li te pote a. 11 Nou pa bezwen mande ki sa m ap fè moun mechan k al touye yon moun ki dwat sou kabann lakay li! Èske m pa dwe fè nou peye pou san moun sa a+, epi efase nou sou tè a?” 12 Apre sa, David bay lòd pou yo touye jèn mesye yo+. Yo koupe men yo ak pye yo e yo pann kadav yo+ toupre pisin ki nan Ebwon an. Men, yo pran tèt Ichbochèt y al antere l kote yo te antere Abnè a, nan Ebwon.
5 Rive yon lè, tout tribi ann Izrayèl yo te vin kot David nan Ebwon+, yo di l: “Gade! Se san w* nou ye+. 2 Lontan, lè Sayil te wa nou, se ou menm ki te konn alatèt pèp Izrayèl la lè li t apral nan lagè*+. Jewova te di w: ‘W ap vin yon bèje pou Izrayèl, pèp mwen an, e w ap vin chèf sou Izrayèl+.’” 3 Konsa, tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la te vin kot wa a nan Ebwon. Epi, wa David te fè yon alyans avèk yo+ nan Ebwon devan Jewova. Apre sa, yo vide luil sou tèt David pou yo mete l wa Izrayèl+.
4 David te gen 30 an lè l te vin wa, e li te fè 40 an kòm wa+. 5 Li te dirije Jida pandan 7 an 6 mwa detan l Ebwon. E pandan 33 an, li te dirije tout Izrayèl ak Jida detan l Jerizalèm+. 6 Epi, wa a ak mesye l yo pran wout pou y al Jerizalèm pou y al atake moun Jebis yo+ ki te abite nan zòn nan. Moun yo te pase David nan rizib, yo te di l: “Ou pap janm antre isit la! Ata moun ki avèg yo ak moun ki domaje nan pye yo ap mete w deyò.” Yo te di tèt yo: ‘David pap janm antre isit la+.’ 7 Men, David te pran fòtrès ki nan Siyon an, e yo rele l Vil David kounye a+. 8 Se konsa, jou sa a, David te di: “Moun k ap atake moun Jebis yo dwe pase nan tinèl dlo a pou y al touye ‘ni moun ki domaje nan pye ni moun ki avèg’ ki rayi mwen menm, David*.” Se sa k fè, gen yon pawòl ki di: “Moun ki avèg yo ak moun ki domaje nan pye yo pap janm antre isit la.” 9 Apre sa, David te vin abite nan fòtrès la, e yo te rele l* Vil David. Epi, David te kòmanse bati yon seri miray ak lòt bagay nan Milo*+ ak lòt kote nan vil la+. 10 Se konsa, David te vin gen plis pouvwa de jou an jou+, e Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, te avè l+.
11 Iram+, wa vil Ti, te voye moun pot mesaj bay David e l te voye bwa sèd+, bòs ki konn travay bwa ak bòs ki konn taye wòch pou bati miray yo e yo te kòmanse bati yon kay* pou David+. 12 Epi, David te wè se Jewova ki mete l wa sou pèp Izrayèl la+ e ki te leve wayòm li an byen wo+ pou byen pèp Izrayèl la+.
13 David te vin gen plis madanm ak plis lòt madanm+ nan Jerizalèm e li te vin gen plis pitit gason ak plis pitit fi+. 14 Men non pitit li te vin genyen nan Jerizalèm yo: Chamwa, Chobab, Natan+, Salomon+, 15 Iba, Elichouwa, Nefèg, Jafya, 16 Elichama, Elyada ak Elifelèt.
17 Lè moun Filisti yo tande yo chwazi David kòm wa sou pèp Izrayèl la+, yo tout monte pou y al dèyè David+. Lè David aprann sa, li desann al yon kote pou l kache+. 18 Epi, moun Filisti yo vini, yo gaye kò yo nan Vale* Refayim+ nan. 19 Epi, David mande Jewova+: “Èske m mèt monte al goumen ak moun Filisti yo? Èske w ap lage yo nan men m?” Lè sa a, Jewova di David: “Ou mèt monte. Paske, m ap lage moun Filisti yo nan men w san mank+.” 20 Vrèmanvre, David vini Baalperazim e li touye moun Filisti yo nan zòn sa a. Apre sa, li di: “Jewova kraze ènmi m yo+ pou mwen, tankou yon kote dlo pase li kraze.” Se sa k fè li te rele zòn sa a Baalperazim*+. 21 Moun Filisti yo te kite zidòl yo te genyen yo nan zòn nan, e David ak mesye l yo pran yo e yo detwi yo.
22 Annapre, moun Filisti yo monte yon lòt fwa ankò e yo gaye kò yo nan Vale* Refayim nan+. 23 David te mande Jewova sa pou l fè, men li di David: “Pa monte dwat. Okontrè, al pase pa dèyè yo, epi atake yo anfas kote ki gen touf bwa a*. 24 Lè w tande yon bri nan tèt pyebwa yo ki tankou bri moun k ap mache, lè sa a, aji byen vit, paske Jewova ap pase devan w pou l touye sòlda ki nan lame Filisti a.” 25 Vrèmanvre, David te fè egzakteman sa Jewova te ba l lòd fè a, epi li touye moun Filisti yo+ soti Geba+ pou rive jis Gezè+.
6 David te rasanble tout pi bon sòlda ki gen ann Izrayèl yo ankò. Yo te rive 30 000 gason. 2 Epi, David ak tout mesye ki te avè l yo t ale Baalejida pou y al pran Lach vrè Dye a+. Te gen moun devan Lach la ki t ap louwe non Jewova, Chèf lame yo+, ki chita sou twòn li anlè* cheriben yo+. 3 Men, yo te mete Lach vrè Dye a sou yon charyo tounèf+ pou yo ka pote l lè yo te soti avè l lakay Abinadab+, sou ti mòn nan. Se Ouza ak Ayiyo, pitit gason Abinadab yo, ki t ap mennen charyo tounèf la.
4 Se konsa yo te transpòte Lach vrè Dye a soti lakay Abinadab, sou ti mòn nan, e Ayiyo t ap mache devan Lach la. 5 David ak tout pèp Izrayèl la t ap fete devan Jewova e gen moun ki t ap jwe mizik ak tout kalite enstriman an bwa, hap*, lòt enstriman akòd+, tanbouren+, senbal+ ak lòt kalite enstriman ankò. 6 Men, lè yo rive kote yo konn bat manje angren nan Nakon an, Ouza lonje men l, li kenbe Lach vrè Dye a+ paske bèf yo te prèske lage Lach la atè. 7 Menm moman an, Jewova te vin an kòlè anpil kont Ouza. Epi, vrè Dye a te touye l lapoula+ poutèt zak derespektan+ li te fè a, e li te mouri la bò kot Lach vrè Dye a. 8 Men, David te vin fache* poutèt Jewova te frape Ouza avèk kòlè. E depi lè sa a yo rele zòn sa a Perèsouza*. 9 Sa te fè David vin pè Jewova+ jou sa a, epi li di: “Ki jan Lach Jewova a ap fè rive kote m rete a+?” 10 David pa t vle yo mennen Lach Jewova a kote l te rete a, nan Vil David la+. Okontrè, li te fè yo mennen l lakay Obèdedòm+, yon moun Gat*.
11 Lach Jewova a te rete lakay Obèdedòm, moun Gat la, pandan twa mwa, e Jewova te kontinye beni Obèdedòm ak tout moun lakay li+. 12 Gen moun ki te vin di wa David: “Jewova beni moun lakay Obèdedòm ak tout sa l genyen, paske Lach vrè Dye a lakay Obèdedòm.” Se sa k fè David t al pran Lach vrè Dye a lakay Obèdedòm pou l monte avè l nan Vil David la ak anpil kè kontan+. 13 Apre moun ki t ap pote+ Lach Jewova yo te fin fè sis pa, David te ofri yon towo bèf ak yon gazèl bèf byen gra kòm sakrifis.
14 David t ap danse e li t ap vire kò l ak tout fòs li devan Jewova. Nan moman sa a, David te gen yon efòd* ki fèt ak twal len sou li*+. 15 David ak tout pèp Izrayèl la t ap monte ak Lach+ Jewova a, yo t ap rele byen fò ak anpil kè kontan+ e yo t ap sonnen kòn+. 16 Men, lè Lach Jewova a antre nan Vil David la, Mikal, pitit fi Sayil la+, t ap gade anba nan fenèt la, li wè wa David k ap vole anlè, k ap danse pandan l ap vire kò l devan Jewova, e li kòmanse meprize l nan kè l+. 17 Se konsa, yo antre ak Lach Jewova a anndan tant David te monte pou li a e yo mete Lach la nan plas li+. Apre sa, David fè sakrifis yo konn boule nèt+ ak sakrifis kominyon*+ devan Jewova+. 18 Lè David fin ofri sakrifis yo boule nèt yo ak sakrifis kominyon yo, li beni pèp la nan non Jewova, Chèf lame yo. 19 Mete sou sa, li bay chak moun nan tout pèp la, chak gason, chak fi, yon pen ki won, e ki gen twou nan mitan l, yon gato dat ak yon gato rezen. Apre sa, tout pèp la ale, chak moun al lakay yo.
20 Lè David vini pou l al beni moun lakay li, Mikal, pitit fi Sayil la+, soti vin rankontre l. Li di l: “Se pa ti glwa wa Izrayèl la atire sou tèt li jodi a lè l fè sèvant mesye k ap travay avè l yo wè kiyès li ye, menm jan yon nonm san sèvèl fè wè byen klè kiyès li ye+!” 21 Lè sa a, David di Mikal: “Se pou Jewova mwen t ap fè fèt, li menm ki te chwazi m olye l te chwazi papa w ak tout moun lakay papa w e ki mete m chèf Izrayèl, pèp Jewova a+. Se sa k fè mwen pral fè fèt devan Jewova, 22 m ap rabese tèt mwen plis toujou e m ap desann tèt mwen byen ba. Sèvant sa yo ou sot pale de yo la a, se nan men yo m ap jwenn glwa.” 23 Se konsa, Mikal, pitit fi Sayil la+, pa t gen pitit pou jis li mouri.
7 Lè wa a fin abite nan kay li a*+ e Jewova te fè tout ènmi l yo anpè avè l, 2 wa a te di pwofèt Natan+: “Gade m ap viv nan yon kay ki fèt ak bwa sèd+ alòske Lach vrè Dye a ret anba tant+.” 3 Lè sa a, Natan di wa a: “Ale, ou mèt fè kèlkeswa sa w gen nan kè w la, paske Jewova avè w+.”
4 Nan menm nuit lan, Jewova pale ak Natan, li di l: 5 “Al di David, sèvitè m nan: ‘Men sa Jewova di: “Èske se ou ki dwe bati yon kay pou m rete+? 6 Paske mwen pa rete nan yon kay depi jou mwen te fè pèp Izrayèl la soti ann Ejip rive jis jodi a+, men mwen t ap deplase* nan yon tant ak nan yon tabènak*, sot yon kote al yon lòt kote+. 7 Pandan tout tan mwen t ap deplase ak tout Izrayelit yo*, èske m te janm mande youn nan chèf tribi ann Izrayèl yo mwen te chwazi pou pran swen pèp Izrayèl la, pèp mwen an: ‘Poukisa nou pa bati yon kay ak bwa sèd pou mwen?’”’ 8 Kounye a, men sa pou w di David, sèvitè m nan: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Se mwen menm ki te pran w nan patiraj kote w t ap pran swen mouton yo+ pou m fè w vin chèf sou Izrayèl, pèp mwen an+. 9 M ap avè w kèlkeswa kote w ale+, m ap detwi tout ènmi w yo devan w+ e m ap fè w vin gen gwo renome+ menm jan ak yon seri mesye enpòtan sou tè a. 10 M ap chwazi yon kote pou Izrayèl, pèp mwen an, m ap fè yo rete la, e pap gen pèsonn k ap fè l tranble ankò. Epi, moun ki mechan pap maltrete l ankò, jan yo te konn fè sa lontan+, 11 nan epòk mwen te mete jij+ pou dirije Izrayèl, pèp mwen an. M ap fè tout ènmi w yo viv anpè avè w+.
“‘“Epitou, mwen menm, Jewova, mwen fè w konnen mwen menm Jewova, m ap fè yon kay pou ou*+. 12 Lè jou w yo rive nan bout yo+, e w al repoze bò kot zansèt ou yo, m ap fè yon desandan w*, pwòp pitit gason w*, ranplase w, e m ap fè wayòm li an byen chita+. 13 Se li menm k ap bati yon kay pou non mwen+, e m ap fè twòn ki nan wayòm li an byen chita pou toutan+. 14 M ap vin papa l, e l ap vin pitit gason m+. Lè l mal aji, m ap sèvi ak baton lèzòm pou m korije l e m ap bat li ak baton pitit gason lèzòm yo*+. 15 Mwen pap sispann montre lanmou ki fidèl pou li jan mwen te sispann fè sa pou Sayil+, wa mwen te retire pou m mete w nan plas li a. 16 Fanmi w ak wayòm ou an ap an sekirite pou toutan. Twòn ou an ap byen chita pou toutan+.”’”
17 Natan te di David tout pawòl sa yo e li te rakonte l tout vizyon an nèt+.
18 Lè sa a, wa David chita devan Jewova e li di: “Kiyès mwen ye, o Jewova, Seyè ki Souvren an? Ki sa fanmi m ye pou w fè tout bagay sa yo pou mwen+? 19 Kòmsi sa pa t ase, o Jewova, Seyè ki Souvren an, ou fè konnen tou jan fanmi sèvitè w la pral ye nan tan ki gen pou vini jis apre yo, e sa se yon bagay okenn moun pap chanje, o Jewova, Seyè ki Souvren an. 20 Ki sa mwen menm, David, sèvitè w la, ka di w ankò, ou menm ki tèlman byen konnen m+, o Jewova, Seyè ki Souvren an? 21 Se ann amoni ak pawòl ou e se paske kè w pouse w ki fè w fè tout gwo bagay sa yo e w fè sèvitè w la konn bagay sa yo+. 22 Se sa k fè ou vrèman gran+, o Jewova, Seyè ki Souvren an. Pa gen pèsonn tankou w+ e pa gen Dye sof ou menm+. Tout sa nou tande ak zòrèy nou montre sa. 23 Epitou, ki lòt nasyon sou tè a ki tankou pèp Izrayèl la, pèp ou a+? Antanke Dye, ou t al delivre l e ou fè l vin pèp ou+, ou fè konnen non w+ pa mwayen yon seri gwo bagay ou te fè pou yo ki bay lakrentif+. Ou te mete lòt nasyon yo ansanm ak dye nasyon sa yo deyò pou pèp ou a ou te delivre ann Ejip pou l te ka vin pèp pa w. 24 Ou te fè pèp Izrayèl la, pèp ou a, vin pèp ou pou toutan+, e ou menm, o Jewova, ou vin Bondye yo+.
25 “Kounye a, o Jewova Dye, se pou w fè pwomès ou fè sèvitè w la ak fanmi l reyalize pou toutan e se pou w fè egzakteman sa w te pwomèt la+! 26 Se pou moun fè louwanj pou non w pou toutan+, yon fason pou moun ka di: ‘Jewova, Chèf lame yo, se Bondye pèp Izrayèl la!’ Se pou kay David, sèvitè w la, rete byen solid devan w+! 27 Paske ou menm Jewova, Chèf lame yo, Bondye pèp Izrayèl la, ou fè sèvitè w la konn sa, lè w te di l: ‘M ap fè yon kay pou ou*+.’ Se pou rezon sa a sèvitè w la jwenn fòs* pou l priye w konsa. 28 Kounye a, o Jewova, Seyè ki Souvren an, se ou menm ki vrè Dye a, pawòl ou se laverite+ e se ou ki pwomèt sèvitè w la bon bagay sa yo. 29 Se sa k fè, se pou w kontan beni kay sèvitè w la e se pou l kontinye ret kanpe devan w pou toutan+! Paske se ou menm, o Jewova, Seyè ki Souvren an, ki fè pwomès la, e se pou kay sèvitè w la jwenn benediksyon w pou toutan+!”
8 Kèk tan apre, David te pot laviktwa sou moun Filisti yo+ e li te fè yo soumèt devan l+, epi David te pran vil Metègama nan men moun Filisti yo.
2 Li te pot laviktwa sou moun Mowab yo+ e li te fè yo kouche atè pou l mezire yo pa ranje ak yon kòd yo konn mezire. Li te mezire de fwa longè kòd la sou moun li t apral touye yo, men li te mezire yon fwa longè kòd la sou moun li t ap kite vivan yo+. Epi, moun Mowab yo te vin sèvitè David e li te fè yo peye taks+.
3 David te pot laviktwa sou Adadezè, pitit gason Reyòb, wa Soba a+, pandan Adadezè te sou wout pou l al fè moun nan zòn Rivyè Efrat yo soumèt anba otorite l+. 4 David te rive pran 1 700 sòlda ki te sou cheval ak 20 000 sòlda ki te apye. Epi, David te koupe jarèt prèske tout cheval ki t ap rale charyo yo, e se sèlman 100 ladan yo li te kite+.
5 Lè moun Siri ki t ap viv Damas yo+ te vin ede Adadezè, wa Soba a, David te touye 22 000 ladan yo+. 6 Epi, David te mete plizyè gwoup sòlda nan Damas, nan peyi Siri. Moun Siri yo te vin sèvitè David e li te fè yo peye taks. Jewova te fè David pot laviktwa tout kote l t ale+. 7 Mete sou sa, David pran boukliye won annò ki te nan men sèvitè Adadezè yo e li pote yo Jerizalèm+. 8 Wa David te pran yon gwo kantite kuiv nan vil Beta ak vil Bewotayi, de vil ki te pou Adadezè.
9 Twouve, Tòy, wa Amat la+, te vin aprann David te pot laviktwa sou tout lame Adadezè a+. 10 Se sa k fè Tòy te voye Joram, pitit gason l, al kot wa David pou l mande l kòman l ye e pou l felisite l paske li t al fè lagè ak Adadezè e li te pot laviktwa sou li (paske Adadezè te konn fè lagè souvan ak Tòy). Li te pote bagay ann ajan, annò e an kuiv. 11 Wa David te mete bagay sa yo apa pou Jewova, ansanm ak ajan ak lò li te pran nan men tout lòt nasyon ki te anba pouvwa l yo+, 12 tankou Siri, Mowab+, desandan Amon yo, moun Filisti yo+ ak moun Amalèk yo+, ansanm ak bagay li te pran nan lagè li te fè ak Adadezè+, pitit Reyòb, wa Soba a. 13 Epitou, David te vin gen gwo renome apre l te sot touye 18 000 moun Edòm nan Vale Sèl+. 14 Li te mete plizyè gwoup sòlda nan peyi Edòm. Li te met gwoup sòlda nan tout peyi a, e tout moun Edòm yo te vin sèvitè David+. Jewova te fè David pot laviktwa* tout kote li t ale+.
15 David te kontinye dirije tout pèp Izrayèl la+, li te fè tout pèp la jwenn jistis e li te fè tout bagay dwat+. 16 Jowab+, pitit gason Sewouya, te alatèt lame a, e Jozafa+, pitit gason Ayiloud, te la pou l ekri sa k pase. 17 Zadòk+, pitit gason Ayitoub, ak Ayimelèk, pitit gason Abyata, te prèt e Seraya te sekretè. 18 Benaya+, pitit gason Jewoyada, te alatèt Keretit yo ak Peletit yo+. Epi, pitit gason David yo te vin nan gwo pozisyon*.
9 Epi, David di: “Èske gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil mwen kapab montre lanmou ki fidèl pou li poutèt Jonatan+?” 2 Twouve, lakay Sayil, te gen yon sèvitè ki te rele Ziba+. Yo te voye rele l pou David, e wa a te mande l: “Se ou ki Ziba a?” Li reponn: “Wi, se mwen menm, sèvitè w la.” 3 Apre sa, wa a mande l: “Èske gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil mwen kapab montre lanmou ki fidèl pou li jan Bondye mande sa?” Ziba reponn wa a: “Gen yon pitit gason Jonatan ki la toujou, li domaje nan toude pye l+.” 4 Wa a mande l: “Kote l ye?” Ziba reponn li: “Li lakay Maki+, pitit gason Amiyèl, nan Lodeba.”
5 Menm kote a, wa David voye chèche l e li pran l lakay Maki, pitit gason Amiyèl la, nan Lodeba. 6 Lè Mefibochèt, pitit gason Jonatan ki te pitit gason Sayil, rive kot David, menm kote a, li lage kò l fas atè e li pwostène devan l. Epi, David di l: “Mefibochèt!” Li reponn: “Wi, mèt mwen.” 7 Apre sa, David di l: “Ou pa bezwen pè, paske se sèten m ap montre lanmou ki fidèl+ pou ou poutèt Jonatan, papa w. M ap fè w repran tout tè Sayil, granpapa w, te genyen yo, e w ap toujou manje sou tab mwen+.”
8 Lè sa a, Mefibochèt pwostène devan l ankò, li di: “Ki sa mwen menm, sèvitè w la, ye pou w ta bay yon chen mouri+ tankou m enpòtans?” 9 Epi, wa a voye chèche Ziba, sèvitè Sayil la, li di l: “M ap bay pitit pitit Sayil la tout byen Sayil yo ak tout sa ki lakay Sayil, mèt ou a+. 10 W ap travay tè pou li, ou menm, pitit gason w yo ak sèvitè w yo, e w ap rekòlte sa tè yo bay pou moun lakay pitit pitit mèt ou a ka jwenn manje pou yo manje. Men, Mefibochèt, pitit pitit mèt ou a, ap toujou manje sou tab mwen+.”
Twouve, Ziba te gen 15 pitit gason ak 20 sèvitè+. 11 Epi, Ziba di wa a: “Sèvitè w la ap fè tout sa ou menm, monwa, mèt mwen, ba l lòd fè pou Mefibochèt, sèvitè w la.” Se sa k fè, Mefibochèt te konn manje sou tab David tankou yon pitit gason wa a. 12 Epitou, Mefibochèt te gen yon pitit gason ki te rele Mika+. Tout moun ki t ap viv lakay Ziba te vin sèvitè Mefibochèt. 13 Mefibochèt te abite Jerizalèm paske li te konn toujou manje sou tab wa a+. Li te domaje nan toude pye l+.
10 Annapre, wa desandan Amon yo+ mouri e Anoun, pitit gason l lan, vin wa nan plas li+. 2 Lè David aprann sa, li di: “M ap demontre yon lanmou ki fidèl pou Anoun, pitit gason Nahach la, menm jan papa l te demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen.” Se sa k fè David te voye kèk nan sèvitè l yo al konsole Anoun ki te pèdi papa l. Men, lè sèvitè David yo rive nan peyi desandan Amon yo, 3 prens nan peyi desandan Amon yo di Anoun, mèt yo a: “Ou panse se onore David vle onore papa w ki fè l voye moun vin konsole w? Èske se pa pou egzamine vil la, pou espyone l e pou kraze l ki fè David voye sèvitè l yo kote w?” 4 Se sa k fè Anoun te pran sèvitè David yo, li koupe mwatye nan bab yo+, li koupe rad ki sou yo wotè dèyè yo epi li voye yo ale. 5 Lè yo vin di David sa, menm kote a, li voye kèk mesye al rankontre yo, paske yo te imilye mesye yo anpil. Epi, wa David voye di yo: “Rete Jeriko+ jiskaske bab nou pouse ankò, apre sa n a retounen.”
6 Rive yon lè, desandan Amon yo vin rann yo kont David pa vle wè yo. Se sa k fè desandan Amon yo te voye chèche moun Siri ki abite Bètreyòb+ ak moun Siri ki abite Soba+ e yo te peye 20 000 sòlda apye pami yo, yo te peye wa Maaka a+ ansanm ak 1 000 gason ki te avè l e yo te peye 12 000 gason ki soti nan Ichtòb pou y al nan lagè a avèk yo+. 7 Lè David tande sa, li voye Jowab ak tout lame a nan lagè a, san wete sòlda ki pi vanyan li genyen yo+. 8 Epi, desandan Amon yo te soti e yo te pran pozisyon yo nan antre vil la pou yo fè lagè pandan moun Siri ki soti Soba ak Reyòb yo ansanm ak moun Ichtòb ak Maaka yo te poukont yo nan savann nan.
9 Lè Jowab wè sòlda yo ap vin atake l ni devan ni dèyè, li chwazi kèk nan pi bon gwoup sòlda ki te gen ann Izrayèl yo, li ranje yo nan pozisyon pou y al batay ak moun Siri yo+. 10 Li te met Abichayi, frè l la+, alatèt rès sòlda yo pou ranje yo nan pozisyon pou y al batay ak desandan Amon yo+. 11 Epi, li di l: “Si moun Siri yo twò fò pou mwen, ou dwe vin pote m sekou. Men, si desandan Amon yo vin twò fò pou ou, m ap vin pote w sekou. 12 Nou dwe met kouraj+ sou nou pou n batay pou pèp nou an e pou vil Bondye nou an ban nou yo, epi Jewova ap fè sa ki fè l plezi+.”
13 Epi, Jowab ak mesye ki te avè l yo te avanse pou yo batay ak moun Siri yo, men, moun Siri yo te kouri pou li+. 14 Lè desandan Amon yo wè moun Siri yo kouri, yo kouri pou Abichayi e yo antre nan vil la. Apre Jowab fin pot laviktwa sou desandan Amon yo, li retounen Jerizalèm.
15 Lè moun Siri yo wè pèp Izrayèl la pot laviktwa sou yo, yo tout rasanble+. 16 Se konsa, Adadezè+ te voye chèche moun Siri yo nan zòn Rivyè a*+, e yo t ale Elam avèk Chobak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo.
17 Lè yo vin bay David nouvèl la, menm kote a, li te rasanble tout lame Izrayèl la, li travèse Rivyè Jouden an e li rive Elam. Lè sa a, moun Siri yo ranje yo pou y al batay ak David e yo te fè lagè avè l+. 18 Men, moun Siri yo te kouri pou pèp Izrayèl la, e David te touye 700 sòlda ki t ap kondui charyo ak 40 000 sòlda Siri ki te konn monte cheval. Li te touye Chobak, chèf lame yo a+. 19 Lè tout wa yo, sèvitè Adadezè yo wè pèp Izrayèl la pote laviktwa sou yo, yo kouri fè lapè ak pèp Izrayèl la byen vit e yo te vin anba kontwòl yo+. Apre sa, moun Siri yo te vin pè e yo pa t vle ede desandan Amon yo ankò.
11 Nan kòmansman ane a*, nan moman wa yo te konn al fè lagè youn ak lòt, David te voye Jowab ak sèvitè l yo ansanm ak tout lame Izrayèl la al touye desandan Amon yo. Yo te ansèkle vil Raba+, pandan David li menm te rete Jerizalèm+.
2 Yon jou swa*, David te leve nan kabann li pou l al fè yon ti mache sou do kay* li a. Pandan l sou do kay la, li gade l wè yon dam k ap benyen e dam nan te bèl anpil. 3 David voye yon moun al pran enfòmasyon sou dam nan, e moun nan vin di l: “Dam nan rele Batcheba+, li se pitit Elyam+ e li se madanm Ouri+, yon desandan Èt+.” 4 Epi, David voye al chèche dam nan mennen ba li+. Se konsa, dam nan antre vin kote l e li kouche ak dam nan+. (Sa te rive nan moman dam nan t ap pirifye tèt li paske li pa t pwòp*+.) Apre sa, dam nan retounen lakay li.
5 Dam nan te vin ansent e li voye nouvèl bay David, li voye di l: “Mwen ansent.” 6 Lè sa a, David voye di Jowab: “Voye Ouri, desandan Èt la, vin jwenn mwen.” Se konsa, Jowab voye Ouri al jwenn David. 7 Lè Ouri rive kot David, David mande l nouvèl Jowab ak nouvèl sòlda yo e li mande l ki jan lagè a ye. 8 Apre sa, David di Ouri: “Desann lakay ou al pran yon ti repo*.” Lè Ouri sot kay wa a, yo voye kado wa a konn bay la* ba li. 9 Epoutan, Ouri ret dòmi nan antre kay wa a ansanm ak tout lòt sèvitè wa a. Li pa t al lakay li. 10 Se sa k fè, yo t al di David: “Ouri pa al lakay li.” Lè sa a, David di Ouri: “Èske w pa fèk sot vwayaje? Poukisa w pa al lakay ou?” 11 Ouri reponn David: “Lach la+ ak lame Izrayèl la ansanm ak lame Jida a anba tant pou kounye a, e Jowab, mèt mwen an, ansanm ak sèvitè l yo monte tant yo nan savann nan. Nan ka sa a, èske m ta dwe al lakay mwen pou m al manje, bwè epi antre nan relasyon ak madanm mwen+? Menm jan li klè w ap viv e ou vivan, mwen fè sèman mwen pap fè yon bagay konsa!”
12 Apre sa, David di Ouri: “Ret isit la jodi a ankò, epi demen m ap voye w ale.” Se konsa, Ouri ret Jerizalèm jou sa a ak jou ki vin apre a. 13 Epi, David voye rele l pou l vin manje epi bwè avè l. David te fè l bwè jis li sou. Men, nan aswè, Ouri al dòmi nan kabann li bò kot sèvitè wa a, mèt li a, te genyen yo. Li pa t al lakay li. 14 Nan demen maten, David ekri yon lèt pou l voye bay Jowab e li bay Ouri pote lèt la. 15 Men sa l te ekri nan lèt la: “Met Ouri nan ranje sòlda ki devan yo, kote batay la pi rèd la. Apre sa, rale kò nou dèyè l pou yo ka vide l atè pou l mouri+.”
16 Jowab te ansèkle vil la devan kou dèyè, li te mete Ouri kote l konnen gen sòlda ènmi ki pi fò yo. 17 Lè mesye yo nan vil la soti vin fè lagè ak Jowab, gen kèk nan sèvitè David yo ki mouri, e Ouri, desandan Èt la, mouri tou+. 18 Epi, Jowab voye di David tout sa k pase nan lagè a. 19 Li di moun ki t ap pote nouvèl la: “Lè w fin di wa a tout sa k pase nan lagè a, 20 wa a ka vin fache e li ka mande w: ‘Poukisa nou te oblije al batay pre vil la konsa? Èske nou pa t konnen sòlda yo te ka ret sou tèt miray la yo tire sou nou? 21 Ki moun ki te touye Abimelèk+, pitit gason Jewoubechèt la+? Èske se pa t yon fi ki te ret sou tèt yon miray li lage yon gwo wòch yo konn sèvi pou yo moulen manje angren sou li e li touye l nan Tebèz? Poukisa nou t al toupre miray la?’ Lè sa a, di l: ‘Ouri, desandan Èt la, sèvitè w la, mouri tou.’”
22 Epi, moun Jowab te bay pot nouvèl la t al di David tout sa Jowab te voye l di yo. 23 Moun nan di David: “Ènmi yo te pi fò pase nou e yo te vin atake nou nan savann nan. Men, nou te fè bak, n al bò pòtay vil la. 24 Sòlda ki t ap tire flèch yo te ret sou tèt miray la, yo tire sou sèvitè w yo. Monwa, gen kèk nan sèvitè w yo ki mouri. Ouri, sèvitè w la, desandan Èt la, mouri tou+.” 25 Menm kote a, David di moun ki te pot nouvèl la: “Men sa pou w di Jowab: ‘Pa kite sa ba w pwoblèm! Depi yon moun nan lagè, li ka mouri. Kontinye fè lagè pi rèd ak moun nan vil la jiskaske w pran vil la+.’ Lèfini, ankouraje Jowab.”
26 Lè madanm Ouri aprann Ouri, mari l, mouri, li te vin nan lapenn pou li. 27 Lè kantite tan li te dwe pase nan lapenn pou mari l la fini, David voye chèche l tousuit, li fè l vin lakay li, li marye avè l+ e David te vin gen yon pitit gason avè l. Men, sa David te fè a pa t fè Jewova plezi ditou*+.
12 Se sa k fè Jewova te voye Natan+ kot David. Natan antre kot David+, li di l: “Te gen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv. 2 Mesye ki te rich la te gen anpil mouton ak anpil bèf+. 3 Men, mesye ki te pòv la pa t gen anyen, sof yon sèl ti femèl mouton li te achte+. Li te pran swen ti mouton an e ti mouton an te grandi lakay li ansanm ak pitit li yo. Ti mouton an te konn manje nan ti manje mèt li te genyen, li te konn bwè nan gode mèt li e li te konn dòmi nan bra l. Li te vin tankou yon pitit fi pou li. 4 Yon lè, te gen yon moun ki vin vizite mesye rich la. Men, mesye rich la pa t pran okenn nan mouton l yo ak bèf li yo pou l prepare manje pou moun ki te vin wè l la. Li te pito pran ti mouton mesye pòv la, li prepare l pou mesye ki te vin lakay li a manje+.”
5 Kou David tande sa, li vin an kòlè anpil kont mesye a, epi li di Natan: “Menm jan li klè Jewova vivan+, mwen fè sèman mesye ki fè bagay sa a merite mouri! 6 Poutèt zak mechanste sa a li fè a, poutèt li pa t montre l gen pitye, li dwe peye kat fwa lavalè pou ti mouton an+.”
7 Epi, Natan di David: “Se ou menm ki mesye sa a! Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Se mwen menm ki te chwazi w kòm wa pou w dirije pèp Izrayèl la+, e mwen te delivre w anba men Sayil+. 8 Mwen te dispoze ba w byen mèt ou yo+ ak madanm li yo+, e mwen te ba w tout sa k ann Izrayèl ak tout sa k nan Jida+. E kòmsi sa pa t ase, mwen te dispoze fè plis pou ou toujou+. 9 Poukisa w te meprize pawòl Jewova pou w fè sa ki mal devan je l? Ou touye Ouri, yon desandan Èt, ak epe+! Epi, ou pran madanm li ou fè l vin madanm ou+ apre w fin touye mari l ak epe desandan Amon yo+. 10 Kounye a, ap toujou gen malè* nan fanmi w+ paske w pa t gen respè pou mwen lè w te pran madanm Ouri, desandan Èt la, pou l vin madanm ou.’ 11 Men sa Jewova di: ‘M ap lage yon malè sou ou k ap soti nan pwòp fanmi w+, epi m ap pran madanm ou yo devan je w pou m bay yon lòt gason*+ k ap kouche avèk yo gwo lajounen*+. 12 Byenke se an kachèt ou te fè sa+, m ap fè sa rive devan je tout pèp Izrayèl la gwo lajounen*.’”
13 Lè sa a, David di Natan: “Mwen peche kont Jewova+.” Epi, Natan di David: “Jewova, li menm, padone peche w fè a*+. Ou pap mouri+. 14 Men, paske w pa t montre w gen okenn respè pou Jewova nan ka sa a, pitit gason ou fèk genyen an ap mouri san mank.”
15 Apre sa, Natan al lakay li.
Epi, Jewova te frape pitit madanm Ouri te fè pou David la, e pitit la te vin malad. 16 David pa t sispann priye vrè Dye a pou tigason an. David te ret san manje, li te antre nan chanm li e li te pase tout nuit lan kouche atè+. 17 Twouve, ansyen ki lakay David yo te vin kanpe bò kote l, yo t ap eseye fè l leve atè a, men li te refize koute yo e li pa t vle manje ak yo. 18 Sou sèt jou, pitit la mouri, e mesye David yo te pè di l sa. Yo te di tèt yo: “Pandan pitit la te vivan an, nou te konn pale ak wa David, men li pa t koute nou. Kounye a, ki jan n ap fè di l pitit la mouri? Li ka fè yon move aksyon.”
19 Lè David wè mesye l yo ap pale tou ba youn ak lòt, li vin konprann pitit la mouri. Epi, David mande yo: “Èske pitit la mouri?” Yo reponn li: “Wi, li mouri.” 20 Epi, David leve atè a. Li benyen, li pase luil santi bon sou kò l+, li met yon lòt rad sou li, l al nan kay Jewova a+, epi li lage kò l fas atè. Apre sa, l al lakay* li, li mande pou yo pot manje ba li, epi li manje. 21 Mesye l yo te mande l: “Poukisa w fè sa? Lè pitit la te vivan, ou te ret san manje e w pa t sispann kriye, men kou pitit la mouri, ou leve, epi w manje.” 22 Li reponn yo: “Pandan pitit la te vivan, mwen te ret san manje+ e m pa t sispann kriye, paske m te di tèt mwen: ‘Ou pa janm konnen, petèt Jewova gendwa fè m favè epi l kite pitit la viv+.’ 23 Kounye a, pitit la mouri, poukisa pou m pa manje? Èske m ka fè l leve+? Se mwen menm ki pral jwenn li+, men li menm, li pap tounen vin jwenn mwen+.”
24 Apre sa, David konsole Batcheba, madanm li+. David antre kote l e li antre nan relasyon avè l. Madanm nan te vin fè yon pitit gason, e David te rele pitit la Salomon*+. Jewova te renmen pitit la+ 25 e li te voye pwofèt Natan+ al di pou yo rele pitit la Jedidya*, paske Jewova te renmen l.
26 Jowab te kontinye fè lagè ak peyi desandan Amon yo+, epi li te pran Raba+, kapital peyi yo a*+. 27 Se sa k fè, Jowab voye moun al di David: “Mwen batay ak moun nan vil Raba yo+, e vil ki chaje ak dlo a* anba kontwòl mwen. 28 Kounye a, rasanble rès gwoup sòlda yo, monte kan w pou w atake vil la epi pran l. Si w pa fè sa, se mwen menm k ap pran vil la e y ap di se mwen ki te pran l*.”
29 Se konsa, David rasanble tout gwoup sòlda yo, l al Raba, li batay ak moun nan vil la e li pran vil la. 30 Apre sa, li pran kouwòn ki te sou tèt Malkam nan. Lò nan kouwòn nan te peze yon talan* e kouwòn nan te gen pyè ki gen anpil valè ladan l. Yo te mete l sou tèt David. Mete sou sa, David te pran yon pakèt bagay+ nan vil la+. 31 Li te mennen moun nan vil la deyò vil la, li ba yo taye wòch e li ba yo travay ak zouti an fè ki file ansanm ak rach, epi li ba yo fè brik. Se sa l te fè moun nan tout vil desandan Amon yo. Alafen, David ak tout gwoup sòlda yo retounen Jerizalèm.
13 Twouve, Absalon, pitit gason David, te gen yon sè ki te rele Tama+. Tama te bèl, e Amnon+, yon lòt pitit gason David, te damou Tama. 2 Sa te tèlman bay Amnon pwoblèm, li te vin malad pou Tama, sè l la. Piske Tama te vyèj, sa te parèt enposib pou Amnon te fè l yon bagay. 3 Twouve, Amnon te gen yon zanmi ki rele Jewonadab+, pitit gason Chimeya+ ki frè David. Jewonadab te entèlijan anpil. 4 Se sa k fè li te di Amnon: “Ou se pitit gason wa a, poukisa chak maten ou tris konsa? Poukisa w pa di m sa w genyen?” Amnon reponn li: “Mwen damou Tama, sè+ Absalon, frè m nan.” 5 Jewonadab reponn li: “W ap kouche sou kabann ou epi w ap pran pòz ou malad. Lè papa w vin wè w, w a di l: ‘Tanpri, fè Tama, sè m nan, vin sèvi m manje. Si l prepare manje yo konn bay moun malad yo* devan m, m ap manje nan men l.’”
6 Se konsa, Amnon al kouche, li pran pòz li malad e wa a te antre vin wè l. Epi, Amnon di wa a: “Tanpri, fè Tama, sè m nan, vini pou l kuit de ti gato ki gen fòm kè devan m pou m ka manje nan men l.” 7 Lè sa a, David voye al di Tama nan palè a: “Tanpri, al lakay Amnon, frè w la, pou w prepare manje* pou li.” 8 Konsa, Tama al lakay Amnon, frè l la, kote Amnon te kouche a. Li pran pat la, li petri l, li fè ti gato avè l devan je Amnon, epi li kuit ti gato yo. 9 Apre sa, Tama pran plato a, li pote l bay Amnon. Men, Amnon te refize manje, li di: “Fè tout moun soti bò kote m nan!” Epi, tout moun soti kite l.
10 Kounye a, Amnon di Tama: “Pote manje a* vin anndan chanm nan pou m ka manje nan men w.” Vrèmanvre, Tama pran ti gato ki gen fòm kè li te fè yo, li pote yo bay Amnon, frè l la, anndan chanm nan. 11 Lè Tama pote ti gato yo bay Amnon manje, Amnon met men sou li, li di l: “Kouche avè m, sè m.” 12 Men, Tama di l: “Non, frè m! Pa imilye m! Paske bagay konsa pa janm fèt ann Izrayèl+. Pa fè bagay lèd sa a+. 13 Ki jan m ap fè viv ak wont sa a? Y ap pran w pou youn nan vagabon ki gen ann Izrayèl yo. Tanpri, ou mèt al pale ak wa a, paske li pap refize m marye avè w.” 14 Men, li pa t vle koute sè l la, li te fè fòs sou li, li vyole l, konsa li imilye l. 15 Apre sa, Amnon te vin rayi Tama anpil, li te vin rayi l pi plis pase jan l te renmen l lan. Amnon di Tama: “Leve w ale!” 16 Lè sa a, Tama di l: “Non, frè m! Si w voye m ale kounye a, sa ap pi mal pase sa w fè m nan.” Men, li pa t vle koute l.
17 Lè sa a, Amnon rele jèn sèvitè l la, li di l: “Tanpri, fè fi sa a sot devan m nan, epi take pòt la lè l fin soti.” 18 (Twouve, Tama te gen yon wòb espesyal sou li, paske se wòb sa yo pitit fi wa a te genyen ki vyèj yo te konn met sou yo.) Se konsa, sèvitè Amnon an met Tama deyò, epi li take pòt la lè Tama fin soti. 19 Apre sa, Tama mete sann sou tèt li+, li chire bèl wòb ki te sou li a, li met de men l sou tèt li epi l ale. Li t ap kriye toutpandan l ap mache.
20 Lè Absalon, frè l la+, wè sa, li mande l: “Èske se pa ansanm ak Amnon, frè w la, ou te ye? Ebyen, pa di pèsonn anyen, sè m. Se frè w li ye+! Pa bay tèt ou pwoblèm pou sa k pase a.” Apre sa, Tama t al viv lakay Absalon, frè l, e li pa t vle pran kontak ak lòt moun. 21 Lè wa David aprann tout bagay sa yo, li vin fache anpil+. Men, li pa t vle fè Amnon, pitit gason l lan, wont paske l te renmen l, paske se te premye pitit li. 22 Epi, Absalon pa di Amnon anyen. Li pa di l ni monte ni desann. Paske Absalon te rayi+ Amnon poutèt li te imilye Tama, sè l la+.
23 Apre dezan fin pase, te gen moun ki t ap tonn mouton pou Absalon bò Baalazò, toupre Efrayim+. Lè sa a, Absalon envite tout pitit gason wa a te genyen yo+. 24 Konsa, Absalon al kot wa a, li di l: “Mwen menm, sèvitè w la, mwen bay tonn mouton m yo. Tanpri, mwen ta renmen ou menm, monwa, ansanm ak sèvitè w yo ale ansanm avè m.” 25 Men, wa a di Absalon: “Non, pitit gason m. Si nou tout al avè w, n ap vin yon chay pou ou.” Byenke Absalon te kontinye fòse wa a, wa a pa t dakò al avè l, men wa a te ba l benediksyon. 26 Epi, Absalon di: “Si w pa ka ale, tanpri, kite Amnon, frè m nan, ale avèk nou+.” Wa a reponn li: “Poukisa pou l al avèk nou?” 27 Men, Absalon pa t sispann mande l sa. Se sa k fè wa a te voye Amnon ansanm ak tout lòt pitit gason l yo avè l.
28 Apre sa, Absalon te bay sèvitè l yo lòd, li di yo: “Veye byen! Lè nou wè kè Amnon kontan apre l fin bwè kont diven l, m ap di nou: ‘Touye Amnon!’ Lè sa a, nou dwe touye l. Pinga nou pè! Se mwen menm ki ban nou lòd fè sa! Se pou nou gen kran e se pou nou met kouraj sou nou!” 29 Se konsa, sèvitè Absalon yo te fè Amnon sa Absalon te ba yo lòd fè a. Epi, tout lòt pitit gason wa a te genyen yo te leve, yo chak monte milèt yo, yo kouri y ale. 30 Pandan yo nan wout, nouvèl la rive nan zòrèy David, yo vin di l: “Absalon touye tout pitit gason w yo, monwa. Pa gen youn ki chape.” 31 Menm kote a, wa a leve, li chire rad sou li, li kouche atè e tout sèvitè l yo te kanpe bò kote l ak rad pa yo chire sou yo.
32 Men, Jewonadab+, pitit gason Chimeya+ ki frè David, di: “Pinga mèt mwen an panse yo touye tout jèn pitit gason ki pitit wa a, paske se sèl Amnon ki mouri+. Se Absalon ki te bay lòd fè sa. Li te deside l ap fè sa+ depi jou Amnon te imilye Tama+, sè l la+. 33 Kounye a, pinga mèt mwen an kwè* nouvèl ki fè konnen: ‘Tout pitit gason wa a genyen yo mouri’, paske se sèl Amnon ki mouri.”
34 Pandan tan sa a, Absalon kouri l ale+. Annapre, moun ki t ap veye vil la te voye je l, li wè yon bann moun k ap vini sou wout la pa dèyè l, toupre mòn nan. 35 Lè sa a, Jewonadab+ di wa a: “Monwa, men pitit gason w yo retounen! Sa mwen menm, sèvitè w la, di w la se sa.” 36 Kou l fin pale, pitit gason wa a te genyen yo antre, yo t ap kriye byen fò. Epi, wa a ansanm ak tout sèvitè l yo t ap kriye anpil. 37 Men, Absalon te kouri al lakay Talmayi+, pitit gason Amiyoud, wa Gechou. David te pase anpil jou nan lapenn pou pitit gason l ki mouri a. 38 Lè Absalon fin kouri al Gechou+, li te rete la pandan twazan.
39 Alafen, wa David te anvi al wè Absalon, paske li te vin sispann nan lapenn* pou Amnon ki te mouri.
14 Twouve, Jowab, pitit gason Sewouya a+, te vin aprann jan wa a anvi wè Absalon+. 2 Se sa k fè, Jowab te voye moun al Tekowa+ pou y al chèche yon dam ki entèlijan anpil pou li, epi li di dam nan: “Tanpri, fè kòmsi w nan lapenn, mete rad moun konn mete lè yo nan lapenn, pa pase luil santi bon sou kò w+. Fè tankou ou se yon fi ki nan lapenn pou yon moun ki gen lontan depi l mouri. 3 Apre sa, antre al pale ak wa a jan m di w la.” Se konsa, Jowab met pawòl nan bouch dam nan*.
4 Dam ki moun Tekowa a te antre al kot wa a, epi li lage kò l fas atè, li bese tèt li, li di: “O monwa, ede m!” 5 Wa a reponn li: “Ki sa w genyen?” Epi, li di: “Wouy! Mwen se yon fi ki pa gen mari paske mari m mouri. 6 Mwen menm, sèvant ou an, mwen te gen de pitit gason, yo toule de t ap goumen youn ak lòt nan savann nan, pa t gen pèsonn pou separe yo, e gen youn ki te bay lòt la yon kou, li touye l. 7 Kounye a, tout moun nan fanmi m leve kont mwen menm, sèvant ou an, yo di m: ‘Ban nou moun ki touye frè l la pou nou ka touye l, poutèt li te touye frè l la+, menmsi se eritye a, n ap elimine l!’ Yo vle touye sèl pitit mwen rete a, li menm ki tankou sèl chabon dife ki ret limen an*, konsa mari m pap gen yon pitit pou pote non l sou tè a.”
8 Apre sa, wa a di dam nan: “Al lakay ou, m ap bay lòd pou regle sa pou ou.” 9 Lè sa a, dam ki moun Tekowa a di wa a: “O monwa, mèt mwen, se mwen menm ak fanmi papa m ki pou peye pou sa ki fèt la, men, wa a ak wayòm li an inosan nan bagay sa a.” 10 Epi, wa a di: “Si yon moun vin pale avè w sou bagay sa a ankò, mennen l kote m, e li pap janm ba w pwoblèm ankò.” 11 Men, dam nan di l: “Monwa, tanpri, sonje Jewova, Bondye w la, yon fason pou moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a+ pa touye pitit gason m nan.” Wa a di l: “Menm jan li klè Jewova vivan+, mwen fè sèman pitit gason w lan pap pèdi yon branch cheve nan tèt li.” 12 Lè sa a, dam nan di: “Tanpri, monwa, mèt mwen, pèmèt sèvant ou an pale avè w.” Epi, wa a di l: “Pale non!”
13 Dam nan di: “Poukisa menm ou panse fè pèp Bondye a yon bagay konsa+? Jan w pale la a, monwa, ou parèt koupab, paske ou menm monwa, ou pa fè pitit gason w ki egzile a retounen+. 14 Nou gen pou n mouri kanmenm e n ap tankou dlo yo lage atè yo pa ka ranmase ankò. Men, Bondye pap detwi yon vi*, e li wè gen rezon pou li pa rejte moun yo rejte a nèt. 15 Monwa, mèt mwen, mwen vin di w sa paske moun yo fè m pè. Se poutèt sa sèvant ou an te di: ‘Kite m al pale ak wa a. Petèt wa a ap fè sa sèvant li an mande a. 16 Petèt wa a ap koute m e l ap sove m anba men moun k ap chèche touye m ansanm ak sèl pitit gason m nan pou nou pa ret nan eritaj Bondye ban nou an+.’ 17 Epi, sèvant ou an te di: ‘Se pou pawòl ou, monwa, mèt mwen, fè m jwenn soulajman’, paske, monwa, mèt mwen, ou egzakteman tankou yon zanj vrè Dye a, piske w ka fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal. Mwen swete pou Jewova, Bondye w la, avè w!”
18 Epi, wa a di dam nan: “Mwen pral mande w yon bagay, tanpri, pinga w kache m anyen.” Dam nan reponn: “Tanpri, monwa, mèt mwen, ou mèt pale.” 19 Lè sa a, wa a mande l: “Èske se Jowab ki voye w di tout bagay sa yo+?” Dam nan reponn: “O monwa, mèt mwen, menm jan li klè ou* vivan, mwen fè sèman sa w di a se sa*, monwa, mèt mwen. Paske se Jowab, sèvitè w la, ki te pale avè m e ki te di sèvant ou an tout sa pou l di. 20 Se Jowab, sèvitè w la, ki voye m fè sa pou w ka wè bagay yo yon lòt jan. Men, mèt mwen, ou gen sajès menm jan ak yon zanj vrè Dye a e w konn tout sa k ap pase nan peyi a.”
21 Apre sa, wa a di Jowab: “Pa gen pwoblèm, m ap fè sa+. Al chèche jennonm ki rele Absalon an mennen vini+.” 22 Menm kote a, Jowab lage kò l fas atè, li bese tèt li e li felisite wa a. Jowab di l: “Jodi a, mwen menm, sèvitè w la, mwen konnen w pran plezi nan mwen, o monwa, mèt mwen, paske w fè sa sèvitè w la mande a.” 23 Epi, Jowab leve l al Gechou+ e li vin Jerizalèm ak Absalon. 24 Men, wa a di l: “Fè l al lakay li, li pa dwe wè m.” Se sa k fè, Absalon te retounen lakay li e l pa t wè wa a.
25 Twouve, nan tout peyi Izrayèl, pa t gen yon gason yo te fè lwanj pou li poutèt li bèl gason pase jan yo te konn fè pou Absalon an. Li pa t gen okenn defo nan kò l, soti nan pla pye l rive nan tèt li. 26 Lè l te konn koupe cheve l, (cheve l te tèlman lou pou li, li te oblije koupe cheve l nan fen chak ane) cheve nan tèt li te peze plis pase 200 chekèl*, dapre pwa yo te konn itilize nan palè wa a*. 27 Absalon te gen twa pitit gason+ ak yon pitit fi ki te rele Tama. Tama te bèl anpil.
28 Absalon te kontinye abite Jerizalèm pandan dezan, men li pa t janm wè wa a+. 29 Se sa k fè, Absalon te voye rele Jowab pou l voye l kot wa a, men Jowab pa t vin kote l. Epi, li voye kote Jowab ankò yon dezyèm fwa, men li te refize vin kote l toujou. 30 Alafen, li di sèvitè l yo: “Jaden Jowab la toupre jaden m nan, li gen lòj* ladan l. Al met dife ladan l.” Se konsa, sèvitè Absalon yo te met dife nan jaden an. 31 Menm kote a, Jowab leve l al lakay Absalon, li di l: “Poukisa sèvitè w yo met dife nan jaden m nan?” 32 Absalon reponn Jowab: “Gade! Mwen voye di w: ‘Vini m voye w kot wa a pou w di l pou mwen: “Poukisa w fè m kite Gechou+? Li t ap pi bon pou mwen si m te ret lòtbò a. Pèmèt mwen wè w kounye a, monwa, e si m koupab, ou mèt touye m.”’”
33 Se sa k fè, Jowab te antre al kot wa a e li pale avè l. Apre sa, wa a voye rele Absalon. Li antre al kote wa a, li lage kò l fas atè devan wa a, epi wa a bo l+.
15 Apre tout bagay sa yo fin pase, Absalon te vin gen yon charyo ak plizyè cheval, e li te gen 50 gason pou kouri devan l+. 2 Absalon te konn leve granmmaten pou l al kanpe bò wout ki toupre pòtay vil la+. Chak fwa yon moun vin kot wa a ak yon ka pou wa a jije pou li+, Absalon te konn rele moun nan, epi li di l: “Nan ki vil ou soti?” Moun nan konn reponn: “Sèvitè w la sot nan youn nan tribi Izrayèl yo.” 3 Absalon konn di: “Gade! Ou gen rezon. Men, pa gen pèsonn lakay wa a ki pou tande ka w la.” 4 Absalon te konn di tou: “Si se mwen yo te mete jij nan peyi a, lè yon moun gen yon ka pou yo jije pou li, epi li vin kote m, mwen t ap fè l jwenn jistis.”
5 Epi, lè yon moun te vin kote Absalon e li vin pou l bese devan l, li te konn lonje men l, li kenbe moun nan epi li bo l+. 6 Absalon te konn fè sa pou tout Izrayelit ki te konn vin kot wa a pou yon ka li te dwe jije pou yo. Konsa, Absalon te konn fè yon jan pou l fè mesye ann Izrayèl yo renmen l+.
7 Apre katran*, Absalon di wa a: “Kite m ale, tanpri, kite m al Ebwon+ pou m al fè sa m te pwomèt Jewova m ap fè a. 8 Paske men ve mwen menm, sèvitè w la, mwen te fè+ lè m te rete Gechou+, nan peyi Siri: ‘Si Jewova fè m retounen Jerizalèm, m ap bay Jewova yon ofrann.’” 9 Se sa k fè wa a di l: “Ou mèt ale anpè.” Menm kote a, li leve l al Ebwon.
10 Epi, Absalon voye espyon nan tout tribi Izrayèl yo, li di: “Kou nou tande kòn nan sonnen, se pou n fè konnen: ‘Absalon vin wa nan Ebwon+!’” 11 Twouve, te gen 200 gason ki te kite Jerizalèm pou y al lòtbò a avèk Absalon. Absalon te envite yo e yo t ale san pèsonn pa t sispèk anyen, yo pa t konprann anyen nan sa k t ap pase a. 12 Mete sou sa, lè Absalon fin ofri sakrifis yo, li voye chèche Ayitofèl+, moun Gilo, konseye David la+, nan vil Gilo+. Te vin gen plis moun ki vin antre nan konplo a, e kantite moun ki t ap soutni Absalon yo te kontinye ap vin pi plis chak jou+.
13 Rive yon lè, gen yon moun ki vin di David: “Kounye a, se patizan Absalon mesye ann Izrayèl yo ye.” 14 Menm kote a, David di tout sèvitè l yo ki te ansanm avè l Jerizalèm: “Leve, ann kouri ale+ paske nou youn pap ka chape anba men Absalon! Fè vit, pou l pa rive sou nou byen rapid, pou l pa fè yon malè sou nou e pou l pa touye moun nan vil la ak kout epe+!” 15 Sèvitè wa yo reponn wa a: “Monwa, mèt nou, kèlkeswa sa w deside, nou menm sèvitè w yo, nou dispoze fè l+.” 16 Se konsa, wa a te deplase ak tout moun lakay li, men li te kite dis nan lòt madanm li genyen yo+ pou pran swen kay la*. 17 Epi, wa a te kontinye wout li ak tout moun ki te avè l yo e yo te rete Bètmerak.
18 Tout sèvitè wa a t ale* ansanm avè l ak tout Keretit yo, Peletit yo+ ak moun Gat yo+ ki te 600 gason ki te suiv li soti Gat+, e wa a t ap kontwole yo toutpandan yo t ap pase*. 19 Apre sa, wa a di Itayi+, moun Gat la: “Poukisa w oblije ale avèk nou tou? Retounen al abite ak nouvo wa a, paske w se yon etranje e w se yon moun yo egzile nan peyi w. 20 Se yè ou vini, ki jan m ta fè ap fè w monte desann ansanm avè m jodi a, pou w deplase lè m dwe deplase e pou w ale kote m dwe ale? Retounen ansanm ak frè w yo, epi mwen swete pou Jewova montre li gen lanmou* pou ou e li fidèl avè w+.” 21 Men, Itayi reponn wa a: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman ni devan l ni devan ou menm monwa, mèt mwen, kèlkeswa kote w ye se la m ap ye tou, monwa, mèt mwen, e m dispoze mouri avè w+!” 22 Menm kote a, David di Itayi+: “Ale, ou mèt travèse!” Se sa k fè, Itayi, moun Gat la, te travèse ansanm ak tout mesye l yo ak pitit li yo.
23 Tout moun nan peyi a t ap kriye byen fò pandan tout moun yo t ap travèse, e wa a te kanpe bò Vale Kidwon+. Tout moun te travèse al nan wout ki mennen nan dezè a. 24 Zadòk+ te la tou e tout Levit+ ki t ap pote lach alyans+ vrè Dye a+ te ansanm avè l. Epi, yo te depoze Lach vrè Dye a. Abyata+ te monte, pandan tout moun ki te sot nan vil la te fin travèse. 25 Men, wa a te di Zadòk: “Retounen ak Lach vrè Dye a nan vil la+. Si Jewova pran plezi nan mwen, l ap fè m retounen e l ap fè m wè Lach la ak kote Lach la konn ye a+. 26 Men, si l ta di: ‘Mwen pa pran plezi nan ou’, lè sa a, li mèt fè sa l vle avè m.” 27 Wa a di Zadòk, prèt la: “Èske w pa yon moun ki konn fè vizyon+? Retounen nan vil la anpè, epi al ak de pitit gason nou genyen yo: Ayimaz, pitit gason pa w la, ak Jonatan+, pitit gason Abyata a. 28 Gade! M ap ret bò pas dlo yo nan dezè a jiskaske w voye nouvèl ban mwen+.” 29 Se konsa, Zadòk ak Abyata te retounen Jerizalèm ak Lach vrè Dye a e yo te rete la.
30 Pandan David t ap monte Mòn Oliv+, li t ap kriye. Tèt li te kouvri e li t ap mache pye atè. Tout moun ki te ansanm avè l yo te kouvri tèt yo tou e yo t ap kriye pandan yo t ap monte. 31 Epi, yo te vin di David: “Ayitofèl pami moun ki nan konplo+ ak Absalon yo+.” Menm kote a, David di: “O Jewova+, tanpri, fè konsèy Ayitofèl yo vin tankou pawòl moun sòt+!”
32 Lè David rive sou tèt mòn kote yo konn vin adore Bondye a, Ouchayi+, yon Akit+, te vin rankontre l ak rad li chire de bò e te gen pousyè sou tèt li. 33 Men, David te di l: “Si w travèse avè m, w ap vin yon chay pou mwen. 34 Men, si w retounen nan vil la e w di Absalon: ‘Mwen se sèvitè w, o monwa! Mwen te sèvitè papa w nan tan lontan, men kounye a, mwen se sèvitè w+’, w ap ka detounen konsèy Ayitofèl yo pou mwen+. 35 Èske Zadòk ak Abyata, prèt yo, pa ansanm avè w? Ou dwe di Zadòk ak Abyata, prèt yo, tout sa w tande lakay wa a+. 36 Gade! De pitit gason yo genyen yo avèk yo: Ayimaz+, pitit gason Zadòk, ak Jonatan+, pitit gason Abyata. Ou mèt voye yo vin di m tout sa w tande.” 37 Se konsa, Ouchayi, zanmi David*+, te antre nan vil Jerizalèm menm lè ak Absalon.
16 Lè David te fèk fin kite tèt mòn nan+, Ziba+, sèvitè Mefibochèt la+, te ret ap tann li ak de bourik byen chaje ki te pote 200 pen, 100 gato rezen, 100 gato ki fèt ak fwi ki bon nan sezon ete ak yon gwo bidon diven+. 2 Epi, wa a mande Ziba: “Poukisa w pote tout bagay sa yo?” Ziba reponn: “Monwa, bourik yo se pou fanmi w monte, pen yo ak fwi yo se pou jèn mesye yo manje e diven an se pou moun ki avè w ki vin bouke nan dezè a bwè+.” 3 Lè sa a, wa a di l: “Kot pitit gason* mèt ou a+?” Ziba reponn wa a: “Li ret Jerizalèm, paske li di: ‘Jodi a, pèp Izrayèl la ap remèt mwen wayòm papa m nan+.’” 4 Apre sa, wa a di Ziba: “Gade! Tout sa ki te pou Mefibochèt yo vin pou ou+.” Ziba reponn: “Mwen bese byen ba devan w. Monwa, mèt mwen, mwen swete pou m fè w plezi+.”
5 Lè wa David rive Bawourim, gen yon mesye nan fanmi Sayil ki rele Chimeyi+, pitit gason Gera, ki vin bay wa a madichon toutpandan l t ap pwoche kote l+. 6 Li t ap voye wòch sou David, sou tout sèvitè wa David yo, sou tout moun yo e sou gason vanyan ki te ni sou bò dwat ni sou bò goch wa a. 7 Chimeyi t ap bay wa a madichon, li t ap di: “Retire kò w la a! Retire kò w la a! Asasen! Vagabon! 8 Se peye Jewova ap fè w peye pou tout san ki koule nan fanmi Sayil, li menm ou te vin wa nan plas li a. Kounye a, se Absalon, pitit gason w lan, Jewova bay wayòm nan. Malè tonbe sou ou kounye a, paske se yon asasen w ye+!”
9 Lè sa a, Abichayi, pitit gason Sewouya a+, di wa a: “Monwa, mèt mwen, poukisa w kite chen mouri sa a+ ap ba w madichon konsa+? Tanpri, kite m janbe lòtbò a pou m al koupe tèt li+.” 10 Men, wa a di: “Nou menm pitit gason Sewouya yo, ki sa nou gen pou n wè nan sa+? Kite l ban m madichon+, paske se Jewova ki di l: ‘Bay David madichon.’ Ki moun ki gen dwa di l+: ‘Poukisa w ap fè sa?’” 11 Apre sa, David di Abichayi ak tout sèvitè l yo: “Si pwòp pitit gason m ki sot nan ren m ap chèche retire lavi m*+, alewè pou yon moun ki sot nan tribi Benjamen+! Kite l ban m madichon, paske se Jewova ki di l fè sa. 12 Petèt, Jewova ap wè mizè m+ e Jewova ap fè byen pou mwen nan plas madichon l ap ban m jodi a+.” 13 Se konsa, David ak mesye l yo te kontinye desann sou wout la pandan Chimeyi t ap mache sou kote mòn nan, li t ap mache kòtakòt ak David nan bò pa l la, li t ap bay David madichon+ e li t ap voye wòch ak anpil pousyè sou li.
14 Apre sa, wa a ansanm ak tout moun ki te avè l yo rive kote yo t aprale a. Yo te fatige anpil, e yo t al fè yon ti poze.
15 Pandan tan sa a, Absalon ak tout mesye ann Izrayèl yo te rive Jerizalèm. Ayitofèl+ te ansanm ak Absalon. 16 Lè Ouchayi+, Akit la+, zanmi David*, rive kot Absalon, li di Absalon: “Viv wa a+! Viv wa a!” 17 Lè sa a, Absalon di Ouchayi: “Se konsa w montre ou gen lanmou ki fidèl pou zanmi w lan! Poukisa w pa t al ak zanmi w lan?” 18 Ouchayi reponn Absalon: “Non, mwen pa t ap ka fè yon bagay konsa! Moun Jewova chwazi a, moun pèp sa a chwazi a, moun tout mesye ann Izrayèl yo chwazi a, se pou moun sa a mwen ye. Se avè l m ap rete. 19 M ap di sa ankò: Ki moun pou m sèvi? Èske m pa dwe sèvi ou menm pitit gason l lan? Menm jan mwen te sèvi papa w la, se konsa m ap sèvi w tou+.”
20 Epi, Absalon di Ayitofèl: “Ban m yon konsèy+. Ki sa n dwe fè?” 21 Lè sa a, Ayitofèl reponn Absalon: “Antre nan relasyon ak lòt madanm papa w genyen yo+, medam li kite pou okipe kay la*+. Lè sa a, tout moun ann Izrayèl ap konnen ou fè papa w rayi w nèt, e moun ki avè w yo ap vin gen plis kran.” 22 Se konsa, yo monte yon tant pou Absalon sou tèt kay la+, epi Absalon antre nan relasyon ak lòt madanm papa l yo+ devan je tout pèp Izrayèl la+.
23 Nan epòk sa a, yo te pran konsèy Ayitofèl bay yo+ tankou se* pawòl vrè Dye a. Se konsa David ak Absalon te konsidere tout konsèy Ayitofèl bay.
17 Annapre, Ayitofèl di Absalon: “Tanpri, kite m chwazi 12 000 gason pou m al dèyè David aswè a. 2 M ap rive sou li pandan l tou fatige e pandan l pa gen fòs ankò*+, konsa, m ap fè tèt li vin cho. Tout moun ki avè l yo ap kouri e se sèl wa a m ap touye+. 3 Apre sa, m ap mennen tout pèp la vin jwenn ou. Depi moun w ap chèche a mouri, tout pèp la ap tounen vin jwenn ou. Lè sa a, tout pèp la ap anpè.” 4 Absalon ak tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la te wè sa l te di a te bon nèt.
5 Men, Absalon di: “Tanpri, ann rele Ouchayi+, Akit la, pou n tande sa l ap di tou.” 6 Se konsa, Ouchayi antre kot Absalon, epi Absalon di l: “Ayitofèl bay tèl konsèy. Èske w panse nou ta dwe suiv konsèy li a? Si n pa dwe suiv li, di n sa w panse.” 7 Menm kote a, Ouchayi di Absalon: “Fwa sa a, konsèy Ayitofèl bay la pa bon+.”
8 Epi, Ouchayi di: “Ou byen konnen jan papa w ak mesye ki avè l yo vanyan+, e pa gen anyen yo pap fè*, menm jan ak yon manman lous ki pèdi pitit li nan bwa+. Epitou, papa w se yon sòlda ki konn fè lagè+, li pap pase nuit lan bò kot moun yo. 9 Nan moman sa a menm, se swa li kache nan youn nan gwòt* yo oubyen li kache yon lòt kote+. Si se li ki atake nou anvan, moun ki tande sa ap di: ‘Yo pot laviktwa sou moun ki avèk Absalon yo!’ 10 Lè sa a, menm mesye ki vanyan yo, mesye ki gen kouraj tankou lyon yo+, ap vin pè anpil, paske tout pèp Izrayèl la konnen papa w se yon gason vanyan+ e mesye ki avè l yo gen kran. 11 Men konsèy m ap bay: “Fè tout pèp Izrayèl la reyini bò kote w, soti Dann rive Beyècheba+, tankou grenn sab ki bò lanmè+, epi pran devan yo nan batay la. 12 N ap atake l nenpòt kote nou jwenn li, n ap rive sou li tankou gout lawouze k ap tonbe atè. Ni li menm, ni mesye ki avè l yo, pa gen youn k ap chape. 13 Si l kouri al nan yon vil, tout pèp Izrayèl la ap vin ak kòd nan vil sa a, y ap rale vil la lage nan rivyè, e yo pap kite yon grenn wòch ladan l.”
14 Epi, Absalon ak tout mesye ann Izrayèl yo di: “Konsèy Ouchayi, Akit la, pi bon+ pase konsèy Ayitofèl la!” Se Jewova ki te deside fè yo pa koute konsèy Ayitofèl la+, byenke se te yon bon konsèy, yon fason pou Jewova te ka lage malè sou Absalon+.
15 Apre sa, Ouchayi di Zadòk ak Abyata+, prèt yo: “Men konsèy Ayitofèl bay Absalon ak ansyen ki nan pèp Izrayèl yo, e men konsèy mwen bay. 16 Kounye a, voye di David sa san pèdi tan pou nou avèti l. Di l: ‘Pinga w ret nan ti ravin yo ki gen nan dezè a* aswè a. Men, kèlkeswa jan sa ye, travèse rivyè a, paske si w pa fè sa, monwa, y ap touye* w ak tout moun ki avè w yo+.’”
17 Jonatan+ ak Ayimaz+ te rete Ennwogèl+. Gen yon sèvant ki t al di yo sa k ap pase a, epi yo t al di wa David sa, paske yo pa t vle pran chans al antre nan vil la pou moun pa wè yo. 18 Men, gen yon jèn gason ki te wè yo k al di Absalon sa. Se sa k fè de mesye yo te kouri ale e yo rive lakay yon mesye nan Bawourim+ ki gen yon pi nan lakou lakay li. Yo desann nan pi a, 19 epi madanm mesye a mete yon twal kouvri bouch pi a, apre sa li simen ti grenn ki fin moulen sou li. Pèsonn pa t konn anyen. 20 Sèvitè Absalon yo te vin lakay dam nan, yo mande l: “Kote Ayimaz ak Jonatan?” Dam nan reponn: “Yo pase la a y al bò dlo a+.” Epi, mesye yo al chèche yo, men yo pa jwenn yo. Konsa, yo retounen Jerizalèm.
21 Apre mesye yo fin ale, Jonatan ak Ayimaz soti nan pi a y al bay wa David nouvèl la. Yo di l: “Leve, epi travèse dlo a san pèdi tan, paske Ayitofèl bay yon konsèy ki kont ou+.” 22 Menm kote a, David ak tout moun ki te avè l yo travèse Rivyè Jouden an. Anvan l jou, yo tout te gentan fin travèse Rivyè Jouden an.
23 Lè Ayitofèl wè yo pa koute konsèy li a, li sele bourik li, l al lakay li nan vil kote l soti a+. Apre li fin pale ak moun lakay li+, li pann* tèt li+. Se konsa, li mouri e yo antere l menm kote ak zansèt li yo.
24 Pandan tan sa a, David t al Maanayim+ e Absalon te travèse Rivyè Jouden an ak tout mesye ann Izrayèl yo. 25 Absalon te met Amaza+ alatèt lame a nan plas Jowab+. Amaza se pitit gason yon mesye ki rele Itra, Izrayelit la. Itra te fè l ak Abigayil+, pitit fi Nahach, yon sè Sewouya ki manman Jowab. 26 Absalon ak pèp Izrayèl la te monte kan yo nan tèritwa Galaad+.
27 Kou David rive Maanayim, Chobi, pitit gason Nahach, moun vil Raba+ ki nan tèritwa desandan Amon yo, Maki+, pitit gason Amiyèl, moun Lodeba, ak Bazilayi+, moun Galaad, ki sot Wogelim, 28 vin ak kabann, kivèt, po ann ajil, e yo vin ak ble, lòj*, farin, grenn griye, gwo pwa, ti pwa, grenn seche, 29 siwo myèl, bè, mouton ak fwomaj*. Yo vin ak tout bagay sa yo pou David ak moun ki te avè l yo manje+, paske yo te di: “Moun yo grangou, yo fatige e yo swaf nan dezè a+.”
18 Annapre, David konte mesye ki te ansanm avè l yo e li mete chèf alatèt gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo ak gwoup ki gen 100 moun ladan yo+. 2 Epi, David separe mesye ki te avè l yo fè twa gwoup e li voye yo ale. Yon gwoup sou kont* Jowab+, yon gwoup sou kont Abichayi+, frè Jowab, pitit gason Sewouya+, e lòt gwoup la sou kont Itayi+, moun Gat la. Epi, wa a di mesye yo: “Mwen pral avèk nou tou.” 3 Men, yo di l: “Ou pa dwe ale avèk nou+, paske kit nou kouri, kit mwatye nan nou mouri, yo pap okipe* nou, paske ou vo 10 000 moun pami nou+. Se sa k fè, li t ap pi bon si w voye moun sot nan vil la vin ede nou.” 4 Wa a di yo: “M ap fè kèlkeswa sa nou wè ki pi bon an.” Se konsa, wa a te kanpe bò pòtay vil la, e tout mesye yo te soti pa gwoup ki gen 100 moun ladan yo ak gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo. 5 Apre sa, wa a bay Jowab, Abichayi ak Itayi lòd, li di yo: “Byen aji ak jennonm yo rele Absalon an. Fè sa pou mwen+.” Tout mesye yo te tande lè wa a te bay tout chèf yo lòd sa a pou Absalon.
6 Mesye yo t al nan savann nan pou y al fè lagè ak moun Izrayèl yo e batay la te fèt nan forè Efrayim nan+. 7 Se la mesye David yo+ pot laviktwa sou pèp Izrayèl la+ e yo touye anpil nan yo jou sa a. Gen 20 000 gason ki mouri. 8 Batay la te gaye nan tout zòn nan. Epitou, jou sa a, te gen plis moun ki te mouri nan forè a pase sa ki te mouri anba kout epe.
9 Absalon te vin kontre fas pou fas ak mesye David yo. Lè Absalon wè yo, li pran kouri. Li te sou yon milèt ki t al pase anba branch yon gwo pyebwa avè l. Cheve Absalon te pran nan gwo pyebwa a, konsa li te ret pandye ladan l* e milèt li te sou li a te kontinye ale. 10 Epi, gen yon moun ki te wè l k al di Jowab+: “Men m wè Absalon pandye nan yon gwo pyebwa!” 11 Jowab reponn mesye ki te vin di l sa a: “Piske w te wè sa, poukisa w pa t touye l menm kote a? Konsa, mwen t ap byen kontan ba w dis pyès monnen ann ajan ak yon sentiwon.” 12 Men, misye di Jowab: “Menmsi w t ap lonje* 1 000 pyès monnen ann ajan ban mwen, mwen pa t ap janm leve men m pou m frape pitit gason wa a, paske nou te tande wa a te pase ou menm ak Abichayi ansanm ak Itayi lòd, li te di: ‘Kèlkeswa moun nan, pwoteje jennonm yo rele Absalon an+.’ 13 Si m ta dezobeyi lòd sa a, epi m ta retire lavi* Absalon, wa a t ap vin konn sa kanmenm, e w pa t ap pwoteje m.” 14 Lè sa a, Jowab di l: “Mwen pap pèdi plis tan avè w!” Se konsa, Jowab pran twa pikèt*, l al plante yo nan kè Absalon pandan Absalon te toujou vivan nan mitan branch gwo pyebwa a. 15 Apre sa, dis sèvitè ki t ap pote zam Jowab yo te vini, yo frape Absalon jiskaske l mouri+. 16 Epi, Jowab te sonnen kòn e mesye yo sispann kouri dèyè pèp Izrayèl la. Jowab mande yo pou yo sispann batay la. 17 Yo pran Absalon, yo lage l nan yon gwo twou nan forè a e yo mete yon gwo pil wòch sou li+. Epi, tout Izrayelit yo kouri al lakay yo.
18 Twouve, lè Absalon te vivan, li te pran yon poto, li te mete l kanpe nan Vale* Wa a+ e li te di: “Mwen pa gen pitit gason pou konsève non m+.” Se sa k fè, li te bay poto a menm non avè l. Yo rele l Moniman Absalon jis jodi a.
19 Ayimaz+, pitit gason Zadòk, di: “Tanpri, kite m kouri al pot nouvèl la bay wa a, paske Jewova fè l jwenn jistis, li delivre l anba ènmi l yo+.” 20 Men, Jowab te di l: “Ou pa gen okenn nouvèl w ap bay jodi a. Ou mèt bay nouvèl yon lòt jou. Men jodi a, ou pap bay okenn nouvèl paske se pitit gason wa a ki mouri+.” 21 Apre sa, Jowab rele yon moun peyi Kouch*+, li di l: “Al rakonte wa a sa w wè.” Lè sa a, moun peyi Kouch la bese devan Jowab, epi li pran kouri. 22 Ayimaz, pitit gason Zadòk la, pale ak Jowab ankò, li di l: “Kèlkeswa sa k rive, tanpri, kite m kouri ale dèyè moun peyi Kouch la.” Men, Jowab di l: “Poukisa pou w kouri al dèyè l, pitit gason m, alòske w pa gen okenn nouvèl pou w bay?” 23 Malgre sa, li di: “Kèlkeswa sa k rive, kite m kouri.” Epi, Jowab di l: “Ebyen, kouri!” Ayimaz kouri al pase nan zòn Jouden an, epi li rive pran devan moun peyi Kouch la.
24 David te chita nan mitan de bò pòtay vil la+, epi gad+ ki t ap veye vil la te monte sou miray la, sou tèt pòtay vil la. Lè gad la leve je l, li wè yon gason k ap kouri poukont li. 25 Se konsa, gad ki t ap veye vil la rele wa a pou l di l sa. Epi, wa a di l: “Si l poukont li, se nouvèl li pote.” Pandan moun nan ap pwoche, 26 gad ki te sou miray la wè yon lòt gason k ap kouri. Gad la rele gadyen pòtay vil la, li di l: “Men m wè yon lòt gason ankò k ap kouri poukont li!” Wa a di: “Se nouvèl li pote tou.” 27 Gad ki te sou miray la di: “Mwen wè premye gason an sanble Ayimaz+, pitit gason Zadòk la.” Wa a di: “Li se yon bon moun, se bon nouvèl li pote.” 28 Epi, Ayimaz rele wa a, li di l: “Tout bagay byen!” Lè sa a, li bese fas atè devan wa a. Li di l: “Monwa, mèt mwen, mwen swete pou yo fè louwanj pou Jewova, Bondye w la, paske li lage tout moun ki te leve* kont ou yo nan men w+!”
29 Men, wa a mande: “Èske tout bagay byen pou jennonm ki rele Absalon an?” Lè sa a, Ayimaz reponn: “Mwen te wè yon foul moun rasanble lè Jowab te voye sèvitè w la ansanm avè m, men, mwen pa t konnen ki sa k te pase+.” 30 Epi, wa a di l: “Met kò w sou kote, kanpe la.” Menm kote a, li wete kò l e li kanpe la.
31 Apre sa, moun peyi Kouch la te vin rive+ epi li di: “Monwa, mèt mwen, se pou w aksepte nouvèl la: Jodi a, Jewova fè w jwenn jistis, li delivre w anba men moun ki te leve kont ou yo+.” 32 Men, wa a mande moun peyi Kouch la: “Èske tout bagay byen pou jennonm ki rele Absalon an?” Moun peyi Kouch la reponn: “Monwa, mèt mwen, se pou tout ènmi w yo ak tout moun ki leve kont ou pou fè w mechanste yo vin menm jan ak jennonm nan+!”
33 Sa boulvèse wa a, li monte nan chanm ki te sou tèt pòtay vil la, li tonbe kriye, e pandan l ap mache, li t ap di: “Pitit gason m, Absalon, pitit gason m, pitit gason m, Absalon! Pito se mwen ki te mouri nan plas ou, Absalon, pitit gason m, pitit gason m+!”
19 Yo te vin di Jowab: “Wa a ap kriye e li nan lapenn pou Absalon+.” 2 Konsa, viktwa* yo te pote jou sa a vin tounen lapenn pou tout pèp la, paske yo te vin aprann wa a nan chagren pou pitit gason l lan. 3 Pèp la te retounen san fè okenn bri nan vil la+ jou sa a tankou moun ki wont poutèt yo kouri pou ènmi nan lagè. 4 Wa a te kouvri figi l e li t ap kriye byen fò, li t ap di: “Pitit gason m, Absalon! Absalon, pitit gason m, pitit gason m+!”
5 Apre sa, Jowab antre kot wa a nan kay la, li di l: “Jodi a, ou fè tout sèvitè w yo wont, yo menm ki sove lavi w* jou sa a e ki sove lavi* pitit gason w yo+, pitit fi w yo+, madan marye w yo ak lòt madanm ou genyen yo+. 6 Ou renmen moun ki rayi w e w rayi moun ki renmen w, paske jodi a ou montre byen klè chèf ki avè w yo pa gen okenn enpòtans pou ou. Mwen sèten si Absalon te vivan jodi a e nou tout te mouri, sa pa t ap ba w okenn pwoblèm. 7 Kounye a, leve kanpe, soti al ankouraje* sèvitè w yo, paske mwen fè sèman devan Jewova si w pa soti, pa gen yon gason k ap ret ansanm avè w aswè a. Sa ap pi rèd pou ou pase tout malè ki te rive w depi lè w te jèn rive jis jodi a.” 8 Se konsa, wa a leve l al chita nan pòtay vil la e yo t al di tout pèp la: “Men wa a chita nan pòtay vil la.” Lè sa a, tout pèp la vin devan wa a.
Men, kanta pou rès Izrayelit yo*, yo chak te kouri al lakay yo+. 9 Tout moun nan tout tribi ann Izrayèl yo t ap fè diskisyon youn ak lòt, yo t ap di: “Wa a te sove nou anba men ènmi nou yo+ e li te delivre nou anba men moun Filisti yo, men akoz Absalon, li te kouri kite peyi a+. 10 Absalon nou te chwazi kòm wa* pou dirije nou an+ mouri nan batay la+. Ebyen kounye a, poukisa nou pa fè anyen pou n mennen wa a tounen?”
11 Wa David te voye mesaj bay Zadòk+ ak Abyata+, prèt yo, li di yo: “Pale ak ansyen ki nan Jida yo+, di yo: ‘Poukisa se ta nou menm an dènye ki vin mennen wa a tounen lakay li, alòske tout pèp Izrayèl la vin pale ak wa a lakay li? 12 Nou se frè m. Nou se san m*. Poukisa se ta nou menm an dènye ki vin mennen wa a tounen?’ 13 Men sa pou n di Amaza+: ‘Èske se pa san m ou ye? Se pou Bondye pini m e se pou l pini m ankò si depi kounye a mwen pa mete w chèf lame m nan nan plas Jowab+.’”
14 Konsa, li te konvenk* tout mesye nan Jida yo, epi yo te voye di wa a: “Ou mèt retounen, ou menm ak tout sèvitè w yo.”
15 Wa a te pran wout pou l tounen e li te rive bò Rivyè Jouden an. Tout moun nan Jida te vin rankontre wa a Gilgal+ e yo te travèse Rivyè Jouden an ansanm avè l. 16 Lè sa a, Chimeyi+, pitit gason Gera, yon desandan Benjamen, moun Bawourim, prese desann ak mesye nan Jida yo pou l al rankontre wa David. 17 Te gen 1 000 gason ki sot nan tèritwa tribi Benjamen an ansanm avè l. Epitou, Ziba+, sèvitè ki t ap travay lakay Sayil la, ansanm ak 15 pitit gason l yo ak 20 sèvitè l yo, te kouri desann al bò Rivyè Jouden an anvan wa a. 18 Li* travèse pas dlo a pou l fè moun lakay wa a travèse e pou l fè tout sa k ap fè wa a plezi. Men, Chimeyi, pitit gason Gera a, lage kò l atè devan wa a pandan wa a t apral travèse Rivyè Jouden an. 19 Li di wa a: “Mèt mwen, padone m pou sa m te fè a. Monwa, mèt mwen, bliye mal mwen te fè w+ jou w t ap kite Jerizalèm nan. Monwa, pa bay sa enpòtans, 20 paske mwen menm, sèvitè w la, mwen konnen byen mwen te peche. Se sa k fè jodi a se mwen menm an premye nan tout desandan Jozèf yo ki desann vin rankontre w, monwa, mèt mwen.”
21 Menm moman an, Abichayi+, pitit gason Sewouya a+, di: “Èske nou pa ta dwe touye Chimeyi pou sa l te fè a, piske li te bay moun Jewova chwazi a madichon+?” 22 Men, David di: “Nou menm pitit gason Sewouya yo+, ki sa nou gen pou n wè nan sa, epi pou n ap aji kont mwen jodi a? Èske yo ta dwe touye yon moun ann Izrayèl jodi a? Èske m pa konnen se mwen menm ki wa ann Izrayèl jodi a?” 23 Epi, wa a di Chimeyi: “Ou pap mouri.” E wa a fè sèman ba li+.
24 Mefibochèt+, pitit pitit Sayil la, desann al kot wa a tou. Depi jou wa a te ale jis jou li retounen anpè, Mefibochèt pa t lave pye l, li pa t fè bab li e li pa t lave rad li. 25 Men, lè l vin* Jerizalèm pou l rankontre wa a, wa a di l: “Poukisa w pa t al avè m, Mefibochèt?” 26 Li reponn: “Monwa, mèt mwen, sèvitè m nan+ te twonpe m, paske, mwen menm, sèvitè w la, mwen te di l: ‘Kite m sele bourik mwen pou m monte sou li pou m al ansanm ak wa a’, paske sèvitè w la se yon moun ki domaje nan pye+. 27 Men, monwa, mèt mwen, li vin di w move pawòl sou mwen+. Epoutan, monwa, mèt mwen, ou tankou yon zanj vrè Dye a, donk, ou mèt fè sa w wè ki bon an. 28 Monwa, mèt mwen, ou te gen dwa pou w touye tout moun lakay papa m yo, poutan ou te pran m, mwen menm, sèvitè w la, ou te mete m pami moun k ap manje sou tab ou+. Ki dwa m genyen pou m ta mande wa a lòt bagay ankò?”
29 Men, wa a di: “Poukisa w kontinye ap pale konsa a? Mwen deside pou ou menm ak Ziba separe tè yo+.” 30 Lè sa a, Mefibochèt di wa a: “Li mèt pran tout, piske wa m nan, mèt mwen an, retounen lakay li anpè.”
31 Epi, Bazilayi+, moun Galaad la, te desann sot Wogelim, pou l al bò Rivyè Jouden an pou l kondui wa a met devan Rivyè Jouden an. 32 Bazilayi te granmoun anpil, li te gen 80 an. Se li ki te bay wa a manje pandan wa a te Maanayim+ paske misye te rich anpil. 33 Se sa k fè wa a di Bazilayi: “Travèse avè m, m ap ba w manje nan Jerizalèm+.” 34 Men, Bazilayi di wa a: “Konbyen jou* m rete pou m viv, pou m ta monte ak wa a Jerizalèm? 35 Kounye a, mwen gen 80 an+. Èske m ka distenge byen ak mal? Èske mwen menm, sèvitè w la, mwen ka pran gou sa m ap manje ak sa m ap bwè? Èske m ka tande vwa gason ak vwa fi k ap chante toujou+? Epitou, monwa, mèt mwen, poukisa pou mwen menm, sèvitè w la, ta vin yon chay anplis pou ou? 36 Monwa, se sèlman akonpaye mwen akonpaye w rive bò Rivyè Jouden an. Poukisa pou w ta oblije ban m yon rekonpans pou sa? 37 Tanpri, kite sèvitè w la retounen, kite m al mouri nan peyi m, toupre tonm papa m ak manman m+. Men Kimam, sèvitè w la+. Kite l travèse ansanm avè w, monwa, mèt mwen, e ou mèt fè nenpòt sa w vle pou li.”
38 Lè sa a, wa a di: “Kimam ap travèse avè m e m ap fè sa w vle pou li. Kèlkeswa sa w mande m, m ap fè l pou ou.” 39 Tout pèp la te kòmanse travèse Rivyè Jouden an. Men, lè wa a t apral travèse, li te bo Bazilayi+ e li te swete pou tout bagay ale byen pou li. Epi, Bazilayi retounen lakay li. 40 Lè wa a t ap travèse pou l al Gilgal+, Kimam te travèse ansanm avè l. Tout moun nan Jida yo ak mwatye nan pèp Izrayèl la te travèse ak wa a+.
41 Apre sa, tout mesye ann Izrayèl yo pwoche bò kot wa a e yo di l: “Poukisa mesye nan Jida yo, frè nou yo, te pran ou menm monwa ak tout moun lakay ou an kachèt, yo travèse Rivyè Jouden an ansanm ak tout mesye w yo+?” 42 Tout mesye nan Jida yo reponn mesye ann Izrayèl yo, yo di yo: “Se paske wa a se fanmi nou+. Poukisa n fache pou sa? Èske se wa a ki fè nou manje oubyen èske gen moun ki te ban nou kado?”
43 Men, mesye ann Izrayèl yo di mesye nan Jida yo: “Nou gen dis pòsyon nan wayòm nan, konsa nou gen plis dwa nan David pase nou menm. Poukisa menm nou meprize nou? Èske se pa nou menm an premye ki ta dwe mennen wa nou an tounen?” Men, pawòl mesye nan Jida yo te gen plis fòs* pase pawòl mesye ann Izrayèl yo.
20 Twouve, te gen yon nonm ki te konn bay anpil pwoblèm yo te rele Cheba+, pitit gason Bikri, yon desandan Benjamen. Li te sonnen kòn+ e li te di: “Nou pa gen okenn rapò ak David, pitit gason Jese a+. Se pou chak moun al sèvi dye* pa yo, o Izrayèl+!” 2 Menm kote a, tout mesye ann Izrayèl yo te sispann suiv David pou y al suiv Cheba, pitit gason Bikri a+. Men, mesye Jida yo, soti depi bò Rivyè Jouden an rive Jerizalèm, te rete atache ak wa yo a+.
3 Lè wa David rive lakay li* Jerizalèm+, li pran dis lòt madanm li te genyen li te kite pou pran swen kay la+, li mete yo nan yon kay kote te gen moun ki t ap veye yo. Li te ba yo manje, men li pa t kouche avèk yo+. Yo te rete nan kay la jis yo mouri, yo t ap viv tankou fi mari yo mouri, alòske mari yo vivan.
4 Kounye a, wa a di Amaza+: “Fè mesye Jida yo vin kote m nan twa jou, e ou dwe la tou.” 5 Vrèmanvre, Amaza t al rele mesye Jida yo, men li te vin pi ta pase lè wa a te di l vini an. 6 Apre sa, David di Abichayi+: “Cheba+, pitit gason Bikri a, ka ban nou plis pwoblèm pase Absalon+. Pran sèvitè mèt ou yo pou w al dèyè l pou l pa gentan jwenn vil ki byen pwoteje pou l chape anba men nou.” 7 Konsa, mesye Jowab yo+, sa vle di Keretit yo, Peletit+ yo ak sòlda ki vanyan yo ale ansanm avè l. Yo kite Jerizalèm pou yo pati al dèyè Cheba, pitit gason Bikri a. 8 Lè yo rive toupre gwo wòch ki nan Gabawon an+, Amaza+ te vin rankontre yo. Twouve, Jowab te gen rad li konn al nan lagè a sou li e li te gen yon epe nan yon fouwo ki mare nan senti l. Pandan l ap avanse, epe a soti.
9 Jowab di Amaza: “Èske tout bagay byen pou ou, frè m?” Epi, Jowab kenbe bab Amaza ak men dwat li kòmsi se bo li pral bo l. 10 Amaza pa t veye kò l ak epe ki te nan men Jowab la, Jowab te foure epe a nan vant Amaza+, epi trip Amaza sot tonbe atè. Li pa t bezwen foure epe a de fwa nan vant li, yon sèl kou a te ase pou touye l. Apre sa, Jowab ak Abichayi, frè l la, pati al dèyè Cheba, pitit gason Bikri a.
11 Youn nan jènjan ki te ak Jowab yo te kanpe bò kote l e li te di: “Se pou tout moun ki avèk Jowab e ki pou David suiv Jowab!” 12 Pandan tan sa a, Amaza t ap benyen nan san l nan mitan wout la. Lè jènjan an wè tout moun te ret kanpe ap gade, li retire Amaza nan wout la, li mete l nan raje a. Epi, li kouvri l ak yon rad, paske li te wè tout moun te ret kanpe lè yo rive bò kote l. 13 Apre l fin retire l nan wout la, tout moun te suiv Jowab pou yo pati al dèyè Cheba+, pitit gason Bikri a.
14 Cheba te pase nan tout tèritwa tribi Izrayèl yo pou l al nan vil Abèl ki nan Bètmaka+. Desandan Bikri yo te rasanble e yo te pati al dèyè Cheba tou.
15 Jowab ak mesye ki avè l yo* te sènen Cheba nan vil Abèl ki nan Bètmaka a, epi yo bare vil la, kòmsi se te yon lantouray yo te mete toutotou vil la. Tout moun ki te avèk Jowab yo t ap fouye anba miray la pou yo ka lage l atè. 16 Epi, gen yon dam ki gen sajès ki pale byen fò detan l anndan vil la, li di: “Tande! Mesye, tande! Tanpri, di Jowab avanse pou m pale avè l.” 17 Konsa, Jowab pwoche kot dam nan, epi dam nan mande l: “Èske se ou menm ki Jowab la?” Li reponn: “Wi, se mwen menm.” Lè sa a, dam nan di l: “Koute sa mwen menm, sèvant ou an, pral di w la.” Li di l: “M ap koute.” 18 Epi, dam nan di l: “Gen yon pawòl yo te konn toujou di nan tan lontan ki di: ‘Depi yo vin pale ak moun nan vil Abèl’, tout bagay ap regle.’ 19 Mwen reprezante moun ki renmen lapè yo ak moun ki fidèl ann Izrayèl yo. W ap chèche detwi yon vil ki enpòtan* ann Izrayèl. Poukisa w vle detwi* eritaj Jewova a+?” 20 Jowab reponn li: “Sa pa t ap janm vin nan lide m pou m kraze l ni pou m detwi l! 21 Se pa sa ditou. Okontrè, mwen vin dèyè yon nonm ki rele Cheba+ ki soti nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan+, li se pitit gason Bikri e li leve* kont wa David. Si n lage sèl nonm sa a nan men m, m ap retire kò m bò vil la.” Lè sa a, dam nan di Jowab: “Gade! N ap voye tèt li ba ou pa anlè miray la.”
22 Menm kote a, dam ki gen sajès la antre al pale ak tout pèp la. Apre sa, yo koupe tèt Cheba, pitit gason Bikri a, e yo voye l bay Jowab. Lè sa a, Jowab sonnen kòn, epi mesye ki te avèk li yo kite vil la, yo chak al lakay yo+. Jowab li menm retounen kot wa a nan Jerizalèm.
23 Se Jowab ki te chèf tout lame Izrayèl la+, e Benaya+, pitit gason Jewoyada a+, te alatèt Keretit yo ak Peletit yo+. 24 Adoram+ te alatèt moun wa a te bay lòd pou yo travay pou li yo. Jozafa+, pitit gason Ayiloud la, te la pou l ekri tout sa k pase. 25 Cheva te sekretè e Zadòk+ ak Abyata+ te prèt. 26 Epitou, Ira, yon desandan Jayi, te vin nan gwo pozisyon* lakay David.
21 Twouve, te gen yon grangou+ nan epòk David la ki te dire twazan, youn dèyè lòt. Se sa k fè David t al pale ak Jewova, epi Jewova di l: “Sayil ak moun lakay li koupab pou san yo te fè koule lè yo te touye moun Gabawon yo+.” 2 Konsa, wa a te rele moun Gabawon yo+ e li te pale avèk yo. (Men, moun Gabawon yo pa t Izrayelit, yo se Amorit+ ki te rete yo, e Izrayelit yo te fè sèman yo pap touye yo+. Aktout sa, Sayil te chèche elimine yo paske l te jalou pou pèp Izrayèl la ak moun Jida yo.) 3 David di moun Gabawon yo: “Ki sa m ka fè pou nou, e ki jan m ka repare fot sa a pou nou menm nou mande Jewova pou l beni eritaj la?” 4 Moun Gabawon di l: “Se pa ajan oswa lò+ nou bezwen poutèt sa Sayil ak moun lakay li yo te fè nou an, e nou pa gen dwa touye pèsonn ann Izrayèl.” Lè sa a, li di: “Kèlkeswa sa nou di m, m ap fè l pou nou.” 5 Epi, yo reponn wa a: “Moun ki te prèske fin touye nou an e ki te fè plan pou elimine nou pou nou pa viv okenn kote ann Izrayèl la+, 6 se pou nou ban nou sèt gason nan desandan l yo. N ap pann kadav yo*+ devan Jewova nan Gibeya+, vil Sayil la, moun Jewova te chwazi a+.” Epi, wa a di: “M ap ban nou yo.”
7 Men, wa a te gen pitye pou Mefibochèt+, pitit gason Jonatan ki te pitit gason Sayil, akoz sèman David ak Jonatan+, pitit gason Sayil la, te fè devan Jewova. 8 Se sa k fè wa a te pran Amoni ak Mefibochèt, de pitit gason Rispa+, pitit fi Ayiya te fè pou Sayil yo, ak senk pitit gason Mikal*+, pitit fi Sayil, te fè ak Adriyèl+, pitit gason Bazilayi, moun Abèlmewola. 9 Li te remèt moun Gabawon yo mesye yo, yo te touye yo e yo te pann kadav yo sou mòn nan devan Jewova+. Toule sèt te mouri ansanm. Yo te touye yo lè moman rekòt la te fèk kòmanse, lè yo te kòmanse rekòlte lòj*. 10 Apre sa, Rispa+, pitit fi Ayiya a, te pran yon twal sak, li ouvri sou wòch la depi lè rekòt la te kòmanse pou jis lè lapli te tonbe sou kadav yo. Li pa t kite zwazo vin poze sou yo lajounen, e lannuit li pa t kite bèt nan bwa vin bò kote yo.
11 Yo te rakonte David sa Rispa, pitit fi Ayiya a, yon lòt madanm Sayil te genyen, te fè. 12 Se sa k fè David al pran zosman Sayil ak zosman Jonatan, pitit gason Sayil la, nan men chèf* ki nan Jabèsgalaad yo+, ki te vòlè kadav mesye yo sou plas piblik nan Bètchan an, kote moun Filisti yo te pann yo a, jou moun Filisti yo te touye Sayil nan Gilbowa a+. 13 L al pran zosman Sayil ak zosman Jonatan, pitit gason Sayil la, lòtbò a, epitou yo te rasanble zosman moun yo te touye* yo+. 14 Apre sa, yo antere zosman Sayil ak zosman Jonatan, pitit gason l lan, nan tonm Kich+, papa Sayil, nan Zela+ ki nan tèritwa Benjamen. Apre yo fin fè tout sa wa a te ba yo lòd fè yo, Bondye tande priyè yo te kontinye ap fè pou peyi a+.
15 Te vin gen lagè ankò ant moun Filisti yo ak moun Izrayèl yo+. Se sa k fè David ak sèvitè l yo te desann al batay ak moun Filisti yo, men, David te vin fatige anpil. 16 Gen yon desandan Refayim yo+ ki te rele Ichbibenòb ki te gen entansyon touye David, li te gen yon lans an kuiv ki te peze 300 chekèl*+ ak yon epe tounèf nan men l. 17 Menm kote a, Abichayi+, pitit gason Sewouya, te vin pote David sekou+, li frape sòlda Filisti a e li touye l. Lè sa a, mesye David yo fè yon sèman bay David, yo di l: “Nou pa gendwa kite w al nan lagè avè n ankò+ pou w pa etenn lanp Izrayèl la+.”
18 Apre sa, y al fè lagè ankò ak moun Filisti yo+ nan Gòb. Lè sa a, Sibekayi+, moun Oucha a, te touye Saf ki te yon desandan Refayim yo+.
19 Epi, y al fè lagè ankò ak moun Filisti yo+ nan Gòb. Lè sa a, Elanan, pitit gason Jareyoregim, moun Betleyèm, te touye Golyat, moun Gat la, ki te gen yon lans. Manch an bwa lans li a te tankou gwo bwa moun k ap fè twal yo konn woule twal sou yo a+.
20 Te vin gen lagè ankò nan Gat, kote te gen yon nonm ki te wo anpil ki te gen 6 dwèt nan chak men l ak 6 zòtèy nan chak pye l. Antou, li te gen 24 dwèt ak zòtèy. Li menm tou li te yon desandan Refayim yo+. 21 Li te toujou ap pwovoke pèp Izrayèl la+. Se konsa, Jonatan, pitit gason Chimeyi+ ki te frè David, te touye l.
22 Toule kat mesye sa yo se te desandan Refayim yo, se te moun Gat, e se David ak sèvitè l yo ki te touye yo+.
22 Epi, David te chante yon chante pou Jewova+ lè Jewova te sove l anba men tout ènmi l yo+ ak anba men Sayil+. 2 Men sa l te di:
“Jewova se mas wòch mwen e li se fòtrès mwen+. Li se Sila a ki sove m nan+.
3 Bondye m nan se mas wòch mwen+, se nan li mwen jwenn refij,
Li se boukliye m+, li se kòn* ki delivre m*, li se refij kote m ka jwenn sekirite*+,
E li se kote m ka kouri ale+, li se sovè m+. Bondye, se ou menm ki sove m anba vyolans.
4 Mwen rele nan pye Jewova, li menm ki merite louwanj,
E m ap jwenn delivrans anba men ènmi m yo.
5 Lanm lanmè yo te ansèkle m pou yo touye m+,
Yon bann voryen te vin sou mwen pou yo fè m pè tankou gwo dlo k ap desann+.
7 Lè m te nan pwoblèm, mwen te rele nan pye Jewova+,
Mwen te kontinye rele Bondye m nan.
Detan l nan tanp li an, li te tande vwa m,
E rèl mwen fè pou m mande l sekou te rive nan zòrèy li+.
8 Tè a te pran tranble e li t ap souke, li t ap fè ale vini+.
Fondasyon syèl la te tranble+
E li t ap souke, paske Bondye te an kòlè+.
9 Lafimen t ap monte sot nan twou nen l
E yon dife ki t ap fè ravaj t ap sot nan bouch li+.
Chabon dife tou limen t ap soti bò kote l la.
12 Li te fè fènwa kouvri l tankou yon tonèl+,
Nan yon seri nyaj tou nwa ki plen ak dlo.
13 Limyè ki te devan l lan te fè chabon dife limen.
16 Fon lanmè a te parèt aklè+,
Fondasyon tè a te parèt klè akoz blam Jewova,
Akoz souf ki te sot nan twou nen l avèk fòs+.
17 Detan l anwo a, li te lonje men l,
Li te pran m e li te rale m sot nan dlo ki fon yo+.
18 Li te delivre m anba men ènmi m nan ki gen fòs+,
Anba men moun ki rayi m e ki gen plis fòs pase m yo.
19 Yo te opoze avè m jou m te nan malè a+,
Men, Jewova te ede m.
22 Paske, mwen kontinye mache nan chemen Jewova yo,
E mwen pa abandone Bondye m nan, sa ki t ap mal.
27 Ou aji byen ak moun ki gen kè yo pwòp+,
Men, ou montre w entèlijan ak* moun ki aji yon fason ki kwochi yo+.
30 Grasa èd ou, mwen ka atake yon bann vòlè,
Grasa pisans Bondye, mwen ka grenpe yon miray+.
31 Chemen vrè Dye a bon nèt+,
Pawòl Jewova san fay+.
Bondye se yon boukliye pou tout moun ki chèche refij nan li+.
35 Li antrene men m pou m fè lagè.
Mwen ka pliye yon banza* an kuiv ak men m.
38 M ap kouri dèyè ènmi m yo e m ap detwi yo.
Mwen pap retounen toutotan mwen pa fin elimine yo.
39 M ap kraze yo e m ap elimine yo, konsa yo pap leve kanpe+.
Y ap tonbe e m ap met pye m sou yo.
42 Yo rele pou mande sekou, men pa gen pèsonn pou sove yo,
Yo menm rele Jewova, men li pa reponn yo+.
43 M ap kraze yo, m ap fè yo vin fen tankou pousyè tè,
M ap fè yo tounen poud e m ap mache sou yo tankou se sou labou ki nan lari.
44 W ap delivre m anba men pèp mwen an k ap chèche fot lakay mwen+.
W ap pwoteje m pou m ka chèf sou nasyon yo+.
Yon pèp mwen pa konnen ap vin sèvi m+.
46 Gen etranje k ap pèdi kouraj yo*.
Y ap sot nan fòtrès yo tou ap tranble.
49 Li delivre m anba men ènmi m yo.
Ou leve m anlè+ moun k ap atake m yo,
Ou sove m anba men moun k ap fè vyolans yo+.
50 Se poutèt sa, o Jewova, m ap di w mèsi nan mitan nasyon yo+,
51 Bondye fè gwo aksyon pou l sove* wa li chwazi a+.
Li demontre yon lanmou ki fidèl pou moun li chwazi a,
23 Men dènye pawòl David te di+:
“Sa a se pawòl David, pitit gason Jese a+,
Pawòl moun yo te leve byen wo a+,
Moun Bondye Jakòb la te chwazi a+,
Moun ki te chante bèl chante ann Izrayèl+.
3 Bondye Izrayèl la t ap pale.
Wòch Izrayèl la te di m+:
‘Lè moun k ap dirije a jis+,
Li dirije ak lakrentif pou Bondye+,
4 Gouvènman l lan tankou lè l fè klè nan maten, lè solèy klere+,
Yon maten kote pa gen nyaj.
Li tankou klète ki genyen apre lapli fin tonbe
Pou fè zèb pouse nan tè a+.’
5 Èske se pa konsa kay mwen ye devan Bondye?
Paske, li fè yon alyans ki la pou toutan avè m+,
Yon alyans ki byen tabli e ki sèten.
Piske alyans sa a delivre m nèt e li se tout plezi m,
Èske se pa sa ki fè li respekte alyans sa a+?
6 Men, y ap voye tout voryen yo jete tankou pikan+,
Paske yo pa ka pran yo ak men.
7 Lè yon moun ap manyen yo,
Li dwe gen fè nan men l, li dwe gen yon lans nan men l,
Epi li dwe boule yo nèt nan dife kote yo ye a.”
8 Men non sòlda vanyan ki te avèk David yo+: Jochèbachebèt, yon Takemonit, ki te alatèt twa mesye yo+. Yon lè, li te touye 800 sòlda ak lans li. 9 Apre l te gen Eleyaza+, pitit gason Dodo+, pitit gason Awoyi, ki te youn nan twa sòlda vanyan ki te avèk David lè yo t al atake moun Filisti yo. Yo te rasanble pou yo fè lagè, e lè mesye Izrayèl yo te rale kò yo, 10 li te kanpe tennfas e li te kontinye touye moun Filisti yo jiskaske bra l te vin fatige, e men l te ret kole ak epe a+. Se konsa, Jewova te pot yon gwo viktwa* jou sa a+, e pèp la te suiv li pou y al pran tout sa k te sou moun ki mouri yo.
11 Apre l te gen Chama, pitit gason Age, Ararit la. Moun Filisti yo te rasanble nan Leyi kote te gen yon moso tè ki chaje pwa, e moun yo te kouri pou moun Filisti yo. 12 Men, li menm li t al kanpe nan mitan moso tè a pou l pwoteje l e li te kontinye touye moun Filisti yo, konsa Jewova te bay pèp la yon gwo viktwa*+.
13 Twa nan 30 mesye ki te alatèt yo te desann al kot David ki te nan gwòt Adoulam nan+ pandan rekòt la e moun Filisti yo te gen yon gwoup sòlda ki te monte kan yo nan Vale* Refayim+. 14 Lè sa a, David te nan gwòt kote l te byen pwoteje a+, e te gen yon gwoup sòlda Filisti nan Betleyèm. 15 Epi, David te fè konnen sa li anvi lè l te di: “Si m te ka jwenn yon ti dlo ki sot nan sitèn ki toupre pòtay vil Betleyèm nan pou m bwè!” 16 Menm kote a, twa sòlda vanyan yo te pase ak fòs nan mitan kan sòlda Filisti yo, yo pran dlo nan sitèn ki toupre pòtay vil Betleyèm nan, epi yo pote dlo a bay David. Men, David te refize bwè dlo a e li te vide l atè pou Jewova+. 17 David di: “O Jewova, sa pa t ap janm vin nan lide m pou m fè yon bagay konsa! Èske m te ka bwè san+ mesye sa yo ki t al riske lavi* yo pou y al pran dlo a?” Se sa k fè li te refize bwè l. Se aksyon sa yo twa sòlda vanyan David yo te fè.
18 Abichayi+, frè Jowab, pitit gason Sewouya+, te alatèt yon lòt gwoup ki te gen twa mesye ladan l. Li te rale lans li li touye 300 sòlda. Li te gen gwo renome menm jan ak twa mesye yo+. 19 Menmsi se li ki te gen pi gwo renome pase lòt twa mesye yo e se li ki te chèf yo, li pa t rive nan nivo twa premye mesye yo.
20 Benaya+, pitit gason Jewoyada a, se te yon gason vanyan* ki te fè anpil gwo aksyon nan Kabseyèl+. Li te touye de pitit gason Ariyèl, yon moun Mowab. Yon jou, pandan nèj t ap tonbe, li te desann nan yon pi dlo kote l te touye yon lyon+. 21 Epitou, li te touye yon Ejipsyen ki te wo anpil. Aktout Ejipsyen an te gen yon lans nan men l, li t al sou li ak yon baton, li te rache lans lan nan men Ejipsyen an, epi li touye l ak menm lans lan. 22 Se aksyon sa yo Benaya, pitit gason Jewoyada a, te fè, e li te gen gwo renome menm jan ak twa sòlda vanyan yo. 23 Byenke li te gen pi gwo renome pase mesye ki nan gwoup trant lan, li pa t rive nan nivo twa mesye yo. Men, David te mete l chèf sekirite l.
24 Asayèl+, frè Jowab, te fè pati gwoup trant lan. Men non kèk nan gason vanyan yo: Elanan, pitit gason Dodo, moun Betleyèm+; 25 Chama, moun Awòd; Elika, moun Awòd; 26 Elèz+, moun Bètpelèt; Ira+ ki pitit gason Ikèch, moun Tekowa; 27 Abyezè+, moun Anatòt+; Mebounayi, moun Oucha; 28 Zalmon, desandan Awoyi; Maharayi+, moun Netofa; 29 Elèb, pitit gason Bana, moun Netofa; Itayi, pitit gason Ribayi, moun Gibeya, ki nan tèritwa tribi Benjamen an; 30 Benaya+, moun Piraton; Idayi, moun zòn ravin Gaach yo+; 31 Abyalbon, moun Bètaraba; Azmavèt, moun Bawourim; 32 Elyaba, moun Chaalbim; pitit gason Jachen yo, Jonatan, 33 Chama, Ararit la; Ayiyam, pitit gason Chara, Ararit la; 34 Elifelèt, pitit gason Asbayi ki pitit gason moun Maakat la; Elyam, pitit gason Ayitofèl+, moun Gilo; 35 Ezwo, moun Kamèl; Parayi, moun Arab; 36 Igal, pitit gason Natan ki moun Soba; Bani, desandan Gad; 37 Zelèk, desandan Amon; Naharayi, moun Beyewòt, ki te konn pot zam Jowab, pitit gason Sewouya a; 38 Ira, desandan Jetè; Garèb, desandan Jetè+ 39 ak Ouri+, desandan Èt. Sa fè 37 moun antou.
24 Jewova te fache kont pèp Izrayèl la+ ankò, lè yo te fè David aji yon fason ki kont pèp la. Yo te di l: “Al konte+ moun ann Izrayèl yo ak moun nan Jida yo+.” 2 Konsa, wa a di Jowab+, chèf lame a, ki te ansanm avè l: “Tanpri, al nan tout tribi Izrayèl yo, depi Dann rive Beyècheba+, anrejistre pèp la pou m ka konnen kantite moun ki genyen.” 3 Men, Jowab di wa a: “Se pou Jewova, Bondye w la, fè pèp la vin 100 fwa plis, e ou menm monwa, mèt mwen, se pou w wè sa ak je w. Men, monwa, mèt mwen, poukisa w vle fè yon bagay konsa?”
4 Men, se sa wa a te di a Jowab ak lòt chèf ki te alatèt nan lame a te oblije fè. Konsa, Jowab ak lòt chèf yo ki te alatèt nan lame a te sot devan wa a pou y al anrejistre pèp Izrayèl la+. 5 Yo te travèse Rivyè Jouden an, yo monte kan yo Awoyè+, sou bò dwat* vil la, nan mitan vale a, yo t al nan direksyon tèritwa desandan Gad yo ak nan zòn ki mennen Jazè a+. 6 Apre sa, y ale Galaad+ ak nan peyi Tatimodchi, yo te kontinye wout la rive Dannjayan e yo te vire al Sidon+. 7 Apre sa, y ale nan fò ki nan Ti a+ ak nan tout vil Ivit yo+ ak vil moun Kanaran yo. Finalman, yo rive Beyècheba+, nan zòn Negèb la+, ki nan Jida. 8 Konsa, yo t ale nan tout peyi a e yo te retounen Jerizalèm apre nèf mwa 20 jou. 9 Epi, Jowab bay wa a kantite moun yo te anrejistre yo. Yo te jwenn 800 000 gason ki gen epe ann Izrayèl e yo te jwenn 500 000 gason ki gen epe nan Jida+.
10 Men, konsyans* David t ap kale l+ apre l te fin konte pèp la. Epi, David di Jewova: “Sa m fè a se yon peche+ grav. Kounye a, Jewova, tanpri, padone peche sèvitè w la+ fè a, paske se yon bagay moun sòt nèt mwen fè+.” 11 Lè David leve nan maten, Jewova pale ak pwofèt Gad+ ki te konn fè David konnen vizyon Bondye bay yo, li di l: 12 “Al di David: ‘Men sa Jewova di: “M ap ba w twa bagay pou w chwazi youn ladan yo. Chwazi sa pou m lage sou ou a+.”’” 13 Vrèmanvre, Gad al kot David, epi li di l: “Èske w vle pou gen sèt ane grangou nan peyi a+? Oubyen pou w fè twa mwa ap kouri pou advèsè w yo+? Oswa pou maladi tonbe sou peyi a pandan twa jou+? Kounye a, byen reflechi pou w di m ki repons pou m bay Sila a ki voye m nan.” 14 Lè sa a, David di Gad: “Bagay sa a ban m pwoblèm anpil. Tanpri, pito nou tonbe anba men Jewova+, paske li gen anpil mizèrikòd+, men, pa kite m tonbe anba men lòm+.”
15 Annapre, Jewova lage yon maladi sou pèp Izrayèl la+, soti maten rive nan lè l te fikse a, sa te lakòz 70 000 moun nan pèp la mouri+, soti Dann rive Beyècheba+. 16 Lè zanj lan lonje men l nan direksyon Jerizalèm pou l detwi vil la, Jewova te regrèt* chatiman li te bay la+ e li te di zanj ki t ap detwi pèp la: “Ase! Kounye a, bese men w.” Zanj Jewova a te toupre kote yo konn bat manje angren ki pou Awona+, moun Jebis la+.
17 Lè David wè zanj lan ki t ap touye pèp la, li di Jewova: “Se mwen menm ki peche e se mwen menm ki mal aji. Ki sa mouton sa yo fè+? Tanpri, se mwen menm ak moun lakay papa m ki pou tonbe anba men w+.”
18 Konsa, Gad antre al kot David jou sa a, epi li di l: “Monte al fè yon lotèl pou Jewova kote yo konn bat manje angren ki pou Awona, moun Jebis la+.” 19 Vrèmanvre, David monte, jan Gad te di l la, selon lòd Jewova te bay la. 20 Lè Awona gade li wè wa a ak sèvitè l yo k ap monte vin sou li, menm moman an, Awona kite kote l te ye a, epi li bese byen ba devan wa a fas atè. 21 Awona mande wa a: “Monwa, mèt mwen, poukisa w vin kot sèvitè w la?” David reponn: “Mwen vin achte tè kote w konn bat manje angren an nan men w pou m fè yon lotèl pou Jewova pou flewo ki tonbe sou pèp la ka sispann+.” 22 Men, Awona di David: “Monwa, mèt mwen, ou mèt pran l, epi ou mèt ofri sa w vle* kòm sakrifis. Ou mèt pran bèf pou w fè sakrifis y ap boule nèt la ak planch yo konn bat manje angren yo ansanm ak kabwèt bèf yo kòm bwa pou sakrifis la. 23 Monwa, mwen ba w tout bagay sa yo.” Apre sa, Awona di wa a: “Mwen swete pou Jewova, Bondye w la, avè w!”
24 Men, wa a di Awona: “Non, mwen dwe achte l nan men w pou yon kantite kòb. Mwen pap ofri Jewova, Bondye m nan, sakrifis yo boule nèt ki pa koute m anyen.” Konsa, David te achte kote yo konn bat manje angren an ak bèf yo pou 50 chekèl* ann ajan+. 25 Epi, David te fè yon lotèl+ kote sa a pou Jewova, e li te ofri sakrifis yo boule nèt ak sakrifis kominyon*. Epi, Jewova te koute priyè yo te kontinye fè pou peyi a+ e flewo ki t ap frape pèp Izrayèl la te sispann.
Oswa: “sot touye”.
Oswa: “paske tout nanm mwen nan mwen toujou”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “yo te pran plezi nan yo”.
Oswa: “lanmou ki fidèl”.
Oswa: “pou yo fè yon konkou”.
Lit.: “gazèl”. Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se kapab tou: “nan tout Bitwon”.
Lit.: “epi, gade! ponyèt mwen avèk ou”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “poutèt san”.
Petèt se yon gason ki enfim yo mande fè travay fi konn fè.
Lit.: “kuiv”.
Lit.: “pitit sa ki pa jis”.
Oswa: “pote manje bay David pou lapenn li genyen an”.
Lit.: “men l te vin fèb”.
Oswa: “chèche retire nanm ou an”.
Oswa: “te rachte nanm mwen”.
Lit.: “zo w ak chè w”.
Lit.: “ki t ap fè Izrayèl soti e ki t ap fè Izrayèl antre”.
Oswa: “ki rayi nanm David”.
Se kapab tou: “li te rele l”.
Lit.: “plen ak ranblè”. Petèt se te yon konstriksyon ki te tankou yon sitadèl.
Oswa: “palè”.
Oswa: “Platon”.
Sa vle di: “Mèt nan kraze”.
Oswa: “Platon”.
Lit.: “touf bwa baka a”. Baka se yon mo ebre. Yo pa byen konn ki kalite pyebwa li ye.
Se kapab tou: “nan mitan”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “boulvèse”.
Sa vle di: “Frap kont Ouza”.
Petèt “Gat” sa a se vil Gatrimon.
Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.
Lit.: “mare nan ren l”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “palè l la”.
Lit.: “mache”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “pitit gason Izrayèl yo”.
Oswa: “m ap fè yon pakèt wa soti nan fanmi w”.
Lit.: “semans ou”.
Lit.: “yon moun k ap sot anndan w”.
Se kapab tou: “pitit gason Adan yo”.
Oswa: “M ap fè wa soti nan fanmi w”.
Lit.: “jwenn kè l”.
Oswa: “jwenn delivrans”.
Lit.: “te vin prèt”.
Anpalan de Rivyè Efrat.
Anpalan de sezon prentan.
Oswa: “Byen ta nan aprèmidi”.
Oswa: “palè”.
Petèt apre l te fin gen règ li.
Lit.: “al lave pye w”.
Oswa: “pòsyon wa a”. Se pòsyon yon moun ki te resevwa yon moun ki te vin vizite l, yon moun li onore, te voye ba li.
Lit.: “te mal nan je Jewova”.
Lit.: “epe”.
Oswa: “yon gason parèy ou”.
Lit.: “devan je solèy sa a”.
Lit.: “devan solèy la”.
Oswa: “kite peche w la pase”.
Oswa: “l al nan palè”.
Non sa a soti nan yon mo ebre ki vle di “lapè”.
Sa vle di: “Moun Ja renmen anpil la”.
Oswa: “vil wayòm nan”.
Petèt y ap pale de kote ki gen dlo nan vil la.
Lit.: “e y ap nonmen non m sou li”.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Oswa: “pen konsolasyon an”.
Oswa: “pen konsolasyon an”.
Oswa: “pen konsolasyon an”.
Lit.: “met nan kè l”.
Oswa: “vin jwenn konsolasyon”.
Oswa: “Jowab di l sa pou l di”.
Sa vle di dènye espwa pou gen yon desandan.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm ou”.
Oswa: “pa gen yon moun ki ka al agoch oswa adwat sa w di a”.
Anviwon 2,3 kg (5 liv). Gade Apendis B14.
Petèt se te yon chekèl wa yo te konn itilize (ki diferan ak chekèl nòmal yo), oswa yon chekèl yo te konsève nan palè wa a.
Se yon kalite manje angren.
Se kapab tou: “40 an”.
Oswa: “palè a”.
Oswa: “te travèse”.
Oswa: “t ap travèse devan l”.
Oswa: “lanmou ki fidèl”.
Oswa: “yon moun ki konn tout ti sekrè David”.
Oswa: “pitit pitit”.
Oswa: “chèche nanm mwen”.
Oswa: “yon moun ki konn tout ti sekrè David”.
Oswa: “palè a”.
Oswa: “tankou se konsèy moun chèche jwenn nan”.
Oswa: “pandan toule de men l fèb”.
Oswa: “e nanm yo anmè”.
Oswa: “twou; ravin”.
Se kapab tou: “plèn ki nan dezè a”.
Lit.: “vale”.
Oswa: “trangle”.
Se yon kalite manje angren.
Lit.: “fwomaj lèt bèf”.
Lit.: “anba men”.
Lit.: “fikse kè sou”.
Lit.: “pandye ant syèl la ak tè a”.
Lit.: “peze nan pla men m yo”.
Oswa: “Si m ta aji yon fason ki trèt ak nanm”.
Se kapab tou: “ti flèch; lans”. Lit.: “baton”.
Oswa: “Plèn”.
Oswa: “Etyopi”.
Lit.: “leve men yo”.
Oswa: “delivrans”.
Oswa: “nanm ou”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “al pale ak kè”.
Anpalan de Izrayelit ki te patizan Absalon yo.
Oswa: “Absalon nou te vide luil sou tèt li kòm wa”.
Oswa: “bonjan fanmi m”.
Lit.: “li koube kè”.
Se kapab tou: “Yo”.
Se kapab tou: “sot”.
Lit.: “jou ane”.
Oswa: “te pi di”.
Se kapab tou: “al nan tant”.
Oswa: “nan palè l”.
Oswa: “Yo”.
Oswa: “yon vil ki tankou yon manman”.
Lit.: “vale”.
Lit.: “leve men l”.
Lit.: “vin yon prèt”.
Lit.: “N ap ekspoze yo”, sa vle di ak bra yo ansanm ak pye yo tou kase.
Se kapab tou: “Merab”.
Se yon kalite manje angren.
Se kapab tou: “mèt tè”.
Lit.: “ekspoze”.
Anviwon 3,42 kg (7,5 liv). Gade Apendis B14.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “sovè m nan ki gen anpil fòs”.
Oswa: “kote ki wo ki gen sekirite”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “van an”.
Oswa: “yon kote ki gen anpil espas”.
Lit.: “men m pwòp”.
Se kapab tou: “Men, ou aji tankou moun sòt ak”.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit. Men, kòn li yo gen plizyè branch.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “Je pye”.
Oswa: “W ap ban m do ènmi m yo”.
Lit.: “fèmen bouch”.
Lit.: “Selon sa yo tande nan zòrèy yo, y ap obeyi m”.
Oswa: “k ap disparèt”.
Oswa: “m ap fè mizik”.
Oswa: “pou l pot gwo viktwa pou”.
Lit.: “semans”.
Oswa: “delivrans”.
Oswa: “delivrans”.
Oswa: “Plèn”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “pitit gason yon mesye ki te gen kran”.
Oswa: “nan sid”.
Lit.: “kè”.
Oswa: “te gen lapenn poutèt”.
Lit.: “sa ki bon nan je w”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “ofrann lapè”.