BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bi7 p. 484-489
  • Lis mo yo esplike yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lis mo yo esplike yo
  • Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo
Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo
Lis mo yo esplike yo

Lis mo yo esplike yo

A B CH D E F G I J K L M O P R S T Z

  • Akanj.

    Sans li se “chèf zanj yo”. Mo “ak” ki devan “anj” lan vle di “chèf” oubyen “prensipal”, sa ki fè konprann se yon sèl akanj ki genyen, chèf zanj yo, e li rele Mikayèl.

  • Albat.

    An jeneral, se yon wòch blanch ki konn gen tras divès koulè sou li. Se tankou yon wòch kalkè ki prèske di tankou mab. Yo te konn fouye l pou ba l fòm yon veso ki ka kenbe likid. An jeneral, se pafen yo te konn met ladan l.

  • Alfa ak Omega.

    Se non premye ak dènye lèt nan alfabè grèk la. Yo sèvi ak ekspresyon sa a twa fwa nan liv Revelasyon an kòm yon tit pou pale de Bondye.

  • Amagedòn.

    Li vle di “Mòn Megido”. Lagè Amagedòn nan se batay ki pral fèt sou tout tè a, kote Jezi Kris, Wa Jewova nome a, pral detwi ènmi Jewova yo.

  • Ansyen, granmoun gason.

    Ekspresyon sa yo fè referans ak moun ki granmoun, men nan Ekriti yo yo sèvi avèk yo sitou pou yo pale de moun ki nan yon pozisyon kote yo gen otorite e ki gen responsablite nan yon kominote oswa nan yon nasyon. Yo sèvi avè l tou pou pale de kreyati ki nan syèl la nan liv Revelasyon an.

  • Antikris.

    Ekspresyon grèk sa a vle di mo pou mo “kont Kris” oubyen “nan plas Kris”. Nan Ekriti yo, li fè referans ak moun ki pa dakò “Jezi se Kris la” oubyen ki pa dakò Jezi se Pitit Bondye a ki te vini “nan lachè a”. (2 Jan 7.) Nan yon sans ki pi laj, li fè referans ak tout moun ki opoze ak Kris oubyen moun ki fè tèt yo pase pou Kris oubyen pou reprezantan l, oubyen moun ki pa aksepte sa Pawòl Bondye a di konsènan Kris la.

  • Apot.

    Mo pou mo li vle di “moun yo voye”. Yo plis sèvi avè l pou pale de disip Jezi te chwazi pèsonèlman yo e ki te fòme gwoup 12 reprezantan li te chwazi.

  • Asistan ministeryèl.

    Premye sans mo grèk dyakonòs la se ‘sèvitè’. Kòm tout kretyen nan premye syèk la se te ‘sèvitè’ Bondye, li klè nan kèk ka mo dyakonòy la (asistan ministeryèl) te gen yon lòt sans, yon sans ki gen rapò ak fason kongregasyon an te òganize e ak fason li te fonksyone. Nan ka sa yo, mo a fè referans ak frè ki te gen responsablite pou yo ede ansyen yo nan kongregasyon an.

  • Atachman pou Bondye.

    Atachman pou Bondye se respè nou genyen pèsonèlman pou Jewova Dye, se adorasyon nou ba li ak sèvis nou pou li paske nou fidèl ak li antanke Souvren linivè.

  • Batèm.

    Se lè yo plonje yon moun anba dlo. Batèm kretyen an, oubyen plonje yo plonje yon moun anba dlo a, se yon senbòl. Batèm nan fèt an piblik, e sa montre moun ki batize a bay tèt li nèt, ak tout kè l e san kondisyon, pa mwayen Jezi Kris, pou l fè volonte Jewova Dye. Pami diferan batèm Ekriti yo pale de yo, gen batèm Jan an, gen batèm nan lespri sen, e gen batèm nan dife.

  • Beyèlzeboub.

    Yon non yo bay Satan, ki se prens oubyen chèf demon yo.

  • Bon nouvèl.

    Li fè referans ak bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a e konsènan delivrans Bondye pral bay moun pa mwayen lafwa yo nan Jezi Kris.

  • Bwason yo vide kòm ofrann.

    Se diven yo te konn vide sou lotèl kòm ofrann e yo te konn prezante ansanm ak pifò lòt ofrann. Pòl te sèvi ak ekspresyon sa a nan yon sans senbolik pou l montre ki jan li te anvi bay tout li menm pou konpayon kretyen l yo.

  • Cheriben.

    Yon kalite zanj ki gen gwo pozisyon e ki gen responsablite espesyal ki diferan ak gwoup serafen yo.

  • Demon.

    Se yon seri kreyati envizib, yo se espri mechan ki gen pouvwa moun pa genyen. Se zanj ki te dezobeyi Bondye yo nan epòk Noye a e ki te mete ak Satan nan rebelyon li te fè kont Jewova a.

  • Denye.

    Yon pyès monnen women ann ajan ki te peze anviwon 3,85 g. Li te gen yon imaj sou li ki te sanble ak tèt Seza e se te ‘pyès monnen ki te konn sèvi pou peye enpo a’, yon enpo Women yo te konn pran nan men Juif yo. Pandan ministè Jezi sou tè a, yo te konn peye travayè nan jaden yo yon denye pou yon jounen travay, ki te dire 12 èdtan.

  • Dyab.

    Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se non yo itilize pou pale de Satan, e li vle di “medizan”. Yo te bay Satan non Dyab la, paske se li menm ki prensipal moun k ap fè medizans e k ap lage fo akizasyon sou Jewova, sou pawòl li ki bon e sou non li ki sen.

  • Espè nan Lalwa.

    Se te moun ki te konn kopye Liv ki te ekri ann ebre yo. Nan epòk Jezi te vin sou tè a, ekspresyon “Espè nan Lalwa” a te fè referans ak yon gwoup gason ki te maton nan Lalwa.

  • Farawon.

    Se yon tit yo te konn bay wa Ejip yo.

  • Farizyen.

    Se te yon sèk ki te soti nan relijyon Jidayis la moun te byen konnen e ki te egziste nan premye syèk epòk nou an. Yo te manm Sanedren an tou e yo te strik nan obeyi pakèt tradisyon Juif yo te ajoute sou lwa Moyiz la.

  • Favè san parèy.

    Sans prensipal mo sa a se yon bagay ki agreyab e ki atiran. Nan yon sans ki ale pi lwen, li fè referans ak yon bèl kado oswa ak bèl fason yon moun bay kado a. Li ka fè referans tou ak rekonesans yon moun genyen pou yon bèl jès yon lòt moun fè, oswa li ka referans ak bonte yon moun montre pou yon lòt moun ki pa t fè anyen pou l merite sa.

  • Gran prèt.

    Prensipal moun ki te reprezante pèp la devan Bondye. Li te gen responsablite tou pou l dirije tout lòt prèt yo.

  • Idolatri.

    Yon zidòl se imaj yon bagay, nenpòt bagay, oubyen se yon senbòl moun adore avèk anpil atachman ak afeksyon. Li kapab yon bagay moun ka wè oubyen moun ka manyen oswa li kapab yon bagay ki nan panse yo. Idolatri a ka gen ladan l gwo respè yon moun genyen pou yon zidòl, lanmou yon moun genyen pou yon zidòl, oswa adorasyon yon moun ap bay zidòl.

  • Jou Jijman.

    Se yon “jou” espesyal oubyen yon moman espesyal kote Bondye mande yon seri gwoup, yon seri nasyon, oubyen limanite an jeneral, pou yo vin rann kont devan l. Se kapab yon tan kote yo touye moun yo te deja jije e ki te kondane amò, oubyen se kapab yon tan kote jijman an ka bay kèk moun posiblite pou yo delivre, oubyen menm pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an.

  • Konduit deregle.

    Se yon seri konduit ki vyole lwa Bondye yo e ki demontre moun ki aji konsa yo nonsèlman san respè pou lwa yo, men tou yo fwonte. Yo montre yo pa bay kesyon otorite, lwa ak prensip regle anyen pou yo. Konduit deregle a se pa lè yon moun fè yon senp move aksyon.

  • Kouvèti.

    Se te kouvèti lach alyans lan, e se devan l gran prèt la te konn lage kèk gout san sakrifis pou peche nan jou moun yo konn fè ofrann pou kouvri peche a.

  • Kretyen.

    Moun k ap suiv Kris Jezi yo, reprezantan krisyanis la.

  • Kris.

    Se yon tit Jezi genyen, ki soti nan yon mo grèk ki koresponn ak mo ebre yo mete “Mesi” pou yo tradui l la oubyen “Sila a yo chwazi a”.

  • Lach alyans lan.

    Se kòf sakre ki te nan Trèsen an ki te nan tabènak la e ki te nan tanp Salomon te vin konstwi a. Se Jewova ki te bay lòd pou yo fè l e se jan Jewova te vle a li te fèt. Bagay ki te pi enpòtan ki te konn ladan l se de wòch plat kote yo te ekri dis kòmandman yo.

  • Lamàn.

    Se te prensipal manje Izrayelit yo te manje pandan 40 an yo t ap vire won nan dezè a. Se yon mirak Jewova te fè ki te konn pèmèt yo jwenn li. Se atè li te konn ye, e apre Izrayelit yo te konn fin ranmase l, yo te konn moulen l oswa yo te konn kraze l epi yo bouyi l, oswa yo te konn kuit li nan fou tankou pen oubyen gato. Pa gen anyen moun konnen ki nan lanati jodi a ki sanble egzakteman ak sa Bib la di sou lamàn.

  • Lami.

    Se yon lakòl ki soti nan plizyè ti pyebwa ki chaje pikan e li santi bon. Sant bwa yo ak sant ekòs yo fò anpil.

  • Lespri sen.

    Se fòs aktif Bondye, li envizib e Bondye sèvi avè l pou l akonpli volonte l. Se avè l Bondye te kreye syèl la, tè a ak tout kreyati vivan yo.

  • Lotèl.

    Yon ti baz ki wo yo bati kote yo konn ofri sakrifis, oswa kote yo konn boule lansan lè y ap adore vrè Dye a oubyen lòt dye.

  • Mesi.

    Ann ebre li vle di “moun yo chwazi a”. Mo grèk ki vle di menm bagay la se Kris.

  • Mwayen prensipal.

    Premye sans mo grèk la genyen se “lidè an chèf”. Se yon tit yo bay Jezi Kris ki montre pozisyon yo ba li antanke mwayen endispansab pou nou gen lavi ki pap janm fini an.

  • Olokos.

    Se ofrann volontè yo te konn prezante ann antye bay Bondye. Donk, moun ki t ap fè ofrann nan pa t pran okenn pati nan bèt la. Jeneralman yo te konn ofri towo, belye, mal kabrit, toutrèl, oswa jèn pijon.

  • Onksyon.

    Mo pou mo sa vle di fwote luil oswa vide luil sou yon moun oubyen sou yon bagay. Nan tan biblik yo, ebre yo te konn vide luil sou tèt dirijan yo ak prèt yo yon fason pou montre aklè yo te nome yo ofisyèlman nan pozisyon an. Yo sèvi ak mo sa a tou pou pale de yon moun Bondye nome e pou pale de moun Bondye “chwazi” pa mwayen lespri sen pou yo vin pitit li.

  • Pak.

    Yo te vin ak fèt Pak la nan nuit anvan Izrayelit yo te kite Ejip. Fèt sa a te la pou fè Izrayelit yo sonje Bondye te delivre yo anba men Ejipsyen yo, e pou yo sonje Jewova te sote premye pitit pa yo lè l te detwi tout premye pitit ann Ejip yo. Premye Pak yo te selebre a se te nan epòk plèn lin, nan 14yèm jou mwa Abib (yo vin rele mwa sa a Nizan) ane 1513 anvan epòk nou an. Apre sa, yo te konn selebre l chak ane.

  • Pannkòt.

    Se yon non yo itilize nan Liv ki te ekri an grèk yo pou pale de Fèt Rekòt la (Eg 23:16), oswa Fèt Semèn yo (Eg 34:22). Yo te dwe selebre l sou chak 50yèm jou (Pannkòt vle di “Senkantyèm (jou)”) apati 16 Nizan. Nan almanak Juif la, li tonbe 6 Sivàn.

  • Pen yo te konn prezante devan Bondye.

    Se te douz moso pen yo te konn mete sou yon tab nan pati yo rele Sen nan tabènak la oswa nan tanp lan. Yo te konn ranplase yo ak lòt pen ki fre chak saba.

  • Pitit lòm nan.

    Ekspresyon sa a parèt nan Evanjil yo anviwon 80 fwa, e nan tout ka sa yo se de Jezi Kris yo t ap pale. Sa montre Jezi t ap gen pou l akonpli pwofesi ki nan Dànyèl 7:13, 14 la. Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, yo te sèvi ak ekspresyon sa a pou pale de Ezekyèl ak Dànyèl. Yo te vle mete aksan sou lefètke mesye sa yo se te moun nòmal ki kapab mouri, sa ki te montre diferans ki te egziste ant yo antanke moun ki sèvi kòm mesaje ak Sous kote mesaj la soti a, sètadi Bondye Trèwo a. Lefètke Jezi te pale de tèt li antanke Pitit lòm nan nan Evanjil yo sa montre Pitit Bondye a se te yon moun toutbon, se pa t yon zanj ki te pran fòm kò moun.

  • Pratik ki gen rapò ak movèzespri.

    Mo grèk lè yo tradui l yo mete “pratik ki gen rapò ak movèzespri” pou li a se famakya, ki vle di “sèvi ak dwòg.” Mo sa a vin konekte ak pratik ki gen rapò ak movèzespri paske nan tan lontan yo te konn sèvi ak dwòg pou yo fè maji e pou yo envoke demon pou mande yo èd. Pratik sa yo gen ladan yo kwayans moun yo genyen kòmkwa moun ki mouri yo gen yon nanm ki kontinye viv lè kò a fin mouri e nonsèlman nanm sa a kapab kominike, men tou li rive kominike ak moun ki vivan yo, espesyalman pa mwayen yon moun (yon medyòm) ki anba enfliyans yo.

  • Prèt.

    Ofisyèlman, prèt yo te reprezante Bondye devan pèp la, yo te fè pèp la konn Bondye ak lwa l yo. Yon lòt bò, yo te reprezante pèp la devan Bondye, yo te konn ofri sakrifis, yo te konn pale ak Bondye pou pèp la e yo te konn sipliye pou li.

  • Ranson.

    Se yon pri yo te peye pou yo rejwenn yon bagay oswa pou libere yon moun anba yon obligasyon oubyen pou libere l anba yon sitiyasyon difisil. Nonsèlman li gen ide echanj, men tou li gen ide yon bagay ki byen mache ak yon lòt, yon bagay ki vo yon lòt oswa yon bagay yo ka bay pou yon lòt.

  • Repantans.

    Selon sans vèb “repanti” a, yon moun ki repanti “chanje fason l panse parapò ak jan l te konn aji (oswa jan l te gen entansyon aji), oswa li chanje fason l te konn viv paske l regrèt oswa paske l pa satisfè”. Nan Labib, “repantans” bay ide yon chanjman nan fason moun nan panse ki mache ak regrè li genyen pou fason l te konn viv anvan, pou move aksyon l oswa pou sa l te gen pou l fè li pa fè. E regrè sa a se yon regrè ki soti nan kè l.

  • Saba.

    Mo saba a soti nan yon mo ebre ki vle di “repo, kanpe, sispann”. Sistèm saba ki te gen nan Lalwa Moyiz la te gen ladan l yon jou saba chak semèn, e te gen plizyè lòt jou ankò pandan ane a yo te konn deziyen kòm jou saba. Anplis de sa, chak setyèm ane e chak senkantyèm ane se te saba. Jou saba Juif yo te konn suiv chak semèn nan se te setyèm jou pou yo selon almanak pa yo, e li te kòmanse nan vandredi lè solèy la kouche pou rive nan samdi lè solèy la kouche. Jou saba a se te yon jou Bondye te mete apa pou pèp la repoze l, pou l pa travay. Jewova te bay saba a kòm yon siy ant li menm ak desandan Izrayèl yo. Men, pandan epòk kretyen yo, anpil moun te mete lòt lwa ak lòt règ sou lwa saba a e yo te fòse moun suiv yo.

  • Sadiseyen.

    Se yon sèk nan Jidayis la tout moun te byen konnen e ki te fè pati gwoup prèt yo. Yo te manm Sanedren an.

  • Sanedren.

    Se te pi gwo tribinal Juif yo, e se nan Jerizalèm li te ye. Nan epòk Jezi a, tribinal sa a te gen 70 manm e pami yo te gen gran prèt la, ansyen gran prèt yo, manm fanmi prèt yo, ansyen yo ansanm ak espè nan Lalwa yo. Sanedren an te gen otorite nan zafè sivil, administratif ak relijye.

  • Satan.

    Ann ebre, se yon mo ki vle di “Opozan an”. Li fè referans ak pi gwo ènmi Bondye a.

  • Sèk.

    Se yon gwoup gason ki separe ak lòt gwoup yo e k ap suiv pwòp doktrin yo.

  • Sekrè sakre.

    Se yon bagay ki soti nan Bondye, e Bondye pa fè moun konnen l toutotan tan li fikse a pa rive. Se pa tout moun li fè konnen l, se sèlman moun li chwazi ki pou konnen l k ap konnen l.

  • Sen.

    Se premye e se pi gwo konpatiman nan tabènak la e annapre, nan tanp lan. Li sen men se pa li ki konpatiman ki anndan nèt la ki rele Trèsen an. Li gen ladan l pòtlanp annò yo, lotèl annò ki gen lansan an, tab pen prezantasyon an ak veso annò yo.

  • Sèp.

    Se yon enstriman yo te konn sèvi lontan pou bloke mouvman yon moun, oswa pou anpeche l bouje, e pou yo pini l. Li te fèt an bwa, yo te fèmen pye viktim nan ladan l, pandan viktim nan ret chita (Tr 16:24).

  • Sèvis sakre.

    Sèvis oswa travay ki sakre yon moun ap fè nan adorasyon Bondye a.

  • Sinagòg.

    Mo sa a vle di “asanble”, men pifò kote l parèt nan Ekriti yo se de kay kote Juif yo te konn rasanble pou yo priye e pou yo li Ekriti yo y ap pale.

  • Sistèm.

    Mo grèk ayón lè yo tradui l yo mete “sistèm” pou li a kapab fè referans ak fason bagay yo ye an jeneral, fason bagay yo ye nan moman an, oubyen li ka fè referans ak kèk bagay byen presi ki fè yon peryòd oubyen yon epòk diferan parapò ak yon lòt. Men li pa fè referans ak tan an.

  • Siveyan.

    An jeneral, yon siveyan se yon moun k ap veye yon seri bagay oswa k ap veye sou moun, k ap fè vizit, k ap enspekte e k ap fè nominasyon. Mo grèk la gen sans sipèvize pou pwoteje. Kretyen ki “siveyan” yo se moun nou rele “ansyen” nan kongregasyon an e pi gwo responsablite yo se veye sou manm kongregasyon an, se ede yo rete pami twoupo Bondye a.

  • Sòm.

    Chan louwanj pou Bondye. Yo te konpoze Sòm yo pou adoratè Jewova yo fè mizik avèk yo e pou yo chante yo. Yo te dwe fè sa menm lè yo t ap adore ansanm nan tanp lan nan Jerizalèm.

  • Tabènak.

    Se yon tant Izrayelit yo te ka transpòte e yo te konn itilize pou adorasyon.

  • Tonm.

    Mo grèk nemeyòn nan bay ide yo sonje moun ki mouri a, yo sonje tout sa li te fè. Mo orijinal la mete aksan sou sonje yo sonje moun ki mouri a.

  • Trèsen.

    Se te chanm ki te pi fon nan tabènak la e pi devan nan tanp lan. Yo te rele l Sen tout Sen yo tou, e se ladan l yo te mete lach alyans lan.

  • Twal sak.

    Jeneralman se yon twal yo te fè ak plim kabrit, li te nwa. Se rad ki fèt ak twal sa a moun yo te gen abitid mete lè yo gen moun mouri.

  • Zetwal dimaten.

    Menm bagay ak “zetwal ki klere lematen” an. Se dènye etwal ki leve alès anvan solèy la parèt, e konsa, li anonse yon nouvo jou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje