Revelasyon
2 “Ekri zanj ki nan kongregasyon Efèz la, di l: Men sa moun ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat li a e k ap mache nan mitan sèt pòtlanp annò yo di: 2 ‘Mwen konnen sa w fè, mwen konnen jan w travay di e jan w ap andire. Mwen konnen ou pa ka tolere move moun e ou teste moun ki di se apot yo ye, men ki pa sa vre, ou dekouvri yo se mantè. 3 Epitou, ou demontre ou gen andirans, ou kenbe tennfas poutèt non mwen, e ou pa faya. 4 Men, sa mwen gen kont ou, sèke ou pèdi lanmou w te genyen okòmansman an.
5 “‘Se sa k fè, se pou w sonje kote w soti pou w tonbe la a. Se pou w repanti, e se pou w fè aksyon ou te konn fè anvan yo. Si se pa sa, m ap vin pou ou e m ap retire pòtlanp ou an nan plas li, amwenske w repanti. 6 Poutan, sa w gen lakay ou ki bon, sèke ou rayi aksyon sèk Nikola a, e mwen menm tou, mwen rayi yo. 7 Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande sa lespri a di kongregasyon yo: Moun ki pote laviktwa a, m ap pèmèt li manje fwi nan pyebwa lavi a ki nan paradi Bondye a.’
8 “Ekri zanj ki nan kongregasyon Esmin nan, di l: Men sa ‘Sila a ki premye a e ki dènye a’ di, li menm ki te mouri e ki vin vivan ankò a: 9 ‘Mwen konnen tribilasyon w ap pase e mwen konnen w pòv. Men ou rich. Moun ki di se Juif yo ye, e ki pa sa vre, men ki se yon bann moun ki pou* Satan, mwen konnen blasfèm y ap di. 10 Ou pa bezwen pè bagay ou pral sibi yo. Tande! Dyab la pral kontinye lage kèk nan NOU nan prizon pou NOU ka jwenn yon eprèv total e pou NOU ka jwenn tribilasyon pandan dis jou. Se pou w rete fidèl jiska lamò, e m ap ba ou kouwòn lavi a. 11 Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande sa lespri a di kongregasyon yo: Moun ki pote laviktwa a, li pa gendwa sibi dezyèm lanmò a.’
12 “Ekri zanj ki nan kongregasyon Pègam nan, di l: Men sa moun ki gen epe byen long ki file de bò a di: 13 ‘Mwen konnen kote w rete, mwen konnen ou rete kote twòn Satan an ye a. Epoutan, ou kontinye kenbe non mwen fèm e ou pa abandone lafwa w gen nan mwen an, menm nan epòk Antipas, temwen fidèl mwen an, li menm yo te touye bò kote NOU, kote Satan abite a.
14 “‘Men, mwen gen kèk bagay kont ou, sèke ou gen moun la a ki kenbe ansèyman Balaam nan fèm, li menm ki t ap montre Balak ki jan pou l met pyèj devan pitit Izrayèl yo pou fè yo tonbe nan peche, sa vle di pou yo manje bagay yo sakrifye bay zidòl e pou yo fè fònikasyon*. 15 Konsa, ou menm tou, ou gen moun ki kenbe ansèyman sèk Nikola a fèm. 16 Kidonk, se pou w repanti. Si se pa sa, m ap vin pou ou byen vit e m ap fè lagè avèk yo ak epe byen long ki nan bouch mwen an.
17 “‘Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande sa lespri a di kongregasyon yo: Moun ki pote laviktwa a, m ap ba l enpe nan lamàn ki kache a, m ap ba l yon ti wòch blan, e ap gen yon nouvo non ki ekri sou ti wòch sa a, yon non pèsonn pa konnen, sof moun ki resevwa l la.’
18 “Ekri zanj ki nan kongregasyon Tiyati a, di l: Men sa Pitit Bondye a di, li menm je l tankou flanm dife e pye l tankou kuiv yo pirifye a: 19 ‘Mwen konnen sa w fè, mwen konnen lanmou ou genyen, lafwa w, sèvis w ap fè, andirans ou, e mwen konnen sa w fè kounye a plis pase sa w te konn fè anvan.
20 “‘Men, sa mwen gen kont ou, sèke ou tolere madanm yo rele Jezabèl la, li menm ki rele tèt li pwofèt, li menm k ap anseye esklav mwen yo e k ap twonpe yo pou l fè yo fè fònikasyon e pou l fè yo manje bagay yo sakrifye bay zidòl. 21 Mwen ba l tan pou l repanti, men li pa dispoze repanti pou fònikasyon l fè. 22 Tande! Mwen pral fè l malad pou l pran kabann, e mwen pral lage moun k ap fè adiltè avè l yo nan yon gwo tribilasyon, amwenske yo repanti pou sa l te fè yo fè yo. 23 M ap touye pitit li yo ak yon epidemi mòtèl. Konsa, tout kongregasyon yo ap konnen se mwen menm ki egzamine panse ki pwofon e ki egzamine kè. E m ap ban NOU chak sa NOU merite, selon sa NOU fè.
24 “‘Sepandan, NOU menm rès moun ki nan Tiyati yo, tout moun ki pa suiv ansèyman sa a, NOU menm ki pa konnen swadizan “bagay pwofon” Satan yo, m ap di NOU: Mwen pap ban NOU pote okenn lòt chay. 25 Sèlman, kenbe sa NOU genyen an fèm pou jis mwen vini. 26 Moun ki pote laviktwa a e ki fè sa m te konn fè yo jiska lafen, m ap ba li pouvwa sou nasyon yo, 27 menm jan mwen resevwa pouvwa nan men Papa m. L ap dirije pèp yo ak yon baton fè, jis yo kraze tankou veso ki fèt ann ajil ki kraze fè miyèt moso. 28 E m ap bay moun sa a zetwal ki klere lematen an. 29 Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande sa lespri a di kongregasyon yo.’