2 Pyè
2 Sepandan, te vin gen fo pwofèt tou pami pèp la, menm jan pral gen fo anseyan tou pami NOU. Moun sa yo ap vini anba anba ak fo ansèyman ki ka lakòz divizyon e y ap nye ata mèt ki te achte yo a. Konsa, y ap rale yon destriksyon rapid sou tèt yo. 2 Anplis de sa, anpil moun pral suiv konduit deregle moun sa yo genyen, e akoz yo menm, moun pral pale chemen laverite a mal. 3 Mete sou sa, nan fè ava, y ap eksplwate NOU ak pawòl ki pou twonpe NOU. Men, jijman ki te pwononse pou yo depi tan lontan an pap trennen, e destriksyon k ap vin sou yo a pap dòmi.
4 Se sèten, Bondye pa t ezite pini zanj ki te peche yo, men, li te lage yo nan twou fènwa pwès pou l rezève yo pou jijman, lè li te voye yo jete yon kote ki rele Tata. 5 Li pa t ezite pini yon monn nan tan lontan, men li te fè Noye, yon moun ki t ap preche sa ki jis, rete an vi ansanm ak sèt lòt moun, lè l te fè yon delij vini sou yon monn kote moun yo pa t gen respè pou Bondye. 6 Li te kondane vil Sodòm ak vil Gomò, lè l te fè yo tounen sann, e konsa, li bay moun ki pa gen respè pou Bondye yo yon egzanp sou bagay ki gen pou vini. 7 Li te delivre Lòt, yon moun ki jis, ki te boulvèse anpil poutèt moun ki pa t respekte lalwa te lage kò yo nan konduit deregle, 8 paske moun jis sa a, akoz sa l te wè ak sa l te tande jou apre jou lè l t ap viv nan mitan moun sa yo, te konn toumante nanm li ki jis poutèt move aksyon moun yo t ap fè. 9 Kidonk, sa montre Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv, men, li konnen ki jan pou l rezève moun ki enjis yo pou jou jijman an pou l detwi yo, 10 sitou moun k ap kouri dèyè plezi lachè pou yo sal lòt moun e k ap meprize moun ki gen otorite sou yo.
Moun sa yo odasye epi tèt yo di, yo pa pè pale lèd devan moun ki onorab yo, 11 alòske zanj yo, byenke yo gen plis fòs ak plis pisans, yo pa di pawòl derespektan pou yo akize yo, e yo pa fè sa, paske yo gen respè pou Jewova. 12 Men, menm jan ak zannimo yo ki pa ka rezone, k ap aji dapre ensten yo, ki fèt pou moun kenbe e pou yo touye, mesye sa yo ap denigre bagay yo pa konnen. Yo pral sibi destriksyon e se chemen yo ladan l lan menm k ap mennen yo nan destriksyon. 13 Kòm pinisyon, y ap soufri pou mal yo fè.
Pou yo menm, mennen yon vi nan liks pandan lajounen se sa ki plezi. Moun sa yo se tach e yo se mak nan mitan NOU. Se tout plezi yo pou yo lage kò yo san rezèv nan ansèyman y ap bay pou twonpe moun, toutpandan y ap fete ansanm ak NOU. 14 Je yo plen ak adiltè, yo pa ka sispann fè peche e y ap sedui moun ki fèb yo. Kè yo byen antrene nan fè ava. Yo se moun ki gen madichon. 15 Yo abandone chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo. Yo suiv chemen Balaam, pitit Beyò a, ki te renmen rekonpans li t ap jwenn pou yon move aksyon. 16 Men, li te resevwa yon reprimann poutèt li pa t respekte sa ki jis. Yon bèt ki konn pot chay, ki pa menm konn pale, te pale ak vwa moun, konsa li te anpeche pwofèt la fè yon aksyon moun fou.
17 Yo se sous ki san dlo, yo se vapè yon gwo van tanpèt ap pote ale, e se yon fènwa pwès ki rezève pou yo. 18 Paske y ap fè grandizè, y ap di pawòl ki pa gen sans, e yo sèvi ak dezi lachè ak konduit deregle pou yo sedui moun ki fèk chape anba moun k ap viv nan erè. 19 Y ap pwomèt moun yo libète, alòske yo menm yo se esklav koripsyon. Paske, si yon moun venk yon lòt moun, moun yo venk lan tounen esklav moun ki venk li an. 20 Annefè, si apre yo fin chape anba salte monn nan, grasa yon konesans egzak sou Seyè a ak Sovè a, Jezi Kris, y al lage kò yo nan bagay sa yo ankò e yo kite bagay sa yo venk yo, sitiyasyon yo vin twouve yo a pi mal pou yo pase premye a. 21 Paske, li t ap pi bon pou yo si yo pa t byen konnen chemen jistis la, pase pou yo fin konnen l, apre sa pou yo vire do bay kòmandman sakre yo te resevwa a. 22 Sa ki rive yo a ann amoni ak verite ki nan pwovèb la ki di: “Chen an retounen nan pwòp vomisman l, epi kochon ki fin benyen an retounen al woule nan labou.”