2 Timote
1 Mwen menm Pòl, yon apot Kris Jezi selon volonte Bondye, ann amoni ak pwomès lavi yo fè moun ki ann inyon ak Kris Jezi yo, 2 m ap ekri w, Timote, yon pitit mwen renmen anpil:
Mwen swete pou w gen favè san parèy, mizèrikòd ak lapè ki soti nan Bondye, Papa a, ak nan Kris Jezi, Seyè nou an.
3 Mwen gen Bondye rekonesans, li menm m ap bay yon sèvis sakre, menm jan zansèt mwen yo te konn fè sa, e m ap fè sa ak yon konsyans ki klè, dekwa pou m pa janm bliye w nan siplikasyon m ap fè lajounen kou lannuit yo. 4 Lè m sonje jan w te kriye, sa fè m anvi wè w, pou kè m ka kontan anpil. 5 Paske, mwen sonje w gen yon lafwa ki san ipokrizi. Lafwa sa a, granmè w Loyis ak manman w Enis te genyen l anvan, e mwen gen asirans ou genyen l tou.
6 Se pou rezon sa a m ap fè w sonje pou w pa neglije* don Bondye te ba w lè m te poze men m sou ou a. 7 Paske, Bondye pa t fè nou vin gen lachte*, men li te fè nou vin gen pisans, lanmou ak bonsans. 8 Se poutèt sa, pinga w wont bay temwayaj sou Seyè nou an, e pinga w wont poutèt mwen nan prizon pou li. Men, pran lo soufrans pa w pou bon nouvèl la, toutpandan w ap konte sou pisans Bondye. 9 Li sove nou, e li rele nou pou nou vin sen. Li pa fè sa poutèt aksyon nou fè, men li fè sa selon objektif li e selon favè san parèy li a. Yo te ban nou favè sa a nan Kris Jezi depi byen lontan. 10 Men kounye a, nou ka wè favè sa a byen klè, grasa Sovè nou an, Kris Jezi, ki parèt aklè, li menm ki elimine lanmò e ki bay limyè sou lavi ki pa ka depafini an, grasa bon nouvèl la. 11 E se pou li yo te mete m predikatè, apot ak anseyan.
12 Se poutèt sa m ap sibi bagay sa yo tou, men mwen pa wont. Paske, mwen konnen moun mwen kwè nan li a, e mwen gen konfyans li kapab konsève sa mwen konfye l la jis lè jou a rive. 13 Kontinye kenbe modèl pawòl ki pwofitab ou te tande m di w yo. Fè sa ak lafwa ak lanmou ki nan Kris Jezi. 14 Konsève trezò yo konfye w la, grasa lespri sen ki abite nan nou.
15 Tankou w konn sa, tout moun ki nan distri Azi* yo vire do ban mwen, san wete Fijèl ak Èmojèn. 16 Mwen swete pou Seyè* a fè moun lakay Onezifò yo mizèrikòd, paske li te ankouraje m souvan, e li pa t wont poutèt mwen nan chenn. 17 Okontrè, lè li te vin Wòm, li te chèche m toupatou, e li te jwenn mwen. 18 Mwen swete pou Jewova, Seyè a, fè l jwenn mizèrikòd nan jou sa a. Epitou, ou konnen byen tout sèvis li te rann mwen lè m te Efèz.