Efezyen
6 Timoun, se pou NOU obeyi paran NOU ann inyon ak Seyè a, paske se yon bagay ki jis. 2 “Onore papa w ak manman w.” Sa a se premye kòmandman ki mache ak yon pwomès: 3 “Pou sa ka ale byen pou ou, e pou w ka rete lontan sou tè a.” 4 E NOU menm papa, pa irite pitit NOU, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman l bay.
5 NOU menm esklav, se pou NOU obeyi moun ki mèt NOU yo, avèk krent e avèk anpil respè, ak yon kè sensè, menm jan NOU obeyi Kris. 6 NOU pap fè travay NOU paske gen je k ap gade NOU, kòmkwa se lèzòm N ap fè plezi, men N ap fè l antanke esklav Kris k ap fè volonte Bondye ak tout nanm yo. 7 Se pou NOU fè travay NOU ak tout NOU menm, tankou se pou Jewova, e non pa pou lèzòm, 8 paske NOU konnen kèlkeswa byen yon moun fè, l ap jwenn rekonpans nan men Jewova, kit li se yon esklav, kit li se yon moun ki lib. 9 Epitou, NOU menm mèt, se pou NOU kontinye aji menm jan an avèk yo, e kite kesyon fè menas la, paske NOU konnen sila a ki Mèt ni yo menm ni NOU menm nan se nan syèl la li ye, e li pa gen patipri.
10 Pou fini, kontinye pran pisans nan Seyè a ak nan fòs li ki pisan. 11 Abiye NOU ak tout ekipman konba Bondye bay la pou NOU ka kenbe fèm kont manèv Dyab la. 12 Paske, nou gen yon lit n ap mennen, men se pa kont lèzòm, ki fèt ak chè ak san, se kont gouvènman yo, kont otorite yo, kont sila yo ki chèf monn nan, yo menm k ap dirije fènwa sa yo, e kont espri mechan yo ki nan syèl la. 13 Se poutèt sa, pran tout ekipman konba Bondye bay la, yon fason pou NOU ka reziste lè jou mechanste yo rive, e pou NOU ka kenbe fèm apre NOU fin fè tout bagay NOU te dwe fè yo.
14 Kidonk, kenbe fèm, epi mare laverite nan ren NOU tankou se yon sentiwon. Mete pwotèj pwatrin jistis la sou NOU. 15 Se pou NOU mete dispozisyon pou NOU anonse bon nouvèl lapè a nan pye NOU kòm soulye. 16 Nan tout sikonstans, se pou NOU pran gwo boukliye lafwa a, se avè l N ap kapab etenn tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou NOU. 17 Epitou, aksepte kas delivrans lan ak epe lespri a, sètadi pawòl Bondye a, 18 toutpandan N ap kontinye priye nan tout okazyon ak tout kalite priyè ak siplikasyon, ann amoni ak lespri a. E pou NOU ka fè sa, toujou rete je klè e toujou sipliye pou tout moun ki sen yo. 19 Sipliye pou mwen tou, pou mwen ka pale alèz lè m ouvri bouch mwen, pou m fè konnen sekrè sakre bon nouvèl la. 20 Se pou sa m ap travay kòm yon anbasadè ki nan chenn, yon fason pou m ka pale konsènan bon nouvèl la avèk kran, jan mwen dwe fè sa.
21 Kounye a, Tichik, frè byenneme m nan, yon sèvitè fidèl nan Seyè a, ap fè NOU konn tout bagay, yon fason pou NOU menm tou NOU ka gen nouvèl mwen, pou NOU konnen ki jan m ye. 22 Se pou sa menm m ap voye l kote NOU, pou NOU ka konnen ki jan nou ye, e pou l ka konsole kè NOU.
23 Mwen swete pou frè yo gen lapè ak lanmou ansanm ak lafwa ki soti nan Bondye, Papa a, ak nan Seyè a, Jezi Kris. 24 Mwen swete pou favè san parèy la avèk tout moun ki renmen Jezi Kris, Seyè nou an, ak yon lanmou ki pap janm fini.