2 Korentyen
7 Kidonk byenneme, piske nou gen pwomès sa yo, annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a, toutpandan n ap fin sangtifye tèt nou nèt nan lakrentif pou Bondye.
2 Ban nou yon ti plas nan kè NOU. Nou pa fè pèsonn mal, nou pa kòwonp pèsonn, nou pa eksplwate pèsonn. 3 Mwen pa di sa pou m kondane NOU. Paske, mwen te deja di NOU NOU nan kè nou kèlkeswa sa k rive. 4 Mwen santi m alèz pou m pale avèk NOU. Mwen fè anpil lwanj pou NOU. Mwen jwenn anpil konsolasyon, lajwa ap debòde nan kè m nan tout tray n ap pase yo.
5 Anfèt, lè nou te rive Masedwàn, nou pa t jwenn soulajman. Okontrè, nou te kontinye jwenn traka nan tout sans: te gen lit ki t ap fèt deyò, te gen laperèz anndan. 6 Sepandan, Bondye, ki konn konsole moun ki dekouraje, te konsole nou grasa prezans Tit. 7 Men, se pa t prezans Tit sèlman ki te konsole nou. Lè li te rakonte nou jan li menm li te jwenn konsolasyon lè l wè gwo dezi ki lakay NOU pou NOU wè mwen, lè l wè gwo tristès NOU genyen ak enterè sensè NOU gen pou mwen, sa te konsole nou tou, e sa te vin fè m rejwi plis toujou.
8 Se poutèt sa, menmsi lèt mwen an te fè NOU tris, mwen pa regrèt. Menmsi okòmansman mwen te regrèt (mwen wè lèt sa a te fè NOU tris, byenke se te pou yon ti tan sèlman), 9 kounye a mwen rejwi, se pa paske NOU te annik tris, men paske NOU te tris jiskaske NOU repanti. Paske, tristès NOU an ann akò ak volonte Bondye, e konsa, NOU pa sibi okenn tò akoz nou menm. 10 Paske, nou pa gen pou nou regrèt yon tristès ki ann akò ak volonte Bondye e ki fè NOU repanti pou NOU ka sove. Men, tristès monn nan bay lanmò. 11 Paske, lefètke NOU te vin tris ann akò ak volonte Bondye, ala yon gwo anpresman NOU te vin genyen pou NOU montre NOU pa koupab, ala yon endiyasyon, ala yon krent, ala yon gwo anvi, ala chofe sa te fè NOU chofe, wi, gade ki jan nou te repare tò a! NOU montre NOU pwòp tout jan nan zafè sa a. 12 Lè mwen te ekri NOU an, mwen pa t fè sa ni pou moun ki te fè move zak la, ni pou moun ki te viktim nan. Men, mwen te ekri NOU dekwa pou anpresman NOU te genyen nan mitan NOU pou NOU obeyi nou an te ka parèt klè devan Bondye. 13 Se sa ki te konsole nou.
Sepandan, nonsèlman nou te jwenn konsolasyon, men tou, nou te rejwi plis toujou poutèt Tit te nan lajwa, paske NOU tout, NOU te soulaje lespri l. 14 Paske, kèlkeswa lwanj mwen te fè pou NOU devan l, mwen pa wont sa m te di a. Men, menm jan mwen te di NOU verite sou tout bagay, se konsa tou, mwen te gen rezon fè lwanj mwen te fè devan Tit la. 15 Epitou, lè l sonje obeyisans NOU tout NOU te demontre, jan NOU te resevwa l avèk krent ak anpil respè, afeksyon li gen pou NOU an vin pi plis. 16 Mwen rejwi dèske NOU fè m gen anpil kouraj tout jan.