Women
4 Piske se konsa, ki sa nou va di konsènan Abraram, zansèt nou nan lachè? 2 Si pa egzanp se poutèt sa Abraram te fè yo te deklare l jis, li t ap gen rezon pou l vante tèt li. Men, li pa ka vante tèt li devan Bondye. 3 Paske, ki sa pasaj ki nan Ekriti a di? “Abraram te demontre li gen lafwa nan Jewova, e sa te fè yo konsidere l kòm yon moun ki jis.” 4 Lè yo peye yon moun pou travay li fè, yo pa konsidere sa kòm yon favè yo fè l, men se sa yo dwe l yo peye l. 5 Yon lòt bò, yon moun ki pa apiye l sou sa l fè, men ki mete lafwa l nan sila a ki deklare pechè a jis la, lafwa l fè yo konsidere l kòm yon moun ki jis. 6 Tankou David te di tou konsènan kè kontan moun genyen lè Bondye konsidere yo kòm moun ki jis san se pa anrapò ak sa yo fè: 7 “Byennere moun yo padone move aksyon yo fè, moun yo kouvri peche yo. 8 Byennere moun Jewova pap konsidere peche yo menm.”
9 Bon, èske se moun ki sikonsi sèlman k ap jwenn kè kontan sa a, oswa èske moun ki pa sikonsi ap jwenn li tou? Paske, nou di: “Lafwa Abraram te fè yo konsidere l kòm yon moun ki jis.” 10 Ki lè lafwa l te fè yo konsidere l konsa a? Lè l te sikonsi oubyen lè l potko sikonsi? Se pa t lè l te sikonsi, men se lè l potko sikonsi. 11 E li te resevwa yon siy, anpalan de sikonsizyon an, tankou yon etanp ki montre li jis grasa lafwa li te genyen pandan l potko sikonsi a. Li te resevwa siy sa a pou l te ka vin papa tout moun ki gen lafwa alòske yo pa sikonsi, dekwa pou yo ka konsidere yo kòm moun ki jis. 12 E Abraram te resevwa siy sa a pou l te ka vin papa desandan l yo ki sikonsi, e se pa sèlman pou sila yo ki rete kole sou sikonsizyon, men tou pou sila yo k ap suiv egzanp lafwa papa nou Abraram pazapa, lafwa li te genyen anvan menm li te sikonsi.
13 Paske, se pa t grasa lalwa Bondye te fè Abraram oubyen desandans li* pwomès pou l eritye yon monn, men se paske li te jis grasa lafwa li te genyen. 14 Paske, si moun ki rete kole sou lalwa yo se yo ki eritye, lafwa vin pa itil anyen, e pwomès la kraze. 15 An reyalite, Lalwa fè moun tonbe anba kòlè Bondye. Men, kote ki pa gen lwa, pa gen dezobeyisans nonplis.
16 Se sa k fè, se te grasa lafwa Abraram pou sa te fèt selon favè san parèy la, dekwa pou pwomès la te ka akonpli pou tout desandan l yo san mank, e se pa sèlman pou sila yo ki rete kole sou Lalwa, men tou pou sila yo ki rete kole sou lafwa Abraram te genyen an, li menm ki papa nou tout. 17 (Sa fèt jan sa ekri a: “Mwen fè w vin papa anpil nasyon.”) Sa te fèt devan je Sila a li te gen lafwa nan li a, wi, devan je Bondye, ki konn resisite mò, e ki rele bagay ki pa egziste yo kòmsi yo te egziste. 18 Byenke sa te sanble sanzespwa, Abraram te gen lafwa sou baz esperans li te genyen an, sa ki t ap pèmèt li vin papa anpil nasyon, ann amoni ak sa ki te di a: “Se konsa desandans ou ap ye.” 19 E byenke lafwa li pa t febli, li te reflechi sou pwòp kò li ki te fin mouri, piske l te gen apeprè santan, e li te reflechi tou sou matris Sara ki te mouri. 20 Men, li pa t manke lafwa nan pwomès Bondye a, se sa k fè li pa t gen dout. Okontrè, lafwa l te fè l vin pisan. Li te bay Bondye glwa, 21 e li te gen fèm konviksyon Bondye te ka fè sa l te pwomèt la. 22 Kidonk, “sa te fè Bondye konsidere l kòm yon moun ki jis”.
23 Sepandan, se pa pou li menm sèlman yo te ekri pawòl ki di: “Sa te fè Bondye konsidere l” la. 24 Men, yo te ekri l tou pou nou menm Bondye te chwazi konsidere kòm moun ki jis, paske nou kwè nan sila a ki te resisite Jezi, Seyè nou an, pami mò yo. 25 Bondye te bay li pou fot nou, e Li te resisite l dekwa pou Li ka deklare nou jis.