Lik
8 Yon ti tan apre sa, li vwayaje sot nan yon vil al nan yon lòt, sot nan yon bouk al nan yon lòt, l ap preche e l ap anonse bon nouvèl wayòm Bondye a. E douz disip yo te ansanm avèk li. 2 Te gen kèk medam li te geri anba movèzespri e anba maladi yo te genyen ki te avè l tou. Pa egzanp, te gen Mari, yo te rele moun Magdala a. Li te chase sèt demon sou fi sa a. 3 Te gen Jàn, madanm Chouza, yon mesye ki te responsab kay Ewòd, e te gen Sizàn ak anpil lòt medam ki te itilize sa yo te genyen pou yo rann Jezi ak disip li yo sèvis.
4 Kounye a, yon gwo foul moun vin rasanble ansanm ak moun ki te kòmanse suiv li nan tout vil li te pase yo. Li sèvi ak yon parabòl pou l pale avèk yo, li di yo: 5 “Gen yon moun ki al simen semans. Pandan l ap simen, gen enpe nan semans lan ki tonbe bò chemen an, epi pye pile yo, e zwazo nan syèl la manje yo. 6 Gen lòt ki tonbe sou karyann, e lè yo fin jèmen, yo seche, paske yo pa t jwenn imidite. 7 Gen lòt ki tonbe nan mitan pye pikan, e pye pikan ki grandi ansanm avèk yo toufe yo. 8 Gen lòt ki tonbe nan bon tè, e lè yo fin jèmen, yo pwodui fwi san fwa lavalè.” Pandan l ap di bagay sa yo, li di byen fò: “Moun ki gen zòrèy pou yo tande, tande.”
9 Men, disip li yo kòmanse mande l sa parabòl sa a vle di. 10 Li di: “NOU menm, yo pèmèt NOU konprann sekrè sakre wayòm Bondye a, men lòt moun yo se parabòl mwen ba yo, dekwa pou byenke y ap gade, yo gade pou granmesi, e dekwa pou byenke y ap tande, yo pa rive konprann. 11 Kounye a, men sa parabòl lan vle di: Semans lan, se pawòl Bondye a. 12 Sa ki tonbe bò chemen an, se moun ki tande pawòl la, epi Dyab la vini, li retire pawòl la nan kè yo, dekwa pou yo pa kwè pou yo pa sove. 13 Sa ki tonbe sou karyann yo, se moun ki aksepte pawòl la ak kè kontan lè yo fin tande l, men semans lan pa pran rasin nan yo. Konsa, yo kwè pou yon ti tan, e nan moman eprèv, yo tonbe. 14 Kanta sa ki tonbe nan mitan pye pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men enkyetid, richès ak plezi ki gen nan lavi sa a pran tèt yo, bagay sa yo toufe semans lan nèt, e li pa pwodui anyen ki bon nèt. 15 Men, sa ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la ak yon kè ki pwòp e ki bon, apre sa, yo kenbe pawòl la e yo bay fwi avèk andirans.
16 “Pa gen yon moun ki fin limen yon lanp epi k ap kouvri l ak yon veso oswa k ap mete l anba kabann. Men, l ap mete l sou yon etajè pou moun k ap antre nan kay la ka wè limyè a. 17 Ebyen, pa gen anyen ki kache ki pap vin devwale, ni pa gen anyen ki byen sere moun pap janm konnen e ki pap janm vin parèt klè devan je tout moun. 18 Kidonk, fè atansyon ak fason N ap koute. Paske, yon moun ki genyen, y ap ba l plis, men moun ki pa genyen an, menm sa l panse l genyen an y ap pran l nan men l.”
19 Twouve, manman l ak frè l yo vin kote l, men yo pa t ka rive kote l ye a akoz foul moun yo. 20 Konsa, gen moun ki vin di li: “Men manman w ak frè w yo kanpe deyò a, yo ta renmen wè w.” 21 Li reponn yo: “Manman m ak frè m se moun ki tande pawòl Bondye a e ki obeyi l.”
22 Yon jou, li menm ak disip li yo monte nan yon bato. Li di yo: “Ann janbe pa lòt bò lak la.” Vrèmanvre, yo derape. 23 Men, pandan yo t ap navige, dòmi pran Jezi. Epi, gen yon gwo van tanpèt ki pran soufle sou lak la, e dlo te kòmanse plen bato a. Konsa, yo te an danje. 24 Finalman, y al reveye Jezi, yo di l: “Anseyan, Anseyan, nou sanlè peri!” Lè l leve, li pale di ak van an ak dlo a ki te move, epi yo bese, e vin gen yon kalmi. 25 Apre sa, li di yo: “Kote lafwa NOU?” Men yo menm, yo te gen yon sèl laperèz ki te pran yo, yo te sezi, youn t ap di lòt: “Kiyès misye ye menm? Paske, ata van ak dlo li pase lòd, e yo obeyi l.”
26 Apre sa, yo fè tè nan peyi Jerazényen yo, ki te anfas Galile. 27 Men, etan l ap debake, gen yon mesye nan vil la ki gen demon sou li ki vin rankontre l. Mesye sa a gen yon bon ti tan depi li pa met rad sou li. Epi li pa rete nan kay, se nan simityè a li rete. 28 Lè l wè Jezi, li rele byen fò, epi li met ajenou devan l, li di byen fò: “Ki rapò mwen gen avè w, Jezi, Pitit Bondye Trèwo a? M ap priye w an gras, pa toumante m.” 29 (Paske, li te pase movèzespri a lòd pou l sot sou mesye a. Depi yon bon tan, movèzespri a pa t lache mesye a yon may. Byenke plizyè fwa, yo te mare ni men mesye a ni pye l ak chenn, e yo te konn met veye l, li te konn kase chenn yo, e demon an te konn mennen l nan zòn ki izole.) 30 Jezi mande l: “Ki jan w rele?” Li di: “Rejiman,” paske mesye a te gen anpil demon sou li. 31 E yo priye l an gras pou l pa ba yo lòd pou y al nan twou san fon an. 32 Twouve, te gen yon gwo twoupo kochon ki t ap manje nan mòn nan. Konsa, yo sipliye l pou l kite yo antre nan kochon yo. Li pèmèt yo fè sa. 33 Epi, demon yo soti sou mesye a, yo antre nan kochon yo, e kochon yo kouri al sou tèt falèz la, yo lage kò yo nan lak la e yo neye. 34 Lè gadyen yo wè sa k pase a, yo kouri al di sa nan vil la ak nan zòn andeyò yo.
35 Lè sa a, moun yo vini pou yo wè sa k te pase a. Yo vin kot Jezi, e yo jwenn mesye ki te gen demon sou li a chita nan pye Jezi. Misye te gen rad sou li e li te ak tout bonsans li. Moun yo vin gen yon sèl laperèz ki pran yo. 36 Moun ki te wè sa k te pase yo rakonte yo kòman mesye ki te gen demon sou li a fè geri. 37 Lè sa a, tout moun ki te soti nan zòn andeyò peyi Jerazényen yo mande Jezi pou l ale, paske yo te pè anpil. Kidonk, li monte abò bato a l ale. 38 Men, mesye ki te gen demon sou li a pa t sispann mande l pou l ret avè l, men li voye misye ale, li di l: 39 “Al lakay ou, epi kontinye rakonte sa Bondye fè pou ou.” Vrèmanvre, misye ale, e li mache di nan tout vil la sa Jezi fè pou li.
40 Lè Jezi tounen pa lòt bò lak la, foul moun yo akeyi l avèk jantiyès, paske yo tout t ap tann li. 41 Epi, gen yon mesye ki rele Jayiris ki vin parèt. Se mesye sa a ki t ap dirije sinagòg la. Li met ajenou nan pye Jezi, epi li kòmanse sipliye l pou l al lakay li. 42 Paske, misye te gen yon sèl pitit fi ki te gen douz an ki te prèt pou mouri.
Pandan Jezi sou wout pou l ale, foul moun yo t ap kwense l toupatou. 43 Twouve, gen yon fi ki te gen yon san k ap koule sou li depi douz an, e pèsonn pa t ka geri l. 44 Fi sa a pwoche pa dèyè, epi li touche franj rad Jezi, e menm kote a, san an sispann koule sou li. 45 Epi Jezi di: “Kiyès ki touche m nan?” Tout moun di se pa yo menm. Lè sa a, Pyè di: “Anseyan, se yon foul moun wi ou gen toutotou w la a k ap kwense w.” 46 Men, Jezi di: “Gen yon moun ki touche m, paske mwen santi gen yon pisans ki sot nan mwen.” 47 Lè dam nan wè yo dekouvri l, li avanse tou ap tranble epi li met ajenou nan pye Jezi, li rakonte devan tout moun pou ki rezon li te touche l e ki jan li te geri menm kote a. 48 Lè sa a, li di fi a: “Pitit fi m, lafwa w geri w. Ale anpè.”
49 Li potko menm fin pale, gen yon moun ki soti lakay mesye ki t ap dirije sinagòg la ki parèt e ki di: “Pitit fi w la mouri. Ou pa bezwen deranje Anseyan an ankò.” 50 Lè Jezi tande sa, li di l: “Ou pa bezwen pè, annik demontre w gen lafwa, e pitit fi w la ap sove.” 51 Lè l rive nan kay la, li pa kite pèsonn antre avè l, eksepte Pyè, Jan ak Jak ansanm ak papa ak manman tifi a. 52 Men, tout moun yo t ap kriye e yo t ap frape lestomak yo tèlman yo te nan lapenn akoz tifi a ki te mouri a. Men, li di yo: “Sispann kriye, paske tifi a pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” 53 Lè yo tande sa, yo tonbe pase l nan rizib, paske yo te konnen tifi a mouri. 54 Epi, li pran men tifi a, li di l: “Tipitit, leve!” 55 Epi, lespri tifi a retounen sou li, li leve menm moman an. Li mande pou yo bay tifi a yon bagay pou l manje. 56 Paran yo pa t posede yo ankò. Men, li di yo pou yo pa di pèsonn sa k te pase a.