Lik
2 Twouve, nan jou sa yo, Seza Ogis te pase yon dekrè pou tout moun* al anrejistre. 2 (Premye anrejistreman sa a te fèt lè Kiriniyis te gouvènè Siri.) 3 E tout moun te vwayaje al nan vil yo te fèt la pou y al anrejistre. 4 Natirèlman, Jozèf tou te kite vil Nazarèt ki nan Galile, li monte al Jide, nan vil David la, ki rele Betleyèm, paske se lakay David li te soti, se desandan David li te ye. 5 Li t al la pou l anrejistre ansanm ak Mari ki te vin madanm li, jan li te pwomèt li. Nan moman sa a, Mari te prèt pou l akouche. 6 Etan yo la, jou pou l akouche a rive. 7 Li fè yon pitit gason, premye pitit li, li vlope l ak twal, e li mete l yon kote yo konn bay bèt manje, paske yo pa t jwenn plas kote moun yo te desann nan.
8 Nan menm peyi sa a tou, te gen bèje ki te pase nuit yo deyò ap veye twoupo yo. 9 Bridsoukou, zanj Jewova a kanpe bò kote yo, e glwa Jewova briye toutotou yo. Yo te vin pè anpil. 10 Men, zanj lan di yo: “NOU pa bezwen pè, paske m ap anonse NOU bon nouvèl sou yon gwo kè kontan tout pèp la pral genyen. 11 Paske jodi a, nan vil David la, gen yon Sovè ki fèt pou NOU. Li se Kris, Seyè a. 12 Men sa k ap ede NOU rekonèt li: N ap jwenn yon tibebe ki vlope ak twal e ki kouche yon kote yo konn bay bèt manje.” 13 Epi menm kote a, yon pakèt zanj nan lame selès la met ansanm ak zanj sa a pou yo bay Bondye louwanj, yo t ap di: 14 “Glwa pou Bondye anwo nan syèl la, e lapè sou tè a pami moun li apwouve yo.”
15 Apre sa, zanj yo kite bèje yo, yo tounen nan syèl la. Epi, bèje yo di youn lòt: “Ann al Betleyèm dwat pou nou ka wè bagay sa a ki fèt la, bagay Jewova fè n konnen an.” 16 E yo kouri ale. Epi, yo jwenn Mari ak Jozèf, ansanm ak tibebe a ki kouche yon kote yo konn bay bèt manje. 17 Lè yo wè tipitit la, yo rakonte pawòl zanj lan te di yo sou li. 18 E tout moun ki te tande sa bèje yo te di yo te sezi. 19 Men, Mari te konsève tout pawòl sa yo, li t ap rezone nan kè l sou sans pawòl sa yo. 20 Apre sa, bèje yo retounen lakay yo, yo t ap bay Bondye glwa, yo t ap ba l louwanj, paske tout sa yo te tande e tout sa yo te wè, se te egzakteman sa zanj lan te di yo.
21 Sou uit jou, lè lè a rive pou yo sikonsi tipitit la, yo rele l Jezi. Se non sa a zanj lan te bay depi anvan manman l te ansent li.
22 Apre sa, lè jou pou yo pirifye tèt yo rive, jan lwa Moyiz la mande sa, yo mennen l Jerizalèm pou yo prezante l bay Jewova, 23 tankou sa ekri nan lwa Jewova a: “NOU dwe mete tout premye pitit gason apa pou Jewova.” 24 E yo ofri yon sakrifis, selon sa ki di nan lwa Jewova a: “Yon pè toutrèl oubyen de jèn pijon.”
25 Twouve, te gen yon mesye nan Jerizalèm ki te rele Simeyon. Mesye sa a se te yon moun ki jis, ki te gen lakrentif pou Bondye, e li t ap tann moman kote Izrayèl t ap jwenn konsolasyon. Li te gen lespri sen sou li. 26 Anplis de sa, Bondye te sèvi ak lespri sen pou l fè l konnen li pa t ap mouri toutotan li pa wè Kris Jewova ap voye a. 27 Epi, nan moman sa a, lespri a pouse Simeyon vin nan tanp lan. Etan paran Jezi ki te yon tibebe ap antre avè l nan tanp lan pou yo fè sa ki te abitye fèt selon lalwa a pou li, 28 Simeyon pran tipitit la nan bra l li menm, e li bay Bondye louwanj, li di: 29 “Kounye a, Souvren Seyè, ou mèt kite esklav ou a ale anpè, selon pawòl ou. 30 Paske, mwen wè mwayen w ap sèvi pou w bay delivrans lan ak je m. 31 Ou pare l met devan je tout pèp. 32 Li se yon limyè k ap retire vwal ki bouche je nasyon yo, li se yon glwa pou Izrayèl, pèp ou a.” 33 Papa l ak manman l te sezi tande bagay yo t ap di sou li yo. 34 Apre sa, Simeyon beni yo, e li di Mari, manman an: “Gade! Akoz tipitit sa a, gen anpil moun ann Izrayèl k ap tonbe, genyen k ap leve. Li pral yon siy moun ap pale mal, 35 dekwa pou rezònman anpil moun ap fè nan kè yo ka vin parèt klè. Kanta pou ou menm, yon epe byen long pral travèse zantray ou.”
36 Twouve, te gen yon pwofetès ki te rele Àn, yon pitit fi Fànwèl, li te soti nan tribi Achè. (Li te granmoun anpil, e li te viv setan ak mari l apre yo fin marye, 37 men kounye a, li se yon vèv ki gen katreven katran.) Li pa t janm pa nan tanp lan pou l bay Bondye yon sèvis sakre lajounen kou lannuit, li te konn fè jèn e li te konn fè siplikasyon. 38 E nan moman sa a menm, li pwoche, li kòmanse di Bondye mèsi, e li kòmanse pale de tipitit la ak tout moun ki t ap tann delivrans Jerizalèm.
39 Epi, lè yo fin fè tout sa lwa Jewova a te mande, yo retounen Galile nan vil yo a, anpalan de Nazarèt. 40 E tipitit la te vin ap grandi, li t ap devlope. Li te plen sajès, e favè Bondye te rete sou li.
41 Twouve, paran l yo te gen abitid al Jerizalèm chak ane nan fèt Pak la. 42 Konsa, lè l te vin gen douz an, yo monte avè l nan fèt la, jan yo te abitye fè sa, 43 e yo rete jis fèt la fini. Men, etan y ap tounen, Jezi ret Jerizalèm, e paran l yo pa t remake sa. 44 E kòm yo te panse li te nan mitan gwoup moun ki t ap vwayaje ansanm yo, yo te gentan gen yon jounen nan wout lè yo te kòmanse chèche l pami fanmi yo ak lòt moun yo konnen. 45 Men, lè yo pa jwenn li, yo retounen Jerizalèm e yo chèche l toupatou. 46 Ebyen, apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan. Li te chita nan mitan anseyan yo, li t ap koute yo e li t ap poze yo kesyon. 47 Tout moun ki t ap koute l te ret bouch ouvè devan entèlijans li e devan repons li t ap bay. 48 Lè paran l yo wè l, yo sezi. Epi manman l di l konsa: “Pitit mwen, poukisa w fè nou sa? Men papa w avè m ap chèche w ak kè kase.” 49 Men, li reponn yo: “Poukisa NOU te oblije ap chèche m? NOU pa konnen se lakay Papa m pou m ye?” 50 Men, yo pa t byen konprann pawòl li te di yo a.
51 E li desann avèk yo, l al Nazarèt. Li kontinye soumèt devan yo. Men, manman l menm te byen kenbe tout pawòl sa yo nan kè l. 52 Jezi te kontinye gen plis sajès, li te kontinye grandi, e li te kontinye jwenn favè nan men Bondye ak nan men lèzòm.