Mak
2 Kèk jou apre, l al Kapènawòm ankò, e moun yo vin aprann li lakay li. 2 Se sa k fè anpil moun te vin rasanble. Te tèlman gen moun, pa t gen kote pou met moun ankò nan kay la, menm devan pòt la pa t gen plas ankò. E li te kòmanse preche yo pawòl la. 3 Twouve, gen kat mesye ki te gen moun akonpaye yo ki t ap pote yon mesye paralize mennen ba li. 4 Men, kòm yo pa t ka rive kot Jezi avè l akoz foul moun ki te la yo, yo dekouvri yon pati nan tèt kay la, pati ki te sou tèt Jezi a, yo fè yon twou, epi yo file branka a desann ak tout mesye ki paralize a sou li. 5 Lè Jezi wè jan yo gen lafwa, li di mesye ki paralize a: “Pitit mwen, peche w yo padone.” 6 Twouve, gen kèk espè nan Lalwa ki te chita la ki t ap di nan kè yo: 7 “Poukisa mesye sa a ap pale konsa? L ap blasfeme. Èske se pa Bondye sèlman ki ka padone peche?” 8 Men, menm moman an, Jezi wè ki rezònman yo t ap fè nan kè yo. Li di yo: “Poukisa N ap fè rezònman sa yo nan kè NOU? 9 Ki sa ki pi fasil pou m di mesye ki paralize a: ‘Peche w yo padone’, oswa: ‘Leve, pran branka w la epi mache’? 10 Men, pou NOU ka konnen Pitit lòm nan gen pouvwa pou l padone peche sou tè a...” li di mesye ki paralize a: 11 “Se mwen ki di w sa: Leve, pran branka w la, epi al lakay ou.” 12 Lè sa a mesye a leve, e menm kote a li pran branka l la e li mache sot deyò devan yo tout. Sa te fè tout moun sezi anpil, yo t ap bay Bondye glwa, yo t ap di: “Nou pa janm wè yon bagay konsa.”
13 Yon lòt fwa, li soti al bò lanmè a. Tout foul la te kontinye al jwenn li, e li kòmanse anseye yo. 14 Men, pandan l ap pase, li wè Levi, pitit Alfe, ki chita nan biwo kontribisyon an, epi li di l: “Vin suiv mwen.” Epi li leve li suiv Jezi. 15 Nan pita, Jezi te chita sou tab lakay Levi, e te gen anpil pèseptè ak anpil moun k ap pratike peche ki te chita ansanm avè l ak disip li yo, paske te gen anpil nan yo ki te kòmanse suiv li. 16 Men, lè espè nan Lalwa ki te Farizyen yo wè l ap manje ak moun k ap pratike peche yo ak pèseptè yo, yo di disip li yo: “Apa l ap manje ak pèseptè ansanm ak moun k ap pratike peche!” 17 Lè Jezi tande sa, li di yo: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè. Mwen pa vin rele moun ki jis, men mwen vin rele moun k ap pratike peche.”
18 Men, disip Jan yo ak Farizyen yo te abitye fè jèn. Se sa k fè disip Jan yo vin kot Jezi, yo di l: “Poukisa ni nou menm k ap suiv Jan ni disip Farizyen yo nou fè jèn, men disip pa w yo pa fè jèn?” 19 Lè sa a, Jezi di yo: “Pandan lemarye a la avèk zanmi l yo, yo pa ka ap fè jèn, pa vre? Toutotan lemarye a avèk yo, yo pa ka ap fè jèn. 20 Men, gen jou k ap vini kote y ap pran lemarye a nan men yo, e se jou sa a y ap fè jèn. 21 Pèsonn pap pyese yon vye rad ak yon moso twal nèf. Si l fè sa, etandone twal nèf la pi fò, l ap pati ak moso nan vye rad la, e rad la ap vin chire plis toujou. 22 Epitou, pèsonn pap mete diven ki fèk fèt nan bidon an po ki ize. Si l fè sa, diven an ap pete bidon yo, e ni diven an ni bidon yo ap pèdi. Men, moun met diven ki fèk fèt nan bidon an po ki nèf.”
23 Twouve, yon jou saba, li t ap pase nan mitan kèk jaden ble, e pandan disip li yo t ap mache avè l, yo kase kèk grap. 24 Lè sa a, Farizyen yo di l: “Gade sa! Poukisa nan jou saba y ap fè yon bagay yo pa gen dwa fè?” 25 Men, li di yo: “NOU pa janm li sa David te fè lè li menm ak mesye ki te ansanm avè l yo te vin nan nesesite e yo te grangou? 26 NOU pa t li nan istwa sou Abyata, prèt an chèf la, jan David te antre nan kay Bondye a, li te manje pen yo te konn prezante devan Bondye yo, epi li te bay mesye ki te avè l yo kèk ladan yo tou, alòske pèsonn pa t gen dwa manje yo, eksepte prèt yo?” 27 Apre sa, li di yo: “Se saba ki te vin egziste pou lòm, men se pa lòm ki te vin egziste pou saba. 28 Kidonk, Pitit lòm nan se Seyè ata saba.”