Matye
2 Apre Jezi fin fèt Betleyèm ki nan Jide a, nan epòk wa Ewòd, gen kèk astwològ* ki soti nan Lès ki vin Jerizalèm. 2 Yo di: “Kote wa Juif yo ki fèk fèt la? Paske, nou te wè zetwal li lè nou te nan Lès, e nou vini pou nou rann li omaj.” 3 Lè wa Ewòd tande sa, sa boulvèse l, e sa boulvèse tout Jerizalèm tou. 4 Li rasanble tout prèt an chèf yo ak tout espè nan Lalwa yo, e li kòmanse poze yo kesyon sou ki kote Kris la ta gen pou l fèt. 5 Yo di li: “Betleyèm ki nan Jide a, paske men sa pwofèt la te ekri: 6 ‘Ou menm, O Betleyèm nan peyi Jida, se sèten ou pa vil ki gen mwens enpòtans pou gouvènè Jida yo. Paske, se nan ou yon moun ki gen pou l gouvène ap soti, yon moun ki pral pran swen Izrayèl, pèp mwen an.’”
7 Lè sa a, Ewòd rele astwològ* yo an kachèt e li mande yo ki lè egzakteman zetwal la te parèt. 8 Epi, lè l ap voye yo Betleyèm, li di: “Al chèche timoun nan byen chèche, e lè NOU jwenn li, vin fè m konnen, dekwa pou m ka al rann li omaj tou.” 9 Lè yo fin tande wa a, y ale. Epi, zetwal yo te wè lè yo te nan Lès la vin ap avanse devan yo, jiskaske l rive anlè kay kote timoun nan te ye a, epi li kanpe. 10 Lè yo wè zetwal la kanpe, yo kontan anpil. 11 E lè yo antre nan kay la, yo wè tipitit la avèk Mari, manman l, e yo met jenou yo atè pou yo rann li omaj. Apre sa, yo ouvri bwat trezò yo te pote yo, e kòm kado, yo ba l lò, lansan ak lami*. 12 Men, kòm Bondye te avèti yo nan yon rèv pou yo pa tounen kot Ewòd, yo pase nan yon lòt wout pou yo tounen nan peyi yo.
13 Apre yo fin ale, zanj Jewova a parèt devan Jozèf nan yon rèv, li di l: “Leve, pran tipitit la ak tout manman l, kouri al nan peyi Ejip, epi rete la jiskaske mwen di w retounen. Paske, Ewòd pral chèche tipitit la pou l touye l.” 14 Donk, nan menm nuit la, li leve, li pran tipitit la ansanm ak manman an, epi l al nan peyi Ejip. 15 E li rete la jiskaske Ewòd mouri. Sa te reyalize pawòl Jewova te di pa mwayen pwofèt li a. Men sa l te di: “Mwen rele pitit gason m nan pou l kite peyi Ejip.”
16 Ebyen, lè Ewòd wè astwològ* yo jwe l, gen yon sèl kòlè ki monte l, li voye touye depi se tigason ki te gen dezan, oubyen ki te pi piti, nan Betleyèm ak nan tout zòn ki ozalantou yo. Li baze l sou dat astwològ yo te di l zetwal la te parèt la pou l fè sa. 17 Lè sa a, pawòl pwofèt Jeremi te di a te reyalize. Men sa l te di: 18 “Yo tande yon vwa nan vil Rama k ap kriye e k ap pouse gwo rèl. Se Rachèl k ap kriye pou pitit li yo, e li pa vle yo konsole l, paske pitit li yo pa la ankò.”
19 Lè Ewòd mouri, zanj Jewova a parèt devan Jozèf nan yon rèv pandan l te nan peyi Ejip, 20 li di l: “Leve, pran tipitit la ak manman l, epi al nan peyi Izrayèl, paske moun yo ki t ap chèche touye* tipitit la mouri.” 21 Donk, Jozèf leve, li pran tipitit la ansanm ak manman an e li antre nan peyi Izrayèl. 22 Men, lè l tande se Akelayis, pitit Ewòd, k ap dirije Jide antanke wa nan plas Ewòd, li vin pè al Jide. E kòm Bondye te pale avè l nan yon lòt rèv, li ale nan tèritwa Galile, 23 e li vin rete nan yon vil ki rele Nazarèt, dekwa pou pawòl pwofèt yo te di a ka reyalize: “Y ap rele l moun Nazarèt*.”